Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

Sa Labib aprann nou sou Sila a ki te fè ekri l la

Sa Labib aprann nou sou Sila a ki te fè ekri l la

“Ekri tout pawòl mwen di w yo nan yon liv.” — JER. 30:2.

KANTIK 96 Liv Bondye a se yon trezò

SA NOU PRAL WÈ a

1. Sa k fè w gen rekonesans pou Bib la?

 NOU gen Jewova Dye anpil rekonesans pou Bib la li ban nou! Jewova ban nou bonjan konsèy nan Bib la ki ede n konn sa pou n fè lè n jwenn pwoblèm jodi a. Li ban nou yon bèl espwa pou lavni tou. Sa k pi enpòtan an, Jewova sèvi ak Bib la pou l fè nou konnen plizyè aspè nan pèsonalite l. Lè n medite sou bèl kalite li genyen yo, sa touche kè n anpil e sa pouse n pwoche bò kote Bondye nou an pou n vin bon zanmi l. — Sòm 25:14.

2. Bay divès fason Jewova fè lèzòm konn kiyès li ye.

2 Jewova vle moun konnen l. Nan tan lontan, li te fè moun konnen kiyès li ye pa mwayen rèv, pa mwayen vizyon, e menm pa mwayen zanj (Nonb 12:6; Tra. 10:3, 4). Nou pa t ap ka etidye rèv sa yo, vizyon sa yo oswa mesaj sa yo zanj yo te bay si Bondye pa t fè ekri yo. Se poutèt sa Jewova te fè yon seri mesye “ekri” sa l te vle nou konnen yo “nan yon liv”. (Jer. 30:2.) Piske “chemen vrè Dye a bon nèt”, nou kapab gen asirans fason sa a Bondye itilize pou l pale avèk nou an bon anpil e li ede nou. — Sòm 18:30.

3. Ki sa Jewova te fè pou n te ka jwenn Bib la jodi a? (Ezayi 40:8).

3 Li Ezayi 40:8. Depi plizyè milye ane, Pawòl Bondye a ap bay gason ak fi ki fidèl yo bonjan direksyon. Kòman sa fè posib? Dayè, sa gen lontan depi yo te ekri Pawòl Bondye a sou materyèl ki ka depafini, se sa k fè pa gen youn nan premye dokiman yo ki la jodi a. Men, Jewova te veye pou gen plizyè kopi tèks sakre a ki te fèt. Menm lè moun ki t ap kopye l yo te enpafè, yo te pran anpil prekosyon. Pa egzanp, men sa yon biblis te ekri konsènan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Nou ka di avèk asirans pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak yon mesaj ki egzak konsa.” Donk, menm lè yo te ekri Bib la depi byen lontan sou materyèl ki ka depafini e moun ki te kopye l yo te enpafè, nou ka sèten pawòl nou li nan Bib la jodi a transmèt panse Sila a ki te fè ekri l la, anpalan de Jewova.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Se Jewova ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Bib la se youn nan pi bèl kado Jewova ban nou. Lè yon moun ban n yon kado, kado sa a montre si moun nan byen konnen nou e si l konn sa nou bezwen. Se menm bagay la tou pou Sila a ki ban nou Bib la. Lè n egzamine kado sa a, nou aprann anpil bagay sou Jewova. Nou aprann jan l byen konnen nou e jan l konnen sa nou bezwen. Nan atik sa a, nou pral wè sa Bib la aprann nou sou twa nan kalite Jewova genyen: sajès li, jistis li ak lanmou l. Toudabò, annou egzamine fason Bib la montre Bondye gen sajès.

BIB LA MONTRE SAJÈS BONDYE GENYEN

5. Bay youn nan fason Bib la montre sajès Bondye genyen.

5 Jewova konnen nou bezwen konsèy saj li bay yo. E Bib la se yon kado li ban nou ki gen anpil sajès ladan l. Konsèy ki nan Bib la gen bon efè sou moun. Labib chanje lavi moun. Lè Moyiz te ekri premye pati nan Bib la, men sa li te di Izrayelit yo, pèp Bondye a: “Pawòl sa a se pa pawòl ki pa gen enpòtans pou nou, paske lavi nou depann de li.” ​(Det. 32:47). Moun ki te obeyi Ekriti yo te rive gen kè kontan nan lavi yo (Sòm 1:2, 3). Menmsi sa gen lontan depi yo te ekri Pawòl Bondye a li toujou gen pouvwa pou l amelyore lavi moun. Pa egzanp, sou sit jw.org la, nan ribrik “Labib chanje lavi moun” w ap jwenn plizyè istwa ki montre jan Bib la ap “travay” avèk fòs “nan [moun] ki kwayan” yo jodi a. — 1 Tes. 2:13.

6. Poukisa n ka di Bib la pa menm ak okenn lòt liv?

6 Pa gen okenn lòt liv ki menm jan ak Pawòl Bondye a. Sa k fè sa? Paske Jewova Dye, li menm ki fè ekri liv sa a, li toupisan, li etènèl e li gen yon sajès san parèy. Gen anpil lòt liv moun kontinye li alòske moun ki te ekri liv sa yo mouri, epi, rive yon lè, konsèy ki nan liv sa yo konn pa itil ankò. Sepandan, prensip ki chaje ak sajès nou jwenn nan Bib la toujou bay bon rezilta, yo toujou ede tout kalite moun kèlkeswa epòk y ap viv la. Lè nou li liv sakre sa a e n medite sou sa n aprann, Sila a ki fè ekri l la sèvi ak lespri sen l ki gen pisans pou ede n wè fason n ka aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi n (Sòm 119:27; Mal. 3:16; Ebre 4:12). Vrèmanvre, Sila a ki fè ekri Bib la vivan, e se pa ti anvi li anvi ede w! Sa ta dwe pouse n li Bib la regilyèman.

Ki jan Bib la te fè pèp Jewova a gen tèt ansanm nan tan lontan, e ki jan l fè sa jodi a tou? (Gade paragraf 7-8.)

7. Ki jan Bib la te ede pèp Bondye a gen tèt ansanm nan tan lontan?

7 Yon lòt bagay ki montre Bib la gen sajès Bondye ladan l, se lefètke l ede pèp Bondye a gen tèt ansanm nan mitan yo. Lè Izrayelit yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, yo t ap viv plizyè kote nan peyi a. Gen nan yo ki te pechè pwason, genyen ki te konn gade bèt e gen lòt ki te konn fè jaden. Li te ka fasil pou Izrayelit ki t ap viv nan yon zòn rive bliye Izrayelit ki t ap viv lòt kote nan peyi a. Men, Jewova te pran dispozisyon pou Izrayelit yo reyini ansanm nan plizyè okazyon pou yo te tande Pawòl li te fè ekri a e pou yo te tande lè yo t ap esplike l (Det. 31:10-13; Ney. 8:2, 8, 18). Imajine jan yon Izrayelit ki te fidèl dwe te santi l lè l te rive Jerizalèm e l te wè petèt plizyè milyon lòt adoratè ki te sot toupatou nan peyi a! Konsa, Jewova te ede pèp li a kontinye gen tèt ansanm. Annapre, lè kongregasyon kretyen an te vin fòme, gason ak fi ki te gen ladan l yo te pale divès lang, yo te soti nan divès kouch sosyal e yo pa t gen menm mwayen ekonomik. Men, lefètke yo te renmen Ekriti yo, yo te gen tèt ansanm nan adorasyon yo t ap bay vrè Dye a. Moun ki te vin kwayan yo pa t ap ka konprann Pawòl Bondye a si kwayan parèy yo pa t ede yo e si yo pa t reyini ansanm avèk yo. — Tra. 2:42; 8:30, 31.

8. Ki jan Bib la fè pèp Jewova a gen tèt ansanm jodi a?

8 Bondye nou an ki gen sajès kontinye anseye pèp li a e li kontinye fè yo gen tèt ansanm pa mwayen Bib la. Se nan Bib la n ap jwenn tout sa n bezwen konnen sou Jewova. Nou reyini ansanm regilyèman nan kongregasyon nou, nan asanble yo ak nan kongrè yo pou n tande lekti y ap fè nan Bib la ak esplikasyon y ap bay sou li. Donk, Bib la jwe yon gwo wòl nan objektif Jewova genyen pou moun k ap adore l yo “sèvi [l] kòtakòt”. — Sof. 3:9.

9. Ki kalite nou bezwen genyen pou n ka konprann mesaj ki nan Bib la? (Lik 10:21).

9 Ann wè yon lòt prèv ki montre Jewova gen sajès. Jewova te fè ekri plizyè pati nan Bib la yon fason pou moun ki gen imilite yo sèlman ka konprann yo. (Li Lik 10:21.) Moun tout kote li Bib la. Jan yon biblis te fè konn sa, Bib la “se liv moun plis li, men tou, se liv moun plis li avèk anpil atansyon”. Men, se moun ki gen imilite yo sèlman ki vrèman konprann sa k nan Bib la e ki fè sa l di. — 2 Kor. 3:15, 16.

10. Bay yon lòt fason Bib la montre sajès Jewova genyen.

10 Bib la ede n wè sajès Jewova genyen yon lòt fason ankò. Jewova itilize Bib la nonsèlman pou l anseye nou tout, men tou, pou l anseye nou chak e pou l ankouraje nou. Nou tout ka wè jan Jewova gen sousi pou nou pèsonèlman lè n li Pawòl li a (Eza. 30:21). Lè w gen yon pwoblèm, èske sa pa konn rive w ou li Bib la epi w tonbe sou yon vèsè ou santi se pou ou menm menm yo te ekri l? Epoutan, plizyè milyon moun enterese nan Bib la. Ki jan Bib la fè gen enfòmasyon ki toujou itil jodi a ki se egzakteman sa w bezwen? Sa rive fèt paske se Sila a ki gen plis sajès nan linivè a ki te fè ekri Bib la. — 2 Tim. 3:16, 17.

BIB LA MONTRE JISTIS BONDYE GENYEN

11. Ki jan Bondye te montre l pa gen patipri lè l t ap fè ekri Bib la?

11 Jistis se yon lòt kalite Jewova genyen (Det. 32:4). Yon moun ki gen jistis se yon moun ki pa gen patipri, e Jewova pa gen patipri (Tra. 10:34, 35; Wom. 2:11). Nou ka wè Bondye pa gen patipri lefètke yo te ekri Bib la nan lang anpil moun te pale nan epòk yo t ap ekri l la. Se sitou ann ebre, yon lang pèp Bondye a te ka konprann byen fasil nan epòk la, yo te ekri 39 premye liv nan Bib la. Sepandan, rive nan premye syèk epòk nou an, grèk se lang moun te plis itilize, se sa k fè se sitou nan lang sa a yo te ekri 27 dènye liv nan Bib la. Jewova pa t egzije pou yo ekri Pawòl li a nan yon sèl lang. Jodi a, prèske uit milya moun k ap viv sou tè a pale divès lang. Ki jan tout moun sa yo ka aprann konnen Jewova?

12. Bay youn nan fason Dànyèl 12:4 reyalize nan dènye jou sa yo.

12 Pa mwayen pwofèt Dànyèl, Jewova te pwomèt “vrè konesans” nou jwenn nan Bib la t ap “vin anpil” nan tan lafen an. Anpil moun t ap rive konprann Bib la. (Li Dànyèl 12:4.) Youn nan bagay ki fè vrè konesans lan vin anpil se lefètke yo tradui Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, yo enprime yo e yo distribye yo toupatou sou tè a. Bib la se liv yo plis tradui e yo plis distribye nan monn nan. Pafwa, tradiksyon Labib konpayi yo fè pou vann yo konn chè anpil. Pèp Jewova a rive tradui tout Pawòl Bondye a oswa yon pati ladan l nan plis pase 240 lang, e nenpòt moun ka jwenn youn gratis. Se sa k fè moun nan tout nasyon ap aprann “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan” anvan lafen an vini (Mat. 24:14). Bondye nou an ki gen jistis vle bay plis moun posiblite pou yo konnen l lè yo li Pawòl li a. Li fè sa paske li renmen nou tout anpil.

BIB LA MONTRE LANMOU BONDYE GENYEN

13. Poukisa n ka di Bib la montre lanmou Jewova genyen? (Jan 21:25).

13 Bib la ede n konprann kalite ki pi estrawòdinè Sila a ki te fè ekri l la genyen an se lanmou (1 Jan 4:8). Ann reflechi sou sa Jewova te met nan Bib la ak sa l pa t met ladan l. Nan Bib la, Li ban nou sa n bezwen pou n ka vin pwòch avè l, pou n ka gen kè kontan nan lavi n kounye a, e pou n ka gen lavi ki pap janm fini an. Sepandan, lefètke Jewova renmen nou, li pa ban nou plis enfòmasyon pase sa n bezwen. — Li Jan 21:25.

14. Bay yon lòt fason lanmou Bondye parèt aklè nan Bib la.

14 Epitou, Jewova montre li renmen nou lefètke l pale avè n yon fason ki montre li ban nou valè. Nan Bib la, Jewova pa ban n yon pakèt règ men longè pou l fè n konn egzakteman sa pou n fè ak sa pou n pa fè nan chak sitiyasyon nan lavi n. Okontrè, li sèvi ak sa k te pase nan lavi yon seri moun, li sèvi ak pwofesi e li ban nou bonjan konsèy pou ede n pran bon desizyon. Se fason sa yo Pawòl Bondye a ankouraje n pou n renmen Bondye e pou n obeyi l ak tout kè n.

Poukisa n bezwen medite sou fason Jewova te aji ak sèvitè l yo nan tan lontan? (Gade paragraf 15.)

15. a) Ki jan Jewova montre li gen sousi pou moun k ap li Pawòl li a? b) Nan foto a, sou ki moun yo pale de yo nan Bib la tifi a, jèn frè a, ak sè ki granmoun nan ap medite? (Jen. 39:1, 10-12; 2 Wa 5:1-3; Lik 2:25-38).

15 Bib la montre Jewova gen anpil sousi pou nou. Ki jan l fè sa? Pawòl Bondye a chaje ak istwa ki montre jan moun konn santi yo. Nou ka konprann jan moun yo pale de yo nan Bib la te konn santi yo, paske yo te “menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Sa k pi enpòtan an, lè n wè jan Jewova te aji ak moun menm jan avè n, n ap vin pi byen konprann jan “Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd”. — Jak 5:11.

16. Ki sa nou aprann sou Jewova nan Bib la lè n li istwa yon seri moun ki te fè erè? (Ezayi 55:7).

16 Gen yon lòt fason Bib la montre Jewova renmen nou. Ekriti yo ban nou asirans Bondye nou an pap abandone nou lè n fè erè. Se pa ni de ni twa fwa Izrayelit yo te peche kont Jewova, epoutan, lè yo te repanti toutbon, li te padone yo. (Li Ezayi 55:7.) Kretyen yo nan premye syèk la te konnen Bondye renmen yo tou. Bondye te pouse apot Pòl ankouraje kretyen parèy li pou yo “padone” yon mesye ki te fè yon peche grav, men ki te repanti, e pou yo “konsole l”. (2 Kor. 2:6, 7; 1 Kor. 5:1-5.) Sa vrèman enteresan lefètke Jewova pa abandone adoratè l yo jis paske yo fè erè! Okontrè, avèk lanmou li ede yo, li korije yo, e li envite yo vin zanmi l ankò. Jodi a, li pwomèt l ap fè menm bagay la pou tout moun ki peche e ki repanti. — Jak 4:8-10.

BIB LA SE YON “BÈL DON” BONDYE FÈ NOU, ANN BA L ANPIL VALÈ

17. Sa k fè Bib la se yon kado ki estrawòdinè?

17 Jewova ban nou yon bèl kado. Sa k fè Pawòl li a vrèman estrawòdinè? Jan nou te aprann sa, Bib la fè nou konnen Bondye gen sajès, jistis ak lanmou. Liv sa a montre Jewova vle nou konnen l. Li vle nou vin zanmi l.

18. Ki jan n ka montre n gen rekonesans pou Bib la ki se yon “bèl don” Jewova fè nou?

18 Nou bezwen sonje Pawòl Bondye a se yon “bèl don” Bondye fè nou (Jak 1:17). Se sa k fè ann kontinye montre n gen rekonesans pou li. Nou ka fè sa lè n byen li pawòl li gen ladan l yo ki sakre e lè n medite sou sa n li yo. Lè n fè sa, n ap ka sèten Sila a ki te fè ekri Bib la ap beni efò n ap fè e n ap “vin gen konesans sou Bondye”. — Pwo. 2:5.

KANTIK 98 Se Bondye ki enspire Ekriti yo

a Bib la ede n pwoche bò kote Jewova. Ki sa n ka aprann nan liv sakre sa a konsènan sajès Bondye, jistis li ak lanmou l? Sa n aprann yo ka ede n gen plis rekonesans pou Pawòl Bondye a e yo ka ede n wè Bib la se vrèman yon kado Papa nou ki nan syèl la ban nou.