Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa apot Pòl te vle di lè l te pale de tèt li tankou l ta “yon moun ki fèt anvan lè”? (1 Korentyen 15:8)

Selon 1 Korentyen 15:8, men sa Pòl te di: “Apre yo tout, li te parèt devan m tou, tankou se ta devan yon moun ki fèt anvan lè.” Anvan sa, nou te fè konnen sanble Pòl t ap fè referans ak pwòp eksperyans li te fè lè l te wè Jezi nan glwa li nan syèl la nan yon vizyon. Se kòmsi yo te fè l onè pou l fèt oswa pou l resisite anvan lè antanke espri, plizyè syèk anvan kalite rezirèksyon sa a te gen pou l fèt. Men, lè n pi byen egzamine vèsè sa a, sanble li vin nesesè pou gen yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann li.

Se vre Pòl t ap fè referans ak sa k te rive lè l te konvèti a. Men, ki sa l te vle di lè l te di li te “fèt anvan lè”? Gen plizyè posiblite.

Li te konvèti bridsoukou e sa te boulvèse l anpil. Lè yon timoun fèt anvan lè, souvan, sa rive sanzatann. Lè Sòl (yo te vin konnen sou non Pòl annapre) t apral Damas pou l t al pèsekite kretyen ki te nan vil sa a, li pa t atann li t apral fè yon vizyon, kote li t apral wè Jezi ki te resisite. Nonsèlman Pòl pa t atann li t apral konvèti, men, kretyen li t apral pèsekite nan vil sa a pa t atann sa tou. Mete sou sa, eksperyans sa a te boulvèse Pòl anpil. Epi, li te fè yon tan li pa t ka wè. — Tra. 9:1-9, 17-19.

Li te konvèti nan “move moman”. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “yon moun ki fèt anvan lè” pou li a kapab vle di tou “yon moun ki fèt nan move moman”. Men sa yon tradiksyon Labib mete: “Se kòmsi m te fèt lè pèsonn pa t ap atann.” ​(Bible de Jérusalem). Lè Pòl te konvèti, Jezi te deja retounen nan syèl. Kontrèman ak moun Pòl te pale de yo nan vèsè anvan yo, Pòl pa t wè Jezi apre Jezi te resisite e anvan li te monte nan syèl (1 Kor. 15:4-8). Jezi te parèt devan Pòl sanzatann, e sa te bay Pòl okazyon pou l te wè Jezi apre l fin resisite, menm lè sa te sanble “nan move moman”.

Li te pale de tèt li yon fason ki montre li te rekonèt limit li. Selon kèk biblis, ekspresyon Pòl te itilize la a ka montre se kritike li t ap kritike. Si se sa Pòl te gen nan tèt li, li te rekonèt li pa t merite privilèj yo te ba li a. Anfèt, men sa l te di annapre: “Mwen se pi piti nan apot yo, e mwen pa merite pou yo rele m apot, paske mwen te konn pèsekite kongregasyon Bondye a. Men, se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” — 1 Kor. 15:9, 10.

Kidonk, sanble Pòl te ka ap fè referans ak fason Jezi te parèt devan l sanzatann e bridsoukou, ak moman l te konvèti sanzatann nan, oubyen lefètke li pa t merite pou l te fè kalite vizyon estrawòdinè sa a. Kèlkeswa sa Pòl te gen nan lespri l, li klè li te bay eksperyans sa a li te fè a anpil valè. Sa te fè l pa gen okenn dout Jezi te resisite sot nan lanmò. Nou konprann rezon ki fè byen souvan li te konn pale de eksperyans sanzatann sa a li te fè a lè l t ap preche lòt moun konsènan rezirèksyon Jezi. — Tra. 22:6-11; 26:13-18.