Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason n ka rive fè fas ak tètchaje

Fason n ka rive fè fas ak tètchaje

TÈTCHAJE ka tankou yon pwa lou sou kè n (Pwo. 12:25). Èske sa deja rive ou te soufri akoz yon tètchaje w te genyen? Èske w konn santi w pa kapab ankò? Si w konn santi w konsa, se pa ou menm sèl. Anpil nan nou ka ap pran swen moun, nou ka gen yon moun pa nou ki mouri, nou ka viktim katastwòf natirèl oswa nou ka ap fè fas ak kèk lòt sitiyasyon ki fè nou santi nou bouke, nou gen tètchaje e nou about. Men, ki sa k ka ede n rive fè fas ak tètchaje? *

Nou ka aprann anpil bagay sou fason pou nou fè fas ak tètchaje lè n egzamine egzanp wa David. Li te jwenn anpil difikilte nan lavi l, e l te menm manke mouri pandan plizyè fwa (1 Sam. 17:34, 35; 18:10, 11). Ki jan David te rive fè fas ak tètchaje l te genyen? Ki jan n kapab suiv egzanp li?

FASON DAVID TE RIVE FÈ FAS AK TÈTCHAJE L TE GENYEN

David te jwenn plizyè pwoblèm anmenmtan. Pa egzanp, ann egzamine yon sitiyasyon kote l t ap kouri pou wa Sayil ki te vle touye l. Lè David ak mesye l yo te retounen sot nan lagè, yo te sezi wè gen ènmi ki te vòlè sa yo te genyen, yo te boule kay yo e yo te pran fanmi yo al avè yo. Ki jan David te reyaji? “David ak mesye l yo te pran rele byen fò, jiskaske yo pa t gen fòs pou yo kriye ankò.” David te vin gen plis pwoblèm toujou, paske mesye l yo li te fè konfyans “te di y ap touye l ak kout wòch”. (1 Sam. 30:1-6.) Kounye a, David te vin gen twa gwo pwoblèm yon sèl kou: Fanmi l te an danje, li te pè pou mesye l yo pa t touye l, e wa Sayil te toujou ap chèche l pou touye l. Imajine tètchaje David dwe te genyen!

Ki sa David te fè nan ka sa a? Tousuit, li “te chèche jwenn fòs nan Jewova, Bondye l la”. Ki jan David te rive fè sa? Nou konnen nòmalman David te priye Jewova pou ede l e l te reflechi sou fason L te konn abitye ede l (1 Sam. 17:37; Sòm 18:2, 6). David te wè l te bezwen mande Jewova èd, se sa k fè li te mande Jewova sa pou l fè. Apre Jewova te fin di David sa pou l fè, David te aji tousuit. Se sa k fè Jewova te beni li menm ak mesye l yo e yo te rejwenn fanmi yo ak byen yo te genyen yo (1 Sam. 30:7-9, 18, 19). Èske w te wè twa bagay David te fè? Li te priye Jewova pou ede l, li te reflechi sou sa Jewova te fè pou li, e l te aji ann amoni ak sa Jewova te di l. Ki jan nou ka imite David? Ann wè twa fason nou ka fè sa.

ANN IMITE DAVID LÈ N GEN TÈTCHAJE

1. Priye. Nenpòt lè n kòmanse santi n gen tètchaje, nou kapab priye Jewova pou n mande l ede nou e pou l ban nou sajès. N ap santi n soulaje lè n priye l e lè n vide kè n ba li. Oubyen nou ka fè yon priyè tout kout nan kè n, si se sa sèlman nou kapab fè nan moman an. Chak fwa n mande Jewova èd, nou montre n gen menm konfyans ak David ki te di: “Jewova se mas wòch mwen e li se fòtrès mwen. Li se Sila a ki sove m nan. Bondye m nan se mas wòch mwen, se nan li mwen jwenn refij.” ​(Sòm 18:2). Èske lapriyè vrèman ede n? Men sa yon sè ki pyonye ki rele Kahlia di: “Lè m fin priye, mwen santi m anpè. Lapriyè ede m pou m wè bagay yo menm jan ak Jewova, e m vin gen plis konfyans nan li.” Pa gen dout, lapriyè se yon gwo kado Jewova ban nou ki ede n fè fas ak tètchaje.

2. Reflechi. Lè w ap panse ak lavi w, èske w ka sonje yon seri eprèv ou te rive andire paske Jewova te ede w? Lè n reflechi ak jan Jewova te ede n ak jan l te ede sèvitè l yo nan tan lontan, nou vin gen plis fòs e nou vin gen plis konfyans nan li (Sòm 18:17-19). Men sa yon ansyen ki rele Joshua di: “Mwen gen yon lis priyè m te fè Jewova te reponn. Sa ede m sonje moman kote m te mande Jewova yon bagay e l te ban m egzakteman sa m te bezwen an.” Vrèmanvre, lè n reflechi sou sa Jewova deja fè pou nou, nou vin gen plis fòs pou n fè fas ak tètchaje.

3. Aji. Anvan n deside ki sa pou n fè nan yon sitiyasyon, nou kapab egzamine Pawòl Bondye a pou n jwenn konsèy nou plis ka fè konfyans (Sòm 19:7, 11). Anpil moun twouve lè yo fè rechèch sou yon vèsè, yo vin pi byen konprann fason pou yo aplike vèsè sa a nan lavi yo. Men sa yon ansyen ki rele Jarrod esplike: “Lè m fè rechèch, sa ede m wè tout sa yon vèsè gen ladan l e m vin konprann ki sa Jewova ap di m. Sa m aprann nan antre nan kè m, e konsa m ka suiv konsèy Jewova ban m nan.” Lè n fouye nan Bib la pou n konn sa Jewova di e nou fè sa l di, l ap pi fasil pou n fè fas ak tètchaje.

JEWOVA AP EDE W ANDIRE

David te konprann li te bezwen Jewova ede l pou l te kapab fè fas ak tètchaje. Li te tèlman gen rekonesans pou èd Jewova te ba li, li te di: “Grasa pisans Bondye, mwen ka grenpe yon miray. Vrè Dye a se Sila a ki ban m fòs la.” (Sòm 18:29, 32). Nou ka santi pwoblèm nou yo tankou miray nou pa ka grenpe. Men, grasa èd Jewova, nou kapab fè fas ak kèlkeswa eprèv la! Vrèmanvre, lè n priye Jewova pou l ede n, lè n reflechi sou tout sa l fè pou nou, e lè n aji ann amoni ak sa l di nou, nou ka gen konfyans l ap ban n fòs ak sajès nou bezwen pou n rive fè fas ak tètchaje nou genyen!

^ Yon moun ki gen gwo strès ka bezwen chèche wè doktè.