Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 14

Nou menm ansyen, kontinye imite apot Pòl

Nou menm ansyen, kontinye imite apot Pòl

“Se pou nou imite m.” — 1 KOR. 11:1.

KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki jan egzanp apot Pòl ka ede ansyen yo jodi a?

 APOT Pòl te renmen frè l ak sè l yo. Li te travay san pran souf pou l te ka ede yo (Tra. 20:31). Se sa k fè frè ak sè yo te renmen Pòl anpil. Yon lè, ansyen nan vil Efèz yo te “pran kriye” lè yo te aprann yo pa t ap janm wè Pòl ankò (Tra. 20:37). Menm jan an tou, ansyen yo k ap travay di renmen frè ak sè yo anpil, e yo fè tout sa yo kapab pou yo ede yo (Flp. 2:16, 17). Men, pafwa li konn difisil pou ansyen yo rive fè tout sa yo gen pou yo fè. Ki sa k ka ede yo?

2 Ansyen yo k ap travay di kapab reflechi sou egzanp Pòl (1 Kor. 11:1). Li te yon moun menm jan ak tout moun. Pòl pa t pafè, li te oblije lite pafwa pou l fè sa ki jis (Wom. 7:18-20). E li te oblije fè fas ak plizyè difikilte. Men, Pòl pa t sispann travay di pou frè l ak sè l yo nitou li pa t pèdi jwa l. Lè ansyen yo suiv egzanp Pòl, yo ka rive fè fas ak difikilte yo jwenn, e yo ka kontinye kenbe jwa yo nan sèvis y ap bay Jewova a. Ann wè ki jan yo ka fè sa.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a, e ki sa l ap ede nou fè?

3 Nan atik sa a, nou pral wè kat sitiyasyon ki konn difisil pou ansyen yo: 1) chèche jwenn ekilib ant travay predikasyon an ak lòt responsablite yo genyen, 2) jwenn tan pou ankouraje frè ak sè yo, 3) lite ak enpèfeksyon yo genyen, e 4) kolabore ak moun ki enpafè menm jan ak yo. Nou pral wè ki jan Pòl te rive fè fas ak chak difikilte sa yo e ki jan ansyen yo kapab suiv egzanp li.

YO CHÈCHE JWENN EKILIB ANT TRAVAY PREDIKASYON AN AK LÒT RESPONSABLITE YO GENYEN

4. Poukisa ansyen yo ka twouve l difisil pou yo pran latèt nan travay predikasyon an?

4 Rezon ki fè sa ka difisil. Ansyen yo gen anpil lòt responsablite anplis responsablite yo genyen pou yo pran latèt nan travay predikasyon an. Pa egzanp, anpil nan yo konn dirije reyinyon ki fèt lasemèn yo e yo kondui etid biblik kongregasyon an. Epitou, yo konn bay diskou. Yo bay sèvitè ministeryèl yo fòmasyon e yo kontan ankouraje frè ak sè yo (1 Pyè 5:2). Gen kèk ansyen ki patisipe nan travay konstriksyon ak antretyen Sal Wayòm ak lòt lokal òganizasyon an genyen. Sepandan, menm jan ak tout moun nan kongregasyon an, travay ki pi enpòtan ansyen yo fè se preche bon nouvèl la. — Mat. 28:19, 20.

5. Ki egzanp Pòl kite antanke moun ki t ap preche?

5 Egzanp Pòl te bay. Nan Filipyen 1:10, nou wè sa k fè Pòl te reyisi nan travay predikasyon an. Men ankourajman li ban nou: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” Pòl te fè sa l te di a. Li te gen responsablite pou l preche, e pandan plizyè dizèn ane, se travay sa a ki te pi enpòtan pou li. Li te preche “ni an piblik ni kay an kay”. (Tra. 20:20.) Li pa t kontante l preche nan yon lè fiks oswa nan yon jou nan semèn nan. Li te pwofite tout okazyon pou l preche! Pa egzanp, pandan l t ap tann kèk zanmi l nan vil Atèn, li te kòmanse preche yon seri moun ki gen gwo renome bon nouvèl la, e gen kèk nan yo ki te byen reyaji (Tra. 17:16, 17, 34). Menm lè Pòl te nan “chenn”, li te preche moun ki te bò kote l. — Flp. 1:13, 14; Tra. 28:16-24.

6. Ki fòmasyon Pòl te bay?

6 Pòl te byen sèvi ak tan l. Souvan, li te konn envite lòt moun vin preche avè l. Pa egzanp, nan premye vwayaj li antanke misyonè, li te mennen Jan Mak avè l, e nan dezyèm vwayaj li, li te mennen Timote (Tra. 12:25; 16:1-4). Se sèten, Pòl te fè tout sa l kapab pou l te montre mesye sa yo fason pou yo òganize yon kongregasyon, ki jan pou yo ankouraje frè ak sè yo, e ki jan pou yo anseye yon fason ki efikas. — 1 Kor. 4:17.

Imite Pòl lè w pwofite okazyon w jwenn pou w bay temwayaj. (Gade paragraf 7.) *

7. Ki jan ansyen yo kapab suiv konsèy Pòl te bay nou jwenn nan Efezyen 6:14, 15 lan?

7 Leson ansyen yo ka aprann. Ansyen yo kapab imite Pòl nonsèlman lè yo preche kay an kay, men tou, lè yo pare pou yo bay temwayaj nan tout okazyon. (Li Efezyen 6:14, 15.) Pa egzanp, yo kapab bay temwayaj lè y al achte oswa lè yo nan travay yo. Oubyen tou, lè y ap patisipe nan konstriksyon yon Sal Wayòm, yo ka preche moun nan zòn nan ak moun k ap vann yo. Menm jan ak Pòl, ansyen yo kapab pwofite tan yo pase nan travay predikasyon an pou yo fòme lòt moun, san wete sèvitè ministeryèl yo.

8. Ki sa yon ansyen ka bezwen fè pafwa?

8 Ansyen yo pa ta dwe janm twò okipe nan travay y ap fè nan kongregasyon an oubyen nan sikonskripsyon an epi pou yo pa ta jwenn tan pou yo preche. Pafwa, yo ka oblije pa aksepte kèk lòt responsablite pou yo ka kenbe ekilib yo. Apre yo fin priye Jewova, yo ka rann yo kont yo pa ka fè yon travay yo mande yo fè paske sa ap fè yo neglije bagay ki pi enpòtan yo, tankou fè adorasyon an fanmi chak semèn, patisipe plis nan travay predikasyon an oswa bay pitit yo fòmasyon pou yo preche. Gen kèk nan yo ki twouve l difisil pou yo refize yon responsablite, men, yo mèt sèten Jewova konprann jan yo anvi kenbe ekilib yo nan tout bagay.

YO CHÈCHE JWENN TAN POU ANKOURAJE FRÈ AK SÈ YO

9. Ki difikilte ansyen yo ki deja gen anpil aktivite ka jwenn?

9 Rezon ki fè sa ka difisil. Pèp Jewova a jwenn anpil difikilte. Pandan dènye jou sa yo, nou tout bezwen ankourajman, èd ak konsolasyon. E pafwa, gen kèk moun ki bezwen yo ede yo pou yo pa tonbe nan move konduit (1 Tes. 5:14). Nòmalman, ansyen yo pa ka rezoud tout pwoblèm sèvitè Jewova yo genyen. Sepandan, Jewova vle pou ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo ankouraje mouton l yo e pou yo pwoteje yo. Ki jan ansyen yo ki deja gen anpil aktivite ka jwenn tan pou yo bay frè ak sè yo èd yo bezwen?

Felisite lòt moun epi ankouraje yo. (Gade paragraf 10, 12.) *

10. Selon 1 Tesalonisyen 2:7, ki jan Pòl te pran swen sèvitè Jewova yo?

10 Egzanp Pòl te bay. Pòl te chèche okazyon pou l felisite frè ak sè yo e pou l ankouraje yo. L ap bon pou ansyen yo suiv egzanp Pòl lè yo demontre lanmou ak afeksyon pou sèvitè Jewova yo. (Li 1 Tesalonisyen 2:7.) Pòl te bay frè l ak sè l yo asirans Jewova renmen yo e li renmen yo tou (2 Kor. 2:4; Efe. 2:4, 5). Pòl te konsidere frè ak sè nan kongregasyon an kòm zanmi l, e li te konn pase tan ak yo. Li te montre li fè yo konfyans lefètke l pa t jennen pou l fè yo konnen sa k t ap enkyete l ak mankman l genyen (2 Kor. 7:5; 1 Tim. 1:15). Sepandan, Pòl pa t ret ap reflechi sou pwòp pwoblèm pa l. Okontrè, li te vle ede frè l ak sè l yo.

11. Poukisa Pòl te konn bay frè l ak sè l yo konsèy?

11 Pafwa, Pòl te bezwen bay frè l ak sè l yo konsèy. Men, li pa t janm fè sa pandan l te fache. Li te ba yo konsèy paske l te gen sousi pou yo e paske l te vle pwoteje yo kont tout kalite danje. Li te fè efò pou l ba yo konsèy yo te kapab konprann byen fasil, e l te swete yo t ap aksepte konsèy yo. Pa egzanp, nan yon lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo, li te ba yo konsèy ki fèm. Men, apre l te fin ekri lèt sa a, li te voye Tit kote yo. Pòl te bezwen konnen ki jan yo te resevwa konsèy ki nan lèt li te ekri a. Se pa ti kontan li te kontan aprann yo te aksepte konsèy la. — 2 Kor. 7:6, 7.

12. Ki jan ansyen yo ka ankouraje frè ak sè yo?

12 Leson ansyen yo ka aprann. Ansyen yo kapab suiv egzanp Pòl lè yo pase tan ak kwayan parèy yo. Youn nan fason yo kapab fè sa se lè yo rive bonè nan reyinyon yo pou yo ka gen konvèsasyon ki ankourajan ak frè ak sè yo. Souvan, kèk minit sèlman sifi pou n bay yon frè oswa yon sè ankourajman l bezwen (Wom. 1:12; Efe. 5:16). Yon ansyen ki suiv egzanp Pòl ap sèvi ak Pawòl Bondye a tou pou l fòtifye kwayan parèy li yo e pou l fè yo sonje Bondye renmen yo. Epitou, li montre frè ak sè yo li renmen yo. Li ret an kontak ak yo e l chèche okazyon pou l felisite yo. Lè yon ansyen dwe bay konsèy, li veye pou konsèy la ann amoni ak Pawòl Bondye a. Li pale klè, men, li fè sa ak jantiyès paske li ta renmen frè a oswa sè a aksepte konsèy li bay la. — Gal. 6:1.

YO KONN AP LITE AK ENPÈFEKSYON YO GENYEN

13. Ki jan yon ansyen ka santi l akoz enpèfeksyon l genyen?

13 Rezon ki fè sa ka difisil. Ansyen yo pa pafè. Yo konn fè erè menm jan ak tout moun (Wom. 3:23). Pafwa, li ka difisil pou yo aksepte enpèfeksyon yo genyen. Gen nan yo ki konn tèlman konsantre sou mankman yo genyen yo konn vin dekouraje. Gen lòt ki ka tèlman ap chèche eskiz pou mankman yo genyen, sa fè yo vin pa wè enpòtans pou yo fè chanjman.

14. Selon Filipyen 4:13, lefètke Pòl te gen imilite, ki jan sa te ede l lite ak enpèfeksyon l genyen?

14 Egzanp Pòl te bay. Piske Pòl te gen imilite, li te rekonèt li pa t ap ka lite ak enpèfeksyon l genyen yo poukont li. Li te bezwen fòs Bondye kapab bay la. Anvan sa, Pòl te konn pèsekite kretyen yo avèk raj. Men, annapre, li te rekonèt li te mal aji e li te deside chanje atitid li ak pèsonalite l (1 Tim. 1:12-16). Grasa èd Jewova, Pòl te vin yon ansyen ki renmen moun, ki gen konpasyon e ki gen imilite. Sa te fè l mal pou l wè jan l gen mankman. Men, li pa t ret ap reflechi sou sa. Okontrè, li te gen konfyans Jewova t ap padone l (Wom. 7:21-25). Li pa t atann pou l aji yon fason ki pafè. Okontrè, li te fè anpil efò pou l amelyore pèsonalite l antanke kretyen e pou l konte sou èd Jewova avèk imilite pou l fè travay li. — 1 Kor. 9:27; li Filipyen 4:13.

Fè anpil efò pou w lite ak enpèfeksyon w genyen. (Gade paragraf 14, 15.) *

15. Ki atitid ansyen yo ta dwe genyen anrapò ak enpèfeksyon yo genyen?

15 Leson ansyen yo ka aprann. Yo pa nome frè yo ansyen paske yo pafè. Sepandan, Jewova atann pou ansyen yo admèt erè yo fè e pou yo amelyore pèsonalite yo antanke kretyen (Efe. 4:23, 24). Yon ansyen dwe sèvi ak Pawòl Bondye a pou l egzamine tèt li e pou l fè nenpòt chanjman ki nesesè. Lè sa a Jewova ap ede l pou l gen kè kontan e pou l rive fè travay li byen. — Jak 1:25.

YO BEZWEN KOLABORE AK MOUN KI ENPAFÈ MENM JAN AK YO

16. Ki sa k ka rive si yon ansyen konsantre sou enpèfeksyon lòt moun?

16 Rezon ki fè sa ka difisil. Lefètke ansyen yo pase anpil tan ak frè ak sè yo nan kongregasyon an, li ka fasil pou yo wè enpèfeksyon yo gen lakay yo. Men, si ansyen yo pa veye, yo ka vin about, yo ka aji di ak frè ak sè yo, oswa yo ka kritike yo. Pòl te fè kretyen yo konnen Satan t ap byen kontan yo aji konsa. — 2 Kor. 2:10, 11.

17. Ki jan Pòl te wè frè l ak sè l yo?

17 Egzanp Pòl te bay. Li te toujou wè frè l ak sè l yo yon fason pozitif. Li te byen konnen yo konn fè erè, paske pafwa yo te konn fè yon seri bagay ki te konn fè l mal. Sepandan, Pòl te ka wè diferans ki genyen ant lè yon moun gen move konduit ak lè yon moun se yon move moun. Li te renmen frè l ak sè l yo e li te konsantre sou bèl kalite yo genyen. Lè frè l ak sè l yo t ap lite pou yo fè sa ki dwat, li te pito kwè yo vle fè sa ki bon e yo te jis bezwen èd.

18. Ki sa w aprann nan fason Pòl te aji nan sitiyasyon Evodi ak Sentich la? (Filipyen 4:1-3).

18 Pa egzanp, ann wè ki jan Pòl te ede de sè nan kongregasyon Filip. (Li Filipyen 4:1-3.) Sanble Evodi ak Sentich pa t antann yo, e sa te vin fè yo pa t zanmi ankò. Pòl pa t aji di ak yo ni l pa t kritike yo. Li te konsantre sou bèl kalite yo genyen. De sè sa yo te fidèl e yo te gen lontan depi yo t ap sèvi Jewova. Pòl te konnen Jewova te renmen yo. Bon bagay Pòl te di konsènan sè sa yo te ankouraje yo rezoud pwoblèm yo te genyen. Piske Pòl te konsantre sou bèl kalite lòt moun genyen, sa te ede l kontinye gen kè kontan epi gen bon relasyon ak moun nan kongregasyon sa a.

Fè efò pou w pa jije lòt moun. (Gade paragraf 19.) *

19. a) Ki jan ansyen yo ka kontinye konsantre sou bèl kalite frè ak sè yo genyen? b) Ki sa nou ka aprann nan foto ki montre ansyen k ap netwaye Sal Wayòm nan?

19 Leson ansyen yo ka aprann. Nou menm ansyen, chèche wè bèl kalite frè n ak sè n yo genyen. Yo tout enpafè. Sepandan, yo chak gen yon seri kalite nou kapab apresye (Flp. 2:3). Se vre, tanzantan, ansyen yo ka bezwen bay yon frè oswa yon sè konsèy. Men, menm jan ak Pòl, ansyen yo dwe fè anpil efò pou yo pa konsantre sou sa yon moun di oswa sou sa yon moun fè ki kontrarye yo. Okontrè, li ta bon pou yo konsantre sou lanmou moun sa a gen pou Jewova, sou andirans li genyen nan sèvis Li a, ak sou kapasite l genyen pou l fè sa ki bon. Ansyen ki konsantre sou bèl kalite lòt moun genyen ede frè ak sè yo santi tout moun nan kongregasyon an renmen yo.

KONTINYE IMITE PÒL

20. Ki jan ansyen yo ka kontinye suiv egzanp Pòl?

20 Nou menm ansyen, l ap bon pou n kontinye egzamine egzanp Pòl. Pa egzanp, nan Index des publications des Témoins de Jéhovah, nou ka ale nan pati ki gen tit “Paul”, anba soutit “exemple pour les anciens”. Pandan w ap li kèk nan referans yo bay yo, mande tèt ou: ‘Ki jan egzanp Pòl ka ede m kontinye gen kè kontan pandan m ap fè travay mwen antanke ansyen?’ 

21. Ki asirans ansyen yo kapab genyen?

21 Nou menm ansyen, sonje Jewova pa mande pou n pafè, li mande pou n fidèl (1 Kor. 4:2). Jewova te apresye travay di Pòl te fè e dèske l te fidèl. Nou ka gen asirans Bondye bay travay n ap fè pou li a anpil valè tou. Jewova pap janm “bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo”. — Ebre 6:10.

KANTIK 87 Vini, w ap rejwenn fòs!

^ § 5 Nou gen anpil rekonesans pou gwo travay ansyen yo ap fè pou ede n! Nan atik sa a, nou pral wè kat sitiyasyon ki ka pa toujou fasil pou ansyen yo. Nou pral wè tou ki jan egzanp apot Pòl kapab ede ansyen yo fè fas ak difikilte sa yo jodi a. Atik sa a ap ede nou tout pou n demontre konpasyon pou ansyen yo, e l ap ankouraje n pou n montre yo nou renmen yo e pou n soutni yo.

^ § 61 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap preche yon kòlèg li bon nouvèl la pandan l ap sot travay.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen k ap ankouraje yon frè ki gen tandans met kò l apa.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap bay yon moun bonjan konsèy poutèt moun nan te fache pou yon bagay ki te rive.

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen ki pa kritike yon frè ki te ofri tèt li pou l fè yon travay epi ki ret ap fè yon lòt bagay.