Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kiyès ki pral resisite sou tè a, e ki kalite rezirèksyon yo pral jwenn?

Ann wè ki jan Bib la reponn kesyon sa yo.

Travay 24:15 fè nou konnen pral gen “yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis”. Moun ki jis yo se moun ki te obeyi Bondye anvan yo te mouri, se sa k fè non yo ekri nan liv lavi a (Mal. 3:16). Pami moun ki enjis yo, gen moun ki te mouri san yo pa t gen posiblite aprann konnen Jewova. Se sa k fè non yo pa ekri nan liv lavi a.

Jan 5:28, 29 ap pale konsènan menm de gwoup moun Travay 24:15 ap pale de yo a. Jezi di “moun ki te fè bon bagay ap resisite pou yo jwenn lavi, men moun ki te pratike sa ki mal ap resisite pou jijman”. Moun ki jis yo te fè bon bagay anvan yo te mouri. Y ap resisite pou yo jwenn lavi paske non yo toujou ekri nan liv lavi a. Sepandan, moun ki enjis yo te pratike sa ki mal anvan yo te mouri. Y ap resisite pou jijman. Non yo poko ekri nan liv lavi a, e pandan yon tan, yo pral pase yo anba yon jijman oswa yo pral gade fason y ap aji. Pandan tan sa a, yo pral gen posiblite aprann konnen Jewova pou non yo ka ekri nan liv lavi a.

Revelasyon 20:12, 13 fè konnen tout moun k ap resisite yo pral bezwen obeyi “bagay ki ekri nan woulo yo”, sa vle di, nouvo lwa Bondye pral ban nou nan monn nouvo a. Jewova pral detwi moun ki pa obeyi yo. — Eza. 65:20.

Dànyèl 12:2 fè konnen kèk nan moun k ap dòmi nan lanmò yo pral leve pou yo gen “lavi ki pap janm fini an e gen lòt ki pral jwenn lawont ak dezonè pou toutan”. Vèsè sa a ap pale konsènan sa k ap tann moun ki pral resisite yo, swa y ap jwenn “lavi ki pap janm fini” an oswa y ap jwenn “dezonè pou toutan”. Donk, nan fen 1 000 an yo, gen moun ki pral resevwa lavi ki pap janm fini an, e gen lòt ki pral detwi pou toutan. — Rev. 20:15; 21:3, 4.

Ann pran yon egzanp. Nou kapab konpare sitiyasyon de gwoup moun ki pral resisite yo ak sitiyasyon etranje ki ta renmen al viv nan yon lòt peyi. Moun ki jis yo tankou moun yo bay yon viza travay oswa yon rezidans ki ba yo kèk dwa e ki pèmèt yo jwi kèk libète. Yon lòt bò, moun ki enjis yo tankou moun yo bay yon viza touris. Antanke etranje, y ap bezwen respekte lwa peyi kote yo ye a anvan yo jwenn pèmisyon pou yo kontinye ret nan peyi a. Menm jan an tou, moun ki enjis k ap resisite yo ap bezwen obeyi lwa Jewova yo e y ap bezwen fè efò pou yo montre yo jis pou yo ka ret nan Paradi a. Kèlkeswa viza yo bay etranje yo pou yo antre nan yon peyi, rive yon lè, gen nan yo ki ka vin sitwayen peyi a tandiske gen lòt yo ka depòte. Sa pral depann de atitid yo ak konduit yo genyen nan peyi kote y ale a. Menm jan an tou, dènye desizyon yo pral pran konsènan tout moun k ap resisite yo pral depann de fidelite yo ak konduit yo nan monn nouvo a.

Nonsèlman Jewova se yon Bondye ki gen konpasyon, men tou, li se yon Bondye ki gen jistis lakay li (Det. 32:4; Sòm 33:5). Li pral montre lanmou li genyen lè l resisite ni moun ki jis ni moun ki enjis. Anmenmtan, li pral atann pou yo tout obeyi prensip moral li yo ki nan yon nivo ki wo. Se sèlman moun ki vin renmen Jewova e ki obeyi prensip li yo k ap gen posiblite pou yo kontinye viv nan monn nouvo a.