Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen te jwenn yon bagay ki pi bon pase vin doktè

Mwen te jwenn yon bagay ki pi bon pase vin doktè

“SA N AP di m la a se yon rèv mwen genyen depi m timoun wi!” Se ak anpil kè kontan mwen te di de moun ki te vin konsilte nan men m pawòl sa yo nan ane 1971. Mwen te fèk ouvri premye klinik mwen lè m te kòmanse travay antanke doktè. Ki moun sa yo ki te vin konsilte nan men m, e ki rèv sa a mwen te genyen an? Kite m rakonte n ki jan konvèsasyon sa a te fè yon lòt bagay vin pi enpòtan pou mwen nan lavi m e poukisa m kwè rèv mwen genyen depi m timoun nan ap reyalize talè konsa.

Mwen fèt an 1941 nan vil Pari, nan peyi Lafrans, e fanmi m pa t gen gwo mwayen. Mwen te renmen aprann. Donk, imajine jan sa te fè m mal lè m te vin gen tibèkiloz e m te oblije pa al lekòl! Lè sa a m te gen dizan. Doktè te mande pou m ret kouche pou m pa t fatige poumon m. Se sa k fè, pandan plizyè mwa, mwen te sèvi ak tan m pou m li yon diksyonè e pou m koute pwogram inivèsite Pari a te konn pase nan Radyo Sòbòn. Lè doktè m nan te resi fè m konnen mwen geri e m te ka retounen lekòl, mwen te kontan anpil. Mwen te di tèt mwen: ‘Travay doktè yo ap fè a estrawòdinè!’ Depi lè sa a, rèv mwen se te pran swen moun ki malad. Lè papa m te mande m ki sa m ta renmen fè lè m vin gran, mwen te toujou reponn li menm bagay la: “Mwen vle vin doktè.” Se sa k fè sa k te vin pi enpòtan nan lavi m se te vin doktè.

LASYANS TE FÈ M VIN PI PWÒCH AK BONDYE

Fanmi nou te Katolik. Men, mwen pa t konn anpil bagay sou Bondye, e m te gen anpil kesyon ki te ret san repons. Se sèlman apre m te fin kòmanse etidye medsin nan inivèsite mwen te vin gen konviksyon se kreye yo te kreye lavi.

Mwen sonje premye fwa m t ap gade selil flè yo rele tilip la nan mikwoskòp. Mwen te sezi wè jan selil la t ap chèche pwoteje tèt li kont chalè ak fredi. Mwen te sezi wè tou jan sitoplas la (yon sibstans ki anndan selil la) retresi lè l an kontak ak sèl, e jan l laji lè yo mete l nan dlo ki pa gen anyen ladan l. Grasa kapasite sa a ak anpil lòt ankò bagay ki vivan ki toupiti yo genyen, yo rive adapte yo ak chanjman ki gen nan anviwònman an. Lè m te wè jan chak selil konplike anpil, m te vin gen konviksyon se pa yon aza ki fè lavi egziste.

Pandan m te nan dezyèm ane medsin, mwen te vin jwenn plis prèv ki montre Bondye egziste. Nan kou anatomi nou te genyen yo, nou te egzamine fason ponyèt nou pèmèt nou pliye dwèt nou epi detire yo. Fason mis yo, ligaman yo ak tandon yo mache ansanm se yon mèvèy. Pa egzanp, mwen te aprann tandon ki kole youn nan mis ki nan ponyèt yo ak dezyèm zo ki nan dwèt yo vin fè de branch, yo fè pon pou tandon ki ale nan pwent dwèt yo pase anba pon sa yo, e konsa, tandon sa yo ret nan plas yo. Anplis de sa, yo ret kole ak zo ki nan dwèt yo. Si dwèt nou pa t fèt konsa, tandon ki nan men nou yo t ap rèd, dwèt nou t ap ret dwat e nou pa t ap ka jwe yo byen. Mwen te ka wè byen klè Sila a ki kreye kò moun nan entèlijan anpil.

Mwen te vin gen plis respè pou Sila a ki kreye lavi a lè m t ap etidye fason yon timoun fèt. Mwen te aprann pandan tibebe a nan vant se manman an ki ba l oksijèn pa mwayen kòd lonbrik la. Donk, alveyòl yo, ki tankou yon seri ti balon ki anndan poumon yo, poko gonfle. Lè lè a prèske rive pou timoun nan fèt, gen yon likid espesyal ki kouvri alveyòl yo. Tousuit apre tibebe a fin fèt e li kriye, gen yon seri bagay estrawòdinè ki rive. Gen yon twou nan kè tibebe a ki fèmen, e sa vin pèmèt san al nan poumon yo. Nan moman enpòtan sa a, likid ki sou alveyòl yo anpeche alveyòl yo kole ansanm pandan y ap ranpli byen vit ak lè. Lamenm, tibebe a vin kapab respire poukont li.

Mwen te vle aprann konnen Sila a ki te kreye mèvèy sa yo, se sa k fè mwen te kòmanse li Bib la seryezman. Mwen te vin sezi aprann lwa sou ijyèn Bondye te bay nasyon Izrayèl la, sa gen plis pase 3 000 an. Bondye te bay Izrayelit yo lòd lè yo pral fè bezwen yo pou yo fouye yon twou pou yo antere l. Li te ba yo lòd tou pou yo lave kò yo regilyèman ak dlo e pou yo met nenpòt moun ki ta sanble gen yon maladi trapan an karantèn (Lev. 13:50; 15:11; Det. 23:13). Bib la te gentan pale sou fason maladi gaye, e se sèlman nan syèk ki sot pase yo la a lasyans dekouvri sa. Mwen te vin wè tou lwa sou ijyèn seksyèl nou jwenn nan liv Levitik la te pèmèt tout nasyon an viv an sante (Lev. 12:1-6; 15:16-24). M te vin konprann Kreyatè a te bay Izrayelit yo lwa sa yo pou byen yo e l te beni moun ki te obeyi kòmandman l yo. Mwen te vin gen konviksyon Bib la se Pawòl Bondye, byenke m potko konn non Bondye lè sa a.

FASON M TE RANKONTRE MADANM MWEN AK FASON M TE VIN KONN JEWOVA

Mwen menm ak Lydie jou maryaj nou, 3 avril 1965.

Pandan m t ap etidye nan inivèsite pou m te ka vin doktè, mwen te rankontre yon ti dam ki rele Lydie, e m te tonbe damou l. Nou te marye an 1965 pandan m te nan mwatye etid mwen. An 1971, mwen menm ak Lydie te gentan gen twa nan sis pitit nou yo. Lydie te soutni m anpil ni nan travay mwen antanke doktè ni nan fanmi nou.

Mwen te fè twazan ap travay nan yon lopital anvan m te vin gen klinik pa m. Yon ti tan annapre, gen yon mari ak madanm, de moun mwen te pale de yo nan kòmansman atik la, ki te vin suiv yon tretman nan klinik lan. Pandan m t apral ekri yon preskripsyon pou mari a, madanm nan te di m: “Doktè, tanpri, nou pa vle medikaman ki gen san ladan l.” M te sezi e m te mande l: “Se vre? Poukisa?” Li te reponn: “Nou se Temwen Jewova.” Mwen pa t janm tande pale de Temwen Jewova oswa sou sa yo anseye anrapò ak san. Dam nan te pran Bib li, e l te montre m nan Bib la poukisa yo deside pa pran san (Tra. 15:28, 29). Apre sa, li menm ak mari l te kontinye montre m ki sa Wayòm Bondye a pral reyalize. Li pral elimine soufrans, maladi ak lanmò (Rev. 21:3, 4). Mwen te di: “Sa n ap di m la a se yon rèv mwen genyen depi m timoun wi! Mwen te vin doktè pou m te ka soulaje soufrans moun.” Mwen te tèlman kontan, nou te fè inèdtan edmi ap pale. Distans pou mesyedam yo ale, nan kè m mwen pa t Katolik ankò, e m te aprann Kreyatè a m te tèlman renmen an gen yon non: Li rele Jewova!

Mari ak madanm sa a te vin nan klinik mwen an twa fwa, e chak fwa, nou te fè plis pase inèdtan ap pale. Mwen te envite yo lakay mwen pou n te ka pale plis sou Bib la. Menm lè Lydie te dakò suiv etid la, li pa t vle admèt gen kèk doktrin yo te anseye nou nan Legliz katolik ki pa bon. Se sa k fè m te envite yon prèt vin lakay nou. Nou te ret byen ta nan aswè ap pale sou ansèyman legliz, e nou te sèvi ak Bib la sèlman. Konvèsasyon sa a te konvenk Lydie Temwen Jewova yo anseye laverite. Apre sa, nou te vin tèlman renmen Jewova Dye, nou toule de te batize an 1974.

NOU TE BAY JEWOVA PREMYE PLAS NAN LAVI NOU

Sa m te vin aprann konsènan objektif Jewova gen pou lèzòm te fè yon lòt bagay vin pi enpòtan pou mwen nan lavi a. Sèvi Jewova te vin bagay ki pi enpòtan pou mwen menm ak Lydie. Nou te pran detèminasyon pou n leve timoun nou yo selon prensip ki nan Bib la. Nou te aprann timoun nou yo pou yo renmen Bondye ak lòt moun, sa te fè nou vin pi pwòch antanke fanmi. — Mat. 22:37-39.

Byen souvan, mwen menm ak Lydie konn ri lè n sonje jan pitit nou yo te wè fason nou antann nou antanke paran. Yo te konn enstriksyon Jezi te bay ki di “se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non” an se règ nou te konn suiv lakay nou (Mat. 5:37). Pa egzanp, lè youn nan pitit fi nou yo te gen 17 an, Lydie pa t vle kite l soti ak yon gwoup jèn. Gen yon jèn nan gwoup la ki te di pitit fi nou an: “Si manman w pa vle kite w ale, mande papa w!” Men, pitit fi nou an te reponn: “M pa menm bezwen al mande l. Yo toujou antann yo.” Vrèmanvre, sis pitit nou yo te wè nou te antann nou pou n aplike prensip ki nan Bib la. Nou gen Jewova rekonesans dèske jodi a nou gen anpil moun nan fanmi nou k ap sèvi l.

Byenke laverite te chanje objektif mwen, mwen te vle sèvi ak konesans mwen genyen antanke doktè pou m ede pèp Bondye a. Se sa k fè mwen t al travay kòm volontè antanke doktè nan Betèl la ki te Pari, e apre sa, mwen t al ede nan nouvo Betèl la ki Louvye. Mwen gen prèske 50 an depi m ap travay kòm volontè nan Betèl. Pandan tan sa a, mwen vin gen kèk bon zanmi nan fanmi Betèl la, e kèk nan yo nan 90 an kounye a. Yon jou, mwen te rankontre yon nouvo Betelit e mwen te sezi tande sa l te di m. Mwen te aprann se mwen menm ki te akouche manman l lè manman l t ap fè l sa gen anviwon 20 an!

MWEN WÈ JAN JEWOVA GEN SOUSI POU PÈP LI A

Tank ane ap pase, mwen vin pi renmen Jewova lè m wè jan l gide pèp li a ak jan l pwoteje l pa mwayen òganizasyon l lan. Nan kòmansman ane 1980 yo, Kolèj santral la te met yon pwogram sou pye Ozetazini pou pèmèt yon pi bon kominikasyon ant Temwen Jewova yo ak doktè yo e ak moun k ap travay nan lopital yo.

Epi, an 1988, Kolèj santral la te met yon nouvo depatman nan Betèl ki rele Sèvis enfòmasyon ospitalye. Okòmansman, depatman sa a te sipèvize Komite lyezon ospitalye (KLO) yo te tabli Ozetazini yo pou ede frè ak sè ki malad yo jwenn doktè ki respekte desizyon yo sou kesyon san an. Lè yo te vin pran dispozisyon pou gen Komite lyezon ospitalye toupatou sou tè a, te vin gen Komite lyezon ospitalye nan peyi Lafrans. Sa fè m anpil plezi pou m wè jan òganizasyon an kontan soutni frè ak sè ki malad yo nan moman yo bezwen sa!

YON RÈV KI REYALIZE

Nou toujou renmen preche bon nouvèl Wayòm Bondye a.

Sa m te pi renmen se te vin doktè. Men, tank mwen t ap reflechi sou sa k vrèman enpòtan pou mwen, m te vin konprann sa k pi enpòtan se ede moun yo vin konnen Jewova Dye, li menm ki Sous lavi a. Lè m te pran retrèt mwen, mwen menm ak Lydie te pase plizyè èdtan chak mwa ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a antanke pyonye pèmanan. Jis jounen jodi a, nou kontinye fè tout sa n kapab pou n patisipe nan travay sa a k ap sove lavi moun.

Mwen menm ak Lydie, 2021.

Mwen kontinye fè sa m kapab pou m ede moun ki malad. Men, mwen rann mwen kont menm pi bon doktè a pa kapab geri tout moun oswa anpeche moun mouri. Se sa k fè m ap tann moman kote soufrans, maladi ak lanmò pap la ankò. Nan monn nouvo a ki toupre rive, m ap gen tout letènite pou m aprann plis bagay sou kreyasyon Bondye a, san wete jan l fè lèzòm yon fason ki estrawòdinè. Kidonk, rèv mwen te genyen lè m te timoun nan poko fin reyalize. Mwen gen konviksyon gen pi bon bagay toujou k ap tann mwen pi devan!