Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

“Met espwa nou nan Jewova”

“Met espwa nou nan Jewova”

“Met espwa nou nan Jewova. Mete kouraj sou nou e mete kran sou nou.” — SÒM 27:14.

KANTIK 128 Andire jiska lafen

SA NOU PRAL WÈ *

1. a) Ki espwa Jewova ban nou? b) Ki sa sa vle di “met espwa nou nan Jewova”? (Gade “Pi byen konprann kèk ekspresyon”.)

 JEWOVA bay tout moun ki renmen l yon bèl esperans. Talè konsa, li pral elimine maladi, tristès ak lanmò (Rev. 21:3, 4). Li pral ede “moun ki gen imilite yo” ki met espwa yo nan li pou yo fè tè a vin yon paradi (Sòm 37:9-11). L ap pèmèt nou chak gen yon relasyon avè l k ap pi bon lontan pase sa nou gen avè l kounye a. Ala yon bèl esperans! Men, sa k fè nou kwè pwomès Bondye yo ap reyalize? Jewova toujou kenbe pwomès li. Donk, nou gen bonjan rezon pou n “met espwa nou nan Jewova” *. (Sòm 27:14.) Nou montre nou gen espwa sa a lè n tann avèk pasyans e ak kè kontan pou Bondye nou an reyalize objektif li genyen an. — Eza. 55:10, 11.

2. Ki sa Jewova deja fè?

2 Jewova deja bay prèv li konn kenbe pwomès li. Ann wè yon bèl egzanp. Nan liv Revelasyon an, Jewova pwomèt nan epòk nou an, li t ap rasanble moun tout nasyon, tout tribi ak tout lang, e li t ap fè yo ini nan vrè adorasyon an. Jodi a, gwoup moun estrawòdinè sa a se “gwo foul” la (Rev. 7:9, 10). Byenke gwoup moun sa a gen ladan l gason, fi ak timoun ki sot nan divès ras, ki pale divès lang e ki sot nan divès kouch sosyal, yo fòme yon fanmi ki anpè e ki gen tèt ansanm toupatou sou tè a (Sòm 133:1; Jan 10:16). Epitou, moun ki fè pati gwo foul la chofe pou yo preche bon nouvèl la. Yo toujou pare pou yo fè kèlkeswa moun ki vle koute yo konnen esperans yo genyen pou gen yon monn ki pi bon (Mat. 28:19, 20; Rev. 14:6, 7; 22:17). Si w fè pati gwo foul moun nan, se sèten espwa w genyen pou bagay yo vin pi bon an gen anpil enpòtans pou ou.

3. Ki objektif Satan?

3 Dyab la vle fè w pèdi esperans ou genyen an. Objektif li se fè w kwè Jewova pa gen sousi pou ou e Li pap kenbe pwomès li. Si Satan rive fè n pèdi esperans nou genyen an, n ap dekouraje, e nou ka menm sispann sèvi Jewova. Ann wè jan Dyab la te chèche fè Jòb pèdi espwa ak jan l te eseye fè l sispann sèvi Jewova.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a? (Jòb 1:9-12).

4 Nan atik sa a, nou pral wè yon seri taktik Satan te itilize pou l te ka fè Jòb sispann ret fidèl ak Jewova. (Li Jòb 1:9-12.) Nou pral wè tou sa nou ka aprann nan egzanp Jòb, e poukisa nou bezwen sonje Bondye renmen nou e l ap reyalize pwomès Li fè yo.

SATAN TE CHÈCHE FÈ JÒB PÈDI ESPWA

5-6. Ki sa k te rive Jòb nan yon ti tan tou kout?

5 Lavi a te bèl pou Jòb. Li te gen bon relasyon ak Jewova. Li te gen anpil pitit, fanmi l t ap viv ak kè kontan e li te rich anpil (Jòb 1:1-5). Men, nan yon sèl jou, Jòb te pèdi prèske tout bagay. Toudabò, li te pèdi richès li te genyen (Jòb 1:13-17). Apre sa, tout pitit li yo li te renmen anpil te mouri. Fè yon ti reflechi sou gwo malè sa a. Paran yo nan gwo lapenn lè yo gen yon pitit yo ki mouri. Donk, imajine gwo sezisman Jòb ak madanm li te fè, jan yo te nan gwo lapenn e yo te boulvèse lè yo te aprann toule dis pitit yo te genyen yo te mouri. Nou konprann rezon ki fè Jòb te chire rad li lè l te nan gwo lapenn e l te lage kò l atè! — Jòb 1:18-20.

6 Annapre, Satan te atake sante Jòb e l te imilye l (Jòb 2:6-8; 7:5). Anvan sa, Jòb se te yon moun yo te respekte anpil nan zòn li t ap viv la. Moun te konn vin mande l konsèy (Jòb 31:18). Kounye a, yo meprize l. Epitou, frè l yo, bon zanmi l yo e menm moun ki te konn ap travay avè l meprize l tou! — Jòb 19:13, 14, 16.

Anpil frè ak sè nan epòk nou an ka konprann jan Jòb te santi l lè l te pèdi tout pitit li yo ak tout sa l te posede. (Gade paragraf 7.) *

7. a) Ki sa Jòb te kwè ki te fè l ap soufri, e ki sa l te refize fè? b) Ki jan yon kretyen ka fè fas ak yon eprèv ki sanble ak sa nou wè nan foto a?

7 Satan te vle Jòb kwè rezon ki fè l ap soufri se paske l pèdi favè Jewova. Pa egzanp, Satan te fè yon gwo van kraze kay kote toule dis pitit Jòb yo t ap manje ansanm (Jòb 1:18, 19). Epitou, li te fè dife sot nan syèl la vin detwi tout bèt Jòb yo, san wete moun ki t ap pran swen bèt yo (Jòb 1:16). Piske se nan syèl la van an ak dife a te soti, sa te fè Jòb panse se Jewova Dye ki te fè sa. Konsa, Jòb te kwè li te fè yon bagay ki te fè Jewova fache. Malgre sa, Jòb te refize pale Papa l ki nan syèl la mal. Jòb te rekonèt se Jewova ki te ba l pakèt bon bagay li te genyen yo. Se sa k fè l te di tèt Ii si l te kontan aksepte bon bagay, li ta dwe dispoze aksepte sa k pa bon yo tou. Donk, men sa l te di: “Se pou yo kontinye fè louwanj pou non Jewova.” (Jòb 1:20, 21; 2:10). Menm lè Jòb te pèdi richès li te genyen, pitit li ak sante l, li te ret fidèl ak Jewova. Men, Satan potko fin avè l.

8. Ki taktik Satan te itilize sou Jòb annapre?

8 Satan te itilize yon lòt taktik sou Jòb. Li te sèvi ak twa swadizan zanmi Jòb te genyen pou fè l santi li pa vo anyen. Mesye sa yo te fè konnen se paske Jòb te fè anpil move bagay ki fè l t ap soufri (Jòb 22:5-9). Yo te eseye fè l kwè tou, menmsi li pa t yon move moun, pa gen anyen l fè k ap fè Bondye plezi (Jòb 4:18; 22:2, 3; 25:4). Anfèt, yo t ap eseye fè Jòb kwè Bondye pa renmen l, Bondye abandone l e se pou granmesi l ap sèvi l. Pawòl yo te di yo te ka fè Jòb panse pa gen okenn espwa pou li.

9. Ki sa k te ede Jòb gen kouraj ak kran?

9 Imajine sitiyasyon an. Jòb chita nan sann e l ap soufri san rete (Jòb 2:8). Zanmi l yo pa sispann manke l dega e y ap chèche sal repitasyon l. Eprèv li yo rèd anpil e li nan gwo lapenn pou pitit li yo ki mouri. Okòmansman, Jòb pa di anyen (Jòb 2:13–3:1). Si zanmi Jòb yo panse lefètke l pa di anyen, se vire l vire do bay Kreyatè l la, yo nan gwo erè. Rive yon lè, petèt Jòb leve tèt li pou l gade swadizan zanmi l yo nan je, li di: “Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” (Jòb 27:5). Ki sa k te ede Jòb gen kouraj ak kran konsa malgre li t ap soufri anpil? Menm lè bagay yo te rèd anpil pou li, li te toujou gen konfyans Bondye l la ki renmen l t ap ede l. Li te konnen menmsi l ta mouri, Jewova t ap resisite l. — Jòb 14:13-15.

KI JAN NOU KA IMITE JÒB?

10. Ki sa nou aprann nan istwa Jòb la?

10 Istwa Jòb la aprann nou Satan pa ka fòse n sispann sèvi Jewova, e Jewova konn tout sa k rive n. Egzanp Jòb la kapab ede n tou pou n pi byen konprann lòt leson enpòtan. Ann egzamine kèk nan leson nou ka aprann nan istwa Jòb la.

11. Si n kontinye met konfyans nou nan Jewova, ki asirans nou kapab genyen? (Jak 4:7).

11 Istwa Jòb la montre si n kontinye met konfyans nou nan Jewova, nou ka andire kèlkeswa eprèv nou jwenn e nou ka rive opoze ak Satan. Ki sa k ap rive lè sa a? Bib la ban nou asirans Dyab la ap kouri pou nou. — Li Jak 4:7.

12. Ki jan esperans rezirèksyon an te bay Jòb fòs?

12 Nou bezwen gen anpil lafwa nan esperans rezirèksyon an. Jan nou te wè nan atik anvan an, piske Satan konnen nou pè lanmò, byen souvan, li konn sèvi ak sa pou l eseye fè n sispann ret fidèl ak Jewova. Nan ka Jòb, Satan te fè konnen Jòb t ap dispoze bay nenpòt bagay pou l sove lavi l, menmsi sa ta mande pou l sispann ret fidèl ak Jewova. Satan te nan erè. Menm lè sa te rèd anpil pou Jòb lè l te wè lanmò anfas li, li te kontinye ret fidèl ak Jewova. Lefètke Jòb te konnen Jewova bon anpil, e rive yon lè, Li t ap fè yon bagay pou li, sa te ede l andire. Jòb te gen konviksyon si Jewova pa t ede l pandan l vivan an, Li t ap resisite l alavni. Esperans rezirèksyon an te klè pou Jòb. Si esperans sa a klè pou nou, menm lè yo ta menase n y ap touye n, sa pap fè n sispann ret fidèl ak Jewova.

13. Poukisa nou bezwen byen chèche konn taktik Satan te itilize sou Jòb yo?

13 Nou dwe byen chèche konn taktik Satan te itilize sou Jòb yo paske l ap itilize menm taktik sa yo sou nou jodi a. Men sa Satan te di: “Depi yon moun [se pa Jòb sèlman] wè lanmò devan l, l ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l.” (Jòb 2:4, 5). Anfèt, Satan vle fè konprann nou pa renmen Jewova Dye toutbon e n ap vire do ba Li pou n ka sove lavi n. Mete sou sa, Satan vle fè konprann Bondye pa renmen n, e Li pap bay efò nou fè pou n fè l plezi okenn valè. Piske nou konn sa, nou pap pran nan taktik Satan yo, paske n met espwa nou nan Jewova.

14. Ki jan eprèv yo ka ede n wè kiyès nou ye? Bay yon egzanp.

14 Nou bezwen wè eprèv yo kòm yon okazyon pou n aprann konn tèt nou. Eprèv Jòb te jwenn yo te ede l wè kèk bagay li te bezwen korije lakay li. Pa egzanp, li te aprann li te bezwen vin gen plis imilite (Jòb 42:3). Nou menm tou nou ka aprann konn tèt nou pi byen lè n nan eprèv. Men sa yon frè ki rele Nikolay *, yo te met nan prizon malgre l te gen gwo pwoblèm sante, di: “Nou ka konpare prizon ak yon radyografi. Li pèmèt yon kretyen wè kalite l gen lakay li.” Yonfwa nou wè defo nou genyen yo, nou kapab fè efò pou n korije yo.

15. Kiyès nou dwe koute, e poukisa?

15 Se Jewova pou n koute, se pa ènmi nou yo. Jòb te byen koute Jewova lè l t ap pale avè l. Jewova te rezone ak Jòb, se kòmsi l te di l: ‘Èske w wè pisans mwen nan sa m kreye yo? Mwen konn tout sa k rive w. Èske w panse m pa kapab pran swen w?’ Jòb te reponn avèk imilite e l te gen anpil rekonesans pou bonte Jewova genyen. Men sa l te di: “Mwen te konn tande pale de ou, men kounye a, mwen wè w ak je m.” (Jòb 42:5). Lè Jòb te di pawòl sa yo, li te toujou chita nan sann, kò l te chaje bouton, e pitit li yo te nan tonm. Aktout sa, Jewova te fè Jòb konnen Li renmen l, e Li te ba l asirans li avè l. — Jòb 42:7, 8.

16. Selon Ezayi 49:15, 16, ki sa n dwe sonje lè n nan eprèv?

16 Jodi a tou, moun ka manke n dega, e yo ka vle fè n konprann nou pa vo anyen. Yo ka “di tout kalite bagay ki pa vre sou nou” pou eseye sal repitasyon n oswa repitasyon òganizasyon an (Mat. 5:11). Nan istwa Jòb la, nou aprann Jewova gen konfyans n ap ret fidèl avè l menm lè n jwenn eprèv. Jewova renmen nou e l pap janm abandone moun ki met espwa yo nan li. (Li Ezayi 49:15, 16.) Pa koute okenn manti ènmi Bondye yo ap fè! Men sa James, yon frè nan peyi Tiki fanmi l te pase anba gwo eprèv, di: “Nou rann nou kont lè n koute manti y ap bay sou pèp Bondye a, sa ka fè n dekouraje. Se sa k fè nou ret konsantre sou espwa nou gen nan Wayòm nan e nou pa sispann fè tout sa n kapab nan sèvis Jewova. Konsa, nou kontinye gen kè kontan.” Menm jan ak Jòb, nou koute Jewova! Manti ènmi n yo ap fè yo pap fè n pèdi esperans nou genyen an.

ESPERANS NOU GENYEN AN AP FÈ NOU RETE DJANM

Jewova te beni Jòb poutèt li te ret fidèl. Li menm ak madanm li te fè anpil tan ap jwi benediksyon Jewova te ba yo. (Gade paragraf 17.) *

17. Ki sa w aprann nan egzanp gason ak fi fidèl yo pale de yo nan Ebre chapit 11 lan?

17 Jòb se youn nan sèvitè Jewova ki te met kouraj sou li e ki te ret djanm lè l te nan gwo eprèv. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo, li te pale de anpil lòt sèvitè Jewova, li te rele yo “yon gwo nyaj temwen”. (Ebre 12:1.) Yo tout te pase anba gwo eprèv, men, yo te ret fidèl ak Jewova pandan tout vi yo (Ebre 11:36-40). Èske se pou granmesi yo te andire e yo te fè gwo efò? Jamè! Menm lè yo pa t rive wè tout pwomès Jewova yo reyalize devan je yo, yo pa t janm sispann met espwa yo nan li. E piske yo te sèten yo te gen favè Jewova, yo te gen konfyans Jewova t ap kenbe pwomès li (Ebre 11:4, 5). Egzanp moun sa yo kapab fè n gen plis detèminasyon pou n kontinye met espwa nou nan Jewova.

18. Ki detèminasyon w pran? (Ebre 11:6).

18 Jodi a, n ap viv nan yon monn k ap vin pi mal chak jou (2 Tim. 3:13). Satan poko fin pase pèp Bondye a anba eprèv. Kèlkeswa difikilte nou ka jwenn pi devan, ann pran detèminasyon pou n travay di pou Jewova, piske n konnen “nou mete esperans nou nan yon Dye ki vivan”. (1 Tim. 4:10.) Nou bezwen sonje fason Jewova te fè bagay yo fini pou Jòb montre Li “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. (Jak 5:11.) Nou menm tou, ann ret fidèl ak Jewova toutpandan nou gen konfyans l ap rekonpanse “moun k ap chèche l toutbonvre”. — Li Ebre 11:6.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

^ Lè n ap panse ak yon moun ki te andire gwo eprèv, byen souvan, nou panse ak Jòb. Ki sa n ka aprann nan egzanp mesye sa a ki te fidèl? Nou aprann Satan pa ka fè n sispann sèvi Jewova. Nou aprann tou Jewova konn tout sa k rive n. E menm jan Jewova te met yon fen nan eprèv Jòb yo, yon jou, L ap met yon fen nan tout soufrans nou yo. Si n montre nan aksyon n nou gen bonjan konviksyon sa ap fèt vre, nou pami moun ki “met espwa [yo] nan Jewova” toutbon.

^ PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Mo ebre lè yo tradui l yo mete “met espwa” pou li a vle di “tann” yon bagay ak anpil enpasyans. Li ka vle di tou fè yon moun konfyans oswa konte sou li. — Sòm 25:2, 3; 62:5.

^ Gen kèk non yo chanje.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Jòb ak madanm li te boulvèse anpil lè pitit yo te genyen yo te mouri.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Jòb te andire eprèv li yo jiska lafen. Li menm ak madanm li k ap reflechi sou benediksyon Jewova vide sou yo menm ak fanmi yo.