Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 18

Fason pou n chèche gen objektif nan sèvis Bondye e pou n reyalize yo

Fason pou n chèche gen objektif nan sèvis Bondye e pou n reyalize yo

“Reflechi sou bagay sa yo, plonje nèt ladan yo, yon fason pou tout moun ka wè pwogrè w aklè.” — 1 TIM. 4:15.

KANTIK 84 Travay plis

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki kalite objektif nou kapab chèche genyen nan sèvis Jewova a?

 ANTANKE vrè kretyen, nou renmen Jewova anpil. Nou ta renmen ba l sa nou genyen ki pi bon an. Men, pou n fè tout sa n kapab pou Jewova nou bezwen chèche gen objektif nan sèvis n ap ba li a. Pa egzanp, chèche gen yon seri kalite antanke kretyen, aprann yon seri bagay ki itil, epi chèche mwayen pou n ede lòt moun. *

2. Poukisa nou ta dwe chèche gen objektif nan sèvis Jewova a epi fè anpil efò pou n reyalize yo?

2 Poukisa nou ta dwe anvi vin yon pi bon sèvitè Jewova? Toudabò, nou vle fè Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou plezi. Jewova kontan lè l wè n itilize tout kapasite n genyen nan sèvis li. Mete sou sa, nou vle fè pwogrè nan sèvis Bondye a pou n ka pi itil frè n ak sè n yo (1 Tes. 4:9, 10). Kèlkeswa kantite tan nou genyen nan laverite, nou tout ka fè pwogrè nan sèvis Bondye a. Ann wè ki jan n kapab fè sa.

3. Selon 1 Timote 4:12-16, ki sa apot Pòl te ankouraje Timote fè?

3 Lè apot Pòl te ekri Timote premye lèt li a, jèn gason sa a te gentan yon ansyen ki gen eksperyans. Epoutan, Pòl te ankouraje l pou l kontinye fè pwogrè pou l vin yon pi bon sèvitè Jewova. (Li 1 Timote 4:12-16.) Pandan w ap reflechi sou pawòl Pòl yo, w ap remake gen de fason li te vle Timote fè pwogrè: li te vle l fè efò pou l gen yon seri kalite antanke kretyen, tankou lanmou, lafwa ak mennen yon vi pwòp, epitou, li te dwe fè pwogrè nan lekti an piblik, nan egzòtasyon l ap bay ak nan ansèyman. Toutpandan n ap panse ak egzanp Timote, ann wè ki jan lè n chèche gen objektif ki rezonab sa ka ede n fè plis pwogrè nan sèvis Bondye. Nou pral wè tou kèk fason nou kapab fè plis nan sèvis nou.

ANTANKE KRETYEN, FÈ EFÒ POU W VIN GEN YON SERI KALITE

4. Selon Filipyen 2:19-22, sa k fè Timote te itil antanke sèvitè Jewova?

4 Sa k fè Timote te itil antanke sèvitè Jewova? Li te gen yon seri bèl kalite antanke kretyen. (Li Filipyen 2:19-22.) Pòl te fè konnen Timote te gen imilite, li te fidèl, li pa t parese, e moun te ka konte sou li. Li te renmen moun e l te gen anpil sousi pou frè ak sè yo. Se sa k fè Pòl te renmen Timote e l pa t pè konfye l yon seri responsablite ki pa t fasil (1 Kor. 4:17). Menm jan an tou, n ap fè kè Jewova kontan e n ap pi itil kongregasyon an lè n chèche gen yon seri kalite Jewova renmen. — Sòm 25:9; 138:6.

Reflechi ak yon kalite ou ta renmen genyen pi plis antanke kretyen. (Gade paragraf 5-6.)

5. a) Ki jan w ka konnen ki kalite ou bezwen chèche genyen antanke kretyen? b) Jan nou ka wè nan foto a, ki jan sè ki pi jèn nan ap chèche reyalize objektif li genyen pou l mete l nan plas lòt moun plis toujou?

5 Chèche gen yon objektif ki byen klè. Priye Jewova pou l ede w wè ki aspè nan pèsonalite w ou bezwen amelyore. Chwazi yon kalite ou ta renmen amelyore. Pa egzanp, èske w ta ka chèche mete w nan plas lòt moun plis oswa chèche ede kwayan parèy ou yo plis? Èske w kapab chèche vin pi renmen fè lapè ak lòt moun epi padone yo plis toujou? Petèt, ou kapab mande yon zanmi w ou fè konfyans pou l ede w wè fason w ka amelyore. — Pwo. 27:6.

6. Ki sa w ka fè pou w reyalize objektif ou genyen pou w vin gen yon kalite?

6 Fè efò pou w reyalize objektif ou genyen. Ki jan w ka fè sa? Youn nan fason w ka fè sa se lè w byen egzamine kalite ou ta renmen amelyore a. Ann sipoze ou deside pou w padone lòt moun plis. Ou ka kòmanse li egzanp kèk moun nan Bib la ki te padone lòt moun ak tout kè yo ak egzanp kèk lòt moun ki pa t fè sa, epi medite sou egzanp sa yo. Reflechi sou egzanp Jezi. Li te dispoze padone lòt moun ak tout kè l (Lik 7:47, 48). Li pa t konsantre sou fot yo te fè, men li te wè bon bagay yo te kapab fè. Yon lòt bò, Farizyen yo nan epòk Jezi a “pa t pran lòt moun pou anyen”. (Lik 18:9.) Apre w fin medite sou egzanp sa yo, mande tèt ou: ‘Ki jan m wè lòt moun? Ki kalite yo genyen mwen chwazi konsantre sou yo?’ Si l difisil pou w padone yon moun, eseye fè yon lis ki gen ladan l tout bèl kalite moun sa a genyen. Apre sa, mande tèt ou: ‘Ki jan Jezi wè moun sa a? Èske l t ap padone l?’ Si w fè sa, ou kapab chanje fason w panse. Okòmansman, nou ka bezwen fè anpil efò pou n padone yon moun ki te fè n yon bagay ki fè n mal. Si n kontinye fè efò nan sans sa a, rive yon lè l ap pi fasil pou n padone.

APRANN YON SERI BAGAY K AP ITIL

Ofri tèt ou pou w aprann fè travay antretyen nan Sal Wayòm nan. (Gade paragraf 7.) *

7. Selon Pwovèb 22:29, jodi a, ki fason Jewova sèvi ak yon seri frè ak sè ki gen anpil kapasite?

7 Yon lòt objektif ou kapab genyen, se aprann yon bagay k ap itil. Reflechi ak tout kantite moun yo bezwen pou travay nan konstriksyon lokal Betèl yo, Sal asanble yo ak Sal Wayòm yo. Anpil nan moun sa yo te jwenn fòmasyon lefètke yo te travay ansanm ak lòt frè ak sè ki gen eksperyans. Jan nou ka wè nan foto a, ni frè ni sè ap pran fòmasyon pou yo fè antretyen nan Sal asanble ak nan Sal Wayòm. Se fason sa yo ak lòt fason ankò Jewova Dye, “Wa letènite a”, ak Kris Jezi, “Wa [tout] wa” yo, ap sèvi ak yon seri frè ak sè ki gen kapasite pou fè yon seri travay estrawòdinè. (1 Tim. 1:17; 6:15; li Pwovèb 22:29.) Nou vle travay di e n vle sèvi ak kapasite nou genyen pou n bay Jewova glwa, men, se pa pou n bay tèt nou glwa. — Jan 8:54.

8. Ki jan w ka konnen ki pwen w bezwen travay?

8 Chèche gen yon objektif ki byen klè. Ki sa w ka chèche aprann fè? Mande ansyen nan kongregasyon w lan, e petèt siveyan sikonskripsyon w lan, ki objektif konsa yo panse ou ta ka chèche genyen. Pa egzanp, si yo ta di w ou bezwen amelyore fason w pale ak fason w anseye, mande yo pou yo ede w wè ki pwen ou bezwen travay. Apre sa, fè anpil efò pou w amelyore nan sans sa a. Ki jan w ka rive fè sa?

9. Ki sa w ka fè pou w reyalize objektif ou genyen pou w vin yon pi bon anseyan?

9 Fè efò pou w reyalize objektif ou genyen an. Ann sipoze ou ta renmen vin yon pi bon anseyan. Ou ka byen egzamine bwochi Konsantre sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la. Lè w gen yon patisipasyon nan reyinyon lasemèn nan, ou kapab mande yon frè ki kalifye pou l koute prezantasyon w lan anvan w fè l e pou l ba w konsèy sou fason pou w amelyore. Prepare patisipasyon w lan alavans, konsa lòt moun ap wè ou fè anpil efò e yo ka fè w konfyans. — Pwo. 21:5; 2 Kor. 8:22.

10. Bay yon egzanp sou fason w ka fè efò pou w vin gen yon kapasite nan yon domèn.

10 Ki sa w ka fè si objektif ou genyen an se pou w vin maton nan yon bagay ou pa alèz ladan l? Pa bay vag! Gen yon frè ki rele Garry ki pa t ka li byen. Li sonje jan l te jennen lè l t ap eseye li awotvwa nan reyinyon kongregasyon an. Men, li te kontinye fè efò pou l amelyore. Kounye a li di, lefètke l te resevwa fòmasyon, li kapab bay diskou nan Sal Wayòm, nan asanble sikonskripsyon ak nan kongrè!

11. Menm jan ak Timote, ki sa k ap ede n pou n kapab fè plis nan sèvis Jewova a?

11 Èske Timote te vin yon moun ki pale byen oswa yon bon anseyan? Bib la pa di anyen sou sa. Men, pa gen dout, Timote te vin fè travay li pi byen paske l te suiv konsèy apot Pòl (2 Tim. 3:10). Menm jan an tou, si nou chèche amelyore kapasite nou genyen, n ap kapab fè plis nan sèvis nou pou Jewova.

CHÈCHE FASON POU W EDE LÒT MOUN

12. Ki jan lòt moun te ede w?

12 Nou tout konn jwenn èd lòt moun. Pa egzanp, lè n lopital, nou kontan resevwa vizit ansyen yo k ap travay nan Komite lyezon ospitalye oswa nan Gwoup pou vizite malad. Lè n ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil nan lavi nou, nou kontan lè yon ansyen ki gen lanmou pran tan pou l koute n e pou l ankouraje n. Lè n bezwen èd pou n fè yon etid biblik, nou kontan lè yon pyonye ki gen eksperyans dakò al fè etid la avè n epi l ban n kèk konsèy. Tout frè ak sè sa yo kontan ede nou. Nou kapab kontan tou si nou dispoze ede frè n ak sè n yo. Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” ​(Tra. 20:35). Si w vle fè plis pou Jewova fason sa a ak lòt fason ankò, ki sa k ap ede w?

13. Lè n ap chèche gen yon objektif, ki sa n dwe sonje?

13 Veye pou w pa gen yon objektif ki twò vag. Pa egzanp, ou ka di tèt ou: ‘M ta renmen fè plis nan kongregasyon an.’ Men, li ka difisil pou w konnen ki jan w ka reyalize yon objektif konsa, e w ka pa rive konnen lè w reyalize l. Donk, ou bezwen chèche gen yon objektif ki klè. Ou ka menm ekri objektif ou genyen an ak fason w vle reyalize l.

14. Poukisa nou bezwen rezonab lè n ap chèche gen objektif?

14 Nou bezwen rezonab tou lè n ap chèche gen objektif. Poukisa? Paske nou pa fin gen kontwòl sou sitiyasyon nou. Ann pran yon egzanp: Apot Pòl te ede pou tabli yon nouvo kongregasyon nan vil Tesalonik. E se sèten li te gen objektif pou l rete nan vil sa a e pou l ede nouvo kretyen yo. Men, te gen opozan ki te fòse Pòl kite vil sa a (Tra. 17:1-5, 10). Si Pòl te rete, li t ap met lavi frè yo an danje. Men, malgre sa, li pa t sispann chèche ede yo. Okontrè, li te adapte l ak chanjman ki te vin genyen yo. Annapre, li te voye Timote al ede nouvo kretyen nan vil Tesalonik yo pou fòtifye lafwa yo (1 Tes. 3:1-3). Se pa ti kontan frè Tesalonik yo dwe te kontan lefètke Timote te dispoze ede kote ki te gen bezwen!

15. Ki jan objektif nou kapab chanje lè sitiyasyon n chanje? Bay yon egzanp.

15 Nou ka aprann anpil bagay nan eksperyans Pòl te fè nan vil Tesalonik la. Nou ka gen yon objektif, men, nou ka pa kapab reyalize l (Ekl. 9:11). Si se ka pa w, chèche gen yon lòt objektif w ap kapab reyalize. Se sa Ted ak Hiedi, madanm li, te fè. Akoz yon pwoblèm sante, yo te oblije kite Betèl. Men, lanmou yo te gen pou Jewova te pouse yo chèche lòt mwayen pou yo fè plis nan sèvis yo. Pou kòmanse, yo te pran sèvis pyonye pèmanan. Rive yon lè, yo te nome yo pyonye spesyal, e Ted te resevwa fòmasyon pou l vin siveyan sikonskripsyon ranplasan. Annapre, te vin gen chanjman nan laj pou yon frè kontinye nan sèvis li antanke siveyan sikonskripsyon. Ted ak Hiedi te rann yo kont yo pa t ap ka ret nan sèvis sa a ankò. Byenke sa te fè yo tris, yo te vin konprann gen lòt fason yo kapab fè plis pou Jewova. Men sa Ted di: “Nou vin rann nou kont gen plizyè bagay nou ka fè nan sèvis Jewova a.”

16. Ki leson nou ka aprann nan Galat 6:4?

16 Nou pa kapab gen kontwòl sou tout bagay ki rive nan lavi nou. Se sa k fè l enpòtan pou n pa panse se sa n ap fè nan sèvis Jewova a ki fè li ban nou valè, oswa nou pa dwe konpare privilèj nou genyen ak privilèj lòt moun genyen. Men sa Hiedi esplike: “Ou pap gen kè kontan si w konpare lavi w ak lavi lòt moun.” ​(Li Galat 6:4.) Li enpòtan pou n chèche fason pou n ede lòt moun e pou n sèvi Jewova. *

17. Ki sa w kapab fè pou w vin kalifye pou w jwenn plis privilèj nan sèvis ou?

17 W ap kapab fè plis nan sèvis Jewova a si w mennen yon vi ki senp e si w evite fè dèt ki pa nesesè. Chèche reyalize yon seri objektif depi kounye a k ap ede w reyalize lòt objektif pi devan. Pa egzanp, si objektif ou se vin pyonye pèmanan, èske w kapab ranpli yon fòmilè pou w vin pyonye oksilyè nètale? Si objektif ou se vin sèvitè ministeryèl, èske w kapab chèche fè plis nan travay predikasyon an epi vizite frè ak sè nan kongregasyon an ki granmoun e ki malad? Eksperyans w ap vin genyen depi kounye a kapab ede w vin gen plis privilèj pi devan. Se pou w pran detèminasyon pou w fè tout sa w kapab nan kèlkeswa asiyasyon yo ba ou. — Wom. 12:11.

Chwazi yon objektif byen klè ou kapab reyalize. (Gade paragraf 18.) *

18. Jan nou ka wè nan foto a, ki sa w aprann nan egzanp Beverley?

18 Nou pa janm twò granmoun pou n chèche gen objektif nan sèvis Jewova a epi chèche reyalize yo. Ann pran egzanp yon sè ki gen 75 an ki rele Beverley. Li te gen yon gwo pwoblèm sante ki te fè l difisil pou l mache. Li te vrèman anvi fè plis pou l soutni kanpay k ap fèt pou Memoryal la. Se sa k fè li te chèche gen yon seri objektif byen presi. Lè Beverley te reyalize objektif li te fikse anrapò ak kanpay la, li te kontan anpil. Efò l te fè te ankouraje lòt moun pou yo chèche fè plis nan travay predikasyon an. Jewova bay travay frè ak sè ki granmoun yo ap fè anpil enpòtans, menmsi sitiyasyon yo pa toujou pèmèt yo fè sa yo ta renmen fè. — Sòm 71:17, 18.

19. Ki objektif nou ka chèche genyen nan sèvis Jewova a?

19 Chèche gen objektif ou kapab reyalize. Fè efò pou w gen yon seri kalite k ap fè kè Jewova kontan. Chèche vin gen yon seri kapasite k ap ede w fè plis pou Bondye ak pou òganizasyon l lan. Chèche fason pou w sèvi frè w ak sè w yo pi plis. * Menm jan ak Timote, grasa èd Jewova, “tout moun ap ka wè pwogrè w aklè”. — 1 Tim. 4:15.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

^ Timote te gen anpil eksperyans nan preche bon nouvèl la. Epoutan, apot Pòl te ankouraje l kontinye fè pwogrè. Piske Timote te suiv konsèy Pòl te ba l la, li te vin pi itil Jewova e l te vin pi itil frè ak sè yo. Menm jan ak Timote, èske w vrèman anvi sèvi Jewova ansanm ak kwayan parèy ou yo pi plis toujou? Se sèten w vle fè sa. Ki objektif ou kapab chèche genyen k ap ede w fè sa? E ki sa w bezwen fè pou w ka gen objektif sa yo e pou w reyalize yo?

^ PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Objektif nan sèvis Bondye gen ladan l kèlkeswa efò n fè pou n ka sèvi Jewova pi byen e pou n fè kè l kontan.

^ Gade soutit ki di “Ou kapab al sèvi kote ki gen plis bezwen” nan chapit 10 liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova, paragraf 6-9.

^ Gade leson 60 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ki gen tit “Kontinye vin pi pwòch Jewova”.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap montre de sè ki jan pou yo fè travay antretyen, e de sè yo byen aplike sa yo sot aprann yo.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki oblije ret lakay li ki jwenn bon rezilta nan preche nan telefòn k ap envite moun nan Memoryal la.