Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 11

Kontinye abiye ak “nouvo pèsonalite a” apre n fin batize

Kontinye abiye ak “nouvo pèsonalite a” apre n fin batize

“Abiye nou ak nouvo pèsonalite a.” — KOL. 3:10.

KANTIK 49 Annou fè kè Jewova kontan

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa ki gen plis efè sou pèsonalite nou?

 KIT nou gen kèk jou sèlman depi nou batize oswa plizyè dizèn ane, nou tout ta renmen gen kalite pèsonalite Jewova renmen an. Pou n rive fè sa, nou bezwen kontwole panse nou. Poukisa? Paske fason nou panse gen gwo efè sou pèsonalite nou. Si se toutan n ap panse ak bagay ki gen rapò ak dezi lachè, se sèten n ap di oswa fè yon seri bagay ki pa bon (Efe. 4:17-19). Yon lòt bò, si se bon bagay nou kite antre nan lespri nou, l ap pi fasil pou n pale epi aji yon fason k ap fè Jewova, Papa nou an, plezi. — Gal. 5:16.

2. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

2 Jan nou te wè sa nan atik anvan an, nou pa ka anpeche tout move panse antre nan lespri nou. Men, nou ka chwazi pou n pa kite panse sa yo pouse n aji. Anvan nou batize, nou bezwen sispann pale epi sispann aji fason Jewova rayi. Se premye etap pou n retire ansyen pèsonalite a sou nou, e se etap sa a ki pi enpòtan. Sepandan, pou n fè Jewova plezi nèt, nou dwe obeyi kòmandman ki di: “Abiye nou ak nouvo pèsonalite a.” (Kol. 3:10). Nan atik sa a, nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki sa “nouvo pèsonalite a” ye? Ki jan nou ka abiye ak nouvo pèsonalite a epi kite l sou nou?

KI SA “NOUVO PÈSONALITE A” YE?

3. Selon Galat 5:22, 23, ki sa “nouvo pèsonalite a” ye, e ki jan yon moun abiye avè l?

3 “Nouvo pèsonalite a” se fason yon moun panse ak fason l aji lè l imite Jewova. Yon moun abiye ak nouvo pèsonalite a lè l demontre fwi lespri Bondye a, lè l kite lespri sen aji sou panse l, sou santiman l ak aksyon l. (Li Galat 5:22, 23.) Pa egzanp, li renmen Jewova e li renmen pèp Li a (Mat. 22:36-39). Moun sa a kontinye gen kè kontan, menm lè l jwenn eprèv (Jak 1:2-4). Li renmen fè lapè (Mat. 5:9). Li montre l gen pasyans ak byenveyans nan fason l aji ak lòt moun (Kol. 3:13). Li renmen sa ki bon e li fè sa ki bon (Lik 6:35). Fason l aji montre li gen yon lafwa solid nan Papa l ki nan syèl la (Jak 2:18). Li ret kalm lè lòt moun ap pwovoke l e l kenbe metriz li lè l jwenn tantasyon. — 1 Kor. 9:25, 27; Tit 3:2.

4. Pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, poukisa nou bezwen chèche gen tout kalite ki nan Galat 5:22, 23 a ak nan lòt vèsè nan Bib la? Esplike.

4 Pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, nou bezwen chèche gen tout kalite ki nan Galat 5:22, 23 a ak nan lòt vèsè nan Bib la *. Kalite sa yo pa tankou chak bagay nou met sou nou lè n ap abiye. Anfèt, anpil nan kalite sa yo sanble ak lòt kalite. Pa egzanp, si w renmen pwochen w toutbon, w ap gen pasyans avè l e w ap aji byen avè l. E pou w gen bonte toutbon, ou dwe aji avèk dousè e w dwe demontre metriz.

KI JAN NOU KA ABIYE AK NOUVO PÈSONALITE A?

Plis nou aprann panse menm jan ak Jezi, se plis n ap rive imite pèsonalite l. (Gade paragraf 5, 8, 10, 12, 14.)

5. Ki sa “gen panse Kris la” vle di, e poukisa nou ta dwe etidye lavi Jezi? (1 Korentyen 2:16).

5 Li 1 Korentyen 2:16. Pou n abiye ak nouvo pèsonalite a, nou bezwen “gen panse Kris la”. Sa vle di, nou dwe chèche konn fason Jezi panse epi imite l. Jezi demontre fwi lespri Bondye a yon fason ki pafè. Menm jan ak yon glas moun kapab wè byen klè ladan l, Jezi reflete kalite Jewova yo egzakteman jan yo ye a (Ebre 1:3). Plis nou panse menm jan ak Jezi, se plis n ap aji menm jan avè l e se plis n ap vin gen menm pèsonalite avè l. — Flp. 2:5.

6. Ki sa n dwe sonje lè n ap chèche abiye ak nouvo pèsonalite a?

6 Èske l vrèman posib pou n suiv egzanp Jezi? Nou ka di tèt nou: ‘Jezi pafè. Mwen pap janm ka vin menm jan avè l!’ Si se sa w panse, men sa pou w sonje: Premyèman, ou fèt pòtre Jewova ak Jezi. Se sa k fè ou ka chwazi imite yo e w ka rive fè sa omwen nan yon nivo ki rezonab (Jen. 1:26). Dezyèmman, lespri sen Bondye se pi gwo fòs ki gen nan linivè. Avèk èd lespri sen, ou ka rive fè yon seri bagay ou pa t ap janm ka fè poukont ou. Twazyèmman, Jewova pa atann pou w demontre fwi lespri a yon fason ki pafè kounye a. Anfèt, Papa nou an ki renmen nou ap bay moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a 1 000 an pou yo vin pafè (Rev. 20:1-3). Sa Jewova vle nou fè kounye a se chèche fè tout sa n kapab epi konte sou li pou l ede nou.

7. Ki sa nou pral egzamine kounye a?

7 Nan ki domèn nou ka imite Jezi? Nou pral fè yon ti pale sou kat aspè nan fwi lespri Bondye a. Nan chak ka, nou pral wè ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te demontre kalite sa yo. Pandan n ap fè sa, nou pral egzamine kèk kesyon k ap ede n wè ki pwogrè nou fè anrapò ak abiye ak nouvo pèsonalite a.

8. Ki jan Jezi te demontre lanmou?

8 Gwo lanmou Jezi gen pou Jewova, Papa l, te pouse l fè sakrifis pou Li e pou nou (Jan 14:31; 15:13). Fason Jezi te viv sou tè a te montre jis nan ki pwen li renmen moun. Chak jou, li te demontre lanmou ak konpasyon, menm lè kèk moun te opoze avè l. Youn nan bon fason li te montre li renmen moun se lè l te aprann yo ki sa Wayòm Bondye a ye (Lik 4:43, 44). Epitou, Jezi te montre li renmen Bondye ak lèzòm lefètke l te dispoze soufri jiskaske l te mouri anba men yon seri moun ki t ap pratike peche. Konsa, li ban nou tout posiblite pou n gen lavi ki pap janm fini an.

9. Ki jan n ka demontre lanmou menm jan ak Jezi?

9 Nou vwe Jewova, Papa nou ki nan syèl la, lavi n e nou batize paske n renmen l. Donk, menm jan ak Jezi, nou ta dwe demontre lanmou pou Jewova nan fason n aji ak lòt moun. Men sa apot Jan te ekri: “Yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè.” (1 Jan 4:20). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m fè efò pou m renmen lòt moun ak tout kè m? Èske m demontre konpasyon nan fason m aji ak lòt moun, menm lè yo aji di avè m? Èske lanmou pouse m sèvi ak tan m ak sa m posede pou m ede lòt moun aprann konnen Jewova? Èske m dispoze fè sa, menm lè pifò moun pa apresye efò m ap fè oswa yo opoze avè m? Èske m ka chèche mwayen pou m pase plis tan nan travay fè disip la?’ — Efe. 5:15, 16.

10. Ki jan Jezi te montre li renmen fè lapè?

10 Jezi te renmen fè lapè. Lè moun te mal aji avè l, li pa t rann yo mal pou mal. Okontrè, li te byen aji ak yo. Li te chèche fè lapè e li te ankouraje moun pou yo rezoud pwoblèm yo gen ak lòt moun. Pa egzanp, li te fè yo konnen yo dwe fè lapè ak frè yo si yo ta renmen Jewova aksepte adorasyon y ap ba li a (Mat. 5:9, 23, 24). Pandan plizyè fwa, li te ede apot yo pou yo sispann fè diskisyon nan chèche konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. — Lik 9:46-48; 22:24-27.

11. Ki jan n ka montre nou renmen fè lapè?

11 Pou n renmen fè lapè, nou bezwen fè plis pase annik evite fè kont ak moun. Nou bezwen chèche fè lapè ak lòt moun, epi ankouraje frè n ak sè n yo pou yo rezoud pwoblèm yo gen youn ak lòt (Flp. 4:2, 3; Jak 3:17, 18). Nou ka poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m dispoze fè sakrifis pou m fè lapè ak lòt moun? Lè yon frè oswa yon sè fè m yon bagay ki fè m mal, èske m kenbe l sou kè? Èske m tann se lòt moun nan ki fè efò pou l fè lapè, oswa èske m fè premye pa a, menmsi se lòt moun nan ki sanble antò? Lè sa apwopriye, èske m ankouraje moun ki nan kont pou yo fè lapè youn ak lòt?’

12. Ki jan Jezi te demontre byenveyans?

12 Jezi te konn aji byen ak lòt moun (Mat. 11:28-30). Li te demontre byenveyans nan fason l te aji avèk jantiyès e l te montre l rezonab, menm nan sitiyasyon ki difisil. Pa egzanp, lè yon dam ki moun Fenisi te sipliye l pou l geri pitit li, okòmansman li pa t fè sa dam nan te mande l la. Men, lè dam nan te montre li gen yon gwo lafwa, li te kontan geri pitit li a (Mat. 15:22-28). Menm lè Jezi te konn aji byen ak lòt moun, li pa t sitirè. Pafwa, lè l te montre l fèm ak moun li renmen, se yon fason li te demontre byenveyans. Pa egzanp, lè Pyè t ap eseye dekouraje Jezi pou l pa t fè volonte Jewova, Jezi te reprimande l devan lòt disip yo (Mak 8:32, 33). Li pa t fè sa pou l te imilye Pyè, men pou l te ba l fòmasyon e pou l te avèti lòt disip yo pou yo pa pran dwa ki pa pou yo. Pa gen dout, Pyè te santi l yon jan jennen, men, disiplin nan te bon pou li.

13. Ki jan n ka demontre byenveyans toutbon pou lòt moun?

13 Pou w demontre byenveyans toutbon pou moun ou renmen, pafwa ou ka oblije pale klè ak yo. Lè w ap fè sa, imite Jezi lè w baze konsèy w ap bay yo sou prensip ki nan Pawòl Bondye a. Fè sa avèk jantiyès. Ou bezwen kwè yo vle fè sa ki dwat, e w bezwen gen konfyans moun ki renmen Jewova e ki renmen w ap byen reyaji lè w ba yo konsèy avèk lanmou. Mande tèt ou: ‘Èske m met kouraj sou mwen pou m pale lè m wè yon moun mwen renmen ap fè yon bagay ki pa bon? Si m oblije bay konsèy, èske m pale yon fason ki janti, oswa èske m pale yon fason ki di? Ki sa k pouse m bay konsèy? Èske m bay moun nan konsèy paske l fè yon bagay ki kontrarye m oswa paske m vle ede I?’

14. Ki jan Jezi te montre li gen bonte?

14 Nonsèlman Jezi te konnen sa ki bon, li te fè sa ki bon tou. Jezi renmen Papa l, se sa k fè li toujou fè sa ki bon ak bon entansyon. Yon moun ki gen bonte chèche fason pou l ede lòt moun e l fè sa ki bon pou yo. Sa pa sifi pou n annik konnen sa ki bon pou n fè, nou dwe fè sa ki bon an e n dwe fè l ak bon entansyon. Yon moun ka mande: ‘Èske l posib pou yon moun fè sa ki bon an ak move entansyon?’ Wi, sa posib. Pa egzanp, Jezi te pale konsènan moun k ap fè pòv charite, men, yo fè yon jan pou lòt moun ka wè sa y ap fè a. Swadizan bon aksyon sa yo pa gen okenn valè pou Jewova. — Mat. 6:1-4.

15. Ki jan n ka montre nou vrèman gen bonte?

15 N ap montre nou gen bonte toutbon lè se pa egoyis ki pouse nou fè yon bon aksyon. Donk, ou ka mande tèt ou: ‘Se vre m konnen pou m fè sa ki bon, men, èske m fè sa? Ki sa k pouse m fè bon aksyon?’

KI JAN NOU KA PWOTEJE NOUVO PÈSONALITE N GENYEN AN?

16. Ki sa nou ta dwe fè chak jou, e poukisa?

16 Nou pa dwe panse lè n batize nou fin abiye ak nouvo pèsonalite a e nou pa bezwen fè efò ankò. Nou bezwen kontinye pwoteje nouvo pèsonalite a ki tankou yon bèl rad nèf. Youn nan fason nou kapab fè sa, se lè nou fè efò pou n demontre fwi lespri Bondye a chak jou. Poukisa? Paske Jewova se yon Bondye ki konn aji, e lespri l se yon fòs k ap aji (Jen. 1:2). Donk, chak aspè nan fwi lespri a kapab pouse n aji, e yo dwe pouse n aji. Pa egzanp, men sa disip Jak te ekri: “Lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri.” (Jak 2:26). Nou kapab di menm bagay la pou tout lòt aspè nan fwi lespri Bondye a. Chak fwa nou demontre yo, nou montre aklè lespri Bondye ap aji nan nou.

17. Ki jan n ta dwe reyaji lè n pa rive demontre fwi lespri a?

17 Menm kretyen ki gen plizyè ane depi yo batize konn pa rive demontre fwi lespri a pafwa. Men, sa ki enpòtan, se pa bay vag. Ann pran yon egzanp. Si rad ou pi renmen an ta gen yon ti kote ki chire ladan l, èske w t ap kouri voye l jete? Non. Se sèten ou t ap pran san w pou w repare ti kote ki chire a, si sa posib. E w t ap pran plis prekosyon avè l apre sa. Menm jan an tou, si pafwa ou pa rive aji avèk byenveyans, ak pasyans oswa avèk lanmou ak yon moun, pa dekouraje. Lè w mande moun nan padon ak tout kè w, nan yon sans sa kapab repare tò w te fè l la, e sa ka ede w vin gen bon relasyon avè l ankò. Pran detèminasyon pou w aji pi byen alavni.

18. Ki asirans nou kapab genyen?

18 Se pa ti rekonesans nou genyen pou egzanp Jezi ban nou! Plis nou imite fason Jezi te panse ak atitid li te genyen, se plis l ap fasil pou n aji menm jan avè l. Plis nou aji menm jan ak Jezi, se plis l ap fasil pou n abiye ak nouvo pèsonalite a. Nan atik sa a, nou te wè sèlman kat aspè nan fwi lespri Bondye a. Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w egzamine lòt aspè nan fwi lespri a e pou w reflechi pou w wè jis nan ki pwen w demontre kalite sa yo? W ap jwenn yon lis atik sou sijè sa a nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch nan sijè “Lavi kretyen yo”, nan seksyon “Fwi lespri a”. Ou kapab gen asirans, si w fè sa w dwe fè, Jewova ap ede w pou w abiye ak nouvo pèsonalite a e pou w kite l sou ou.

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

^ § 5 Kèlkeswa moun nou ye a, nou ka abiye ak “nouvo pèsonalite a”. Pou n fè sa, nou dwe kontinye chanje fason n panse, epi fè efò pou n vin menm jan ak Jezi. Nan atik sa a, nou pral wè kèk egzanp sou fason Jezi te panse ak fason l te aji. Nou pral wè tou ki jan n ka kontinye imite Jezi apre n fin batize.

^ § 4 Galat 5:22, 23 pa bay yon lis ki gen tout bèl kalite lespri Bondye kapab ede n genyen. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou sa, gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad jen 2020.