Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa Bib la di anrapò ak fè sèman?

Yon sèman “se yon deklarasyon yon moun fè ki enpòtan anpil, oubyen yon pwomès li fè pou l fè yon bagay, byen souvan kote l pran Bondye […] kòm temwen”. Yon moun ka fè yon sèman awotvwa oswa li ka ekri l.

Gen moun ki ka panse li pa bon pou moun fè sèman, paske Jezi te di: “Pa sèmante ditou . . . Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non. Paske, tout sa nou di anplis soti nan Mechan an.” ​(Mat. 5:33-37). Nòmalman, Jezi te konnen Lalwa Moyiz la te mande pou Izrayelit yo te fè sèman nan kèk sitiyasyon, e kèk sèvitè Bondye ki te fidèl te konn fè sèman (Jen. 14:22, 23; Egz. 22:10, 11). Li te konnen tou menm Jewova te fè sèman (Ebre 6:13-17). Donk, Jezi pa t vle di pou n pa janm fè sèman. Okontrè, li te avèti moun yo pou yo pa t fè sèman pou jwèt. Lè n di n ap fè yon bagay, nou dwe kenbe pawòl nou, paske se sa Jewova vle nou fè.

Donk, ki sa w ta dwe fè si yo ta mande w fè yon sèman? Toudabò, ou bezwen asire w w ap ka fè sa w di w ap fè a. Si w pa kwè w ap kapab, li t ap pi bon pou w pa fè sèman an. Men ki avètisman nou jwenn nan Pawòl Bondye a: “Pito w pa fè okenn ve olye w fè yon ve epi w pa kenbe pawòl ou.” ​(Ekl. 5:5). Apre sa, egzamine kèk prensip biblik ki gen rapò ak sèman yo mande w fè a, epi pran yon desizyon selon konsyans ou ki fòme grasa Labib. Ki prensip biblik konsa ou ka egzamine?

Gen sèman ki ann amoni ak volonte Bondye. Pa egzanp, lè Temwen Jewova yo ap marye, yo fè yon ve. Ve yo fè a se yon kalite sèman. Lamarye ak lemarye pwomèt devan Bondye ak devan lòt temwen pou youn renmen lòt, pou youn pran swen lòt, pou youn respekte lòt, e pou yo fè sa “toutotan [yo] toule de ap viv”. (Petèt, gen lòt moun ki pa t di menm pawòl sa yo lè yo t ap marye, men yo te fè yon ve kanmenm devan Bondye.) Annapre, yo deklare yo se mari ak madanm, e yo dwe ret marye toutotan y ap viv (Jen. 2:24; 1 Kor. 7:39). Ve yo fè lè y ap marye a se yon bagay ki kòrèk, ki apwopriye e ki ann amoni ak volonte Bondye.

Gen sèman ki pa ann amoni ak volonte Bondye. Yon vrè kretyen pap fè yon sèman konsa, pa egzanp yon sèman ki ta mande pou l pran zam pou l defann yon peyi oswa pou l ta renye lafwa li gen nan Bondye. Si l ta fè sa, li t ap dezobeyi kòmandman Bondye yo. Kretyen yo pa dwe “fè pati monn nan”. Se sa k fè nou pa ka patisipe nan chirepit ak nan gè ki gen nan monn nan. — Jan 15:19; Eza. 2:4; Jak 1:27.

Gen sèman se konsyans nou k ap pèmèt nou wè si n kapab fè yo oswa si n pa kapab fè yo. Pafwa, nou ka bezwen byen reflechi sou konsèy Jezi te bay la ki mande pou nou “bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye” pou n konnen si pou n fè yon sèman oswa si pou n pa fè l. — Lik 20:25.

Pa egzanp, ann sipoze yon kretyen aplike pou l vin sitwayen yon peyi oswa pou l gen paspò yon peyi e yo fè l konnen l ap bezwen prete sèman. Si nan peyi sa a, yon sèman konsa mande pou yon moun sèmante pou l fè yon bagay ki kontrè ak lalwa Bondye, konsyans kretyen an ki fòme grasa Labib pap pèmèt li fè sa. Sepandan, gouvènman an ka pèmèt li fè kèk chanjman nan sèman an ki pap nui konsyans li.

Lè yon kretyen dakò fè yon sèman ki gen kèk chanjman ki fèt ladan l, sa ka ann amoni ak prensip nou jwenn nan Women 13:1 an ki di: “Se pou tout moun soumèt devan otorite yo.” Piske Jewova mande nou pou n obeyi otorite yo lè sa posib, yon kretyen ka twouve pa gen anyen ki mal pou l fè yon sèman konsa.

Li enpòtan tou pou n koute konsyans nou si yo ta mande n sèvi ak yon bagay oswa fè yon jès lè n ap fè yon sèman. Nan tan lontan, Women yo ak Sit yo te konn fè sèman sou epe yo, e piske epe se senbòl yon dye lagè, sa te bay garanti moun ki fè sèman an di laverite. Grèk yo te konn leve yon men yo anlè lè yo t ap fè yon sèman. Konsa, yo te rekonèt gen yon pisans nan syèl la ki wè sa k ap di ak sa k ap fèt, e lèzòm gen kont pou yo rann li.

Nòmalman, yon sèvitè Jewova pa ta dwe fè sèman sou okenn anblèm nasyonal ki gen rapò ak fo adorasyon. Men, e si yo ta mande w nan yon tribinal pou w met men w sou yon Bib e pou w fè sèman w ap di laverite? Nan ka sa a, ou ka chwazi fè sa, paske Labib fè konnen gen kèk sèvitè Bondye ki te fidèl ki te fè yon jès pandan yo t ap fè yon sèman (Jen. 24:2, 3, 9; 47:29-31). Li enpòtan pou w sonje si w fè yon sèman konsa, ou fè sèman devan Bondye pou w di laverite. Ou bezwen prepare w pou w di laverite konsènan nenpòt kesyon yo ta poze w.

Piske nou bay relasyon nou ak Jewova anpil enpòtans, nou bezwen priye epi reflechi anvan nou kouri fè yon sèman. Nou bezwen asire n nou pap vyole konsyans nou oswa prensip ki nan Bib la. Si w deside fè yon sèman, ou dwe fè sa w di w ap fè a. — 1 Pyè 2:12.