Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 38

Montre w merite pou yo fè w konfyans

Montre w merite pou yo fè w konfyans

“Moun ki merite pou yo fè l konfyans lan konn kenbe sekrè.” — PWO. 11:13.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki jan n ka konnen si nou ka fè yon moun konfyans?

 YON moun ki merite pou yo fè l konfyans se yon moun ki fè efò pou l kenbe pwomès li e ki di laverite (Sòm 15:4). Moun konnen yo ka konte sou li. Se konsa nou ta renmen frè n ak sè n yo wè nou. Ki sa nou ka fè pou yo fè n konfyans?

2. Ki jan n ka montre nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans?

2 Nou pa ka fòse lòt moun fè nou konfyans, nou dwe fè efò pou sa. Yo fè konnen konfyans menm jan ak lajan. Ou bezwen fè anpil efò pou w genyen l, men l fasil pou w pèdi l. Se sèten Jewova montre nou ka fè l konfyans, li pap janm fè yon bagay k ap fè nou sispann fè l konfyans paske “tout sa l fè yo montre nou ka fè l konfyans”. (Sòm 33:4.) E li vle nou imite l (Efe. 5:1). Ann egzamine egzanp kèk sèvitè Jewova ki te imite Papa yo ki nan syèl la e ki te montre yo merite pou yo fè yo konfyans. Epitou, nou pral wè senk kalite k ap ede n montre nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans.

ANN APRANN NAN EGZANP KÈK SÈVITÈ JEWOVA KI TE MERITE POU YO FÈ YO KONFYANS

3-4. Ki jan pwofèt Dànyèl te montre li te merite pou yo fè l konfyans, e ki kesyon sa ta dwe fè n poze tèt nou?

3 Pwofèt Dànyèl te bay yon bèl egzanp antanke moun ki te merite pou yo fè l konfyans. Byenke Babilónyen yo te mennen l ann egzil, sa pa t pran tan pou yo te vin konnen l kòm yon moun yo te ka fè konfyans. Yo te vin fè l plis konfyans toujou lè Jewova te ede l esplike rèv Nebikadneza, wa Babilòn nan, te fè yo. Yon lè, Dànyèl te dwe fè wa a konnen Jewova te fache kont li, e se pa t yon mesaj yon wa ta renmen tande. Sa te mande kouraj, paske Nebikadneza te gen yon tanperaman vyolan (Dàn. 2:12; 4:20-22, 25). Plizyè ane annapre, yon lòt fwa ankò, Dànyèl te montre li te merite pou yo fè l konfyans lè l te byen esplike yon mesaj pèsonn pa t ka konprann ki te parèt sou mi palè Babilòn nan (Dàn. 5:5, 25-29). Annapre, Dariyis, wa peyi Medi a, ak yon seri moun li te met nan gwo pozisyon te remake Dànyèl “te gen yon entèlijans estrawòdinè”. Yo te rekonèt Dànyèl “te onèt, li pa t fè okenn neglijans e li pa t nan magouy”. (Dàn. 6:3, 4.) Vrèmanvre, menm dirijan sa yo ki pa t ap sèvi Jewova te rekonèt yo kapab fè adoratè Jewova sa a konfyans!

4 Pandan n ap reflechi ak egzanp Dànyèl, li ta bon pou n mande tèt nou: ‘Ki repitasyon m genyen nan je moun ki pap sèvi Jewova yo? Èske yo konnen m kòm yon moun ki pran responsablite l oserye e kòm yon moun yo ka fè konfyans?’ Poukisa l enpòtan pou n poze tèt nou kesyon sa yo? Paske lè nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans, sa fè Jewova jwenn louwanj.

Neyemi te chwazi yon seri mesye ki te merite pou yo fè yo konfyans pou yo te fè yon seri travay ki enpòtan. (Gade paragraf 5.)

5. Poukisa yo te konn Anànya kòm yon moun ki te merite pou yo fè l konfyans?

5 Nan ane 455 anvan epòk nou an, apre gouvènè Neyemi te fin konstwi miray Jerizalèm yo, li te chèche jwenn yon seri mesye li te ka fè konfyans ki t ap ka byen pran swen vil la. Youn nan moun Neyemi te chwazi se te Anànya, responsab Fò a. Bib la fè konnen Anànya se te moun yo “te ka fè plis konfyans e li te gen plis lakrentif pou vrè Dye a pase anpil nan lòt mesye yo”. (Ney. 7:2.) Lefètke Anànya te renmen Jewova e l pa t vle fè anyen ki pa fè l plezi, li te pran kèlkeswa responsablite yo te ba li oserye. Kalite sa yo ap ede n tou pou n montre nou se moun yo ka konte sou nou nan sèvis n ap bay Bondye a.

6. Ki jan Tichik te montre li se yon zanmi apot Pòl te ka fè konfyans?

6 Ann pran egzanp Tichik, yon konpayon apot Pòl te genyen li te fè konfyans. Lè Pòl te nan prizon anndan lakay li, li te konte sou Tichik. Li te di li se “yon sèvitè fidèl”. (Efe. 6:21, 22.) Pòl te fè l konfyans nonsèlman pou l te pote lèt bay frè ki nan vil Efèz ak nan vil Kolòs yo, men tou, pou l te ankouraje yo e pou l te konsole yo. Tichik fè n sonje yon seri gason fidèl nou kapab konte sou yo jodi a pou ede n kontinye gen bon relasyon ak Jewova. — Kol. 4:7-9.

7. Lè n ap pale de moun ki merite pou n fè yo konfyans, ki sa w ka aprann nan egzanp ansyen ak sèvitè ministeryèl nan kongregasyon w lan?

7 Jodi a, nou gen anpil rekonesans pou ansyen ak sèvitè ministeryèl nou yo ki montre yo merite pou n fè yo konfyans. Menm jan ak Dànyèl, Anànya ak Tichik yo pran responsablite yo genyen yo oserye. Pa egzanp, lè n ap asiste reyinyon lasemèn yo, nou pa gen okenn dout gen yon moun pou fè chak pati nan pwogram nan. Ansyen yo vrèman kontan lè frè ak sè ki resevwa yon asiyasyon nan reyinyon yo prepare l epi fè l! Nou pa pè envite etidyan nou yo nan reyinyon nan wikenn nan kòmkwa pou pa ta gen moun pou fè diskou piblik la. Epitou, nou gen konfyans n ap jwenn piblikasyon n ap bezwen pou n patisipe nan travay fè disip la. Nou santi frè fidèl sa yo byen pran swen n, e n di Jewova mèsi poutèt nou gen frè sa yo! Sepandan, ki jan n ka montre nou merite pou yo fè n konfyans?

MONTRE W MERITE POU YO FÈ W KONFYANS LÈ W PA PALE BAGAY KI KONFIDANSYÈL

8. Ki jan nou dwe montre nou rezonab lè n ap montre n enterese nan lòt moun? (Pwovèb 11:13).

8 Nou renmen frè n ak sè n yo e nou renmen gen nouvèl yo. Men, nou dwe respekte vi prive yo. Gen kèk kretyen nan kongregasyon premye syèk la ki t “ap fè tripotay, [ki t] ap mele nan zafè moun, [ki t] ap pale bagay yo pa ta dwe pale”. (1 Tim. 5:13.) Se sèten nou pa ta renmen menm jan ak yo. Men, ann sipoze yon moun ta di n yon bagay ki konsène l, epi l mande n pou n pa di lòt moun sa. Pa egzanp, yon sè ka fè n konnen li gen yon pwoblèm sante oswa l ap fè fas ak lòt eprèv, epi l mande n pou n pa di lòt moun sa. Nou dwe fè sa l mande nou an b. (Li Pwovèb 11:13.) Kounye a, ann wè kèk lòt sitiyasyon kote l enpòtan pou n pa pale bagay ki konfidansyèl.

9. Ki jan moun nan yon fanmi ka montre yo merite pou yo fè yo konfyans?

9 Nan fanmi nou. Chak moun nan fanmi an gen responsablite pou yo pa pale yon seri bagay k ap pase nan fanmi an. Pa egzanp, yon sè ka abitye fè yon bagay ki konn fè mari l ri. Èske mari a bezwen al pale sa ak lòt moun, epi pou sa ta fè madanm nan wont? Li pa ta dwe fè sa! Li renmen madanm li, e li pa t ap janm renmen fè yon bagay ki t ap fè madanm li mal (Efe. 5:33). Timoun ki nan adolesans yo renmen lè moun montre yo gen respè pou yo. Li bon pou paran yo konprann sa. Yo pa ta dwe fè pitit yo wont lè yo fè lòt moun konnen erè pitit yo fè (Kol. 3:21). Timoun yo bezwen veye pou yo pa di lòt moun yon seri bagay k ap pase nan fanmi an, sa ki ta ka fè moun nan fanmi an wont (Det. 5:16). Lè chak moun nan fanmi an fè efò pou yo pa pale bagay ki konsène fanmi an ak lòt moun, moun nan fanmi an vin pi pwòch youn ak lòt.

10. Ki lè yon moun se yon bon zanmi? (Pwovèb 17:17).

10 Nan relasyon nou ak zanmi nou. Gen moman nan lavi n, pifò nan nou konn santi nou bezwen pale sou yon bagay ak yon bon zanmi n. Pafwa, sa ka difisil. Nou ka pa abitye di lòt moun sa n santi, e sa t ap fè n mal anpil si n ta vin aprann zanmi nou an di lòt moun sa n te di l la. Yon lòt bò, se pa ti kontan nou kontan lè yon moun pa pale zafè nou! Yon moun konsa se “yon bon zanmi”. — Li Pwovèb 17:17.

Ansyen yo pa rakonte fanmi yo bagay ki konfidansyèl. (Gade paragraf 11.) c

11. a) Ki jan ansyen yo ak madanm yo montre yo kapab fè yo konfyans? b) Lè yon ansyen fin regle yon bagay konfidansyèl ki gen rapò ak kongregasyon an, epi l antre lakay li, li pa di fanmi l anyen sou sa, ki leson sa aprann nou? (Gade foto a.)

11 Nan kongregasyon an. Ansyen ki pa konn pale pawòl konfidansyèl frè ak sè yo di yo se “yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo”. (Eza. 32:2.) Nou konnen nou ka pale ak frè sa yo san pwoblèm, paske nou konnen yo pa pral rakonte lòt moun sa nou di yo. Nou pap fòse yo di n bagay yo pa ta dwe pale. Anplis de sa, nou apresye madanm ansyen nou yo paske yo pa chèche fè mari yo rakonte yo bagay yo pa dwe konnen. Vrèmanvre, se yon benediksyon lè yon ansyen pa di madanm li yon seri bagay ki konsène frè ak sè yo. Men sa madanm yon ansyen di: “Mwen vrèman kontan dèske mari m pa rakonte m anyen lè l fin fè yon vizit pastoral oswa lè l fin ede moun ki bezwen èd ansyen yo, e dèske l pa menm di m non yo. Mwen kontan dèske m pa gen pou m konn yon seri pwoblèm m pa ka fè anyen pou yo. Konsa, m santi m alèz pou m pale ak tout moun nan kongregasyon an. Mwen kapab gen konfyans lè m di mari m yon bagay ki pèsonèl oswa yon pwoblèm mwen genyen li pa pral di lòt moun sa.” Vrèmanvre, nou tout ta renmen moun konnen nou kòm moun ki merite pou yo fè n konfyans. Ki kalite k ap ede nou nan sans sa a? Ann egzamine senk ladan yo.

CHÈCHE GEN KALITE K AP EDE W VIN YON MOUN YO KA FÈ KONFYANS

12. Poukisa nou ka di si nou vle moun fè n konfyans nou bezwen gen lanmou pou yo? Esplike.

12 Si nou vle moun fè n konfyans, nou bezwen gen lanmou pou yo. Jezi te di de pi gwo kòmandman yo se renmen Jewova epi renmen pwochen nou (Mat. 22:37-39). Nou renmen Jewova, se sa k fè nou vle imite egzanp pafè li bay antanke Sila a ki merite pou yo fè l konfyans. E piske nou renmen frè n ak sè n yo, nou pap rakonte vi prive yo. Nou pa t ap janm vle rakonte yon bagay ki te ka fè yo mal, ki te ka fè yo jennen, oswa ki te ka fè yo soufri. — Jan 15:12.

13. Nan ki sans imilite ap ede n pou n merite pou yo fè n konfyans?

13 Imilite ap ede nou pou n merite pou yo fè n konfyans. Yon kretyen ki gen imilite pa chèche fè lòt moun konprann li se premye moun ki gen yon enfòmasyon (Flp. 2:3). Li pa montre li se yon pakèt afè lè l chèche fè lòt moun konprann li konn yon bagay enpòtan, men l pa ka di l. Epitou, imilite ap anpeche nou gaye pwòp opinyon pa nou sou yon seri bagay ni Bib la ni piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la pa di anyen sou sa.

14. Ki jan lè n gen bon jijman sa ap ede n pou n merite pou yo fè n konfyans?

14 Bon jijman ap ede yon kretyen konnen gen “yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale”. (Ekl. 3:7.) Nan kèk peyi yo konn di : “Pale se ajan, men, silans se lò.” Sa vle di, pafwa li konn pi bon pou yon moun pa di anyen olye l pale. Se sa k fè Pwovèb 11:12 di: “Moun ki gen bon jijman toutbon an pa di anyen.” Ann pran yon egzanp. Gen yon ansyen ki gen eksperyans yo konn mande al ede lòt kongregasyon ki gen gwo pwoblèm. Men sa yon lòt ansyen di konsènan ansyen sa a: “Li toujou fè atansyon pou l pa janm bay enfòmasyon konfidansyèl ki gen rapò ak lòt kongregasyon.” Lefètke ansyen an gen bon jijman, lòt frè ki nan menm gwoup ansyen avè l respekte l. Yo gen konfyans li pa pral rakonte bagay konfidansyèl ki konsène kongregasyon an.

15. Bay yon egzanp ki montre lè nou aji yon fason ki dwat, sa ka fè lòt moun fè n konfyans.

15 Yon lòt bagay k ap fè lòt moun fè n konfyans se lè n aji yon fason ki dwat. Nou fè yon moun ki dwat konfyans paske nou konnen l ap toujou di laverite (Efe. 4:25; Ebre 13:18). Pa egzanp, ann sipoze yon frè ta renmen amelyore fason l anseye. Donk, li mande yon zanmi l pou l koute yon patisipasyon l ap fè, epi pou l ba l kèk konsèy sou fason pou l amelyore. Ki moun li t ap fè konfyans pou ba l bonjan konsèy? Èske se yon moun ki t ap di l sa l ta renmen tande, oswa yon moun ki t ap di l laverite avèk jantiyès? Ou deja konn repons lan. Men sa Bib la di: “Li pi bon pou w korije yon moun devan lòt moun pase pou w renmen yon moun e w pa montre l sa. Yon zanmi ki fidèl ap korije w menm lè sa pa fè w plezi.” ​(Pwo. 27:5, 6). Byenke okòmansman li ka difisil pou n aksepte yon bagay yon zanmi ki sensè di n, men, sa ap ede n pi devan.

16. Ki jan pawòl ki nan Pwovèb 10:19 la montre nou bezwen gen metriz?

16 Si nou vle moun fè n konfyans, li vrèman enpòtan pou n gen metriz. Kalite sa a ap ede n pou n veye bouch nou lè n anvi di yon moun yon bagay ki konfidansyèl. (Li Pwovèb 10:19.) Nou ka twouve l difisil pou n gen metriz lè n ap itilize rezo sosyal. Si n pa fè atansyon, nou ka fè anpil moun konnen bagay konfidansyèl, san n pa t gen entansyon fè sa. E yonfwa nou fin voye yon mesaj elektwonik, nou pa gen kontwòl sou sa yo pral fè avè l oswa sou kantite dega li pral fè. Epitou, lè n gen metriz, sa ede n ret an silans lè opozan ap eseye pran n nan pyèj pou n bay yon seri enfòmasyon ki ta kapab met lavi frè n ak sè n yo an danje. Sa ka rive lè lapolis ap poze n kesyon nan peyi kote yo entèdi travay nou an oswa yo met restriksyon sou li. Nan sitiyasyon sa yo ak nan lòt ankò, nou kapab aplike prensip ki di: “M ap met yon baboukèt nan bouch mwen pou m ka veye l.” ​(Sòm 39:1). Kit se nan relasyon nou gen ak fanmi nou, zanmi nou, frè n ak sè n yo oswa nenpòt lòt moun, nou bezwen yo konnen nou kòm moun ki merite pou yo fè n konfyans. E pou n merite pou yo fè n konfyans, nou bezwen gen metriz.

17. Ki jan nou ka patisipe pou gen yon bèl anbyans nan kongregasyon nou, kote youn fè lòt konfyans?

17 Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li rale n pou n vin fè pati yon fanmi frè ak sè ki gen lanmou e ki merite pou yo fè yo konfyans! Nou tout gen responsablite pou n fè efò pou frè n ak sè n yo fè n konfyans. Pandan nou chak ap fè tout sa n kapab pou n demontre lanmou, pou n gen imilite, pou n gen bon jijman, pou n aji yon fason ki dwat e pou n gen metriz, nou patisipe nan bèl anbyans ki gen nan kongregasyon nou, kote youn fè lòt konfyans. Nou bezwen kontinye fè efò pou n montre nou se moun yo ka fè konfyans. Ann imite Jewova, Bondye nou an, e ann kontinye montre nou se moun ki merite pou yo fè n konfyans.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

a Si nou ta renmen lòt moun fè n konfyans, toudabò, nou dwe montre nou merite pou yo fè n konfyans. Nan atik sa a nou pral wè poukisa l enpòtan anpil pou youn fè lòt konfyans e ki kalite k ap ede n vin moun yo ka fè konfyans.

b Si nou aprann gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav, nou dwe ankouraje l al chèche èd nan men ansyen yo. Si l pa fè sa, pou n montre n fidèl ak Jewova e pou kongregasyon an ka ret pwòp, nou dwe al di ansyen yo sa.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen pap fè fanmi l konnen bagay konfidansyèl li sot regle.