Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’

Se pou n gen konviksyon ‘pawòl Bondye se laverite’

MEN TÈKS POU ANE 2023 A: “Se tout pawòl ou nèt ki laverite.” — SÒM 119:160.

KANTIK 96 Liv Bondye a se yon trezò

SA NOU PRAL WÈ a

1. Poukisa anpil moun jodi a pa fè Bib la konfyans?

 ANPIL moun jodi a pa konn kiyès pou yo fè konfyans. Yo pa fin kwè yon seri moun yo respekte, pa egzanp politisyen yo, syantifik yo ak biznismann yo, vrèman nan enterè yo. Mete sou sa, yo pa gen respè pou chèf relijye ki di yo se kretyen yo. Donk, nou pa sezi lefètke yo gen dout sou liv chèf relijye sa yo di y ap suiv la, anpalan de Bib la.

2. Selon Sòm 119:160, ki konviksyon nou dwe genyen?

2 Antanke sèvitè Jewova nou gen konviksyon li se “Bondye verite a” e li toujou vle sa ki pi bon an pou nou (Sòm 31:5; Eza. 48:17). Nou konnen nou kapab fè sa nou li nan Bib la konfyans, nou kwè “se tout pawòl [Bondye] nèt ki laverite”. (Li Sòm 119:160.) Nou dakò ak pawòl yon biblis te ekri ki di: “Pa gen anyen Bondye di ki pa laverite oswa ki pap janm pa reyalize. Pèp Bondye a kapab kwè sa l di paske yo fè Dye ki di l la konfyans.”

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Ki jan nou ka ede lòt moun gen menm konfyans nou gen nan Pawòl Bondye a? Ann reflechi sou twa rezon ki fè nou kapab fè Bib la konfyans. Nou pral egzamine jan tèks la egzak, jan pwofesi ki nan Bib la reyalize, e jan Bib la gen pouvwa pou l chanje lavi moun.

PÈSONN PA KAPAB CHANJE MESAJ KI NAN BIB LA

4. Poukisa gen kèk moun ki panse yo chanje sa k nan Bib la?

4 Jewova Dye te itilize anviwon 40 gason fidèl pou ekri liv ki nan Bib la. Sepandan, pa gen youn nan maniskri orijinal yo ki la jodi a b. Tout tèks nou genyen yo se kopi yon seri tèks yo te kopye. Se sa k fè gen kèk moun k ap mande tèt yo si sa nou li nan Bib la jodi a se egzakteman sa mesye sa yo te ekri okòmansman. Èske w konn mande tèt ou si Pawòl Bondye a pa chanje?

Yon seri moun ki te resevwa fòmasyon pou yo kopye Liv ki te ekri ann ebre yo te fè anpil efò pou yo te asire yo kopi Pawòl Bondye a yo fè yo egzak. (Gade paragraf 5)

5. Ki metòd yo te itilize pou yo kopye Liv ki te ekri ann ebre yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

5 Pou Jewova te kapab konsève mesaj li te fè ekri nan Bib la, li te bay lòd pou yo kopye l. Li te bay wa Izrayèl yo lòd pou yo te kopye Lalwa pèsonèlman, e li te bay Levit yo responsablite pou yo anseye pèp la Lwa sa a (Det. 17:18; 31:24-26; Ney. 8:7). Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, gen yon gwoup moun ki te fò nan kopye tèks ki te kòmanse fè plizyè kopi Liv ki te ekri ann ebre yo. (Esd. 7:6, nòt.) Mesye sa yo te serye nan travay yo t ap fè a. Rive yon lè, moun ki t ap fè kopi yo te kòmanse konte mo yo, e yo te menm konte lèt yo tou pou yo te sèten travay la te byen fèt. Malgre sa, akoz lèzòm pa pafè gen kèk kopi ki gen ti erè ki antre ladan yo. Men, lefètke yo te kopye menm tèks la plizyè fwa, yo te kapab jwenn erè sa yo annapre. Ki jan?

6. Ki jan yo te ka rive jwenn erè ki te fèt nan kèk kopi Bib la?

6 Plizyè biblis nan epòk nou an jwenn yon bon mwayen pou yo idantifye erè moun ki t ap kopye tèks ki nan Bib la te fè yo. Ann pran yon egzanp: Imajine yo mande 100 gason pou yo kopye yon tèks alamen. Youn nan mesye yo fè yon ti erè nan kopi pa l la. Youn nan fason nou ka jwenn erè sa a se lè n konpare kopi pa l la ak tout lòt yo. Menm jan an tou, lè biblis yo konpare yon seri maniskri Bib la, yo ka rive jwenn erè youn nan moun ki te konn rekopye Bib la te ka fè.

7. Ki prekosyon anpil moun ki te konn kopye Bib la te konn pran?

7 Moun ki t ap kopye maniskri Bib la te fè anpil efò pou yo fè l yon fason ki egzak. Ann pran yon egzanp ki montre sa. Yo te fè maniskri Liv ki te ekri ann ebre ki la pi lontan yo e ki konplè nan ane 1008 oswa 1009 epòk nou an. Yo rele l Kodèks Leningrad. Sepandan, sa pa gen lontan depi yo jwenn plizyè maniskri ak moso maniskri Bib la ki te ekri anviwon 1 000 an anvan Kodèks Leningrad la. Gen moun ki ka panse, apre yo te fin kopye epi rekopye maniskri sa yo sou yon peryòd 1 000 an, tèks ki nan Kodèks Leningrad la pa t ap menm ditou ak maniskri sa yo ki pi ansyen. Men se pa t sa ki te rive. Gen biblis ki konpare maniskri ki te la anvan yo ak sa ki te fèt annapre yo e yo wè, malgre kèk ti varyasyon ki gen nan fason yo ekri tèks la, mesaj ki nan Bib la pa chanje.

8. Ki diferans ki genyen ant kopi Liv ki te ekri an grèk yo ak kopi kèk ansyen lòt tèks?

8 Premye kretyen yo te konn kopye Liv ki te ekri ann ebre yo tou. Yo te pran anpil prekosyon lè yo t ap fè kopi 27 liv ki te ekri an grèk yo, e yo te itilize kopi sa yo nan reyinyon yo t ap fè ak nan travay predikasyon an. Men sa yon biblis fè konnen apre l te fin konpare maniskri Liv ki te ekri an grèk yo ki toujou la yo ak lòt liv moun te ekri nan menm epòk la: “An jeneral, gen plis [kopi Liv ki te ekri an grèk yo], [...] e yo konn pi konplè.” Men sa yon liv fè konnen: “Yon moun kapab gen konfyans sa nou li nan yon bon tradiksyon [Liv ki te ekri an grèk yo] yo fè nan epòk nou an gen menm mesaj ak sa moun nan tan lontan yo te ekri.” — Anatomy of the New Testament.

9. Selon Ezayi 40:8, ki sa ki sèten konsènan mesaj ki nan Bib la?

9 Pandan plizyè santèn ane, anpil moun ki t ap kopye Bib la te fè gwo efò pou yo kopye l yon fason ki egzak. Se sa k fè nou gen yon Bib ki egzak pou n li e pou n etidye jodi a c. Pa gen dout, se Jewova ki te asire l mesaj li voye pou lèzòm nan disponib pou nou jodi a e li egzak. (Li Ezayi 40:8.) Natirèlman, gen moun ki ka di se pa paske mesaj ki nan Bib la pa chanje ki fè l se pawòl Bondye. Donk annou wè kèk prèv ki montre Bib la se pawòl Bondye.

NOU KA FÈ PWOFESI KI NAN BIB LA KONFYANS

Agoch: C. Sappa/DeAgostini/Getty Images; adwat: Image © Homo Cosmicos/Shutterstock

Pwofesi ki nan Bib la te reyalize nan tan lontan e y ap reyalize kounye a. (Gade paragraf 10-11.) e

10. Bay egzanp yon pwofesi ki te reyalize ki montre sa nou li nan 2 Pyè 1:21 an se laverite. (Gade foto yo.)

10 Bib la gen anpil pwofesi ki reyalize. Gen kèk ladan yo ki te reyalize plizyè santèn ane apre yo te fin ekri yo. Listwa fè konnen pwofesi sa yo te vrèman reyalize. Sa pa fè n sezi paske nou konnen se Jewova ki fè ekri pwofesi ki nan Bib la. (Li 2 Pyè 1:21.) Reflechi sou pwofesi konsènan destriksyon ansyen vil Babilòn nan. Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, Jewova te fè pwofèt Ezayi anonse yo t ap pran gwo vil Babilòn nan. Li te menm di se yon moun ki rele Siris ki t ap pran vil la e l te esplike egzakteman ki jan sa t ap fèt (Eza. 44:27–45:2). Ezayi te anonse tou rive yon lè Babilòn t ap detwi e l t ap tounen yon kote yo abandone nèt (Eza. 13:19, 20). Se egzakteman sa k te rive. Babilòn te tonbe anba men moun peyi Medi ak moun peyi Pès yo nan ane 539 anvan epòk nou an, e zòn kote gwo vil sa a te ye a se yon pil dekonm jodi a. — Gade videyo ki gen tit Labib te fè konnen Babilòn ap tonbe nan vèsyon elektwonik liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan an, leson 3, pwen no 5.

11. Fè yon ti pale sou fason Dànyèl 2:41-43 ap reyalize jodi a.

11 Pwofesi ki nan Bib la pa t reyalize nan tan lontan sèlman, nou wè yon seri pwofesi k ap reyalize jodi a tou. Ann konsidere, pa egzanp, fason estrawòdinè pwofesi Dànyèl te bay anrapò ak Pisans mondyal anglo-ameriken an ap reyalize. (Li Dànyèl 2:41-43.) Pwofesi sa a te anonse aklè yon pati nan doub pisans mondyal sa a ‘t ap djanm’ tankou fè e ‘yon pati t ap fèb’ tankou ajil. Nou kapab wè se laverite. Grann Bretay ak Etazini te montre yo gen fòs tankou fè, yo te jwe yon wòl enpòtan pou pot laviktwa nan toule de gè mondyal yo e yo kontinye ap montre gwo pisans militè yo genyen. Sepandan, sitwayen peyi sa yo fè pisans yo genyen an vin fèb, paske yo gen tandans leve kanpe pou yo reklame dwa yo pa mwayen sendika, kanpay pou dwa moun ak manifestasyon. Men sa yon espè nan kesyon politik te fè konnen sa pa gen lontan: “Pami tout peyi nan monn nan ki gen demokrasi jounen jodi a, se Etazini ki gen plis divizyon nan kesyon politik.” E Grann Bretay, ki se lòt pati nan pisans mondyal sa a, divize anpil pandan dènye ane sa yo paske anpil moun nan peyi sa a pa fin dakò sou relasyon peyi yo a ta dwe genyen ak lòt peyi nan Inyon ewopeyen an. Divizyon sa yo fè l prèske enposib pou Pisans mondyal anglo-ameriken an ta aji jan l ta vle a.

12. Ki asirans pwofesi ki nan Bib la ban nou?

12 Tout pwofesi nan Bib la ki deja reyalize yo fè nou gen konfyans pwomès Bondye fè pou lavni yo ap reyalize. Nou santi nou menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te priye Jewova. Men sa l te di: “Se pa ti tann m ap tann ou delivre m, paske, se pawòl ou ki ban m espwa.” (Sòm 119:81). Nan Bib la, Jewova ban nou “yon avni ak yon espwa”, e li fè sa avèk lanmou (Jer. 29:11). Esperans nou genyen pou lavni an pa depann de efò lèzòm ap fè, men li depann de pwomès Jewova fè yo. Ann kontinye chèche gen plis konfyans nan Pawòl Bondye a lè n byen egzamine pwofesi ki nan Bib la.

KONSÈY BIB LA BAY EDE PLIZYÈ MILYON MOUN

13. Selon Sòm 119:66, 138, ki lòt prèv ki montre nou kapab fè Bib la konfyans?

13 Yon lòt prèv ki montre nou ka fè Bib la konfyans, se lè nou egzamine bon rezilta moun ki suiv konsèy ki ladan l yo jwenn. (Li Sòm 119:66, 138.) Pa egzanp, gen mari ak madanm ki te prèske divòse e kounye a k ap viv ak kè kontan. Pitit yo kontan leve nan yon fanmi kretyen kote paran yo ap pran swen yo e yo renmen yo. — Efe. 5:22-29.

14. Bay yon egzanp ki montre lè moun yo aplike verite ki nan Bib la sa fè yo vin pi bon moun.

14 Menm kriminèl ki danjere vin chanje lè yo aplike konsèy ki nan Bib la ki gen sajès. Ann wè ki jan konsèy ki nan Bib la te ede yon prizonye ki te rele Jack d. Jack te yon kriminèl ki vyolan, li te youn nan prizonye ki te pi danjere pami tout prizonye yo te kondane amò yo. Men yon jou Jack te asiste yon etid Labib. Lefètke l te wè frè yo ki t ap fè etid la te janti sa te touche l anpil e li te aksepte etidye Labib tou. Piske l te aplike prensip ki nan Bib la nan lavi l, li te vin aji pi byen e l te vin yon pi bon moun. Rive yon lè, Jack te kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize e annapre li te batize. Li te kontan pale ak lòt prizonye yo konsènan Wayòm Bondye a e l te ede omwen kat nan yo aprann laverite. Lè jou a te rive pou yo te egzekite Jack, li pa t menm moun nan ankò. Youn nan avoka l yo te di: “Jack pa menm moun mwen te konnen sa gen 20 an an. Ansèyman Temwen Jewova yo chanje lavi l.” Menm lè yo te egzekite Jack, egzanp li montre aklè nou kapab fè Pawòl Bondye a konfyans e li gen pouvwa pou l chanje moun pou yo vin pi bon moun. — Eza. 11:6-9.

Konsèy ki nan Bib la amelyore lavi tout kalite moun. (Gade paragraf 15.) f

15. Ki jan lè sèvitè Jewova yo aplike verite ki nan Bib la jodi a, sa fè yo pa aji menm jan ak tout moun? (Gade foto a.)

15 Lefètke pèp Jewova a viv ann amoni ak verite ki nan Bib la, sa fè yo gen tèt ansanm (Jan 13:35; 1 Kor. 1:10). Lapè ak tèt ansanm ki gen pami nou an parèt aklè paske pifò moun jodi a divize nan kesyon politik, nan kesyon ras ak nan domèn sosyal. Tèt ansanm ki gen nan mitan Temwen Jewova yo te vrèman touche kè yon jèn gason ki rele Jean. Li te grandi nan yon peyi ann Afrik. Lè te vin gen gè sivil, li te rantre nan lame, men annapre li te sove al nan yon lòt peyi ki toupre. Pandan l la, li te pran kontak ak Temwen Jewova yo. Men sa Jean di: “Mwen te aprann moun ki nan vrè relijyon an pa mele nan politik e yo pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn renmen lòt.” Men sa l di ankò: “Mwen te vwe lavi m pou m defann yon peyi. Men, lè m te vin aprann verite ki nan Bib la, sa te pouse m vwe Jewova lavi m.” Jean chanje nèt. Olye l goumen ak moun lòt peyi oswa ki pa sot nan menm gwoup avè l, kounye a l ap pataje verite ki nan Bib la ki fè nou ini an ak tout moun li rankontre. Lefètke konsèy ki nan Bib la bay bon rezilta konsa pou tout kalite moun se yon prèv klè ki montre nou kapab fè Pawòl Bondye a konfyans.

KONTINYE FÈ VERITE KI NAN PAWÒL BONDYE A KONFYANS

16. Poukisa l enpòtan pou n chèche gen plis konfyans nan Pawòl Bondye a?

16 Lefètke sitiyasyon monn nan ap vin pi mal, l ap vin pi difisil pou n fè Pawòl Bondye a konfyans. Gen moun ki ka ap eseye fè nou gen dout Bib la se laverite oswa yo ka eseye fè nou gen dout Jewova met esklav fidèl ki prevwayan an pou gide moun k ap adore l yo jodi a. Men, si nou gen konviksyon Pawòl Jewova a toujou di laverite, n ap kapab reziste devan atak sa yo yo fè sou lafwa nou. N ap ‘detèmine pou n toujou obeyi lwa Jewova yo jiskaske n mouri’. (Sòm 119:112.) Nou “pap wont” pale ak lòt moun konsènan laverite e n pap wont ankouraje yo pou yo aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi yo (Sòm 119:46). Epitou, n ap rive andire sitiyasyon ki pi difisil yo, e menm pèsekisyon, avèk “pasyans ak kè kontan”. — Kol. 1:11; Sòm 119:143, 157.

17. Ki sa tèks pou ane a ap fè n sonje?

17 Nou gen Jewova anpil rekonesans lefètke li pèmèt nou konnen laverite! Verite sa a ede n santi n kalm, e l montre n aklè fason pou n viv nan yon monn k ap vin pi mal chak jou e ki tèt anba. Laverite ban nou espwa n ap gen yon pi bèl avni anba dominasyon Wayòm Bondye a. Nou swete pou tèks pou ane 2023 a ede n kontinye gen bonjan konviksyon se tout Pawòl Bondye a nèt ki laverite! — Sòm 119:160.

KANTIK 94 Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

a Tèks yo chwazi pou ane 2023 a ap fè lafwa nou vin djanm. Men sa l di: “Se tout pawòl ou nèt ki laverite.” (Sòm 119:160). Sandout ou dakò ak deklarasyon sa a. Men, anpil moun pa kwè Bib la se laverite e nou kapab jwenn bon konsèy ladan l. Nan atik sa a, nou pral wè twa prèv nou ka itilize pou n konvenk moun ki sensè yo yo ka fè Bib la ak konsèy ki ladan l yo konfyans.

b Mo maniskri a vle di yon dokiman yo ekri alamen.

c Pou n jwenn plis enfòmasyon ki montre Bib la pa chanje, al sou jw.org epi tape “Listwa ak Labib” nan ti kare pou fè rechèch la.

d Gen kèk non yo chanje.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Bondye te anonse vil Babilòn, yon vil ki te gen anpil glwa, t ap gen pou l detwi.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Jan nou wè sa nan foto a ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon, yon jèn gason ap aprann nan Bib la fason pou l viv anpè olye l goumen ak lòt moun, e l ap ede lòt moun pou yo fè menm jan an.