Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye pwomèt yon sante mantal ki pafè

Bondye pwomèt yon sante mantal ki pafè

Pa mwayen Bib la, Bondye bay konsèy ak rekonfò pou ede n jere pwoblèm mantal.

Men, Bondye fè plis pase sa. Li pwomèt pou l retire vrè koz twoub mantal yo nèt.

Lè Bondye reyalize pwomès sa a, pap janm gen santiman ki fè nou lapenn, maladi mantal, epi souvni nuizib “pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo”. — Ezayi 65:17.

Temwen Jewova yo ap kontan ede w konnen ki lè e ki jan Bondye pral akonpli pwomès sa a ki touche kè nou.