Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 10

Nou kapab “retire ansyen pèsonalite a sou nou”

Nou kapab “retire ansyen pèsonalite a sou nou”

“Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo.” — KOL. 3:9.

KANTIK 29 Annou viv ann amoni ak non nou pote a

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan lavi w te ye anvan w te kòmanse etidye Labib?

 KI JAN lavi w te ye anvan w te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo? Anpil nan nou pa renmen panse ak sa. Sandout, se sa monn nan konsidere kòm sa ki byen ak sa ki mal ki te enfliyanse atitid nou ak pèsonalite n. Si se te sa, “nou t ap viv nan monn nan san esperans e san Bondye”. (Efe. 2:12.) Men, lè n te kòmanse etidye Labib, lavi n te vin chanje!

2. Ki sa w te vin wè lè w te kòmanse etidye Labib?

2 Lè w te kòmanse etidye Labib, ou te vin wè ou gen yon Papa nan syèl la ki renmen w anpil. Ou te rann ou kont tou, si w vle fè Jewova plezi e si w vle vin fè pati fanmi l antanke moun k ap adore l, ou t ap bezwen fè gwo chanjman nan fason w ap viv, nan konpòtman w ak nan fason w panse. Ou t ap bezwen aprann fè sa Jewova di ki bon e w t ap bezwen evite fè sa l di ki mal. — Efe. 5:3-5.

3. Selon Kolosyen 3:9, 10, ki sa Jewova vle nou fè, e sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Jewova, Kreyatè nou an, li menm ki Papa nou ki nan syèl la, gen dwa pou l deside ki jan moun ki fè pati fanmi l yo dwe aji. Anvan nou batize, li vle n fè efò pou n “retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak abitid li yo” *. (Li Kolosyen 3:9, 10.) Atik sa a ap ede moun ki ta renmen batize yo reponn twa kesyon: 1) Ki sa “ansyen pèsonalite a” ye? 2) Poukisa Jewova mande nou pou n retire l sou nou? 3) Ki jan nou kapab fè sa? Nou menm ki deja batize, etid sa a ap ede n wè ki sa n ka fè pou n pa vin gen ansyen pèsonalite a ankò.

KI SA “ANSYEN PÈSONALITE A” YE?

4. Ki jan yon moun aji lè se “ansyen pèsonalite a” li kite mennen l?

4 An jeneral, yon moun ki kite “ansyen pèsonalite a” mennen l konn panse epi aji yon fason ki pa bon. Li ka egoyis, li ka gen tandans fache pou ti krik ti krak, li ka pa gen rekonesans e li ka gen ògèy. Li ka pran plezi gade pònografi ak fim ki imoral oswa ki vyolan. Se sèten li gen kèk bèl kalite e li ka santi l koupab pou move bagay li di oswa li fè. Men, li pa fè ase efò pou l chanje fason l panse ak fason l aji. — Gal. 5:19-21; 2 Tim. 3:2-5.

Lè n retire “ansyen pèsonalite a” sou nou, move konpòtman ak move abitid nou te genyen yo pa gen kontwòl nou ankò. (Gade paragraf 5.) *

5. Ki jan n ka montre nou rezonab lè n ap retire ansyen pèsonalite a sou nou? (Tra. 3:19).

5 Piske nou enpafè, pa gen okenn nan nou ki kapab fin elimine tout move panse ak move dezi nou gen nan kè n ak nan lespri n. Pafwa, n ap fè oswa n ap di yon bagay n ap regrèt annapre (Jer. 17:9; Jak 3:2). Men, lè nou retire ansyen pèsonalite a sou nou, move konpòtman ak move abitid nou te genyen yo pa gen kontwòl nou ankò. Nou vin yon lòt moun. — Eza. 55:7; li Travay 3:19.

6. Poukisa Jewova mande nou pou n retire move panse ak move abitid ki fè pati ansyen pèsonalite a?

6 Jewova mande nou pou n elimine move panse ak move abitid nou genyen paske li renmen nou anpil e li vle nou byen pwofite lavi a (Eza. 48:17, 18). Li konnen moun ki pa fè efò pou yo konbat move dezi yo genyen se tèt yo yo fè mal e yo fè lòt moun soufri. Sa fè Jewova mal lè l wè n ap fè yon seri bagay ki fè n soufri e ki fè lòt moun soufri.

7. Selon Women 12:1, 2, ki chwa nou genyen?

7 Lefètke n ap fè efò pou n fè chanjman nan pèsonalite nou, pafwa kèk zanmi nou ak kèk moun nan fanmi nou ka pase n nan rizib (1 Pyè 4:3, 4). Yo ka di nou gen dwa pou n fè sa n vle e nou pa ta dwe kite lòt moun di n sa pou n fè. Men, moun ki vire do bay prensip Jewova yo pa gen libète vre. An reyalite, yo kite monn Satan ap dirije a detenn sou yo. (Li Women 12:1, 2.) Nou tout gen yon chwa pou n fè: Swa nou kite ansyen pèsonalite a sou nou, kote se peche ak monn Satan an k ap mennen nou, oswa nou kite Jewova chanje nou pou n vin yon pi bon moun depi kounye a. — Eza. 64:8.

KI JAN W KA “RETIRE” ANSYEN PÈSONALITE A SOU OU?

8. Ki sa k ka ede n evite gen move panse ak move abitid?

8 Jewova konnen sa ap pran tan e n ap bezwen fè efò pou n elimine move panse ak move abitid nou genyen (Sòm 103:13, 14). Sepandan, Jewova sèvi ak Pawòl li a, ak lespri sen e ak òganizasyon l lan pou l ban nou sajès e pou l ban nou fòs ak èd nou bezwen pou n chanje moun nou ye a. Se sèten li te deja ede w. Kounye a, ann wè kèk bagay ou ka fè k ap ede w fè plis pwogrè pou w retire ansyen pèsonalite a sou ou e pou w vin kalifye pou w batize.

9. Ki sa Pawòl Bondye a kapab ede w fè?

9 Sèvi ak Bib la pou w byen egzamine tèt ou. Pawòl Bondye a tankou yon glas. Li kapab ede w egzamine fason w panse, fason w pale ak fason w aji (Jak 1:22-25). Moun k ap etidye Labib avè w la ak lòt kretyen ki gen matirite kapab ba w konsèy. Pa egzanp, yo kapab sèvi ak Bib la pou ede w wè kalite ak defo w genyen. Yo kapab montre w ki jan w kapab jwenn enfòmasyon ki baze sou Bib la k ap ede w wè ki jan pou w kite move abitid ou genyen. Epi, Jewova toujou pare pou l ede w. Li konn pi bon fason pou l fè sa. Li konnen sa k nan kè w (Pwo. 14:10; 15:11). Kidonk, pran abitid priye l epi etidye Pawòl li a chak jou.

10. Ki sa w aprann nan eksperyans Elie te fè a?

10 Ou bezwen gen konviksyon se prensip Jewova yo ki pi bon. Nou ka jwenn byenfè nan tout sa Jewova mande nou fè. Moun ki suiv prensip Jewova yo respekte tèt yo, yo gen yon objektif nan lavi a e yo gen kè kontan toutbon (Sòm 19:7-11). Yon lòt bò, moun ki pa suiv prensip Jewova yo pratike zèv lachè e yo peye sa. Remake sa yon mesye ki rele Elie di ki te rive lefètke l te vire do bay prensip Bondye yo. Elie te leve nan yon fanmi ki renmen Jewova. Men, lè l te vin adolesan, li te chwazi fè move zanmi. Li te lage kò l nan pran dwòg, nan imoralite ak nan vòlè. Elie di li te vin pi renmen fè kòlè e l te vin pi vyolan. Men sa l fè konnen: “Anfèt, tout sa yo te aprann mwen pou m pa t fè antanke kretyen, se yo m te konn fè.” Sepandan, Elie pa t bliye sa l te aprann lè l te jèn. Rive yon lè, li te rekòmanse etidye Labib. Li te fè anpil efò pou l elimine move abitid li te genyen e li te batize nan ane 2000. Piske l te vin ap suiv prensip Jewova yo, ki jan sa te ede l? Men sa Elie di: “Kounye a, m santi lespri m anpè e konsyans mwen pwòp. *” Eksperyans Elie te fè a montre moun ki vire do bay prensip Jewova yo se tèt yo yo fè mal. Aktout sa, Jewova dispoze ede yo pou yo chanje.

11. Ki bagay Jewova rayi?

11 Aprann rayi sa Jewova rayi (Sòm 97:10). Bib la fè konnen Jewova rayi “je moun ki gen ògèy, lang moun k ap bay manti, men moun k ap fè san inosan koule”. (Pwo. 6:16, 17.) Epitou, li “rayi moun ki vyolan ak moun k ap twonpe moun”. (Sòm 5:6.) Jewova tèlman rayi konpòtman sa yo ak aksyon sa yo, li te detwi tout mechan nan epòk Noye a paske yo te fè tè a chaje ak vyolans (Jen. 6:13). Ann pran yon lòt egzanp. Jewova te sèvi ak pwofèt Malachi pou l fè konnen Li rayi moun k ap aji an trèt ak moun yo marye avè l la pou yo ka divòse avè l, byenke li inosan. Bondye pa aksepte adorasyon moun sa yo ap ba li a e l ap mande yo kont pou fason y ap aji. — Mal. 2:13-16; Ebre 13:4.

Menm jan yon manje ki pouri bay repiyans, se konsa nou ta dwe wè yon bagay Jewova di ki pa bon. (Gade paragraf 11-12.)

12. Ki sa “gen degoutans pou sa ki mal” vle di?

12 Jewova vle nou “gen degoutans pou sa ki mal”. (Wom. 12:9.) Lè yon moun “gen degoutans” pou yon bagay se yon santiman ki fò. Sa montre li rayi bagay la anpil, sa ba l repiyans. Imajine jan w t ap santi w si yo ta mande w pou w manje yon bagay ki pouri. Annik panse ak sa sèlman ka fè w santi w pa byen. Menm jan an tou, annik panse ak yon bagay Jewova di ki pa bon ta dwe ban nou kè plen.

13. Poukisa nou dwe pwoteje lespri nou?

13 Ou bezwen pwoteje panse w. Panse nou gen efè sou aksyon nou. Se sa k fè Jezi te anseye nou pou n evite gen yon seri panse ki ka fè nou fè yon peche grav (Mat. 5:21, 22, 28, 29). Nou ta renmen fè Papa nou ki nan syèl la plezi, pa vre? Donk, se pa ti enpòtan l enpòtan pou n kouri elimine nenpòt move panse ki vin nan lespri nou!

14. Ki sa pawòl k ap sot nan bouch nou montre, e ki kesyon nou bezwen reponn?

14 Veye pawòl k ap sot nan bouch ou. Jezi te di: “Sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti.” (Mat. 15:18). Wi, pawòl nou di fè konn ki moun nou ye. Donk, poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m refize bay manti, menmsi m ap gen pwoblèm lè m di laverite? Si m marye, èske m veye pou m pa nan twòp zanmitay ak moun ki pa mari m oswa ki pa madanm mwen? Èske m veye pou m pa janm di pawòl ki imoral? Èske m ret kalm lè yon moun fè m fache?’ L ap bon pou w reflechi sou kesyon sa yo. Nou ka konpare pawòl k ap sot nan bouch nou ak kouti ki nan yon rad. Si w fè tout sa w kapab pou w pa joure moun, pou w pa bay manti e pou w pa di pawòl ki imoral, l ap pi fasil pou w retire ansyen pèsonalite a sou ou.

15. Ki sa kloure ansyen pèsonalite nou te genyen an “sou poto a” vle di?

15 Ou bezwen dispoze fè tout sa ki nesesè. Apot Pòl te pran yon bèl egzanp pou l montre jan sa enpòtan pou n chanje fason n ap viv. Nan yon lèt li te ekri, li te fè konnen nou dwe kloure “ansyen pèsonalite nou te genyen an” “sou poto a”. (Wom. 6:6.) Sa vle di, nou bezwen suiv egzanp Kris. Nou bezwen elimine yon seri konpòtman ak yon seri abitid Jewova rayi. Se sèlman si nou fè sa, n ap gen yon konsyans ki klè e n ap gen espwa viv pou toutan (Jan 17:3; 1 Pyè 3:21). Sonje Jewova pap chanje prensip li yo pou fè n plezi. Okontrè, se nou menm ki bezwen chanje moun nou ye a pou n konfòme n ak prensip li yo. — Eza. 1:16-18; 55:9.

16. Poukisa nou dwe pran detèminasyon pou n kontinye lite kont move dezi nou genyen?

16 Kontinye lite kont move dezi. Menm apre w fin batize, w ap bezwen kontinye lite kont move dezi. Reflechi sou eksperyans yon mesye ki rele Maurício te fè. Lè l te jèn, li te konn kouche ak lòt gason. Rive yon lè, li te rankontre Temwen Jewova yo e l te kòmanse etidye Labib. Apre l te fin fè chanjman nan lavi l, li te batize an 2002. Byenke Maurício gen plizyè ane kounye a depi l ap sèvi Jewova, men sa l di: “Mwen dwe admèt pafwa mwen te oblije lite kont move dezi.” Li pa kite sa dekouraje l. Okontrè, men sa l di: “Mwen pran kouraj paske m konnen lefètke m chwazi pou m pa kite dezi sa yo mennen m mwen kapab fè Jewova plezi.” *

17. Ki sa k ankouraje w nan eksperyans Nabiha a?

17 Priye Jewova pou w mande l èd, epi konte sou lespri l, pa konte sou fòs pa w (Gal. 5:22; Flp. 4:6). Si n vle retire ansyen pèsonalite a sou nou epi fè l rete lwen nou, nou dwe fè anpil efò. Reflechi sou eksperyans yon dam ki rele Nabiha te fè. Papa l te abandone l lè l te gen sizan sèlman. Men sa l di: “Sa te fè m soufri anpil.” Pandan Nabiha t ap grandi, li te vin pi renmen fache e l te vin pi agresif. Li te antre nan vann dwòg, yo te arete l, e l te pase kèk ane nan prizon. Temwen Jewova ki te konn vizite prizon an te kòmanse etidye Labib avè l. Nabiha te kòmanse fè gwo chanjman. Men sa l di: “Li te fasil pou m te kite kèk nan vis mwen te genyen yo. Men, li pa t fasil ditou pou m te kite fimen.” Nabiha te fè plis pase ennan ap lite pou l te ka kite vye abitid sa a, e l te rive kite l vre. Ki sa k te ede l? Men sa l di: “Sa k te plis ede m sèke m pa t janm sispann priye Jewova, e se sa k te fè m kite fimen.” Men sa l di lòt moun kounye a: “Mwen gen konviksyon, si m te ka fè yon seri chanjman pou m fè Jewova plezi, nenpòt moun kapab!” *

OU KAPAB VIN KALIFYE POU W BATIZE!

18. Selon 1 Korentyen 6:9-11, ki sa anpil sèvitè Bondye te rive fè?

18 Nan premye syèk la, kèk nan gason ak fi Jewova te chwazi pou dirije ak Kris yo te gen yon seri vye abitid anvan sa. Pa egzanp, gen nan yo ki te konn fè adiltè, gen gason ki te konn kouche ak gason e genyen ki te konn vòlè. Men, grasa èd lespri sen Bondye, yo te rive fè chanjman nan pèsonalite yo. (Li 1 Korentyen 6:9-11.) Menm jan an tou jodi a, Labib ede plizyè milyon moun fè chanjman nan lavi yo *. Yo te kite yon seri move abitid ki te anrasinen byen fon lakay yo. Egzanp moun sa yo montre ou menm tou ou ka fè chanjman nan pèsonalite w e w ka kite move abitid ou genyen pou w ka vin kalifye pou w batize.

19. Sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

19 Nonsèlman moun ki ta renmen batize yo dwe fè efò pou yo voye ansyen pèsonalite a jete, men tou, yo dwe fè efò pou yo abiye ak nouvo pèsonalite a. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan n kapab fè sa e ki jan lòt moun kapab ede nou.

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

^ § 5 Pou nou kapab kalifye pou n batize, nou dwe dispoze fè chanjman nan pèsonalite nou. Atik sa a ap ede n wè ki sa ansyen pèsonalite a ye, rezon ki fè n bezwen elimine tout sa ki fè pati ansyen pèsonalite a, e ki jan n kapab fè sa. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan nou kapab kontinye abiye nou ak nouvo pèsonalite a, menm apre nou fin batize.

^ § 3 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: “Retire ansyen pèsonalite a sou nou” vle di elimine yon seri atitid ak tandans nou genyen ki pa fè Jewova plezi. Nou dwe kòmanse fè sa anvan nou batize. — Efe. 4:22.

^ § 10 Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Labib chanje lavi moun: ‘Mwen te bezwen tounen vin jwenn Jewova’” ki parèt nan Toudegad 1ye avril 2012.

^ § 16 Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “La Bible transforme des vies: ‘Ils m’ont parlé avec bonté’” ki parèt nan Toudegad 1ye me 2012 (fransè).

^ § 17 Pou n jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “La Bible transforme des vies: ‘J’étais une jeune femme coléreuse et agressive’” ki parèt nan Toudegad 1ye oktòb 2012 (fransè).

^ § 18 Gade kare ki gen tit “ Labib chanje lavi moun”.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè n ap retire move konpòtman ak move abitid nou genyen se tankou lè n ap retire yon vye rad sou nou.