Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa”

“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa”

“Lanmou Kris la genyen an oblije nou fè sa [...], yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò.” — 2 KOR. 5:14, 15.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. a) Ki jan n ka santi n lè n ap reflechi sou lavi Jezi ak sèvis li? b) Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?

 LÈ N gen yon moun pa nou ki mouri, nou sonje moun sa a anpil! Okòmansman nou ka santi jan sa fè n mal lè n sonje sa k te pase plizyè jou anvan moun nan mouri, sitou si moun sa a nou renmen an te soufri anvan l mouri. Sepandan, rive yon lè, nou ka kòmanse gen kè kontan ankò lè n ap reflechi sou yon bagay moun sa a te aprann nou, oubyen yon bagay li te fè oswa l te di ki te ankouraje n oswa ki te fè n souri.

2 Menm jan an tou, sa fè n tris lè n li sa Bib la di konsènan soufrans ak lanmò Jezi. Nan epòk Memoryal la, nou sitou pran tan pou n reflechi sou sans sakrifis ranson Jezi te bay la (1 Kor. 11:24, 25). Sepandan, nou jwenn anpil kè kontan lè n reflechi sou tout sa Jezi te di ak tout sa l te fè lè l te sou tè a. Sa ankouraje n tou lè n panse ak sa l ap fè kounye a ak sa l pral fè pou nou alavni. Lè n medite sou bagay sa yo ak sou lanmou li gen pou nou, sa ka pouse n montre rekonesans plizyè fason, jan n pral wè sa nan atik sa a.

REKONESANS FÈ N DISPOZE SUIV JEZI

3. Ki rezon nou genyen pou n gen rekonesans pou ranson an?

3 Lè n reflechi sou lavi Jezi ak lanmò l, sa fè n santi n gen rekonesans. Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te anseye moun yo konsènan benediksyon Wayòm Bondye a pral pote. Nou gen anpil rekonesans pou verite sa yo konsènan Wayòm nan. Nou gen rekonesans pou ranson an paske l pèmèt nou gen yon bon relasyon ak Jewova ak Jezi. Moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi gen espwa pou yo viv pou toutan e pou yo wè moun yo te renmen ki mouri yo ankò (Jan 5:28, 29; Wom. 6:23). Nou pa fè anyen pou n merite benediksyon sa yo, ni nou pap janm ka remèt Bondye ak Kris sa yo fè pou nou (Wom. 5:8, 20, 21). Men, nou ka montre yo jan n gen anpil rekonesans. Ki jan n ka fè sa?

Ki jan lè w medite sou egzanp Mari, moun Magdala, sa pouse w montre ou gen rekonesans? (Gade paragraf 4-5.)

4. Ki jan Mari, moun Magdala, te montre l gen rekonesans pou sa Jezi te fè pou li? (Gade foto a.)

4 Ann pran egzanp yon dam juif ki te rele Mari, moun Magdala. Li t ap soufri anpil paske te gen sèt demon ki t ap toumante l. Li dwe te panse pa gen moun ki te ka ede l. Donk, imajine jan l te gen anpil rekonesans lè Jezi te fè demon yo sot sou li! Rekonesans li te genyen te pouse l vin disip Jezi e l te itilize tan l, fòs li ak sa l te posede pou l te ede Jezi nan sèvis li (Lik 8:1-3). Byenke Mari te gen anpil rekonesans pou sa Jezi te fè pou li a, petèt li pa t konnen Jezi t ap gen pou l fè plis bagay pou li toujou alavni. Jezi t ap bay lavi l pou limanite, “dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li” ka gen lavi ki pap janm fini an (Jan 3:16). Aktout sa, Mari te montre l gen rekonesans pou Jezi lè l te montre l fidèl. Pandan Jezi t ap soufri sou poto a, Mari te kanpe toupre, sa te ankouraje Jezi e sa te konsole lòt moun ki te la yo (Jan 19:25). Apre Jezi fin mouri, Mari ak de lòt medam te pote pwodui santi bon nan tonm nan pou antèman Jezi (Mak 16:1, 2). Jewova te bay Mari yon gwo rekonpans paske l te montre l fidèl. Mari te kontan rankontre Jezi apre Jezi fin resisite e l te kontan pale avè l, yon privilèj pifò nan disip yo pa t genyen. — Jan 20:11-18.

5. Ki jan n ka montre n gen rekonesans pou tout sa Jewova ak Jezi fè pou nou?

5 Nou menm tou nou ka montre n gen rekonesans pou tout sa Jewova ak Jezi fè pou nou lè n sèvi ak tan nou, fòs nou ak lajan n genyen pou n ede nan travay Wayòm nan. Pa egzanp, nou ka mete nou disponib pou n ede lè y ap konstwi lokal nou itilize nan vrè adorasyon an e pou n pran swen lokal sa yo.

LANMOU N GEN POU JEWOVA AK JEZI POUSE N RENMEN LÒT MOUN

6. Poukisa nou ka di ranson an se yon kado Bondye fè nou chak?

6 Lè n reflechi sou jan Jewova ak Jezi renmen nou sa pouse n pou n renmen yo tou (1 Jan 4:10, 19). Nou vin renmen yo plis toujou lè n konprann Jezi te mouri pou nou pèsonèlman. Apot Pòl te konprann sa, e nan lèt li te ekri kretyen galat yo, li te montre rekonesans li genyen. Men sa l te di: “Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” ​(Gal. 2:20). Grasa ranson an, Jewova rale w vin jwenn li pou w ka vin zanmi l (Jan 6:44). Èske sa pa touche kè w lè w konnen Jewova wè yon bon bagay lakay ou e li peye pri ki pi chè a pou w kapab vin zanmi l? Èske sa pa fè w renmen Jewova ak Jezi pi plis? Li ta bon pou nou tout mande tèt nou: ‘Ki sa lanmou sa a m gen pou Jewova ak Jezi ap pouse m fè?’

Lanmou nou gen pou Bondye ak Kris pouse n pataje mesaj Wayòm nan ak tout kalite moun. (Gade paragraf 7.)

7. Jan n wè nan foto a, ki jan nou tout ka montre nou renmen Jewova ak Jezi? (2 Korentyen 5:14, 15; 6:1, 2).

7 Lanmou nou gen pou Bondye ak Kris pouse n montre nou renmen lòt moun. (Li 2 Korentyen 5:14, 15; 6:1, 2.) Youn nan fason nou ka montre nou renmen lòt moun se lè nou chofe nan travay predikasyon an. Nou pale ak chak moun nou rankontre. Nou pa gen prejije kont yon moun akoz ras li, tribi kote l soti, sitiyasyon ekonomik li oswa ran sosyal li. Konsa, nou aji ann amoni ak objektif Jewova “ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. — 1 Tim. 2:4.

8. Ki jan nou ka montre nou renmen frè n ak sè n yo?

8 Nou montre tou nou renmen Bondye ak Kris lè nou montre nou renmen frè n ak sè n yo (1 Jan 4:21). Nou montre nou gen sousi pou yo e n ede yo lè yo nan eprèv. Nou konsole yo lè yo gen yon moun pa yo ki mouri, nou al wè yo lè yo malad, nou fè tout sa n kapab pou nou ankouraje yo lè yo dekouraje (2 Kor. 1:3-7; 1 Tes. 5:11, 14). Nou kontinye priye pou yo, paske nou konnen “lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas”. — Jak 5:16.

9. Bay yon lòt fason nou ka montre nou renmen frè n ak sè n yo.

9 Nou montre nou renmen frè n ak sè n yo tou lè nou fè efò pou n ret anpè ak yo. Nou fè efò pou n imite fason Jewova padone. Si Jewova te dispoze kite Pitit Gason l lan mouri pou peche nou, èske n pa ta dwe dispoze padone frè n ak sè n yo lè yo peche kont nou? Nou pa ta renmen vin menm jan ak esklav mechan ki nan youn nan parabòl Jezi te bay yo. Menm apre mèt esklav sa a te fin anile yon gwo dèt li te genyen, esklav la pa t padone yon esklav parèy li ki te gen yon ti dèt pou li (Mat. 18:23-35). Si w gen yon pwoblèm ak yon moun nan kongregasyon an, èske w pa ta ka pran devan pou w fè lapè avè l anvan w asiste Memoryal la (Mat. 5:23, 24)? Si w fè sa w ap montre w gen yon gwo lanmou pou Jewova ak Jezi.

10-11. Ki jan ansyen yo ka montre yo renmen Jewova ak Jezi? (1 Pyè 5:1, 2).

10 Ki jan ansyen yo ka montre yo renmen Jewova ak Jezi? Yon bon fason yo ka fè sa se lè yo pran swen mouton Jezi yo. (Li 1 Pyè 5:1, 2.) Jezi te fè apot Pyè konn sa byen klè. Apre Pyè te fin renye Jezi twa fwa, li pa t konn sa l ta fè pou l montre Jezi li renmen l. Apre rezirèksyon Jezi, li te mande Pyè: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Nou sèten Pyè t ap fè tout sa l kapab pou l montre li renmen Mèt li a. Men sa Jezi te di Pyè: “Pran swen ti mouton m yo.” ​(Jan 21:15-17). E Pyè te byen pran swen mouton Seyè a pandan tout rès vi l, sa ki te montre li te renmen Jezi.

11 Nou menm ansyen, nan epòk Memoryal la, ki jan n ka montre pawòl Jezi te di Pyè a gen enpòtans pou nou? Nou ka montre jis nan ki pwen nou renmen Jewova ak Jezi lè n pran tan regilyèman pou n ankouraje frè n ak sè n yo e lè n fè plis efò toujou pou n ede moun ki inaktif yo pou yo retounen vin jwenn Jewova (Eze. 34:11, 12). Nou ka montre tou nou gen sousi pou etidyan Labib yo ak moun ki enterese ki asiste Memoryal la lè nou fè tout sa n kapab pou n byen akeyi moun sa yo ki ka vin disip Jezi pi devan.

LANMOU NOU GEN POU KRIS FÈ NOU GEN KOURAJ

12. Poukisa lè nou reflechi sou pawòl Jezi te di nan nuit anvan li te mouri a sa ban nou kouraj? (Jan 16:32, 33).

12 Nan nuit anvan Jezi te mouri a, men sa l te di disip li yo: “N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan.” ​(Li Jan 16:32, 33.) Ki sa k te ede Jezi montre l gen kouraj devan ènmi l yo epi rete fidèl jiskaske l mouri? Li te konte sou Jewova. Jezi te konnen disip li yo t ap jwenn eprèv menm jan an, se sa k fè li te mande Jewova pou l voye je sou yo (Jan 17:11). Poukisa sa ban nou kouraj? Paske Jewova gen plis fòs pase nenpòt nan ènmi nou yo (1 Jan 4:4). Jewova wè tout bagay. Nou sèten si nou konte sou li, nou kapab konbat laperèz nou genyen e n ap montre nou gen kouraj.

13. Ki jan Jozèf, moun Arimate, te montre l gen kouraj?

13 Ann pran egzanp Jozèf, moun Arimate. Li te yon moun Juif yo te respekte anpil. Li te yon manm Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo. Sepandan, pandan Jezi t ap fè sèvis li sou tè a, Jozèf pa t montre l gen kouraj. Jan te di li te “yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”. (Jan 19:38.) Aktout Jozèf te enterese nan mesaj Wayòm nan, li pa t kite lòt moun konnen li gen lafwa nan Jezi. Pa gen dout li te pè pou moun pa t respekte l ankò si yo ta vin konnen li se yon disip Jezi. Men, kèlkeswa rezon an, Bib la fè nou konnen apre lanmò Jezi, finalman Jozèf te “met kouraj sou li, l al devan Pilat, li mande l kò Jezi”. (Mak 15:42, 43.) Kounye a, tout moun te ka wè aklè Jozèf te yon disip Jezi.

14. Ki sa w ta dwe fè si w santi w pè moun?

14 Èske sa konn rive ou pè moun menm jan sa te rive Jozèf? Nan lekòl ou oswa nan travay ou èske pafwa ou konn santi w jennen pou w fè konnen ou se Temwen Jewova? Èske w renka pou w vin yon pwoklamatè oswa pou w batize paske w pè sa lòt moun ta ka panse? Pa kite sa anpeche w fè sa w konnen ki dwat. Priye Jewova ak tout kè w. Mande l pou l ba w kouraj pou w fè volonte l. Lè w wè jan Jewova reponn priyè w, w ap vin pi djanm e w ap vin gen plis kouraj. — Eza. 41:10, 13.

KÈ KONTAN NOU GENYEN POUSE N KONTINYE SÈVI JEWOVA

15. Apre Jezi te fin parèt devan disip li yo, ki sa kè kontan yo te genyen an te pouse yo fè? (Lik 24:52, 53).

15 Disip Jezi yo te tris anpil lè Jezi te mouri. Eseye mete w nan plas yo. Nonsèlman yo te pèdi zanmi yo te renmen anpil la, men tou, yo te santi yo te pèdi espwa yo te genyen an (Lik 24:17-21). Sepandan, lè Jezi te parèt devan yo, li te pase tan ak yo pou l te ede yo konprann jan pwofesi ki nan Bib la te reyalize sou li. Epitou, li te ba yo yon travay enpòtan pou yo fè (Lik 24:26, 27, 45-48). Anvan Jezi te monte nan syèl la 40 jou annapre, disip yo pa t tris ankò, yo te gen anpil kè kontan. Yo te kontan anpil paske yo te konnen Mèt yo a te vivan e li t ap ede yo pou yo fè travay li te ba yo fè a. Kè kontan yo te genyen an te pouse yo kontinye fè louwanj pou Jewova. — Li Lik 24:52, 53; Tra. 5:42.

16. Ki jan n ka imite disip Jezi yo?

16 Ki jan n ka imite disip Jezi yo? Nou ka gen kè kontan pandan n ap adore Jewova nonsèlman nan epòk Memoryal la, men tou pandan tout ane a. Sa mande pou nou mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi nou. Pa egzanp, anpil frè ak sè fè chanjman nan lè yo travay pou yo ka patisipe plis nan travay predikasyon an, asiste reyinyon yo epi fè adorasyon an fanmi regilyèman. Gen kèk ki menm deside pa posede yon seri bagay lòt moun konsidere ki nesesè pou yo ka fè plis nan kongregasyon an oswa pou yo ka sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Byenke nou bezwen gen andirans pou n kontinye sèvi Jewova, Jewova pwomèt l ap beni nou anpil si n met enterè Wayòm nan an premye nan lavi n. — Pwo. 10:22; Mat. 6:32, 33.

Nan epòk Memoryal la, pran tan pou w medite sou sa Jewova ak Jezi fè pou ou pèsonèlman. (Gade paragraf 17.)

17. Ki sa w detèmine pou w fè nan epòk Memoryal la? (Gade foto a.)

17 Nou pa ka tann pou n asiste Memoryal la madi 4 avril. Sepandan, pa tann se lè dat sa a rive pou w ap reflechi sou lavi Jezi ak lanmò l e sou lanmou li menm ak Jewova montre yo gen pou nou. Chèche fè sa pandan tout epòk Memoryal la. Pa egzanp, pran yon ti tan pou w li e pou w medite sou evènman yo rapòte nan tablo ki gen tit “Dènye semèn Jezi sou tè a anvan l mouri” ki nan Apendis B12 nan Tradiksyon monn nouvo a. Pandan w ap fè sa, chèche vèsè nan Bib la ki ka ede w gen plis rekonesans, plis lanmou, plis kouraj ak plis kè kontan. Apre sa, chèche wè kèk fason w ka montre w gen rekonesans ak tout kè w. Ou kapab sèten Jezi ap bay tout efò w fè pou w sonje l nan epòk Memoryal la anpil valè. — Rev. 2:19.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

a Nan epòk Memoryal la, nou bezwen reflechi sou lavi Jezi ak lanmò l e sou lanmou li menm ak Papa l montre yo gen pou nou. Lè nou fè sa, sa ka pouse n aji. Nan atik sa a, nou pral pale sou fason nou ka montre nou gen rekonesans pou ranson an ak fason nou ka montre nou gen lanmou pou Jewova ak Jezi. Nou pral wè tou fason nou ka montre nou renmen frè n ak sè n yo, fason n ka montre n gen kouraj ak fason nou ka gen kè kontan nan sèvis nou.