Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 30

Yon pwofesi ki la depi byen lontan ki gen anpil valè pou ou

Yon pwofesi ki la depi byen lontan ki gen anpil valè pou ou

“M ap mete rayisman ant ou menm ak fi a.” — JEN. 3:15.

KANTIK 15 Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova te fè tousuit apre Adan ak Èv te fin peche? (Jenèz 3:15).

 TOUSUIT apre Adan ak Èv te fin peche, Jewova te bay yon pwofesi ki enpòtan anpil ki t ap bay desandan yo t ap vin genyen yo espwa. Nou jwenn pwofesi li te bay la nan Jenèz 3:15. — Li vèsè a.

2. Sa k fè pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan enpòtan anpil?

2 Pwofesi sa a nan premye liv nan Bib la. Men, yon fason oswa yon lòt, tout lòt liv ki nan Bib la gen rapò avè l. Menm jan lakòl yo itilize pou kole yon liv fè tout paj liv la ret ansanm, se menm jan an tou, pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan fè tout liv nan Bib la vin fè yon sèl pou yo bay yon sèl mesaj: Bondye ap voye yon Sovè k ap detwi Dyab la ansanm ak tout mechan k ap suiv li yo *. Se pa ti benediksyon sa pral ye pou moun ki renmen Jewova yo!

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral reponn kesyon ki annapre yo ki gen rapò ak pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan: Konsènan kiyès pwofesi sa a ap pale? Ki jan pwofesi sa a reyalize? E ki jan l ede nou jodi a?

KONSÈNAN KIYÈS PWOFESI SA A AP PALE?

4. Kiyès ki “sèpan an”, e ki jan nou fè konn sa?

4 Nan Jenèz 3:14, 15, yo pale konsènan yon “sèpan”, “desandans” sèpan an, yon “fi” ak “desandans” fi a. Labib ede n idantifye yo chak *. Ann kòmanse ak “sèpan an”. Yon sèpan toutbon pa t ap ka konprann sa Jewova te di nan jaden Edenn nan. Donk, se sèten se yon kreyati entèlijan Jewova te bay santans lan. Kiyès li ye? Revelasyon 12:9 esplike byen klè kiyès ki sèpan an. Vèsè sa a montre aklè se Satan Ledyab ki “premye sèpan an”. Men, kiyès ki desandans sèpan an?

SÈPAN AN

Satan Ledyab se “premye sèpan an”, selon Revelasyon 12:9. (Gade paragraf 4.)

5. Kiyès ki fè pati desandans sèpan an?

5 Lè Labib itilize mo desandans lan, se nan sans yon moun tèlman byen imite yon lòt moun, yo ta ka menm di li se pitit moun sa a. Donk, desandans sèpan an gen ladan l yon seri zanj ki pa fidèl ansanm ak yon seri moun ki kont Jewova Dye e ki opoze ak pèp Li a, menm jan ak Satan. Sa gen ladan l zanj ki te kite travay yo te ba yo fè nan syèl la pou yo vin viv sou tè a nan epòk Noye a, ansanm ak yon seri moun mechan ki aji menm jan ak papa yo, anpalan de Dyab la. — Jen. 6:1, 2; Jan 8:44; 1 Jan 5:19; Jid 6.

DESANDANS SÈPAN AN

Yon seri zanj ak yon seri moun ki mechan ki opoze ak Jewova Dye e ki kont pèp Li a. (Gade paragraf 5.)

6. Poukisa “fi a” pa ta kapab Èv?

6 Kounye a, ann wè kiyès “fi a” ye. Li pa ta kapab Èv. Sa k fè sa? Youn nan rezon yo se paske pwofesi a fè konnen desandans fi a t ap “kraze” tèt sèpan an. Jan nou sot wè sa, sèpan an se zanj mechan yo rele Satan an, e pa gen okenn desandans Èv ki t ap kapab kraze tèt li paske yo tout enpafè. Donk, ki jan Satan t ap fè detwi?

7. Selon Revelasyon 12:1, 2, 5, 10, kiyès fi yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan ye?

7 Dènye liv ki nan Bib la fè konnen kiyès fi yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan ye. (Li Revelasyon 12:1, 2, 5, 10.) Li pa yon fi tankou tout fi! Lalin nan anba pye l, li gen yon kouwòn sou tèt li ki fèt ak 12 zetwal. Li fè yon pitit ki vrèman espesyal: Wayòm Bondye a. Piske se nan syèl la Wayòm nan ye, donk, fi a dwe nan syèl la tou. Li reprezante pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la ki gen ladan l zanj fidèl yo. — Gal. 4:26.

FI A

Pati òganizasyon Jewova a ki nan syèl la ki gen zanj fidèl li yo ladan l. (Gade paragraf 7.)

8. Kiyès ki te vin pati prensipal desandans fi a, e ki lè sa te fèt? (Jenèz 22:15-18).

8 Pawòl Bondye a ede n konprann tou kiyès ki pati prensipal desandans fi a. Desandans sa a te dwe yon desandan Abraram. (Li Jenèz 22:15-18.) Vrèmanvre, jan pwofesi a te montre sa, Jezi te yon desandan mesye sa a ki te fidèl (Lik 3:23, 34). Sepandan, desandan an pa t ap yon moun tankou tout moun, paske li t ap gen pou l kraze tèt Satan Ledyab. Lè Jezi te gen anviwon 30 an, lespri sen te desann sou li. Se lè sa a Jezi te vin pati prensipal desandans fi a (Gal. 3:16). Apre lanmò Jezi, e apre l fin resisite, Bondye “te ba l glwa ak onè kòm kouwòn”, e li te ba l “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a”, san wete pouvwa “pou l kraze travay Dyab la”. — Ebre 2:7; Mat. 28:18; 1 Jan 3:8.

DESANDANS FI A

Jezi Kris ak 144 000 moun Bondye chwazi pou al dirije ansanm ak Jezi Kris yo. (Gade paragraf 8-9.)

9-10. a) Kiyès lòt moun ki vin fè pati desandans fi a, e ki lè sa fèt? b) Ki sa nou pral wè?

9 Men, desandans lan t ap gen yon dezyèm pati. Apot Pòl te fè konnen kiyès pati sa a nan desandans lan ye lè l te di Juif yo ak moun lòt nasyon Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen ki te vin kretyen yo: “Si nou se byen Kris, nou se desandans Abraram toutbon, nou se eritye dapre yon pwomès.” (Gal. 3:28, 29). Lè Jewova chwazi yon kretyen pa mwayen lespri sen, moun sa a vin fè pati desandans fi a. Donk, se Jezi Kris ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije ansanm avè l yo ki desandans lan (Rev. 14:1). Yo tout fè efò pou yo panse e pou yo aji menm jan ak Papa yo, Jewova Dye.

10 Piske kounye a nou konnen konsènan kiyès Jenèz 3:15 ap pale, ann wè ki sa Jewova te fè pou l reyalize pwofesi sa a e ki jan pwofesi sa a ede nou jodi a.

KI JAN PWOFESI A REYALIZE?

11. Nan ki sans yo te blese desandans fi a “nan talon”?

11 Selon pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan, sèpan an t ap blese desandans fi a “nan talon”. Pwofesi sa a te reyalize lè Satan te fè Juif yo ak Women yo touye Pitit Bondye a (Lik 23:13, 20-24). Lè yon moun blese nan talon, li ka bwete oswa li ka menm pa ka mache pandan yon tan, se menm jan an tou, lè Jezi te mouri, li te ret kouche nan tonm nan san l pa t ka fè anyen pandan anviwon twa jou. — Mat. 16:21.

12. Ki jan yo pral kraze tèt sèpan an, e ki lè sa ap fèt?

12 Pou pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan te ka reyalize, Jezi pa t ap kapab rete nan tonm nan. Sa k fè sa? Paske, selon pwofesi a, desandans lan t ap gen pou l kraze tèt sèpan an. Sa vle di, blese Jezi te gen nan talon an t ap gen pou l geri. E vrèmanvre li te geri! Sou twazyèm jou apre lanmò Jezi, li te resisite antanke yon espri ki pa ka mouri. Nan lè Bondye fikse a, Jezi pral detwi Satan. Donk, li pap egziste ankò (Ebre 2:14). Kris ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral detwi tout ènmi Bondye yo sou tè a, anpalan de desandans sèpan an. — Rev. 17:14; 20:4, 10. *

KI JAN PWOFESI SA A EDE NOU JODI A?

13. Lefètke pwofesi sa a reyalize, ki byenfè sa fè n jwenn?

13 Si w se yon sèvitè Bondye, lefètke pwofesi sa a ap reyalize, sa bon pou ou. Jezi te vin sou tè a antanke moun. Li te imite kalite Papa l genyen yo yon fason ki pafè (Jan 14:9). Donk, lè nou aprann konn Jezi, nou vin aprann konn Jewova Dye, e nou vin aprann renmen l. Yon lòt bagay ki ede nou, se ansèyman Jezi yo ak fason l ap dirije kongregasyon an jodi a. Li montre nou ki jan pou n viv pou n ka jwenn favè Jewova. E lefètke yo te blese Jezi nan talon, sa vle di lefètke l te mouri, sa fè nou tout jwenn byenfè. Ki jan? Lè Jezi te resisite, li te ofri san l ki gen anpil valè kòm yon sakrifis ki pafè pou l te ka “pirifye nou anba tout peche”. — 1 Jan 1:7.

14. Ki jan nou fè konnen pwofesi Jewova te bay nan jaden Edenn nan pa t reyalize menm moman an? Esplike.

14 Pawòl Jewova te di nan jaden Edenn nan te montre gen kèk tan ki t ap pase anvan pwofesi sa a fin reyalize. Sa t ap pran tan pou fi a fè desandans yo te pwomèt la, e sa t ap pran tan tou pou Dyab la rasanble patizan l yo e pou vin gen rayisman (oswa lahèn) ant de gwoup yo. Lefètke nou konprann pwofesi sa a, sa ede nou, paske l gentan fè nou konnen monn nan ki anba kontwòl Satan ap rayi sèvitè Jewova yo. Annapre, Jezi te bay disip li yo yon avètisman menm jan an (Mak 13:13; Jan 17:14). Pa gen dout, nou wè pati sa a nan pwofesi a reyalize, sitou pandan dènye 100 an ki sot pase la yo. Sa k fè n di sa?

15. Poukisa monn nan vin pi rayi nou, men, poukisa nou pa gen okenn rezon pou n pè Satan?

15 Yon ti tan apre Jezi te vin Wa an 1914, yo te met Satan deyò nan syèl la. Kounye a, li ozalantou tè a, e talè konsa li pral detwi (Rev. 12:9, 12). Men, li pa ret san l pap fè anyen. Satan fache anpil e l ap pase raj li sou pèp Bondye a (Rev. 12:13, 17). Se poutèt sa monn nan vin pi rayi pèp Bondye a. Sepandan, nou pa gen okenn rezon pou n pè Satan ak akolit li yo. Okontrè, nou ka gen menm konviksyon ak apot Pòl ki te di: “Si Bondye pou nou, kiyès ki ka kanpe anfas nou?” (Wom. 8:31). Nou kapab met tout konfyans nou nan Jewova paske, jan nou wè sa, yon bon pati nan pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan deja reyalize.

16-18. Lefètke Curtis, Ursula ak Jessica te konprann pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan, ki jan sa te ede yo?

16 Pwomès Jewova fè nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan kapab ede n fè fas ak kèlkeswa eprèv nou ta kapab jwenn. Men sa Curtis, yon misyonè k ap sèvi nan tèritwa Gwam, di: “Pafwa, mwen te jwenn yon seri eprèv ak desepsyon nan lavi m ki te fè l difisil pou m ret fidèl ak Jewova. Men, lè m te medite sou pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan, sa te ede m pou m kontinye fè Papa m ki nan syèl la konfyans.” Curtis vrèman swaf pou l wè jou kote Jewova pral elimine tout eprèv nou yo.

17 Ursula, yon sè k ap viv Bavyè, di lè l te vin konprann pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan, sa te fè l vin gen konviksyon se Bondye ki te fè ekri Bib la. Li te wè jan tout lòt pwofesi yo gen rapò ak pwofesi sa a, e sa te touche l anpil. Men sa l di ankò: “Lè m te aprann Jewova te aji menm kote a pou lèzòm pa t ret sanzespwa, mwen te vin pi renmen l toujou.”

18 Men sa Jessica, yon sè k ap viv Mikwonezi, di: “Pou jis kounye a mwen sonje jan m te santi m premye fwa m te rann mwen kont mwen jwenn laverite! Pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan ap reyalize. Sa ede m sonje Jewova pa t vle pou n ap soufri konsa jodi a. Pwofesi sa a fè m gen plis konviksyon lefètke m ap sèvi Jewova, mwen gen pi bèl vi a depi kounye a, e mwen pral gen yon pi bèl vi toujou alavni.”

19. Poukisa nou kapab gen konfyans dènye pati nan pwofesi a ap reyalize?

19 Jan nou sot wè sa, pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan ap reyalize kounye a. Nou wè aklè kiyès ki desandans fi a e kiyès ki desandans sèpan an. Jezi se pati prensipal desandans fi a. Blese li te gen nan talon an geri, e kounye a li se yon Wa ki pa ka mouri e ki gen anpil glwa. Kounye a, Jewova prèske fin chwazi tout moun ki pral dirije ansanm ak Pitit Gason l lan nan syèl la. Piske premye pati nan pwofesi a reyalize, nou gen bonjan rezon pou n kwè dènye pati a, sa vle di kraze yo pral kraze tèt sèpan an, ap reyalize kanmenm. Se pa ti soulajman sa pral pote pou sèvitè Bondye yo lè yo elimine Satan! Annatandan, ann kontinye kenbe fèm. Nou kapab fè Bondye nou an konfyans. Grasa desandans fi a, Jewova pral fè “tout nasyon sou tè a” jwenn anpil benediksyon. — Jen. 22:18.

KANTIK 23 Jewova kòmanse dirije

^ Nou pap ka fin byen konprann mesaj ki nan Bib la si nou pa konprann pwofesi nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan. Lè n etidye pwofesi sa a, sa ap ranfòse lafwa n nan Jewova e sa ap fè n gen plis konviksyon l ap reyalize tout pwomès li yo.

^ Gade Apendis B1, “Mesaj ki nan Bib la”, nan Tradiksyon monn nouvo a.

^ Gade kare ki gen tit “Konsènan kiyès Jenèz 3:14, 15 ap pale?”.