Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

Nou menm manman, suiv egzanp Enis

Nou menm manman, suiv egzanp Enis

“Pa bliye lòd manman w ba ou. [Li] se yon bèl kouwòn flè pou w met sou tèt ou, e [li] se yon bèl bijou pou w met nan kou w.” — PWO. 1:8, 9.

KANTIK 137 Bèl egzanp medam tan lontan yo ak sè n yo bay

SA NOU PRAL WÈ *

Enis, manman Timote, ak Loyis, granmè l, ki kontan anpil e ki santi yo fyè pandan y ap gade Timote k ap batize. (Gade paragraf 1.)

1-2. a) Kiyès Enis te ye, e ki difikilte l te jwenn antanke manman? b) Fè yon ti pale sou foto ki sou paj kouvèti a.

 BYENKE Bib la pa di anyen sou batèm Timote, nou ka imajine jan Enis, manman l, te kontan jou sa a (Pwo. 23:25). Imajine jan l te santi l fyè pandan l t ap gade Timote ki kanpe nan dlo a. Li t ap souri pandan Loyis, granmè Timote, ki te kanpe toupre Enis, te apiye sou li. Enis te kenbe souf li lè yo te plonje Timote anba dlo a. Lè Timote te sot anba dlo a, li te gen yon bèl souri sou vizaj li. Enis pa t ka kenbe ankò, li te tèlman kontan, dlo te koule nan je l. Byenke sa pa t fasil pou Enis, li te rive aprann Timote renmen Jewova ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan. Ki difikilte Enis te jwenn lè l t ap ede Timote aprann renmen Jewova ak Jezi, e ki jan l te rive fè fas ak yo?

2 Manman ak papa Timote pa t nan menm relijyon. Papa l te Grèk e manman l ak granmè l te Juif (Tra. 16:1). Li posib pou Timote te nan adolesans li lè Enis ak Loyis te chanje relijyon pou yo te vin kretyen. Men, papa l pa t vin kretyen. Ki chwa Timote t ap fè? Petèt, li te ase gran pou l pran pwòp desizyon l. Èske l t ap suiv papa l? Èske l t ap ret atache ak tradisyon juif yo yo te aprann li depi lè l te toupiti? Oubyen, èske l t ap aksepte vin yon disip Jezi Kris?

3. Selon Pwovèb 1:8, 9, ki jan Jewova wè travay manman yo ap fè pou yo ede pitit yo vin zanmi l?

3 Jodi a, manman ki kretyen yo renmen fanmi yo tou. Sa k pi enpòtan pou yo, se ede pitit yo vin gen yon bon relasyon ak Jewova. E Bondye nou an bay efò y ap fè yo anpil valè. (Li Pwovèb 1:8, 9.) Nou pa ka konte konbyen manman Jewova ede pandan y ap fè efò pou yo ede pitit yo aksepte laverite.

4. Ki difikilte manman yo jwenn jodi a?

4 Nòmalman, pafwa, yon manman ka ap mande tèt li si pitit li ap chwazi sèvi Jewova, jan Timote te fè sa. Dayè, paran yo konnen jan monn Satan an ap fè presyon sou timoun yo (1 Pyè 5:8). Anplis de sa, gen anpil manman k ap fè efò pou yo leve pitit yo san yo pa gen mari, oswa mari yo gendwa pap sèvi Jewova. Pa egzanp, men sa yon sè ki rele Christine * di: “Mari m te yon bon papa e l te yon bon chèf fanmi, men l pa t vle timoun yo vin Temwen Jewova. Se pa de kriye m pa t kriye pandan ane yo t ap pase. M t ap mande tèt mwen si timoun mwen yo t ap janm vin sèvi Jewova.”

5. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

5 Si w se yon manman ki kretyen, menm jan ak Enis, ou ka rive aprann pitit ou renmen Jewova. Nan atik sa a, nou pral wè fason w ka anseye pitit ou lè w ap pale avè l ak nan egzanp ou bay, menm jan Enis te rive fè sa. E nou pral wè tou ki jan Jewova ap ede w fè sa.

ANSEYE PITIT OU LÈ W AP PALE AVÈ L

6. Selon 2 Timote 3:14, 15, ki jan Timote te vin kretyen?

6 Lè Timote te piti, manman l te fè tout sa l kapab pou l aprann li sa ki “nan liv sakre yo”, jan juif yo te konprann yo. Nòmalman, konesans Enis te genyen an te limite paske l pa t konn anpil bagay sou Jezi Kris. Aktout sa, sa Timote te aprann nan Ekriti yo te ba l yon bon baz pou l vin kretyen. Men, èske Timote t ap aksepte vin kretyen? Piske l te yon jèn gason, li te gen dwa chwazi vin kretyen oswa pa vin kretyen. Se sèten, manman Timote se youn nan moun ki te fè efò pou ‘konvenk li pou l kwè’ laverite sou Jezi. (Li 2 Timote 3:14, 15.) Se pa ti kontan Enis dwe te kontan dèske l te ede pitit gason l lan aprann konnen Jewova, byenke sa pa t fasil! Non Enis te vrèman ale avè l, piske non l soti nan yon mo ki vle di “pot laviktwa”.

7. Ki jan Enis te rive ede pitit gason l lan fè pwogrè apre batèm li?

7 Lè Timote te batize, li te reyalize yon objektif enpòtan nan lavi l. Sepandan, Enis pa t sispann enkyete pou li. Petèt li t ap mande tèt li ki sa pitit gason l lan t ap chwazi fè ak lavi l? Èske l t ap vin gen move zanmi? Èske l t apral nan lekòl Atèn yo epi aksepte ansèyman filozòf payen yo? Èske l t apral kouri dèyè richès, gaspiye tan l, fòs li ak jenès li? Enis pa t ka pran desizyon pou Timote, men li te kapab ede l. Ki jan l te ka fè sa? Li te ka kontinye fè anpil efò pou l ede pitit gason l lan aprann renmen Jewova ak tout kè l epi vin gen rekonesans pou sa Jezi fè pou yo. Se pa sèlman moun k ap viv nan yon kay kote moun yo pa nan menm relijyon ki gen difikilte. Menm lè toule de paran yo nan laverite, li konn difisil pou yo rive touche kè timoun yo pou yo ka vin sèvi Jewova ak tout kè yo. Ki sa paran yo ka aprann nan egzanp Enis?

8. Ki jan yon manman kapab soutni mari l ki kretyen nan efò l ap fè pou ede pitit yo aprann konnen Jewova?

8 Etidye Labib ak pitit ou. Sè nou yo, si mari nou nan laverite, Jewova vle n ede yo nan efò y ap fè pou yo aprann pitit nou konnen l. Youn nan fason nou kapab fè sa, se lè n soutni adorasyon an fanmi an chak semèn. Pale yon fason ki pozitif konsènan dispozisyon sa a, epi reflechi sou sa w kapab fè pou ka gen yon bèl anbyans nan moman sa a. Petèt ou kapab ede mari w planifye yon aktivite espesyal ki gen rapò ak Bib la. Anplis de sa, si kèk nan timoun yo ase gran pou yo fè etid nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, petèt ou kapab ede mari w nan sans sa a.

9. Ki kote yon manman ki gen mari l ki pap sèvi Jewova kapab jwenn èd?

9 Gen kèk manman ki oblije etidye Labib ak pitit yo, swa paske y ap leve pitit yo poukont yo oswa paske mari yo pap sèvi Jewova. Si se nan sitiyasyon sa w ye, ou pa bezwen bay tèt ou twòp pwoblèm. Jewova ap ede w. Byen sèvi ak bonjan enfòmasyon li ban nou pa mwayen òganizasyon l lan pou w etidye ak pitit ou. Ou kapab mande kèk paran ki gen eksperyans ki jan yo sèvi ak enfòmasyon sa yo lè y ap fè adorasyon an fanmi * (Pwo. 11:14). Epitou, Jewova ka ede w pou w konn kòman pou w pale ak pitit ou. Mande l pou l ede w poze pitit ou yon seri kesyon k ap ede w wè sa k nan panse l ak sa k nan kè l (Pwo. 20:5). Pa egzanp, si w ta mande pitit ou ki sa ki pi difisil pou li nan lekòl li, sa kapab mennen nan yon bèl konvèsasyon k ap ede w konn anpil bagay.

10. Ki fason ankò ou kapab ede pitit ou aprann konnen Jewova?

10 Chèche okazyon pou w aprann pitit ou konnen Jewova. Pale avèk yo konsènan Jewova e sou tout sa Jewova fè pou ou (Det. 6:6, 7; Eza. 63:7). Sa pi enpòtan toujou si w pa kapab etidye regilyèman ak pitit ou lakay ou. Men sa Christine nou te pale de li pi wo a di: “Se yon lè konsa nou te konn jwenn okazyon pou n pale konsènan Jewova. Donk, nou te konn pwofite tout ti moman sa yo. Nou te konn al fè yon ti mache oswa fè yon ti flann nan kannòt pou n te kapab pale sou bèl bagay ki gen nan kreyasyon Jewova a e sou anpil lòt bagay ki te kapab ede timoun yo vin zanmi Jewova. Lè pitit mwen yo te vin ase gran, mwen te ankouraje yo etidye Labib poukont yo.” Anplis de sa, ou bezwen pale yon fason ki pozitif konsènan òganizasyon Jewova a e konsènan frè ak sè yo. Pa kritike ansyen yo. Sa w di konsènan ansyen yo kapab ede pitit ou al pale avèk yo lè yo bezwen èd.

11. Selon Jak 3:18, poukisa l enpòtan pou w kontinye fè efò pou gen lapè nan kay la?

11 Kontinye fè efò pou gen lapè nan kay la. Toujou montre mari w ak pitit ou ou renmen yo. Lè w ap pale konsènan mari w, pale yon fason ki montre w gen respè pou li, e aprann timoun yo pou yo fè menm jan an. Lè w fè sa, w ap kreye yon bèl anbyans nan kay la k ap fè l pi fasil pou timoun yo aprann konnen Jewova. (Li Jak 3:18.) Ann pran egzanp Jozsef, k ap sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Woumani. Pandan l t ap grandi, papa l te fè tout sa l kapab pou l anpeche manman l, li menm ak frè l ak sè l sèvi Jewova. Men sa Jozsef di: “Manman m te fè anpil efò pou n viv anpè nan kay la. Plis papa m te aji di avè n, se plis manman m te aji avèk jantiyès. Lè l te remake jan l te difisil pou n respekte papa n e pou n obeyi l, li te konn rezone sou Efezyen 6:1-3 avè n. Apre sa, li te pale sou bèl kalite papa n genyen, e l te ede n konprann rezon ki fè n dwe renmen l. Sa te fè gen lapè nan fanmi an.”

ANSEYE PITIT OU GRASA EGZANP OU BAY

12. Selon 2 Timote 1:5, ki efè egzanp Enis te bay te gen sou Timote?

12 Li 2 Timote 1:5. Enis te bay Timote bèl egzanp. Petèt li te aprann li se aksyon yon moun poze ki montre l gen lafwa toutbon (Jak 2:26). Se sèten, Timote te ka wè fason manman l aji montre jan l renmen Jewova. Pa gen dout, Timote te wè jan manman l kontan lefètke l ap sèvi Jewova. Ki efè egzanp Enis te bay te gen sou Timote? Jan apot Pòl te fè konn sa, Timote te gen lafwa menm jan ak manman l. Li pa t annik ret konsa l vin gen lafwa. Li te wè egzanp manman l te bay e sa te pouse l imite l. Menm jan an tou jodi a, gen anpil manman ki rive touche kè moun nan fanmi yo “san pawòl”. (1 Pyè 3:1, 2.) Ou kapab fè menm jan an. Ki jan w ka rive fè sa?

13. Poukisa yon manman ta dwe bay relasyon l ak Jewova premye plas nan lavi l?

13 Bay relasyon w gen ak Jewova a premye plas nan lavi w (Det. 6:5, 6). Menm jan ak pifò manman, ou fè anpil sakrifis. Ou bay tan w, lajan w, pafwa w konn pa dòmi, e w fè anpil lòt bagay pou w pran swen pitit ou. Men, ou pa dwe janm twò okipe pou sa ta fè w neglije relasyon w ak Jewova. Toujou rezève tan pou w priye, pou w etidye Bib la e pou w asiste reyinyon yo. Lè w fè sa, relasyon w ak Jewova ap vin pi solid e w ap vin yon bèl egzanp pou moun nan fanmi w ak lòt moun ankò.

14-15. Ki sa w aprann nan egzanp Leanne, Maria, ak João?

14 Ann wè egzanp kèk jèn ki te aprann renmen Jewova e ki te aprann fè l konfyans lè yo te wè egzanp manman yo te bay. Men sa Leanne, pitit fi Christine, di: “Nou pa t kapab etidye Labib lè papa nou te nan kay la. Men, manman m te toujou asiste reyinyon yo. Menm lè nou pa t konn anpil bagay sou Bib la, egzanp li ak konviksyon l te genyen te ede nou vin gen yon gwo lafwa. Nou te konnen Temwen Jewova yo anseye laverite anvan menm nou te kòmanse asiste reyinyon.”

15 Pafwa, papa Maria te konn pini fanmi an lè y al nan reyinyon. Men sa Maria di: “Manman m se youn nan sè ki gen plis kouraj mwen konnen. Lè m te timoun, pafwa m pa t konn vle fè yon seri bagay paske m te pè sa lòt moun te ka di. Men, lè m te wè jan l gen kouraj e jan l te toujou met Jewova an premye nan lavi l, sa te ede m pou m pa t pè moun.” Papa João te entèdi fanmi an pale de Jewova oswa sou Bib la nan kay la. Men sa João di: “Petèt, sa k te plis touche m, se lefètke manman m te dispoze abandone tout bagay pou l fè papa m plezi, sof lanmou l pou Jewova.”

16. Ki efè egzanp yon manman bay ka gen sou lòt moun?

16 Nou menm manman, sonje egzanp nou bay gen efè sou lòt moun. Nan ki sans? Reflechi sou efè egzanp Enis te bay te gen sou apot Pòl. Li te fè konnen Timote gen yon lafwa san ipokrizi, e “Enis te genyen l anvan”. (2 Tim. 1:5.) Ki lè Pòl te remake Enis te gen lafwa? Sanble se te nan premye vwayaj misyonè Pòl t ap fè li te rankontre Loyis ak Enis nan vil Lis, e petèt li te ede yo vin kretyen (Tra. 14:4-18). Fè yon ti reflechi: Lè Pòl te ekri Timote anviwon 15 an annapre, Pòl te toujou sonje lafwa Enis te genyen an, e l te pale de li kòm yon egzanp pou moun imite! Pa gen dout, egzanp li te ankouraje apot la anpil, e li posib tou pou egzanp li te ankouraje anpil lòt kretyen ki t ap viv nan premye syèk la. Si w ap leve pitit ou poukò w oswa nan yon kay kote se pa tout moun k ap sèvi Jewova, ou mèt kwè bèl egzanp ou bay ankouraje moun k ap viv bò kote w e sa gen efè sou yo tou.

Sa mande tan pou w ede yon timoun vin zanmi Jewova. Pa bay vag! (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa w bezwen fè si pitit ou ta sanble pa vle suiv direksyon w ta renmen ba li a?

17 E si pitit ou ta sanble pa vle suiv direksyon w ta renmen ba li a? Sonje, fòme yon timoun mande tan. Jan w ka wè nan foto a, lè w plante yon ti semans, ou ka mande tèt ou si l ap janm vin yon pyebwa k ap bay fwi. Byenke w pa ka konnen si l ap donnen yon lè, ou kontinye wouze l pou l ka grandi pi byen (Mak 4:26-29). Menm jan an tou, antanke manman, pafwa w ka ap mande tèt ou èske w rive touche kè pitit ou. Ou pa ka konnen ki desizyon pitit ou ap pran. Men, si w kontinye fè tout sa w kapab pou w ba yo fòmasyon, ou ba yo plis posiblite pou yo vin zanmi Jewova. — Pwo. 22:6.

KONTE SOU ÈD JEWOVA

18. Ki jan Jewova kapab ede pitit ou vin zanmi l?

18 Depi nan tan lontan, Jewova ap ede anpil jèn vin zanmi l (Sòm 22:9, 10). Li kapab ede pitit ou vin zanmi l tou si yo ta renmen sa (1 Kor. 3:6, 7). Menmsi pitit ou ta sanble pap sèvi Jewova ak tout kè yo, Jewova kontinye renmen yo (Sòm 11:4). Nenpòt ti siy yo ta bay ki montre yo nan “bon dispozisyon” pou fè Jewova plezi, Jewova ap dispoze ede yo vin zanmi l (Tra. 13:48; 2 Kwo. 16:9). Li ka ede w pou w di egzakteman sa w dwe di nan moman ou dwe di l la, sa vle di lè timoun yo plis bezwen tande sa (Pwo. 15:23). Oswa li ka fè yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an ki renmen moun montre yo gen sousi pou yo. Menm apre pitit ou fin gran, Jewova ka fè yo sonje yon bagay ou te aprann yo (Jan 14:26). Lè w kontinye bay pitit ou fòmasyon lè w ap pale avè l ak nan egzanp ou bay, Jewova ap beni efò w fè yo.

19. Poukisa w kapab gen asirans ou gen favè Jewova?

19 Kèlkeswa desizyon pitit ou ta pran, Jewova renmen w. Li renmen w paske ou renmen l. Si w ap leve pitit ou poukont ou, Jewova pwomèt l ap yon Papa pou pitit ou e l ap pwoteje yo (Sòm 68:5). Ou pa kapab fòse pitit ou vin sèvi Jewova. Men, si w kontinye konte sou èd Jewova e w kontinye fè tout sa w kapab, w ap gen favè l.

KANTIK 134 Timoun yo se byen Bondye konfye nou

^ Nan atik sa a, nou pral wè ki jan manman ki kretyen yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Enis, manman Timote, e nou pral wè tou ki jan yo ka aprann pitit yo konnen Jewova epi renmen l.

^ Gen kèk non yo chanje.

^ Pa egzanp, gade leson 50 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak atik ki gen tit “Kèk ide pou adorasyon an fanmi ak etid pèsonèl” ki parèt nan Toudegad 15 out 2011, paj 6-7.