Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 37

Ou kapab fè frè w ak sè w yo konfyans

Ou kapab fè frè w ak sè w yo konfyans

“Lanmou [...] kwè tout bagay, li espere tout bagay.” — 1 KOR. 13:4, 7.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

SA NOU PRAL WÈ a

1. Poukisa nou pa sezi dèske anpil moun jodi a santi yo pa ka fè pèsonn konfyans?

 MOUN yo nan monn Satan an pa konn kiyès yo ka fè konfyans. Se toutan moun ki nan biznis, politisyen ak chèf relijye ap trayi konfyans yo. Sa vin fè yo pa fè zanmi yo, vwazen yo e menm moun nan fanmi yo konfyans. Nou pa ta dwe sezi pou sa. Men sa Labib te anonse: “Nan dènye jou yo, [...] moun yo [...] pap fidèl, [...] y ap pale moun mal, [...] y ap trèt.” Sa vle di moun yo t ap menm jan ak dye sistèm sa a, ki pa merite pou yo fè l konfyans menm. — 2 Tim. 3:1-4; 2 Kor. 4:4.

2. a) Kiyès nou ka fè konfyans je fèmen? b) Ki sa kèk moun gendwa ap mande tèt yo?

2 Sepandan, antanke kretyen, nou konnen nou kapab fè Jewova konfyans je fèmen (Jer. 17:7, 8). Nou gen konviksyon li renmen nou e li “pap janm abandone” zanmi l yo (Sòm 9:10). Epitou, nou kapab fè Kris Jezi konfyans paske li te bay lavi l pou nou (1 Pyè 3:18). Epi, eksperyans nou fè aprann nou Labib bay bonjan konsèy nou ka fè konfyans (2 Tim. 3:16, 17). Nou sèten nou kapab fè Jewova, Jezi ak Bib la konfyans. Men, gen kèk moun ki gendwa ap mande tèt yo si yo ka toujou fè frè ak sè nan kongregasyon an konfyans. Si nou konn mande tèt nou sa, sa k fè nou kapab fè yo konfyans?

NOU BEZWEN FRÈ N AK SÈ N YO

Toupatou sou tè a, nou gen frè ak sè ki renmen Jewova menm jan avè n ki merite pou n fè yo konfyans. (Gade paragraf 3.)

3. Ki bèl privilèj nou genyen? (Mak 10:29, 30).

3 Jewova chwazi nou pou n vin fè pati fanmi l k ap adore l toupatou sou tè a. Se yon gwo privilèj ki fè n jwenn anpil byenfè! (Li Mak 10:29, 30.) Toupatou sou tè a, nou gen frè ak sè ki renmen Jewova menm jan avè n e k ap fè tout sa yo kapab pou yo viv ann amoni ak prensip li yo. Nou ka pa pale menm lang, nou ka pa gen menm kilti e nou ka pa abiye menm jan, men, nou santi n alèz ak yo menm lè se premye fwa nou rankontre yo. Yon bagay nou renmen anpil, se lè nou reyini ansanm avè yo pou n fè louwanj pou Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou e pou n adore l. — Sòm 133:1.

4. Poukisa nou bezwen frè n ak sè n yo?

4 Kounye a, se moman nou plis bezwen ret pwòch ak frè n ak sè n yo. Pafwa, yo konn ede n pote fado nou yo (Wom. 15:1; Gal. 6:2). Epitou, yo ankouraje n pou n ret aktif nan sèvis n ap bay Jewova a e pou n ret zanmi l (1 Tes. 5:11; Ebre 10:23-25). Reflechi sou jan nou t ap santi n si nou pa t gen kongregasyon an k ap ede n kenbe tèt ak ènmi nou yo, anpalan de Satan Ledyab ak monn li an ki chaje ak mechanste. Talè konsa, Satan ak moun ki anba kontwòl li yo pral atake sèvitè Bondye yo. Imajine jan nou pral kontan gen frè n ak sè n yo k ap soutni nou lè sa a!

5. Sa k fè kèk moun ka renka pou yo fè frè ak sè yo konfyans?

5 Sepandan, gen kèk moun ki konn twouve l difisil pou yo fè frè ak sè yo konfyans, petèt paske gen yon frè oswa yon sè ki te trayi konfyans yo oswa ki pa t kenbe yon pwomès li te fè. Oubyen, petèt gen yon moun nan kongregasyon an ki te di oswa ki te fè yon bagay ki te fè yo mal anpil. Eksperyans konsa ka fè l difisil pou n fè lòt moun konfyans. Donk, ki sa k ka ede n fè frè n ak sè n yo konfyans?

LANMOU N GEN POU FRÈ N AK SÈ N YO EDE NOU FÈ YO KONFYANS

6. Ki jan lanmou kapab ede n fè lòt moun konfyans? (1 Korentyen 13:4-8).

6 Ou pa ka fè yon moun konfyans si w pa renmen l. Premye Korentyen chapit 13 pale sou plizyè aspè nan lanmou ki kapab ede n fè lòt moun konfyans oswa rekòmanse fè yo konfyans. (Li 1 Korentyen 13:4-8.) Pa egzanp, vèsè 4 la di “lanmou gen pasyans ak byenveyans”. Jewova pran pasyans ak nou, menm lè n peche kont li. Donk, se sèten nou kapab pran pasyans ak frè n ak sè n yo si yo di n oswa yo fè n yon bagay ki kontrarye n oswa ki fè nou mal. Vèsè 5 lan di: “[Lanmou] pa fè kòlè fasil. Li pa note bagay mal yo fè l.” Nou pa ta renmen “note bagay mal yo fè” n, kòmkwa pou n ta toujou ap sonje sa yon frè n oswa yon sè n te di n oswa te fè n ki te fè nou mal. Eklezyas 7:9 di nou pa dwe “kouri fache”. Li pi bon toujou pou n aplike pawòl nou jwenn nan Efezyen 4:26 la ki di: “Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè.”

7. Ki jan prensip nou jwenn nan Matye 7:1-5 yo ap ede n fè lòt moun konfyans?

7 Yon lòt bagay k ap ede n fè frè n ak sè n yo konfyans se lè n wè yo jan Jewova wè yo. Bondye renmen yo e li pa konte peche yo fè. Nou pa ta dwe fè sa tou (Sòm 130:3). Olye n konsantre sou defo yo, nou bezwen fè efò pou n wè bèl kalite yo genyen e pou n panse ak bon bagay yo kapab fè. (Li Matye 7:1-5.) Nou gen konfyans yo vle fè sa ki byen, paske lanmou “kwè tout bagay”. (1 Kor. 13:7.) Sa pa vle di Jewova vle n fè lòt moun konfyans je fèmen, okontrè, li vle n fè yo konfyans paske yo montre yo merite sa. b

8. Ki jan w ka aprann fè frè w yo konfyans?

8 Menm jan yon moun bezwen fè efò pou yo respekte l, se konsa tou, li bezwen fè efò pou yo fè l konfyans, e sa mande tan. Ki jan w ka aprann fè frè w ak sè w yo konfyans? Chèche konnen yo byen. Pale ak yo lè yo vin nan reyinyon. Preche ansanm ak yo. Pran pasyans ak yo, ba yo posiblite pou yo montre yo merite pou w fè yo konfyans. Okòmansman, petèt ou pap di yon moun ou fèk konnen tout bagay ki gen rapò ak vi prive w. Tank w ap vin konnen l, ou ka santi w pi alèz pou w di l sa w santi (Lik 16:10). Men, ki sa w ka fè si yon frè trayi konfyans ou? Pa kouri ba l yon bwa long kenbe. Okontrè, kite kèk tan pase. Epitou, pa kite sa kèk moun fè fè w sispann fè frè w yo konfyans. Nan sans sa a, nou pral egzamine egzanp plizyè sèvitè Jewova ki te fidèl ki te kontinye fè lòt moun konfyans, malgre kèk moun te desevwa yo.

ANN APRANN NAN EGZANP MOUN KI TE KONTINYE FÈ LÒT MOUN KONFYANS

Malgre fason Eli te aji okòmansman, Ana te kontinye fè dispozisyon Jewova pran yo konfyans. (Gade paragraf 9.)

9. a) Ki jan Ana te kontinye fè dispozisyon Jewova te pran yo konfyans, malgre mankman kèk nan reprezantan Jewova yo te genyen? b) Ki sa egzanp Ana aprann nou anrapò ak fè dispozisyon Jewova yo konfyans? (Gade foto a.)

9 Èske yon frè responsab te aji yon fason ki te desevwa w? Si sa te rive w, egzanp Ana kapab ede w. Gen yon epòk ann Izrayèl, se gran prèt Eli ki te alatèt adorasyon yo t ap bay Jewova a. Men, fanmi l pa t bay bon egzanp. Pitit gason l yo, ki t ap sèvi kòm prèt, te konn ap aji yon fason ki chokan e ki imoral. Aktout sa, papa yo pa t vrèman korije yo. Jewova pa t retire Eli kòm gran prèt tousuit. Sepandan, Ana pa t meprize dispozisyon Bondye te pran, li te toujou al adore nan tabènak la menm lè se Eli ki te toujou gran prèt. Lè Eli t ap gade Ana k ap priye akoz gwo tètchaje li te genyen, Eli te panse li te sou, alòske se pa t vre. Eli te kritike dam sa a ki te gen anpil tètchaje san l pa t menm chèche konn sa l genyen (1 Sam. 1:12-16). Malgre sa, Ana te dispoze kenbe ve l te fè Jewova a lè l te di l si l ba l yon pitit gason l ap mennen l vin sèvi nan tabènak la kote se Eli ki t apral pran swen l (1 Sam. 1:11). Èske pitit Eli yo te bezwen resevwa disiplin pou fason yo t ap aji a? Wi, e Jewova te fè sa nan bon moman (1 Sam. 4:17). Pandan tan sa a, Bondye te rekonpanse Ana, li te ba l yon pitit gason, anpalan de Samyèl. — 1 Sam. 1:17-20.

10. Ki jan wa David te kontinye fè lòt moun konfyans, malgre li te fè yon move eksperyans?

10 Èske w te janm santi yon bon zanmi w trayi w? Si sa te rive w, reflechi ak sa k te rive wa David. Youn nan zanmi l yo se te yon mesye ki te rele Ayitofèl. Men, lè Absalon, pitit gason David, t ap eseye pran twòn nan nan men papa l, Ayitofèl te met ansanm ak Absalon nan konplo a. David dwe te pran yon gwo kou pou l wè ni pitit gason l ni yon moun li te konsidere kòm zanmi l lage l! Sepandan, David pa t kite kou trèt sa a fè l sispann fè lòt moun konfyans. Li te kontinye fè Ouchayi konfyans, li menm ki te yon lòt zanmi l ki fidèl e ki pa t antre nan konplo a. David te gen bonjan rezon pou l fè Ouchayi konfyans. Ouchayi te yon bon zanmi pou li, e li te menm riske lavi l pou l ede David. — 2 Sam. 17:1-16.

11. Ki jan yon sèvitè Nabal te montre li fè moun konfyans?

11 Ann reflechi tou sou egzanp youn nan sèvitè Nabal yo. David ak mesye l yo te byen kontan pwoteje sèvitè yon Izrayelit ki te rele Nabal. Kèk tan annapre, David te mande Nabal, ki te rich, pou l bay mesye l yo kèk bagay pou yo manje, nenpòt sa l te kapab ba yo. Lè Nabal te refize bay David sa l te mande l la, ki pa t anpil, David te vin tèlman fache li te deside touye tout gason lakay Nabal. Gen yon sèvitè Nabal ki t al rakonte Abigayil, madanm Nabal, sa k te pase a. Kòm li t ap viv lakay Nabal, li te konnen Abigayil te kapab sove lavi yo. Olye l te annik chape poul li, li te gen konfyans Abigayil t ap kapab rezoud pwoblèm nan. Rezon ki fè li te kwè sa, se paske tout moun te konnen Abigayil se yon dam ki gen bon konprann. Jan bagay yo te vin pase a montre li te gen rezon. Abigayil te met kouraj sou li pou l konvenk David pou l chanje lide (1 Sam. 25:2-35). Li te gen konfyans David t ap aji yon fason ki rezonab.

12. Ki jan Jezi te montre li te fè disip li yo konfyans malgre yo te gen mankman?

12 Jezi te fè disip li yo konfyans, malgre yo te gen mankman (Jan 15:15, 16). Lè Jak ak Jan te mande Jezi pou l ba yo yon plas espesyal nan Wayòm nan, Jezi pa t gen dout sou rezon ki fè y ap sèvi Jewova, e li pa t panse yo pa merite pou yo apot ankò (Mak 10:35-40). Annapre, tout disip Jezi yo te abandone l nan nuit yo te arete l la (Mat. 26:56). Sepandan, Jezi pa t janm sispann fè yo konfyans. Li te byen konnen yo enpafè. Epoutan, “li te kontinye renmen yo jiska lafen”. (Jan 13:1.) Apre Jezi fin resisite, li te menm bay 11 apot fidèl li yo gwo responsablite pou yo pran latèt nan travay fè disip la e pou yo pran swen mouton l yo ki gen anpil valè pou li (Mat. 28:19, 20; Jan 21:15-17). Li te gen bonjan rezon pou l fè mesye sa yo ki te enpafè konfyans. Yo tout te ret fidèl jiskaske yo mouri. Se sèten, Ana, David, sèvitè Nabal la, Abigayil ak Jezi te bay bèl egzanp nan kesyon fè moun ki enpafè konfyans.

FÈ EFÒ POU N VIN FÈ FRÈ YO KONFYANS ANKÒ

13. Ki sa k ka fè l difisil pou n fè lòt moun konfyans?

13 Èske w te deja di yon frè yon bagay li pa dwe di lòt moun epi annapre ou vin rann ou kont li trayi konfyans ou? Sa dwe te boulvèse w anpil. Yon lè, gen yon sè ki te di yon ansyen yon bagay e l te gen konfyans li pa t apral pale sa ak lòt moun. Nan demen, madanm ansyen an te rele sè a pou l ankouraje l. Fason l te pale a montre li te konnen sa sè a te di ansyen an. Nou ka konprann li te vin difisil anpil pou sè a fè ansyen sa a konfyans. Men, sè a te fè sa l te dwe fè, li te mande èd, li t al kot yon lòt ansyen e ansyen an te ede l vin gen konfyans nan ansyen yo ankò.

14. Ki sa k te ede yon frè vin fè frè yo konfyans ankò?

14 Gen yon frè ki te gen lontan depi l pa t ka antann li ak de ansyen li te santi li pa t ka fè konfyans. Sepandan, li te kòmanse panse ak yon bagay yon frè li respekte anpil te di. Men ti fraz tou senp, men ki gen anpil fòs, li te di a: “Se Satan ki ènmi an, se pa frè n ak sè n yo.” Frè a te reflechi anpil sou fraz sa a, li te priye Jewova sou sa, e finalman li te rive fè lapè ak toule de ansyen yo.

15. Poukisa sa ka pran tan pou n rekòmanse fè moun konfyans ankò? Bay yon egzanp.

15 Èske sa deja rive w ou pèdi yon privilèj? Se yon eksperyans ki kapab rèd anpil. Grete ak manman l se te de Temwen Jewova fidèl nan epòk Almay Nazi a nan ane 1930 yo lè yo te entèdi travay nou an. Grete te renmen privilèj li te genyen pou l tape kopi Toudegad yo pou frè ak sè yo. Men, lè frè yo te aprann papa Grete te opoze ak laverite, yo te retire privilèj la nan men l, paske yo te pè pou papa a pa t al bay opozan yo enfòmasyon sou kongregasyon an. Se pa t sèl eprèv sa a Grete te gen pou l andire. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, frè yo pa t bay Grete ak manman l kopi Toudegad e yo pa t menm vle pale avèk yo lè yo te rankontre yo nan lari. Sa te tèlman fè Grete mal, li te pran anpil tan pou l te padone frè sa yo, e pou l te fè yo konfyans ankò. Sepandan, rive yon lè, li te rekonèt Jewova dwe te padone yo. Donk, li te dwe fè sa tou. c

“Se Satan ki ènmi an, se pa frè n ak sè n yo.”

16. Poukisa nou dwe fè efò pou n aprann fè frè n ak sè n yo konfyans?

16 Si w te fè yon eksperyans ki te rèd konsa, fè efò pou w vin fè frè yo konfyans ankò. Sa ka pran tan, men, efò w ap fè yo pap pou granmesi. Ann pran yon egzanp. Si n te deja manje yon manje ki deranje n, nou ka bezwen pran plis prekosyon ak sa n ap manje. Sepandan, se pa paske nou te manje yon manje ki te gate k ap fè nou sispann manje. Menm jan an tou, nou pa ta dwe kite yon sèl move eksperyans nou te fè anpeche n fè tout frè n ak sè n yo konfyans, piske nou konnen yo enpafè. Lè nou rekòmanse fè yo konfyans, n ap vin pi kontan e n ap ka konsantre pi plis sou sa nou ka fè pou vin gen yon bèl anbyans nan kongregasyon nou kote youn fè lòt konfyans.

17. Poukisa li enpòtan anpil pou n fè lòt moun konfyans, e sou ki sa nou pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Nan monn Satan an, li pa fasil ditou pou moun fè moun konfyans, men, nou kapab fè frè n ak sè n yo konfyans paske nou renmen yo e yo renmen nou. Kalite konfyans sa a ap fè nou gen kè kontan ak tèt ansanm depi kounye a e l ap yon pwoteksyon pou nou lè n jwenn difikilte pi devan. Ki sa w dwe fè si yon moun te trayi konfyans ou e sa te fè w soufri anpil? Chèche wè bagay yo menm jan ak Jewova, aplike prensip ki nan Bib la, chèche vin pi renmen frè w ak sè w yo, epi aprann nan egzanp moun Bib la pale de yo. Nou kapab pase sou sa yo te fè nou ki te fè nou mal epi rekòmanse fè lòt moun konfyans ankò. Lè nou fè sa, n ap vin gen yon pakèt zanmi “ki pi fidèl pase yon frè”. (Pwo. 18:24.) Sepandan, sa pa sifi pou nou fè lòt moun konfyans. Yo menm tou, yo dwe kapab fè nou konfyans. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan nou ka montre nou merite pou frè n ak sè n yo fè n konfyans.

KANTIK 99 Yon gwo foul frè ak sè

a Nou bezwen fè frè n ak sè n yo konfyans. Sa pa toujou fasil paske pafwa yo konn desevwa nou. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan lè n aplike prensip ki nan Bib la e nou medite sou egzanp kèk moun nan tan lontan sa kapab ede n pou n fè kwayan parèy nou yo konfyans, oswa pou n rekòmanse fè yo konfyans si yo te desevwa nou.

b Bib la avèti nou gen kèk moun nan kongregasyon an ki ka pa merite pou n fè yo konfyans (Jid 4). Nan kèk ka, gen fo frè ki konn pale “bagay kwochi” pou yo eseye twonpe lòt moun (Tra. 20:30). Nou deside pou n pa fè moun konsa konfyans oswa pou n pa koute yo.

c Pou n jwenn plis enfòmasyon sou eksperyans Grete la, gade Liv aktivite Temwen Jewova yo — 1974, paj 129-131 (fransè).