Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 8

Èske konsèy ou yo “bay kè kontan”?

Èske konsèy ou yo “bay kè kontan”?

“Luil ak lansan bay kè kontan menm jan ak yon bon zanmi ki bay konsèy ki sensè.” — PWO. 27:9.

KANTIK 102 ‘Ann ede moun ki fèb yo’

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa yon frè te aprann anrapò ak bay konsèy?

SA GEN plizyè ane, te gen de ansyen ki t al vizite yon sè ki te fè kèk tan li pa vin nan reyinyon. Ansyen ki t ap dirije konvèsasyon an te li kèk vèsè ak sè a ki gen rapò ak reyinyon. Li te panse vizit la te byen fèt, men, lè li menm ansanm ak frè ki te ansanm avè l la t aprale, sè a te di: “Frè m yo, nou pa konn pwoblèm mwen tande.” Frè yo te bay sè a konsèy san yo pa t chèche konnen ki pwoblèm li genyen. Se sa k fè sè a te santi konsèy yo te ba l yo pa t ede l.

2 Men sa ansyen ki t ap dirije konvèsasyon an di lè l reflechi ak sa k te pase a: “Lè sa a, mwen te ka wè sè a pa t apresye konsèy nou te ba l yo. Men, pandan m t ap reflechi, mwen te vin rann mwen kont mwen te panse ak vèsè mwen pral li yo olye m te panse ak sè m nan anvan. Mwen te dwe fè efò pou m te chèche konnen ki sa l ap andire e ki jan m te ka ede l.” Ansyen sa a te aprann yon leson enpòtan nan eksperyans li te fè a. Jodi a, li se yon bon bèje ki konn mete l nan plas lòt moun.

3. Ki moun nan kongregasyon an ki ka bay konsèy?

 3 Antanke bèje, ansyen yo gen responsablite pou yo bay konsèy lè sa nesesè. Men, gende lè, lòt moun nan kongregasyon an ka bezwen bay konsèy tou. Pa egzanp, yon frè oswa yon sè ka bay yon zanmi l konsèy ki baze sou Bib la (Sòm 141:5; Pwo. 25:12). Oubyen, “jèn medam yo” ka resevwa konsèy sou kèk bagay nan men yon sè ki pi gran, tankou konsèy nou jwenn nan Tit 2:3-5 yo. E nòmalman, souvan, paran yo bezwen bay pitit yo konsèy ak disiplin. Byenke atik sa a se sitou pou ansyen yo nan kongregasyon an, nou tout ka pwofite l lè n chèche wè fason nou kapab bay konsèy ki itil e ki ankourajan, epi k ap “bay kè kontan”. — Pwo. 27:9.

4. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

4 Nan atik sa a, nou pral wè kat kesyon ki gen rapò ak bay konsèy: 1) Ki sa k vrèman pouse w bay konsèy? 2) Èske konsèy la vrèman nesesè? 3) Ki moun ki ta dwe bay konsèy? 4) Ki jan w ka bay konsèy k ap itil?

KI SA K VRÈMAN POUSE W BAY KONSÈY?

5. Poukisa l ka pi fasil pou yon moun aksepte yon konsèy yon ansyen ba li si ansyen an fè sa yon fason ki demontre lanmou? (1 Korentyen 13:4, 7).

5 Ansyen yo renmen frè ak sè yo. Pafwa, yo montre sa lè yo bay yon moun ki sou yon move pant konsèy (Gal. 6:1). Sepandan, anvan yon ansyen al pale ak moun nan, li ta bon pou l reflechi sou kèk bagay apot Pòl te di konsènan lanmou. “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. [...] Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay, li andire tout bagay.” ​(Li 1 Korentyen 13:4, 7.) Lè ansyen an medite sou vèsè sa yo, sa ap ede l egzamine rezon ki pouse l bay frè l la konsèy epi pale ak frè l la yon fason ki montre li renmen l. Si moun k ap resevwa konsèy la santi ansyen an gen sousi pou li, l ap pi fasil pou l aksepte konsèy la. — Wom. 12:10.

6. Ki bèl egzanp apot Pòl te bay?

6 Apot Pòl se te yon ansyen ki te bay bèl egzanp. Pa egzanp, lè frè Tesalonik yo te bezwen konsèy, Pòl pa t ezite ba yo konsèy. Sepandan, nan lèt li te ekri frè sa yo, li te felisite yo toudabò pou travay yo te fè grasa lafwa yo, pou travay di yo te fè avèk amou, e pou andirans yo. Epitou, li te reflechi sou sitiyasyon yo, li te rekonèt lavi yo pa t fasil e yo t ap andire anba pèsekisyon (1 Tes. 1:3; 2 Tes. 1:4). Li te menm fè frè sa yo konnen yo se yon egzanp pou lòt kretyen yo (1 Tes. 1:8, 9). Se pa ti kontan yo dwe te kontan resevwa bèl felisitasyon Pòl te ba yo! Pa gen dout Pòl te renmen frè l yo anpil. Se sa k fè li te kapab bay frè Tesalonik yo konsèy k ap itil yo nan de lèt li te ekri yo a. — 1 Tes. 4:1, 3-5, 11; 2 Tes. 3:11, 12.

7. Poukisa yon moun ka mal reyaji lè yo ba l konsèy?

7 Ki sa k ka rive si n pa bay konsèy fason n dwe bay li a? Men sa yon ansyen ki gen eksperyans di: “Gen kèk moun ki mal reyaji lè yo resevwa konsèy. Se pa paske konsèy la pa t bon, men, se paske moun ki te bay li a pa t demontre lanmou.” Ki sa sa ka aprann nou? Li pi fasil pou yon moun aksepte konsèy nou ba li lè se lanmou ki pouse n fè sa, men, se pa lè n fache.

ÈSKE KONSÈY LA VRÈMAN NESESÈ?

8. Ki kesyon yon ansyen ta dwe poze tèt li lè l ap chèche wè si l ta dwe bay yon moun konsèy?

8 Ansyen yo pa dwe prese bay konsèy. Anvan yon ansyen bay konsèy li ta dwe mande tèt li: ‘Èske li vrèman nesesè pou m di yon bagay? Èske m sèten sa moun nan fè a mal? Èske Bib la montre sa l fè a pa bon? Oubyen èske se jis paske m pa t ap aji fason l aji a?’ Ansyen yo montre yo gen sajès lè yo pa “prese pale”. (Pwo. 29:20.) Si yon ansyen pa fin konnen si pou l bay yon moun konsèy, li ta bon pou l al kot yon lòt ansyen pou yo chèche wè si moun nan fè yon bagay ki pa bon selon Bib la ki ta merite pou yo ba l konsèy. — 2 Tim. 3:16, 17.

9. Ki sa Pòl aprann nou sou fason pou n bay konsèy anrapò ak jan pou n abiye ak jan pou n fè cheve n? (1 Timote 2:9, 10).

9 Ann pran yon egzanp. Ann sipoze yon ansyen ap enkyete l pou fason yon kwayan parèy li abiye oswa fason l fè cheve l. Ansyen an ta ka mande tèt li: ‘Èske Bib la di yon bagay sou sa ki fè m ta dwe al pale ak frè a oswa sè a?’ Piske ansyen an pa ta renmen di pawòl pa l, li kapab mande yon lòt ansyen oswa yon pwoklamatè ki gen matirite sa l panse. Li kapab gade konsèy Pòl te bay anrapò ak jan pou n abiye ak jan pou n fè cheve n. (Li 1 Timote 2:9, 10.) Pòl te atire atansyon sou kèk prensip tout moun ta dwe konnen. Li te fè konnen yon kretyen ta dwe abiye yon fason ki kòrèk, ki montre respè e avèk bonsans. Men, Pòl pa t bay yon seri règ sou sa yon moun ka mete ak sa l pa ka mete. Li te rekonèt frè ak sè yo ka chwazi met sa yo vle, depi chwa yo fè a pa depaman ak sa Bib la di. Se sa k fè, lè ansyen yo ap reflechi pou yo wè si yo ta dwe bay yon moun konsèy, yo ta dwe chèche wè si chwa moun nan fè a montre respè ak bonsans.

10. Ki sa nou dwe sonje anrapò ak desizyon lòt moun pran?

10 Li enpòtan pou n sonje de kretyen ka pa pran menm desizyon, epoutan, toule de desizyon yo bon. Nou pa ta dwe fòse frè n ak sè n yo fè sa nou panse ki bon an. — Wom. 14:10.

KI MOUN KI TA DWE BAY KONSÈY?

11-12. Si yon ansyen wè gen konsèy ki dwe bay, ki kesyon li ta dwe poze tèt li, e poukisa?

11 Si sa parèt klè gen kèk konsèy ki dwe bay, men kesyon nou ta dwe poze: Ki moun ki ta dwe bay yo? Anvan yon ansyen bay yon sè ki marye oswa yon timoun konsèy, li ta dwe pale sou sa ak chèf fanmi an, e petèt chèf fanmi an ka chwazi fè sa li menm *. Oubyen, chèf fanmi an ka mande pou l la lè ansyen an ap bay konsèy la. Jan nou te wè sa nan  paragraf 3 a, gende lè l pi bon pou yon sè ki pi gran bay yon jèn sè konsèy.

12 Gen yon lòt bagay yon ansyen bezwen pran an konsiderasyon. Li ka mande tèt li: ‘Èske se mwen menm ki dwe bay konsèy la? Oubyen èske l ap pi bon pou yon lòt moun bay li?’ Pa egzanp, yon moun k ap goumen ak santiman kòmkwa li pa vo anyen ka pi fasil koute konsèy yon ansyen ki te nan menm sitiyasyon avè l. Petèt ansyen ki te nan menm sitiyasyon ak moun nan ka pi byen konprann li, e moun nan ka pi fasil aksepte sa l ap di yo. Sepandan, se tout ansyen yo ki gen responsablite pou yo ankouraje frè ak sè yo fè kèlkeswa chanjman Bib la mande. Kidonk, lè gen konsèy ki dwe bay, sa k pi enpòtan, se bay konsèy la.

KI JAN W KA BAY KONSÈY K AP ITIL?

Poukisa ansyen yo dwe “prese koute”? (Gade paragraf 13-14.)

13-14. Poukisa l enpòtan pou yon ansyen koute?

13Ou dwe dispoze koute. Lè yon ansyen ap prepare l pou l bay konsèy, li ta dwe mande tèt li: ‘Ki sa m konnen sou sitiyasyon frè m nan? Ki jan l ap viv? Èske petèt l ap fè fas ak yon seri pwoblèm mwen pa konnen? Ki sa l plis bezwen kounye a?’

14 Pa gen dout, prensip nou jwenn nan Jak 1:19 la se pou moun k ap bay konsèy. Men sa Jak te ekri: “Tout moun dwe dispoze koute, yo pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” Yon ansyen ka panse li byen konprann yon sitiyasyon, men, èske se vre? Pwovèb 18:13 fè nou sonje: “Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt, e se yon imilyasyon pou li.” Li pi bon pou ansyen an mande moun nan esplike l sitiyasyon l. Donk, yon ansyen dwe koute anvan l pale. Sonje ansyen nou te pale de li nan kòmansman atik la te aprann yon leson. Li te rann li kont, olye l te kòmanse vizit la ak sa l te prepare pou l di yo, li te dwe poze sè a kèk kesyon tankou: “Ki jan w ye? Ki jan m ka ede w?” Si ansyen yo pran tan pou yo chèche konprann sitiyasyon frè ak sè yo, l ap pi fasil pou yo ede yo e pou yo ankouraje yo.

15. Ki jan ansyen yo kapab aplike prensip nou jwenn nan Pwovèb 27:23 a?

15Chèche konn twoupo a. Jan nou te wè sa nan kòmansman atik la, pou n bay konsèy k ap itil, nou bezwen fè plis pase annik li kèk vèsè ak moun nan oswa annik di l kèk bagay pou l fè. Frè n ak sè n yo bezwen santi nou gen sousi pou yo, nou konprann yo e nou vle ede yo. (Li Pwovèb 27:23.) Ansyen yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo vin bon zanmi frè ak sè yo.

Ki sa k ap fè l pi fasil pou ansyen yo bay konsèy? (Gade paragraf 16.)

16. Ki sa k ap ede ansyen yo bay konsèy k ap itil?

16 Se sèten ansyen yo pa ta renmen frè ak sè yo panse sèl lè yo pale avèk yo se lè yo fè yon bagay ki pa bon. Okontrè, ansyen yo pale ak frè ak sè yo regilyèman e yo montre yo gen sousi pou yo lè yo gen pwoblèm. Men sa yon ansyen ki gen eksperyans di: “Si w fè sa, w ap vin bon zanmi yo. Annapre, lè w bezwen bay konsèy l ap pi fasil pou w fè sa.” Epitou, l ap pi fasil pou moun ki resevwa konsèy la aksepte konsèy yo ba li a.

Poukisa yon ansyen dwe gen pasyans ak bonte lè l ap bay konsèy? (Gade paragraf 17.)

17. Ki lè yon ansyen sitou bezwen gen pasyans ak bonte?

17Nou bezwen gen pasyans ak bonte. Nou bezwen gen pasyans ak bonte sitou lè yon moun yon jan renka pou l aplike konsèy ki baze sou Bib la. Yon ansyen dwe veye pou l pa kouri fache si yon frè oswa yon sè poko aksepte oswa aplike yon konsèy li ba li. Men sa yon pwofesi di konsènan Jezi: “Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an.” ​(Mat. 12:20). Se sa k fè ansyen an ka priye Jewova pou l mande l ede moun ki bezwen konsèy la konprann rezon ki fè yo ba l konsèy la e pou l aplike l. Frè yo bay konsèy la ka bezwen tan pou l reflechi sou sa yo di l la. Si ansyen an gen pasyans ak bonte, moun l ap eseye ede a pap gade sou fason li ba l konsèy la. Men, l ap konsantre sou konsèy la. Nòmalman, konsèy la dwe baze sou Pawòl Bondye a.

18. a) Lè n ap bay konsèy, ki sa nou bezwen sonje? b) Sou ki sa paran nou wè nan foto ki pou kare a ap pale?

18Aprann nan erè w fè yo. Piske nou enpafè, nou pap kapab aplike konsèy ki nan atik sa a yon fason ki pafè (Jak 3:2). N ap fè erè, men, lè sa rive, nou dwe fè efò pou n pa fè menm erè yo ankò. Si frè n ak sè n yo wè nou renmen yo, l ap pi fasil pou yo padone nou lè nou di oswa fè yon bagay ki fè yo mal. — Gade kare ki gen tit “ Sa paran yo bezwen sonje”.

KI SA NOU APRANN?

19. Ki jan nou kapab fè kè frè n ak sè n yo kontan?

19 Jan nou sot wè sa, li pa fasil pou nou bay konsèy ki efikas. Nou enpafè, e moun n ap bay konsèy yo enpafè tou. Sonje prensip nou sot wè nan atik sa a. Asire w ou bay konsèy la ak bon entansyon. Epitou, asire w ou wè moun nan vrèman bezwen konsèy la e se ou menm ki ta dwe ba li l. Anvan w bay yon moun konsèy, poze l kesyon, epi byen koute l pou w ka konprann sitiyasyon l. Eseye mete w nan plas li. Se pou w aji ak jantiyès e se pou w chèche vin bon zanmi frè w ak sè w yo. Sonje objektif la: Nonsèlman nou vle konsèy nou yo itil, men tou, nou vle yo “bay kè kontan”. — Pwo. 27:9.

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

^ § 5 Li pa toujou fasil pou nou bay konsèy. Lè nou bezwen bay yon moun konsèy, ki jan nou ka fè sa yon fason k ap ede moun nan e k ap ankouraje l? Atik sa a pral ede ansyen yo sitou pou yo bay konsèy k ap touche kè moun k ap resevwa konsèy la.

^ § 11 Gade atik ki gen tit “Ann chèche konprann otorite ansyen yo gen nan kongregasyon an” ki parèt nan Toudegad fevriye 2021.