Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 13

Vrè adorasyon an ap fè w gen plis kè kontan

Vrè adorasyon an ap fè w gen plis kè kontan

“Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans.” — REV. 4:11.

KANTIK 31 Mache avèk Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa k ap fè Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a?

 KI SA ki vin nan lespri w lè w tande mo “adorasyon” an? Petèt, sa fè w panse ak yon frè ki gen imilite ki met ajenou bò kabann li k ap priye Jewova ak tout kè l. Oubyen, sa ka fè w panse ak yon fanmi ki gen kè kontan ki byen konsantre nan etid Labib y ap fè.

2 Nan toule de egzanp sa yo, moun yo ap fè yon bagay pou yo adore Jewova. Èske Jewova ap aksepte adorasyon y ap ba li a? Jewova ap aksepte adorasyon y ap ba li a si l ann amoni ak objektif li e si yo fè sa avèk respè e paske yo renmen l. Nou renmen Jewova anpil. Nou konnen li merite pou n adore l, e nou vle fè sa pi bon fason an.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral wè ki kalite adorasyon Jewova te aksepte nan tan lontan, e nou pral wè tou uit aspè nan adorasyon n ap ba li a li aksepte jodi a. Pandan n ap fè sa, nou kapab reflechi sou ki jan nou chak kapab amelyore kalite adorasyon n ap bay Jewova a. Nou pral wè tou rezon ki fè vrè adorasyon an fè kè n kontan.

ADORASYON JEWOVA TE AKSEPTE NAN TAN LONTAN

4. Ki jan yon seri moun ki te konn adore Jewova anvan Jezi te vin sou tè a te montre yo te gen respè ak lanmou pou Jewova?

4 Anvan Jezi te vin sou tè a, te gen yon seri mesye fidèl, tankou Abèl, Noye, Abraram ak Jòb ki te montre respè ak lanmou pou Jewova. Ki jan yo te fè sa? Yo te obeyi l, yo te gen lafwa nan li e yo te konn ofri l sakrifis. Bib la pa di egzakteman ki sa yo te konn fè lè yo t ap adore Jewova. Men, se sèten yo te fè tout sa yo kapab pou yo onore Jewova, e li te aksepte adorasyon yo te ba li a. Annapre, Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa pa mwayen Moyiz. Lwa sa a te gen yon seri enstriksyon byen klè ladan l sou fason Jewova te vle yo adore l.

5. Ki chanjman ki te vin genyen anrapò ak vrè adorasyon an apre lanmò Jezi e apre l fin resisite?

5 Apre lanmò Jezi e apre l fin resisite, Jewova pa t mande pou moun obeyi Lalwa li te bay pa mwayen Moyiz la ankò (Wom. 10:4). Kretyen yo te gen pou yo obeyi yon nouvo lwa, anpalan de “lalwa Kris la”. (Gal. 6:2.) Pou yo te obeyi ‘lwa’ sa a, yo pa t bezwen aprann li pa kè, e yo pa t bezwen gen yon lis byen long ki pou te di yo sa pou yo fè ak sa pou yo pa fè, men, yo te dwe suiv egzanp Jezi, epi aplike ansèyman l yo. Jodi a tou, kretyen yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo suiv egzanp Kris pou yo ka fè kè Jewova kontan e pou yo ka “jwenn fòs”. — Mat. 11:29.

6. Ki jan atik sa a kapab ede n?

6 Pandan n ap egzamine chak aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a, mande tèt ou: ‘Ki pwogrè m fè nan sans sa a?’ Ou ka mande tèt ou tou: ‘Èske m kapab amelyore kalite adorasyon m ap bay Jewova a?’ Ou ta dwe santi w kontan pou pwogrè w deja fè, men w ap bezwen priye Jewova pou l ede w fè kèlkeswa pwogrè ki nesesè.

KI SA ADORASYON N AP BAY JEWOVA A GEN LADAN L?

7. Ki jan Jewova wè priyè nou fè ak tout kè n?

7 Nou adore Jewova lè n priye l. Labib konpare priyè nou yo ak lansan byen prepare yo te konn ofri nan tabènak la e annapre nan tanp lan (Sòm 141:2). Lansan sa a te konn bay yon sant ki te fè Bondye plezi. Menm jan an tou, priyè nou fè ak tout kè n fè Jewova “plezi”, menmsi n itilize mo ki senp (Pwo. 15:8; Det. 33:10). Nou gen bonjan rezon pou n kwè sa touche kè Jewova lè l tande n k ap di l nou renmen l e k ap di l mèsi. Li vle n fè l konnen sa k ap trakase n, sa n ta renmen ak sa n anvi. Anvan n priye Jewova, nou bezwen byen reflechi sou sa n pral di l. Lè n fè sa, n ap ofri Papa nou ki nan syèl la pi bon “lansan” nou te ka ofri l la.

8. Ki bèl okazyon nou genyen pou n fè louwanj pou Bondye?

8 Nou adore Jewova lè n fè louwanj pou li (Sòm 34:1). Nou fè louwanj pou Jewova lè n kontan fè lòt moun konnen bèl kalite li genyen ak travay li fè. Se rekonesans yon moun gen nan kè l pou Jewova ki pouse l fè louwanj pou li. Lè n pran tan pou n medite sou jan Jewova bon, sa vle di sou tout sa l fè pou nou, n ap toujou jwenn rezon pou n fè louwanj pou li. Travay predikasyon an ban nou yon bèl okazyon pou n “bay Bondye louwanj kòm sakrifis [...] ak pawòl k ap sot nan bouch nou”. (Ebre 13:15.) Menm jan nou dwe byen reflechi sou sa n pral di Jewova anvan n priye l, li bon pou n byen reflechi tou sou sa n pral di moun n ap preche yo. Nou vle pou ‘louwanj n ap bay kòm sakrifis’ la se pi bon kalite louwanj lan. Se poutèt sa nou pale ak tout kè nou lè n ap preche lòt moun.

9. Menm jan ak Izrayelit tan lontan yo, lè n reyini ansanm, ki jan sa ankouraje n? Èske w ka di ki jan reyinyon yo ede w?

9 Nou adore Jewova lè n asiste reyinyon yo. Men sa yo te di Izrayelit nan tan lontan yo: “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la dwe parèt devan Jewova, Bondye nou an, kote li chwazi a.” (Det. 16:16). Izrayelit sa yo te dwe kite kay yo ak jaden yo san pa t gen okenn moun k ap siveye yo. Sepandan, men pwomès Jewova te fè yo: “Pa gen moun k ap gen tanta sou peyi nou an lè nou monte pou n parèt devan Jewova, Bondye nou an.” (Egz. 34:24). Izrayelit sa yo ki te gen lakrentif pou Jewova te met tout konfyans yo nan li e yo te konn asiste fèt ki te konn fèt chak ane yo. Konsa, yo te kapab jwenn anpil benediksyon. Pa egzanp, yo te vin pi byen konprann Lwa Bondye a, yo te medite sou bonte Bondye genyen, e yo te kontan pase tan ak kwayan parèy yo (Det. 16:15). Nou jwenn menm benediksyon sa yo tou lè n fè tout sa n kapab pou n asiste reyinyon yo. Epitou, reflechi sou jan Jewova kontan lè l wè n vin nan reyinyon, nou prepare pou n fè kèk bon kòmantè tou kout ak tout kè n.

10. Poukisa chante se yon aspè enpòtan nan adorasyon n ap bay Jewova a?

10 Nou adore Jewova lè n chante kantik yo ansanm ak frè n ak sè n yo (Sòm 28:7). Izrayelit yo te konsidere chante kòm yon aspè enpòtan nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Wa David te chwazi 288 Levit pou chante nan tanp lan (1 Kwo. 25:1, 6-8). Jodi a, nou kapab montre nou renmen Bondye lè n chante pou n fè louwanj pou li. Nou pa oblije gen bèl vwa pou n chante. Ann reflechi sou konparezon ki annapre a: “Nou tout nou bite tanzantan” lè n ap pale, men, sa pa anpeche n pale nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an (Jak 3:2). Menm jan an tou, menmsi n pa ta gen bèl vwa, nou pa ta dwe kite sa anpeche n chante louwanj pou Jewova.

11. Selon Sòm 48:13, poukisa nou dwe rezève tan pou n etidye Bib la ak fanmi nou?

11 Nou adore Jewova lè n etidye Pawòl li a e lè n aprann pitit nou yo konnen l. Nan jou saba a, Izrayelit yo pa t konn travay e yo te konn pwofite jou sa a pou yo ranfòse relasyon yo ak Jewova (Egz. 31:16, 17). Izrayelit ki te fidèl yo te aprann pitit yo konn Jewova, e yo te fè yo konnen jan Jewova bon. Jodi a tou, nou dwe rezève tan pou n li Pawòl Bondye a e pou n etidye l. Sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a, e sa ede n vin pi pwòch avè l (Sòm 73:28). Epitou, lè n etidye Bib la ak fanmi nou, nou kapab ede pitit nou vin gen bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou. — Li Sòm 48:13.

12. Ki sa n aprann sou fason Jewova te konsidere travay moun ki t ap fè mèb pou tabènak la?

12 Nou adore Jewova lè n konstwi lokal pou moun adore l e lè n pran swen lokal sa yo. Bib la di lè yo t ap fè tabènak la ak mèb ki te ladan l yo se te yon “travay sakre”. (Egz. 36:1, 4.) Jodi a tou, Jewova konsidere travay konstriksyon Sal Wayòm yo ak lòt lokal pou òganizasyon an kòm yon sèvis sakre. Gen kèk frè ak sè ki pase anpil tan nan travay sa yo. Èske nou pa apresye travay enpòtan sa a y ap fè pou Wayòm nan? Se sèten, yo patisipe tou nan travay predikasyon an. Gen kèk nan yo ki ka menm vle vin pyonye. Ansyen nan kongregasyon yo ka montre y ap soutni aktivite konstriksyon k ap fèt yo lè yo pa renka pou yo aksepte frè ak sè sa yo k ap travay di vin pyonye lè yo kalifye pou sa. Kit nou fò nan konstriksyon kit nou pa fò, nou tout ka patisipe nan kenbe lokal yo pwòp e nan bon kondisyon.

13. Ki jan n ta dwe wè ofrann nou fè pou n soutni travay Wayòm nan?

13 Nou adore Jewova lè n fè ofrann pou n soutni travay Wayòm nan. Izrayelit yo pa t dwe parèt devan Jewova de men vid (Det. 16:16). Yo te dwe pot yon kado selon posiblite yo. Konsa, yo t ap montre yo gen rekonesans pou tout sa Jewova te fè pou yo. Ki jan nou kapab montre nou renmen Jewova e nou gen rekonesans pou tout sa l fè pou nou? Youn nan fason nou kapab fè sa se lè n fè ofrann pou n soutni kongregasyon an e pou n soutni travay mondyal la selon mwayen nou. Men sa apot Pòl te di: “Si volonte a la anvan, Bondye ap aksepte l sitou selon sa yon moun genyen, se pa selon sa yon moun pa genyen.” (2 Kor. 8:4, 12). Jewova apresye nenpòt ofrann nou fè ak tout kè n, menmsi sa n bay la pa anpil. — Mak 12:42-44; 2 Kor. 9:7.

14. Selon Pwovèb 19:17, lè n ede frè n ak sè n ki nan bezwen, ki jan Jewova wè sa?

14 Nou adore Jewova lè n ede kretyen parèy nou ki nan bezwen. Jewova te pwomèt li t ap rekonpanse Izrayelit ki te montre yo donan ak moun ki pòv yo (Det. 15:7, 10). Vrèmanvre, chak fwa n ede yon frè n oswa yon sè n ki nan bezwen, Jewova wè sa kòm yon kado nou ba Li. (Li Pwovèb 19:17.) Pa egzanp, lè kretyen nan vil Filip yo te voye yon kado bay Pòl ki te yon prizonye, Pòl te di se “yon sakrifis agreyab ki fè Bondye plezi”. (Flp. 4:18.) Panse ak frè ak sè nan kongregasyon an, epi mande tèt ou: ‘Èske gen yon moun mwen ka ede?’ Jewova kontan lè l wè n sèvi ak tan nou, fòs nou, kapasite nou ak sa nou posede pou n ede moun ki nan bezwen. Li konsidere sa fè pati adorasyon n ap ba li a. — Jak 1:27.

VRÈ ADORASYON AN FÈ KÈ N KONTAN

15. Vrè adorasyon an mande tan ak efò, men, sa k fè l pa yon chay?

15 Vrè adorasyon an mande tan ak efò. Men, li pa yon chay (1 Jan 5:3). Sa k fè sa? Se paske n renmen Jewova ki fè nou adore l. Imajine yon timoun ki ta renmen bay papa l yon kado. Li ka pase plizyè èdtan ap fè yon desen pou papa l. Men, èske pitit la ap regrèt tan li te pase ap fè desen an pou papa l? Li renmen papa l e li kontan ba l kado a. Menm jan an tou, piske n renmen Jewova, nou kontan sèvi ak tan nou ak fòs nou pou n patisipe nan vrè adorasyon an.

16. Selon Ebre 6:10, ki jan Jewova wè efò nou chak ap fè pou n fè l plezi?

16 Paran ki renmen pitit yo pa atann pou chak pitit yo ba yo menm kado. Yo konnen timoun yo pa menm e yo chak gen kapasite pa yo. Menm jan an tou, Papa nou ki nan syèl la konprann sa nou chak kapab fè. Petèt ou kapab gen plis kapasite pase anpil moun ou konnen e w renmen. Oswa ou ka pa ka fè tout sa lòt moun ap fè, petèt akoz laj ou, pwoblèm sante oswa responsablite ou gen nan fanmi w. Men, pa dekouraje (Gal. 6:4). Jewova pap bliye travay ou fè. Toutotan w ap bay sa w genyen ki pi bon an e w fè sa ak bon entansyon, l ap kontan. (Li Ebre 6:10.) Jewova menm konnen sa w ta renmen fè. Li vle w gen kè kontan e pou w satisfè ak sa w kapab fè nan adorasyon w ap ba li a.

17. a) Si n twouve l difisil pou n fè yon seri aktivite nan adorasyon n ap bay Jewova a, ki sa n kapab fè? b) Èske gen youn nan bagay ki nan kare ki gen tit “ Chèche gen plis kè kontan” an ou twouve ki te ede w?

17 Ki sa nou kapab fè si n twouve l difisil pou n fè yon seri aktivite ki fè pati adorasyon n ap bay Jewova a, tankou etid pèsonèl nou oswa preche? Sandout, n ap rann nou kont plis nou patisipe nan aktivite sa yo se plis n ap renmen yo e n ap jwenn byenfè ladan yo. Nou ka konpare adorasyon n ap bay Jewova a ak yon seri aktivite tankou fè spò oswa jwe yon enstriman mizik. Si se yon lè konsa nou fè yo, nou ka pa fè anpil pwogrè. Men, ann sipoze nou deside fè sa chak jou. Nou ka kòmanse fè sa pandan kèk minit, epi fè plis tan ofiramezi. Lè n wè bon rezilta nou jwenn pou efò n fè yo, sandout n ap anvi fè aktivite sa yo e n ap renmen fè yo. Èske w wè ki jan n ka fè menm bagay la nan adorasyon n ap bay Jewova a?

18. Ki bagay ki pi enpòtan nou kapab fè, e ki byenfè n jwenn lè n fè sa?

18 Lè n adore Jewova ak tout kè n lavi nou vin gen sans toutbon. Konsa, nou vin gen kè kontan, nou satisfè ak lavi nou, e nou gen espwa pou n adore Jewova pou toutan (Pwo. 10:22). Nou gentan santi n anpè lefètke n konnen Jewova ede moun k ap adore l yo lè yo gen pwoblèm (Eza. 41:9, 10). Se sèten, nou gen bonjan rezon pou n gen kè kontan lè n ap adore Papa nou an ki renmen nou, ki merite pou tout sa l kreye yo ba l “glwa [ak] onè”! — Rev. 4:11.

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

^ § 5 Piske se Jewova ki kreye tout bagay, li merite pou n adore l. Jewova ap aksepte adorasyon n ap ba li a si n obeyi kòmandman l yo e si n viv ann amoni ak prensip li yo. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan uit aspè nan adorasyon n ap bay Jewova a. Pandan w ap reflechi sou fason w patisipe nan chak aspè sa yo, chèche wè ki jan sa ap fè w vin gen plis kè kontan.