Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 12

Èske w wè sa Zakari te wè yo?

Èske w wè sa Zakari te wè yo?

“‘Se lespri m [k ap fè bagay sa yo rive].’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.” — ZAK. 4:6.

KANTIK 73 Fè nou gen kran

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki bèl posiblite Juif ki te ann egzil yo te vin genyen?

 JUIF yo te kontan anpil. Jewova Dye te fè “Siris, wa peyi Pès la,” libere Izrayelit yo ki te pase plizyè dizèn ane kòm prizonye nan peyi Babilòn. Wa a te pase yon dekrè pou Juif yo retounen nan peyi yo e pou yo “rebati kay Jewova, Bondye Izrayèl la”. (Esd. 1:1, 3.) Dekrè sa a te estrawòdinè! Sa t ap pèmèt Juif yo rekòmanse adore vrè Dye a nan peyi l te ba yo a.

2. Ki premye bagay Juif ki te sot ann egzil yo te rive fè?

2 Nan ane 537 anvan epòk nou an, premye gwoup moun ki te sot ann egzil yo te rive Jerizalèm, kapital wayòm Jida a ki te nan sid. Sa pa t pran tan pou Juif ki te retounen yo te kòmanse rekonstwi tanp lan, e ozanviwon ane 536 anvan epòk nou an, yo te gentan fin fè fondasyon an!

3. Ki opozisyon Juif yo te jwenn?

3 Kou Juif ki te sot ann egzil yo te kòmanse rekonstwi tanp lan, anpil moun te opoze ak yo. Nasyon ki te ozalantou yo te “kontinye ap dekouraje moun Jida yo pou yo pa fè travay konstriksyon an”. (Esd. 4:4.) Sitiyasyon an te deja pa t fasil pou Juif yo, men, bagay yo te vin pi mal toujou. Nan ane 522 anvan epòk nou an, Atagzèsès te vin wa peyi Pès *. Moun ki te opoze ak travay la te vle pwofite chanjman sa a pou yo kanpe konstriksyon an nèt, yo te “sèvi ak lalwa pou yo fè moun soufri”. (Sòm 94:20.) Yo te voye yon lèt bay wa Atagzèsès pou fè l konnen Juif yo t ap prepare pou yo fè rebèl avè l (Esd. 4:11-16). Wa a te kwè manti yo te bay yo e li te bay lòd pou yo kanpe konstriksyon tanp lan (Esd. 4:17-23). Se konsa, moun yo ki te kontan travay nan konstriksyon tanp lan te oblije kanpe travay la. — Esd. 4:24.

4. Ki sa Jewova te fè lè yon seri opozan pa t vle Juif yo rekonstwi tanp lan? (Ezayi 55:11).

4 Moun ki pa t ap adore Jewova ki te abite nan peyi a ak kèk moun nan gouvènman peyi Pès la te detèmine pou yo kanpe travay rekonstriksyon tanp lan. Men, Jewova te detèmine pou travay konstriksyon an kontinye, e li toujou reyalize objektif li. (Li Ezayi 55:11.) Li te chwazi Zakari, yon pwofèt ki te gen kran, li te ba l uit vizyon estrawòdinè, e Zakari te gen pou l rakonte Juif yo vizyon yo pou ankouraje yo. Vizyon sa yo te ede Juif yo wè yo pa t bezwen pè moun sa yo ki opoze ak yo e sa te ankouraje yo pou yo te kontinye fè travay Jewova te vle yo fè a. Nan senkyèm vizyon an, Zakari te wè yon pòtlanp ak de pye oliv.

5. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

5 Nou tout konn dekouraje pafwa. Se sa k fè, lè n reflechi sou ankourajman Jewova te bay Izrayelit yo pa mwayen senkyèm vizyon Zakari te fè a, sa kapab ede nou. Lè n konprann vizyon sa a, sa ka ede n ret fidèl ak Jewova lè n jwenn opozisyon, lè sitiyasyon n chanje, e lè n resevwa enstriksyon nou pa konprann.

LÈ N JWENN OPOZISYON

Zakari te fè yon vizyon konsènan de pye oliv ki t ap bay luil nan yon pòtlanp ki te gen sèt lanp. (Gade paragraf 6.)

6. Ki jan vizyon ki gen rapò ak pòtlanp lan ak de pye oliv yo ki nan Zakari 4:1-3 a te bay Juif yo kouraj? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

6 Li Zakari 4:1-3. Vizyon ki gen rapò ak pòtlanp lan ak de pye oliv yo te bay Juif yo kouraj pou yo kontinye travay malgre opozisyon. Nan ki sans? Èske w te remake pòtlanp lan te toujou gen luil? Te gen de pye oliv ki t ap bay luil nan yon rezèvwa ki tankou yon bòl, e rezèvwa sa a t ap voye luil nan chak lanp ki sou tèt pòtlanp lan ki gen sèt lanp ladan l. Luil sa a te pèmèt lanp yo kontinye ret limen. Zakari te mande: “Ki sa bagay sa yo reprezante?” Zanj lan te reponn li ak yon mesaj Jewova te bay, men sa l te di: “‘Se pa ni yon lame, ni okenn pouvwa k ap fè bagay sa yo rive, men se lespri m.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.” (Zak. 4:4, 6). Luil ki te sot nan pyebwa yo te reprezante lespri sen Jewova ki gen anpil fòs, yon fòs ki pap janm fini. Tout lame peyi Pès la pa t anyen devan pisans lespri Bondye genyen. Piske Jewova te avèk Juif ki t ap rekonstwi tanp lan, yo t ap ka rive fè fas ak nenpòt opozisyon e yo t ap fin fè travay la. Mesaj sa a te vrèman ankourajan! Juif yo te bezwen annik met konfyans yo nan Jewova epi rekòmanse travay la. Se sa menm yo te fè, malgre te toujou gen entèdiksyon.

7. Ki chanjman ki te pote yon ti soulajman pou moun ki t ap travay nan konstriksyon tanp lan?

7 Te vin gen yon chanjman ki te pote yon ti soulajman pou moun ki t ap travay nan konstriksyon tanp lan. Ki chanjman sa a? Nan ane 520 anvan epòk nou an, Dariyis 1ye te vin wa peyi Pès. Nan dezyèm ane rèy li a, li te vin wè entèdiksyon yo te met sou konstriksyon tanp lan te ilegal. Lè sa a, wa Dariyis te bay otorizasyon pou yo fin fè travay la (Esd. 6:1-3). Tout moun te sezi tande nouvèl sa a, men, wa a te fè plis pase sa. Li te bay nasyon ki ozalantou yo lòd pou yo te sispann opoze ak travay rekonstriksyon ki t ap fèt la e pou yo te bay Juif yo kòb ak tout sa yo bezwen pou travay la te fin fèt (Esd. 6:7-12)! Se sa k fè Juif yo te fin konstwi tanp lan yon tikras plis pase katran annapre, nan ane 515 anvan epòk nou an. — Esd. 6:15.

Konte sou pisans Jewova lè w jwenn opozisyon. (Gade paragraf 8.)

8. Poukisa w kapab met kouraj sou ou lè w jwenn opozisyon?

8 Jodi a tou, gen anpil sèvitè Jewova ki jwenn opozisyon. Pa egzanp, gen nan yo k ap viv nan peyi kote yo met restriksyon sou travay nou an. Nan peyi sa yo, sa ka rive yo arete frè yo epi yo “mennen [yo] devan gouvènè [ak] devan wa”. Lè konsa, sa ba yo okazyon pou yo bay temwayaj (Mat. 10:17, 18). Pafwa, lè yon gouvènman chanje, sa ka pot soulajman pou frè n ak sè n yo. Oubyen, yon jij ki gen bon kè ka pran yon desizyon ki ka fè l pi fasil pou n adore Jewova. Gen lòt Temwen ki jwenn yon lòt fòm opozisyon. Y ap viv nan peyi kote yo lib pou yo adore Jewova, men, gen moun nan fanmi yo ki opoze ak yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche yo sèvi Bondye yo a (Mat. 10:32-36). Nan anpil ka, lè moun nan fanmi n ki opoze avè n rann yo kont yo pa ka fòse n sispann sèvi Jewova, yo sispann ban n pwoblèm. E nan kèk ka, gen yon seri opozan ki te vyolan yon lè ki konn vin Temwen Jewova e yo sèvi l ak tout kè yo. Lè w jwenn opozisyon, pa sispann sèvi Jewova! Met kouraj sou ou. Jewova ak lespri sen l ki gen anpil fòs ap ede w, donk ou pa bezwen pè anyen!

LÈ SITIYASYON N CHANJE

9. Poukisa kèk Juif te tris lè fondasyon nouvo tanp lan te fèt?

9 Lè fondasyon nouvo tanp lan te fin fèt, kèk Juif ki te granmoun te kriye (Esd. 3:12). Yo te wè bèl tanp Salomon te konstwi a, e yo te panse tanp y ap konstwi a “pa [t ap] sanble anyen devan” premye tanp lan (Aje 2:2, 3). Yo te tris anpil paske yo t ap konpare nouvo tanp lan ak ansyen an. Vizyon Zakari a t ap ede yo vin gen kè kontan ankò. Ki jan?

10. Ki jan pawòl zanj lan te di nou jwenn nan Zakari 4:8-10 la te ede Juif yo vin gen kè kontan ankò?

10 Li Zakari 4:8-10. Ki sa zanj lan te vle di lè l te di Juif yo t ap “kontan wè filaplon an nan men Zowobabèl”, gouvènè Juif la? Yon filaplon pèmèt yo verifye si yon bagay byen dwat. Donk, zanj lan t ap bay pèp Bondye a asirans menmsi tanp lan ta parèt tou senp, li t ap fin konstwi e l t ap jan Jewova te vle l la. Tanp lan t ap fè Jewova plezi, donk poukisa pou l pa ta fè Juif yo plezi? Sa ki te enpòtan pou Jewova se te pou adorasyon k ap fèt nan nouvo tanp lan ann amoni ak sa l mande. Si Juif yo te konsantre sou adore Jewova jan l vle a e si yo te kontinye chèche jwenn favè l, yo t ap vin gen kè kontan ankò.

Fè efò pou w pozitif lè sitiyasyon w chanje. (Gade paragraf 11-12.) *

11. Ki difikilte kèk sèvitè Jewova jwenn jodi a?

11 Lè sitiyasyon n chanje, sa konn pa fasil pou anpil nan nou. Gen kèk frè ak sè ki te fè anpil tan nan yon fòm sèvis aplentan espesyal ki te resevwa yon lòt asiyasyon. Gen lòt akoz laj yo ki te oblije kite yon sèvis yo te renmen anpil. Li nòmal pou n santi n tris lè sitiyasyon n chanje konsa. Okòmansman, nou ka pa fin konprann desizyon yo pran an oswa nou ka pa fin dakò avè l. Nou ka panse bagay yo te pi bon anvan sa. Epitou, nou ka vin dekouraje, nou ka santi kounye a nou pa vrèman itil Jewova ankò (Pwo. 24:10). Ki jan vizyon Zakari a kapab ede n kontinye bay Bondye nou an sa nou genyen ki pi bon an?

12. Ki jan vizyon Zakari a kapab ede n pou n toujou gen kè kontan menm lè sitiyasyon n chanje?

12 Li pi fasil pou n adapte n ak yon nouvo sitiyasyon lè n wè bagay yo menm jan ak Jewova. Jodi a, Jewova ap fè yon seri bagay estrawòdinè, e se yon gwo privilèj nou genyen pou n konpayon travay li (1 Kor. 3:9). Travay nou te konn fè ka chanje, men, lanmou Jewova gen pou nou an pap chanje. Se sa k fè, si yo fè yon chanjman nan òganizasyon an ki konsène w pèsonèlman, ou pa bezwen pase anpil tan ap chèche konn pou ki rezon yo fè chanjman sa a. Olye pou w ap panse ak “tan lontan”, ou bezwen mande Jewova pou l ede w wè sa ki bon nan chanjman ki fèt la (Ekl. 7:10). Olye pou w ap panse ak sa w pa kapab fè ankò, panse ak tout sa w kapab fè. Vizyon Zakari a aprann nou jan sa enpòtan pou n kontinye gen yon atitid pozitif. Konsa, n ap toujou gen kè kontan e n ap ret fidèl menm lè sitiyasyon n chanje.

LÈ L DIFISIL POU N SUIV ENSTRIKSYON NOU RESEVWA

13. Poukisa kèk Izrayelit te ka santi enstriksyon yo te resevwa pou yo te kontinye konstwi tanp lan pa t yon bon desizyon?

13 Yo te entèdi Juif yo rekonstwi tanp lan. Malgre sa, mesye ki te alatèt yo, anpalan de gran prèt Jechwa (Jozye) ak gouvènè Zowobabèl, “te kòmanse rebati kay Bondye a”. (Esd. 5:1, 2.) Kèk Juif te ka panse desizyon sa a pa t bon. Juif yo pa t ka anpeche ènmi yo wè y ap rekonstwi tanp lan, e yo te konnen ènmi yo t apral fè tout sa yo kapab pou anpeche yo kontinye travay la. De mesye ki te responsab travay la, anpalan de Jozye ak Zowobabèl, te bezwen gen asirans Jewova t ap soutni yo. Jewova te soutni yo vre. Ki jan l te fè sa?

14. Selon Zakari 4:12, 14, ki asirans gran prèt Jozye ak gouvènè Zowobabèl te jwenn?

14 Li Zakari 4:12, 14. Nan pati sa a nan vizyon Zakari a, zanj lan te fè pwofèt fidèl Bondye a konnen de pye oliv yo reprezante “de moun Bondye chwazi”, anpalan de Jozye ak Zowobabèl. Zanj lan te fè konnen se kòmsi de mesye sa yo te “kanpe bò kote [Jewova], li menm ki Seyè ki Mèt tout tè a”. Se te yon gwo onè pou yo! Jewova te fè yo konfyans. Se sa k fè lòt Izrayelit yo te gen bonjan rezon pou yo te fè desizyon yo te pran yo ak enstriksyon Bondye te bay yo konfyans, sou kèlkeswa fòm enstriksyon sa a ta vini.

15. Ki jan n ka montre n gen respè pou enstriksyon Jewova bay nan Pawòl li a?

15 Youn nan fason Jewova kontinye bay pèp li a enstriksyon jodi a se pa mwayen Labib, Pawòl li a. Nan liv sakre sa a, Jewova fè nou konnen fason pou n adore l jan l vle a. Ki jan n ka montre n gen respè pou enstriksyon nou jwenn nan Pawòl Bondye a? Se lè nou byen suiv sa l di ak lè n pran tan pou n konprann li. Mande tèt ou: ‘Lè m ap li Labib oswa youn nan piblikasyon nou yo, èske m pran tan pou m medite? Èske m fè rechèch pou m jwenn sans verite ki nan Bib la ki “difisil pou moun konprann”? Oswa èske m annik li enfòmasyon yo byen vit?’ (2 Pyè 3:16). Si n pran tan pou n medite sou sa Jewova anseye n yo, n ap kapab suiv enstriksyon li ban nou yo e n ap rive fè travay predikasyon an. — 1 Tim. 4:15, 16.

Fè enstriksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” bay yo konfyans. (Gade paragraf 16.) *

16. Lè nou pa fin konprann enstriksyon “esklav fidèl ki prevwayan an” ban nou, ki sa k ap ede n obeyi?

16 Yon lòt fason Jewova ban nou enstriksyon se pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Pafwa, esklav sa a ka bay enstriksyon nou pa fin konprann. Pa egzanp, nou ka resevwa yon seri enstriksyon byen klè sou fason pou n prepare n pou yon katastwòf natirèl nou panse ki pap rive nan zòn kote n ap viv la. Oswa nou ka santi esklav la pran twòp prekosyon lè gen yon pandemi. Ki sa n ta dwe fè si n santi enstriksyon yo ban nou yo pa vrèman itil? Nou kapab reflechi sou byenfè Izrayelit yo te jwenn lè yo te suiv konsèy Jozye ak Zowobabèl te ba yo. Nou kapab reflechi tou sou lòt istwa nou te li nan Bib la. Pafwa, pèp Bondye a te resevwa enstriksyon ki pa t parèt itil selon pwennvi lèzòm, men ki te sove lavi yo. — Jij 7:7; 8:10.

CHÈCHE WÈ SA ZAKARI TE WÈ YO

17. Ki efè vizyon ki gen rapò ak pòtlanp lan ak de pye oliv yo te gen sou Juif yo?

17 Senkyèm vizyon Zakari te wè a ka te tou kout, men, li te ede Juif yo gen yon atitid pozitif sou travay yo t ap fè a ak sou adorasyon yo t ap bay Bondye a. Lè yo te aplike sa yo te aprann nan vizyon Zakari a, yo te santi Jewova t ap soutni yo e l t ap gide yo. Jewova te sèvi ak lespri sen l ki gen anpil pisans pou l te ede yo kontinye nan travay yo t ap fè a e pou yo te vin gen kè kontan ankò. — Esd. 6:16.

18. Ki efè vizyon Zakari a ka gen sou lavi w?

18 Vizyon Zakari te fè konsènan pòtlanp lan ak de pye oliv yo kapab gen yon gwo efè sou lavi w. Jan n te wè sa, li ka ede w jwenn fòs ou bezwen pou w fè fas ak opozisyon, jwenn kè kontan ou bezwen lè sitiyasyon w chanje, ak konfyans ou bezwen pou w obeyi lè w resevwa enstriksyon ou pa konprann. Ki sa w ta dwe fè lè w jwenn difikilte nan lavi w? Toudabò, ou bezwen chèche wè sa Zakari te wè yo, sa vle di prèv ki montre Jewova ap pran swen pèp Li a. Apre sa, ou bezwen aji selon sa w wè yo lè w met konfyans ou nan Jewova e lè w kontinye adore l ak tout kè w (Mat. 22:37). Si w fè sa, Jewova ap ede w pou w sèvi l ak kè kontan pou toutan. — Kol. 1:10, 11.

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

^ § 5 Jewova te bay pwofèt Zakari yon seri vizyon estrawòdinè. Sa Zakari te wè yo te bay ni li menm ni pèp Jewova a fòs pou yo te fè fas ak difikilte yo te jwenn toutpandan yo t ap lite pou yo retabli vrè adorasyon an. Vizyon sa yo kapab ede nou tou pou n kontinye ret fidèl ak Jewova malgre difikilte nou genyen. Nan atik sa a, nou pral wè yon seri leson enpòtan nou kapab aprann nan youn nan vizyon Zakari te fè yo ki gen rapò ak yon pòtlanp ak pye oliv.

^ § 3 Kèk ane annapre, nan epòk gouvènè Neyemi, te gen yon lòt wa ki te rele Atagzèsès ki te byen boule ak Juif yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki wè jan l enpòtan pou l adapte l ak sitiyasyon l k ap chanje akoz li vin granmoun e li gen pwoblèm sante.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap reflechi sou prèv ki montre Jewova ap soutni “esklav fidèl ki prevwayan an”, menm jan l te soutni Jozye ak Zowobabèl.