Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy sou fason pou n sèvi ak sit Entènèt la

Konsèy sou fason pou n sèvi ak sit Entènèt la

Fason pou w jwenn atik ki fèk parèt yo

Anpil nan frè n ak sè n yo sèvi ak atik ki fèk parèt sou paj akèy jw.org la nan travay fè disip la. Li fasil pou voye lyen atik sa yo pou lòt moun, e byen souvan yo esplike fason evènman ki rive jodi a reyalize pwofesi ki nan Bib la. Jan yon frè te ekri, atik nan paj akèy yo se “egzakteman sa n bezwen pou fason n preche jodi a”.

Men, kòm yo chanje atik ki parèt sou paj akèy la regilyèman, ki jan w ka jwenn atik ki pa sou paj akèy la ankò?

  • Sou paj akèy jw.org la, klike nan lyen “Gade plis”, toupre anlè paj la. Lyen sa a ouvri paj ki gen tit “Sa ki te parèt sou paj akèy la”, kote w ap jwenn anpil nan atik ki te fèk parèt yo.

  • Sou jw.org oubyen nan JW Library®, chwazi “Bibliyotèk”, apre sa, chwazi “Seri atik”, e finalman, chwazi “Kèk lòt sijè”. Seksyon sa a gen plizyè atik ki te parèt sou paj akèy la.