Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 39

Èske non w nan “liv lavi a”?

Èske non w nan “liv lavi a”?

“Jewova te bay lòd pou yo ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo [...] nan yon liv devan l pou l sonje yo.” — MAL. 3:16.

KANTIK 61 Annavan, nou menm Temwen!

SA NOU PRAL WÈ a

Jis kounye a, Jewova ap ajoute non moun nan “liv lavi a”. (Gade paragraf 1-2.)

1. Selon Malachi 3:16, ki liv Jewova ap ekri, e ki sa liv sa a gen ladan l?

 SA GEN plizyè milye ane depi Jewova ap ekri yon liv espesyal. Liv sa a gen yon lis non moun, li kòmanse ak non Abèl, premye temwen fidèl la b (Lik 11:50, 51). Depi lè sa a, Jewova ap ajoute non nan liv la, e kounye a, gen plizyè milyon non ladan l. Nan Bib la, yo rele liv sa a “yon liv [pou Bondye] sonje” moun, “liv lavi a”, epi “woulo lavi” a. Nan atik sa a, n ap rele l “liv lavi a”. — Li Malachi 3:16; Rev. 3:5; 17:8.

2. Non ki moun ki ekri nan liv lavi a, e ki sa n ka fè pou non nou ka ekri nan liv sa a?

2 Liv espesyal sa a gen non tout moun k ap adore Jewova avèk anpil respè, e ki renmen non l. Yo gen posiblite pou yo jwenn lavi ki pap janm fini an. Jodi a, non nou ka ekri nan liv sa a si n vin gen yon relasyon sere ak Jewova sou baz sakrifis ranson Pitit Gason l lan, Jezi Kris (Jan 3:16, 36). Nou tout ta renmen non nou ekri nan liv sa a, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl oswa pou nou viv sou tè a.

3-4. a) Si non nou deja ekri nan liv lavi a, èske sa vle di n ap gen lavi ki pap janm fini an? Esplike. b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

3 Èske sa vle di tout moun non yo ekri nan liv sa a gen garanti y ap jwenn lavi ki pap janm fini an? Nou jwenn repons kesyon sa a nan pawòl Jewova te di Moyiz ki nan Egzòd 32:33. Jewova te di: “Se non moun ki peche kont mwen m ap retire nan liv mwen an.” Donk, Jewova ka retire oswa efase non li deja ekri nan liv sa a, kòmsi se ak kreyon li te ekri yo okòmansman (Rev. 3:5). Nou dwe veye pou non nou ret nan liv sa a jiskaske, nan yon sans, Jewova ekri yo ak lank, konsa y ap ret ladan l nèt.

4 Nòmalman, sa ka fè n poze kèk kesyon. Pa egzanp, ki sa Bib la di konsènan moun ki gen non yo ekri nan liv lavi a ak moun ki pa gen non yo ekri ladan l? Ki lè moun ki gen non yo nan liv sa a ap resevwa lavi ki pap janm fini an? E moun ki mouri san yo pa t janm gen posiblite konnen Jewova? Èske l posib pou non yo ekri nan liv sa a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a.

NON KI MOUN KI NAN LIV LA?

5-6. a) Selon Filipyen 4:3, non ki moun ki pami non ki ekri nan liv lavi a? b) Ki lè y ap gen non yo ekri nèt nan liv lavi a?

5 Non ki moun ki ekri nan liv senbolik sa a? Pou n reponn kesyon sa a, nou pral pale konsènan senk gwoup moun. Pami yo, gen moun ki gen non yo ekri nan liv lavi a e genyen ki pa gen non yo ekri ladan l.

6 Premye gwoup la gen ladan l moun Bondye chwazi pou al dirije ak Jezi nan syèl la. Èske non yo deja ekri nan liv lavi a? Wi. Selon sa apot Pòl te di “konpayon travay” li yo nan vil Filip, non moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ki pral dirije ansanm ak Jezi, nan liv lavi a. (Li Filipyen 4:3.) Men, pou non yo rete nan liv senbolik sa a, yo dwe ret fidèl. Donk, lè yo poze dènye so a sou yo, kit se anvan yo mouri oswa anvan gwo tribilasyon an kòmanse, non yo ap ekri nèt nan liv sa a. — Rev. 7:3.

7. Ki sa nou konprann nan Revelasyon 7:16, 17 anrapò ak lè gwo foul lòt mouton yo ap gen non yo ekri nèt nan liv lavi a?

7 Dezyèm gwoup la se gwo foul lòt mouton yo. Èske non yo ekri nan liv lavi a? Wi. Èske non yo ap toujou nan liv lavi a apre yo fin pase Amagedon vivan? Wi (Rev. 7:14). Jezi te di moun sa yo ki tankou mouton pral gen “lavi ki pap janm fini an”. (Mat. 25:46.) Men, moun ki pase Amagedon vivan yo pap resevwa lavi ki pap janm fini an tousuit. Non yo ap ekri nan liv lavi a tankou se ak kreyon yo te ekri yo. Pandan Rèy mil an an, Jezi “ap pran swen yo e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo”. Se moun ki obeyi enstriksyon Kris yo, e finalman Jewova konsidere kòm moun ki fidèl, k ap gen non yo ekri nèt nan liv lavi a. — Li Revelasyon 7:16, 17.

8. Ki moun non yo pa ekri nan liv lavi a, e ki sa k pral rive yo?

8 Twazyèm gwoup la gen ladan l kabrit yo, ki pral detwi nan Amagedon. Non yo pa ekri nan liv lavi a. Jezi di “yo pral mouri pou toutan”. (Mat. 25:46.) Men sa lespri sen te fè apot Pòl di: “Santans moun sa yo pral jwenn nan se yon destriksyon etènèl.” ​(2 Tes. 1:9; 2 Pyè 2:9). Nou ta kapab di menm bagay la tou pou tout moun, depi lè lòm egziste, ki te fè espre yo peche kont lespri sen. Yo menm tou, yo detwi pou toutan, yo pap gen lavi ki pap janm fini an. Sa klè, yo pap resisite (Mat. 12:32; Mak 3:28, 29; Ebre 6:4-6). Kounye a, ann byen egzamine de gwoup moun ki pral resisite sou tè a.

MOUN KI PRAL RESISITE

9. Selon Travay 24:15, ki de kategori moun k ap resisite sou tè a, e ki diferans ki genyen ant de kategori sa yo?

9 Bib la fè konnen gen de kategori moun ki pral resisite e k ap gen posiblite pou yo viv sou tè a pou toutan, anpalan de “moun ki jis” yo ak “moun ki enjis” yo. (Li Travay 24:15.) “Moun ki jis” yo se moun ki t ap sèvi Jewova pandan yo te vivan e ki te fidèl. Yon lòt bò, “moun ki enjis” yo se moun ki pa t ap sèvi Jewova. Anfèt, nan pifò ka, konduit yo pa t bon menm. Piske toule de kategori sa yo ap resisite, èske nou kapab di non yo ekri nan liv lavi a? Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine chak kategori apa.

10. Poukisa “moun ki jis” yo pral resisite, e ki privilèj kèk nan yo pral genyen? (Gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad sa a ki pale konsènan rezirèksyon sou tè a.)

10 “Moun ki jis” yo se katriyèm gwoup la. Anvan yo te mouri, non yo te ekri nan liv lavi a. Èske yo te retire non yo nan liv sa a lè yo te mouri? Non, paske yo toujou “vivan” nan memwa Jewova. Jewova se “pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan, paske pou li, yo tout vivan”. (Lik 20:38.) Sa vle di, lè moun ki jis yo resisite sou tè a, non yo ap nan liv lavi a, byenke se tankou se ak kreyon yo te ekri yo (Lik 14:14). Pa gen dout, kèk nan moun ki pral resisite yo pral gen privilèj pou yo sèvi kòm “prens sou tout tè a”. — Sòm 45:16.

11. Ki sa “moun ki enjis” yo ap bezwen aprann anvan yo gen non yo ekri nan liv lavi a?

11 Finalman, ann pale konsènan senkyèm gwoup la, anpalan de “moun ki enjis” yo. Petèt, kòm yo pa t konnen sa Jewova mande pou nou fè, yo pa t gen yon vi ki dwat anvan yo te mouri. Se sa k fè non yo pa t ekri nan liv lavi a. Men, lè Bondye resisite yo, l ap ba yo posiblite pou non yo ekri nan liv sa a. “Moun ki enjis” sa yo pral bezwen yo ede yo anpil. Anvan yo te mouri, kèk nan yo te konn fè yon seri vye bagay sal. Se sa k fè y ap bezwen yo anseye yo fason pou yo viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis. Wayòm Bondye a pral lanse pi gwo pwogram ansèyman ki potko janm fèt sou tè a pou anseye moun sa yo.

12. a) Kiyès ki pral anseye moun ki enjis yo? b) Ki sa k pral rive moun ki refize aplike sa yo aprann?

12 Kiyès ki pral anseye moun ki enjis yo? Se gwo foul moun nan ak moun ki jis k ap resisite yo. Pou moun ki enjis yo ka gen non yo ekri nan liv lavi a, yo pral bezwen chèche gen yon bon relasyon ak Jewova, epi vwe l lavi yo. Jezi Kris ak lòt jij ki pral travay ansanm avè l yo pral byen suiv pwogrè tout moun ki enjis yo pral fè (Rev. 20:4). Nenpòt moun ki refize aksepte èd sa a ap detwi, menmsi moun sa a ta gen 100 an (Eza. 65:20). Jewova ak Jezi kapab li kè moun e yo pap kite pèsonn vin bay pwoblèm nan monn nouvo a. — Eza. 11:9; 60:18; 65:25; Jan 2:25.

MOUN K AP RESISITE POU YO JWENN LAVI, AK MOUN K AP RESISITE POU JIJMAN

13-14. a) Anvan sa, ki jan nou te konprann pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 5:29 la? b) Ki sa n bezwen konprann anrapò ak pawòl sa yo?

13 Jezi te pale tou konsènan moun k ap resisite sou tè a. Pa egzanp, men sa l te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti. Moun ki te fè bon bagay ap resisite pou yo jwenn lavi, men moun ki te pratike sa ki mal ap resisite pou jijman.” ​(Jan 5:28, 29). Ki sa Jezi te vle di?

14 Anvan sa, nou te konprann Jezi t ap pale konsènan fason moun k ap resisite yo pral aji apre yo fin resisite. Sa vle di, gen moun k ap resisite ki pral fè sa ki bon, alòske gen moun k ap resisite ki pral pratike sa ki mal. Sepandan, remake Jezi pa di moun ki fèk sot nan tonm yo pral fè bon bagay oswa yo pral pratike sa ki mal. Li te montre se yon seri bagay moun yo te deja fè. Li pale de moun sa yo kòm moun ki “te fè bon bagay” e kòm moun ki “te pratike sa ki mal”. Sa montre moun sa yo te fè bagay sa yo anvan yo te mouri. Sa fè sans, pa vre? Dayè yo pap pèmèt okenn moun pratike sa ki mal nan monn nouvo a. Moun ki enjis yo dwe te pratike bagay mal sa yo anvan yo te mouri. Nan ka sa a, ki jan nou dwe konprann pawòl Jezi te di konsènan moun k “ap resisite pou yo jwenn lavi” ak moun k “ap resisite pou jijman”?

15. Kiyès ki pral “resisite pou yo jwenn lavi”, e poukisa?

15 Moun ki jis yo, ki te fè bon bagay anvan yo mouri, pral “resisite pou yo jwenn lavi” paske non yo ap deja ekri nan liv lavi a. Sa vle di, “moun ki te fè bon bagay” yo pale de yo nan Jan 5:29 la ki pral resisite yo, se menm moun sa yo Travay 24:15 pale de yo antanke “moun ki jis” ki pral resisite. Esplikasyon sa a ann amoni ak pawòl nou jwenn nan Women 6:7 yo ki di: “Yon moun ki mouri peye pou peche l.” Donk, lè moun ki jis sa yo te mouri, Jewova te elimine peche yo. Men, l ap toujou sonje bèl aksyon yo te fè ki montre yo te fidèl pandan yo te vivan (Ebre 6:10). Nòmalman, lè moun ki jis sa yo resisite, y ap bezwen ret fidèl pou non yo ka ret nan liv lavi a.

16. Ki sa “resisite pou jijman” vle di?

16 Ki sa nou ka di konsènan moun ki te pratike sa ki mal anvan yo mouri? Byenke Jewova te anile peche yo lè yo mouri, yo pa t sèvi Jewova pandan yo te vivan. Non yo pa ekri nan liv lavi a. Se sa k fè, “moun ki te pratike sa ki mal” ki pral resisite yo, se menm yo menm Travay 24:15 pale de yo antanke “moun ki enjis” ki pral resisite. Yo pral “resisite pou jijman” c. Sa vle di, Jezi pral egzamine fason yo aji (Lik 22:30). Sa pral pran tan pou l wè si yo merite pou non yo ekri nan liv lavi a. Se sèlman si moun enjis sa yo sispann viv fason yo te konn viv anvan an e yo vwe Jewova lavi yo Jewova ap ekri non yo nan liv lavi a.

17-18. Ki sa tout moun ki pral resisite pou yo viv sou tè a pral bezwen fè, e konsènan ki “aksyon” Revelasyon 20:12, 13 ap pale?

17 Moun ki pral resisite yo, kit yo te jis oswa yo te enjis anvan yo te mouri, pral bezwen obeyi lwa k ap gen nan nouvo woulo ki pral ouvri pandan 1 000 an yo. Men sa apot Jan di li te wè nan yon vizyon: “Mwen wè mò yo, gran kou piti, ki kanpe devan twòn nan, e gen woulo ki te ouvè. Men, gen yon lòt woulo ki te ouvè, se te woulo lavi a. Yo jije mò yo selon aksyon yo, dapre bagay ki ekri nan woulo yo.” — Rev. 20:12, 13.

18 Sou baz ki “aksyon” yo pral jije moun ki resisite yo? Èske se aksyon yo te konn fè anvan yo te mouri? Non! Sonje, lè yo te mouri, yo te peye pou peche yo te fè. Donk, “aksyon yo” y ap pale la a se pa kapab aksyon yo te konn fè anvan yo te mouri. Okontrè, aksyon sa yo dwe gen rapò ak fason yo pral aji apre yo fin jwenn fòmasyon nan monn nouvo a. Menm yon seri moun fidèl, tankou Noye, Samyèl, David ak Dànyèl, pral bezwen aprann konn Jezi Kris epi demontre lafwa nan sakrifis li a. Si mesye sa yo pral bezwen fè sa, alewè pou moun ki enjis yo!

19. Ki sa k pral rive moun ki pa aksepte bèl okazyon sa a yo pral jwenn nan?

19 Ki sa k pral rive moun ki pap aksepte bèl okazyon sa a yo pral jwenn nan? Revelasyon 20:15 fè nou konnen: “Moun yo pa t jwenn non yo ekri nan liv lavi a, yo lage yo nan letan dife a.” Wi, yo pral detwi pou toutan. Kidonk, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n asire n non nou ekri nan liv lavi a e li rete ladan l!

Yon frè k ap patisipe nan gwo pwogram ansèyman k ap fèt pandan Rèy mil an an. (Gade paragraf 20.)

20. Ki bèl travay ki pral fèt pandan Rèy mil an an? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

20 Se pa ti bèl Rèy mil an an pral bèl! Pral gen pi gwo pwogram ansèyman ki potko janm fèt sou tè a. Men tou, se pral moman pou yo egzamine fason moun ki jis yo ak moun ki enjis yo pral aji (Eza. 26:9; Tra. 17:31). Ki jan pwogram ansèyman sa a pral fèt? Atik ki vin apre a pral ede n konprann bèl dispozisyon sa a e l pral ede n apresye l.

KANTIK 147 Bondye pwomèt lavi pou toutan

a Atik sa a gen yon ajisteman nan fason nou te konprann pawòl Jezi te di nou jwenn nan Jan 5:28, 29 la ki pale konsènan moun k “ap resisite pou yo jwenn lavi” ak moun k “ap resisite pou jijman”. Nou pral aprann ki sa de rezirèksyon sa yo vle di, e kiyès yo chak konsène.

b Yo te kòmanse ekri liv sa a depi lè “monn nan te fonde”. Monn y ap pale de li la a gen rapò ak tout moun ki gen posiblite pou yo libere anba peche grasa ranson an (Mat. 25:34; Rev. 17:8). Donk, Abèl, yon moun ki te jis, sanble se premye moun non l ekri nan liv lavi a.

c Anvan sa, nou te di mo “jijman” nou itilize la a gen sans yon move santans oswa yon kondanasyon. Vrèmanvre, mo “jijman” an ka gen sans sa a. Men, nan kontèks sa a, sanble Jezi te itilize mo “jijman” an nan yon sans ki pi laj. Li gen rapò ak yon sitiyasyon kote y ap byen egzamine yon moun oswa y ap teste l, oubyen jan yon diksyonè grèk di, y ap “egzamine konduit yon moun”.