Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 9

Lavi se yon kado Bondye ban nou, ann ba l anpil valè

Lavi se yon kado Bondye ban nou, ann ba l anpil valè

“Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” — TRA. 17:28.

KANTIK 141 Lavi se yon mirak

SA NOU PRAL WÈ a

1. Jis nan ki pwen lavi nou gen valè pou Jewova?

 IMAJINE yon zanmi w fè w kado yon kay. Gen kèk kote nan kay la penti a dekale e gen kote ki koule. Malgre kay la gen kèk pwoblèm, li vo plizyè milyon dola. Se sèten ou t ap bay kay sa a anpil valè e w t ap pran swen l. Menm jan an tou, Jewova ban nou yon kado ki gen anpil valè, li ban nou lavi. Anfèt, Jewova montre jis nan ki pwen li bay lavi nou valè lè l te bay Pitit Gason l lan kòm ranson pou nou. — Jan 3:16.

2. Selon 2 Korentyen 7:1, ki sa Jewova vle nou fè?

2 Jewova se Sous lavi a (Sòm 36:9). Apot Pòl te dakò ak verite sa a lè l te di: “Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” ​(Tra. 17:25, 28). Donk, nou kapab di lavi nou se yon kado Bondye ban nou. Li ban nou sa n bezwen pou n ret an vi e li fè sa yon fason ki montre li renmen nou (Tra. 14:15-17). Men, Jewova pa fè mirak pou l pwoteje lavi nou. Okontrè, li vle nou fè tout sa nou kapab pou n ret an sante e pou n kontinye sèvi l. (Li 2 Korentyen 7:1.) Poukisa n dwe pwoteje sante nou ak lavi nou, e ki jan n ka fè sa?

LAVI SE YON KADO NOU DWE BAY ANPIL VALÈ

3. Bay youn nan rezon ki fè n dwe fè efò pou n ret an sante.

3 Youn nan rezon ki fè n bezwen fè efò pou n ret an sante, se paske lè n an sante nou kapab sèvi Jewova pi byen (Mak 12:30). Nou ta renmen prezante “kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi”, konsa, nou evite fè yon seri bagay nou konnen ki pap bon pou sante n (Wom. 12:1). Nòmalman, kèlkeswa sa nou fè, se pa yon garanti nou pap malad. Men, nou fè sa n kapab paske n vle montre Papa nou ki nan syèl la nou gen rekonesans pou lavi li ban nou an.

4. Ki sa wa David te vle fè?

4 Men sa wa David te ekri pou l esplike rezon ki fè l bay lavi Bondye ba li a anpil valè: “Ki sa sa ap itil si m mouri, si m desann nan twou a? Èske pousyè tè ka louwe w? Èske l ka pale de fidelite w?” ​(Sòm 30:9). Petèt David te ekri pawòl sa yo nan fen lavi l. Men, li te vle ret vivan toutotan sa posib pou l te ka bay Jewova louwanj. Pa gen dout, nou tout gen menm detèminasyon an.

5. Kèlkeswa jan nou granmoun oswa jan nou malad, ki sa n ka fè?

5 Maladi ak vyeyès ka anpeche nou fè anpil bagay nou te konn abitye fè. Se sa k fè nou ka santi n dekouraje, e n ka santi n tris. Men, nou pa ta dwe janm bay vag e n pa ta dwe neglije sante n. Poukisa? Paske kèlkeswa jan n ta granmoun oswa jan n ta malad nou ka toujou bay Jewova louwanj, menm jan wa David te fè sa. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konnen nou gen anpil valè pou Bondye nou an menm lè nou granmoun oswa nou malad (Mat. 10:29-31)! Menmsi n ta mouri, se pa ti anvi li t ap anvi resisite nou (Jòb 14:14, 15). Pandan nou vivan an, nou vle fè tout sa n kapab pou n pwoteje sante n ak lavi n.

EVITE YON SERI ABITID KI KA FÈ N SOUFRI

6. Ki sa Jewova vle n fè anrapò ak kantite manje n ap manje ak kantite bwason n ap bwè?

6 Menmsi Bib la pa yon liv ki la pou montre n fason pou n pran swen sante n oswa ki sa pou n manje, li fè n konnen ki sa Jewova panse nan domèn sa yo. Pa egzanp, li ankouraje n pou n evite “bagay ki ka fè [n] soufri” e ki ka gen move efè sou sante nou (Ekl. 11:10). Labib di nou pa dwe manje twòp oswa bwè twòp bwason ki gen alkòl, paske sa ka met lavi n an danje (Pwo. 23:20). Jewova vle n gen metriz lè n ap deside ki sa n ap manje e ki kantite n ap manje, ki sa n ap bwè e ki kantite n ap bwè. — 1 Kor. 6:12; 9:25.

7. Ki jan konsèy nou jwenn nan Pwovèb 2:11 lan ede n pran bon desizyon anrapò ak sante n?

7 Nou ka pran yon seri desizyon ki montre n gen anpil rekonesans pou lavi Bondye ban nou an lè n sèvi ak kapasite n genyen pou n reflechi a. (Sòm 119:99, 100; li Pwovèb 2:11.) Pa egzanp, nou montre nou gen bon jijman anrapò ak sa n ap manje. Si n renmen yon manje nou konnen k ap fè n malad, n ap montre n gen bonsans lè n pa manje manje sa a. Nou montre n gen bonsans tou lè n dòmi kantite tan n dwe dòmi, lè n fè egzèsis regilyèman, lè n gen bon ijyèn e lè n kenbe kay nou pwòp.

VEYE POU W PA LAKÒZ AKSIDAN

8. Ki sa Bib la fè konnen konsènan sa Bondye panse sou fason pou n pwoteje tèt nou pou n pa fè aksidan?

8 Jewova te bay nasyon Izrayèl la yon seri lwa sou fason pou yo te pwoteje tèt yo pou yo pa t fè aksidan grav lakay yo ak nan travay yo (Egz. 21:28, 29; Det. 22:8). Si yon moun te touye yon lòt moun san l pa t fè espre sa t ap gen gwo konsekans (Det. 19:4, 5). Lalwa te mande pou yo pini menm moun ki ta lakòz yon aksidan rive yon timoun ki nan vant alòske l pa t fè espre (Egz. 21:22, 23). Ekriti yo montre byen klè Jewova vle n veye pou n pa lakòz aksidan.

Nan sitiyasyon sa yo, ki jan nou ka montre nou respekte lavi? (Gade paragraf 9.)

9. Ki prekosyon nou ka pran pou n evite aksidan? (Gade foto yo tou.)

9 Nou montre n gen rekonesans pou lavi ki se yon kado Bondye ban nou lè n fè efò pou n evite aksidan lakay nou ak nan travay nou. Pa egzanp, nou dwe pran prekosyon lè n ap jete bagay ki ka blese moun, pwodui chimik oswa medikaman, yon fason pou yo pa bay pwoblèm, e nou pa dwe mete yo yon kote timoun piti ka jwenn yo. Nou pran prekosyon lè n ap sèvi ak dife, likid ki cho, zouti ki mache ak kouran e n pa kite yo san siveyans. Nou pa kondui machin pandan lespri nou pa fin klè apre n te fin pran yon medikaman, nou te bwè alkòl, oswa n te manke dòmi, e nou pa kenbe telefòn nan men nou pandan n ap kondui pou n pa distrè.

LÈ YON MALÈ RIVE

10. Ki sa n kapab fè anvan yon malè ki ta ka met lavi n an danje rive e lè malè a rive?

10 Pafwa, nou pa ka evite yon seri sitiyasyon ki ta ka met lavi nou an danje. Se kapab katastwòf natirèl, epidemi, ak konfli ki vyolan. Sepandan, lè malè konsa rive, nou ka eseye pwoteje tèt nou, epi evite danje, lè n respekte kouvrefe otorite yo bay, lè n obeyi lòd yo bay pou n kite yon zòn ak lòt enstriksyon ankò (Wom. 13:1, 5-7). Nou ka fè preparasyon alavans pou si ta vin gen pwoblèm, donk li ta bon pou n suiv tout enstriksyon otorite yo bay pou ede n prepare n lè pral gen yon katastwòf. Pa egzanp, li ka itil pou n konsève dlo ak manje ki pap gate e pou n gen yon kit premye sekou.

11. Lè gen yon maladi trapan k ap gaye nan zòn kote n ap viv la, ki sa n dwe fè?

11 Ki sa n dwe fè si gen yon maladi trapan k ap gaye kote n ap viv la? Nou dwe obeyi enstriksyon otorite yo bay tankou lave men nou, kenbe distans ak lòt moun, mete kachnen, epi pa ret toupre lòt moun si nou malad. Lè n fè efò pou nou fè bagay sa yo nou montre jan n gen rekonesans pou lavi Bondye ban nou an.

12. Ki jan prensip nou jwenn nan Pwovèb 14:15 lan ede n chwazi sa n dwe koute lè y ap gaye enfòmasyon lè gen yon gwo tètchaje?

12 Lè gen ijans, zanmi nou, vwazen nou ak medya yo ka ap gaye yon seri fo enfòmasyon. Olye n kwè “tout sa moun di”, li ta bon pou n koute enfòmasyon ki pi egzak otorite yo ak doktè yo ap bay. (Li Pwovèb 14:15.) Kolèj santral la ak biwo filyal yo fè anpil efò pou yo jwenn enfòmasyon ki egzak anvan yo bay kongregasyon yo enstriksyon anrapò ak reyinyon yo ak travay predikasyon an (Ebre 13:17). Lè n suiv enstriksyon sa yo, nou pwoteje tèt nou e nou pwoteje lòt moun kont danje. Epitou, sa ka fè Temwen Jewova yo vin gen pi bon repitasyon nan zòn kote y ap viv la. — 1 Pyè 2:12.

PREPARE W POU W PA PRAN SAN

13. Lè n obeyi lwa Bondye bay anrapò ak san, ki jan n montre nou bay lavi li ban nou an anpil valè?

13 Anpil moun konnen Temwen Jewova pa pran san paske nou konsidere san kòm yon bagay ki sakre. Nou obeyi lwa Jewova bay sou san, se sa k fè n refize pran san, menm lè gen yon ijans medikal (Tra. 15:28, 29). Sepandan, sa pa vle di nou vle mouri. Okontrè, nou renmen lavi ki se yon kado Bondye ban nou. Nou chèche èd yon seri pwofesyonèl lasante ki dispoze bay bonjan swen ki pa mande pou n pran san.

14. Ki jan n ka evite yon seri sitiyasyon ki ka oblije n fè yon operasyon ann ijans oswa lòt gwo tretman medikal?

14 Si n suiv sa yo di nan atik sa a sou fason pou n pran swen sante n, petèt nou ka evite sitiyasyon ki ka oblije n fè yon operasyon ann ijans oswa lòt gwo tretman medikal. Plis nou an sante, se plis l ap fasil pou n sipòte yon operasyon e pou n reprann nou pi vit apre sa. Epitou, nou ka evite yon seri sitiyasyon ki ka oblije n fè yon operasyon ann ijans lè n retire bagay ki ka yon danje pou nou lakay nou ak nan travay nou e lè n obeyi tout lwa sou sikilasyon yo nèt.

Piske n bay lavi Bondye ban nou an anpil valè, n ap ranpli yon dokiman medikal legal e n ap toujou genyen l avè n tout kote n prale. (Gade paragraf 15.) d

15. a) Poukisa l enpòtan pou n toujou mache ak yon dokiman medikal legal ki ajou? (Gade foto a tou.) b) Selon videyo a, ki jan n ka pran bon desizyon anrapò ak fason yo sèvi ak san?

15 Piske n gen rekonesans pou lavi Bondye ban nou an, nou ranpli yon dokiman legal (enstriksyon alavans sou swen sante) e n toujou mache avè l tout kote n prale b. Nan dokiman sa a, nou fè konn sa n vle sou kesyon pran san e anrapò ak kèk tretman medikal. Èske dokiman medikal legal ou a ajou? Si w bezwen ranpli youn oswa mete l ajou, pa di w a gen tan. Lè n ekri desizyon nou pran an byen klè, sa ap ede n jwenn tretman byen vit paske nou pap ret ap pèdi tan nan diskite ak doktè yo sou sa n vle. Epitou, sa ap ede doktè yo pou yo pa ban nou yon tretman medikal ki ka ban nou pwoblèm. c

16. Ki sa n kapab fè si n pa fin konn ki jan pou n ranpli yon dokiman medikal legal?

16 Kit nou jèn oswa nou an sante, nou tout ka fè aksidan e nou tout ka vin malad (Ekl. 9:11). Se sa k fè li t ap vrèman saj pou n ranpli yon dokiman medikal legal. Si w pa fin konn ki jan pou w ranpli dokiman sa a, mande ansyen nan kongregasyon w lan pou yo ede w. Yo fè anpil efò pou yo konprann fason pou yo ranpli dokiman an. Men, yo pap pran desizyon pou ou. Se responsablite pa w (Gal. 6:4, 5). Sepandan, yo ka ede w konprann chwa ki genyen yo, epi ede w ekri sa w ta renmen yo nan dokiman an.

SE POU NOU REZONAB

17. Ki jan n ka montre nou rezonab nan kesyon sante?

17 Anpil nan chwa nou fè anrapò ak sante nou ak tretman medikal baze sou sa n aprann nan Bib la (Tra. 24:16; 1 Tim. 3:9). Lè n ap pran desizyon e lè n ap pale sou desizyon sa yo ak lòt moun, li bon pou n aplike prensip ki nan Filipyen 4:5 lan ki di: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” Lè n rezonab, nou pap bay tèt nou twòp pwoblèm pou sante nou, nou pap fè presyon sou lòt moun pou yo dakò ak sa nou menm nou panse. Nou renmen frè n ak sè n yo e nou respekte yo menmsi yo pa pran menm desizyon avè n. — Wom. 14:10-12.

18. Ki jan n ka montre n gen rekonesans pou lavi Bondye ban nou an?

18 Nou montre Jewova, li menm ki Sous lavi a, nou gen rekonesans pou lavi li ban nou, lè n pwoteje lavi n e lè n ba L sa n genyen ki pi bon an (Rev. 4:11). Pou kounye a, nou oblije fè fas ak maladi ak malè. Men, se pa lavi sa a Kreyatè a te vle pou nou. Talè konsa, li pral ban nou lavi ki pap janm fini an kote pap gen ni doulè, ni lanmò (Rev. 21:4). Annatandan, ala sa bon pou n vivan e pou n sèvi Jewova, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an!

KANTIK 140 Lavi pou toutan!

a Atik sa a ap ede n bay lavi Bondye ban nou an anpil valè. Nou pral wè sa n kapab fè pou n pwoteje sante n ak lavi n lè gen yon katastwòf, e ki jan nou ka evite aksidan. Nou pral egzamine tou ki sa n dwe fè pou n pare lè gen yon ijans medikal.

b Dokiman sa a rele DPA tou.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn frè k ap ranpli dokiman medikal legal li a e l veye pou l toujou genyen l avè l.