Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 12

Ann aprann plis sou Jewova lè n ap gade sa l kreye yo

Ann aprann plis sou Jewova lè n ap gade sa l kreye yo

“Kalite li yo ki envizib [...] parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive wè yo nan bagay li fè yo.” — WOM. 1:20.

KANTIK 6 Syèl la ap pwoklame glwa Bondye

SA NOU PRAL WÈ a

1. Bay youn nan fason Jòb te aprann konn Jewova pi byen.

 PAMI tout konvèsasyon Jòb te genyen pandan tout vi l, gen youn ladan yo ki dwe te make l anpil, se konvèsasyon l te gen ak Jewova Dye a. Pou Jewova te fè Jòb gen plis konfyans nan sajès Li genyen ak kapasite Li genyen pou L pran swen sèvitè L yo, li te atire atansyon l sou kèk bagay estrawòdinè ki gen nan lanati. Pa egzanp, Bondye te fè Jòb sonje se Li menm ki pran swen bèt yo, donk, Li kapab pran swen l tou (Jòb 38:39-41; 39:1, 5, 13-16). Lè Jòb te reflechi sou sa l te wè nan kreyasyon an, li te aprann anpil bagay sou kalite Bondye l la genyen.

2. Sa k fè n ka twouve l difisil pou n egzamine sa Jewova kreye yo?

2 Nou menm tou nou kapab aprann plis sou Bondye nou an lè n egzamine sa l kreye yo. Sepandan, li ka pa toujou fasil pou n fè sa. Si n ap viv nan yon vil, se pa chak jou nou ka rive wè anpil bagay nan lanati. Menmsi n ap viv nan zòn andeyò, nou ka santi n pa gen anpil tan pou n egzamine lanati. Donk, ann wè poukisa l enpòtan pou n pran tan pou n egzamine kreyasyon an e pou n fè efò pou sa. Nou pral wè ki jan Jewova ak Jezi te sèvi ak kreyasyon an pou yo anseye, e n pral wè tou ki sa n ka fè pou n aprann plis sou lanati.

POUKISA NOU DWE EGZAMINE KREYASYON AN?

Jewova te vle pou Adan pran plezi nan sa L kreye yo e pou l bay bèt yo non. (Gade paragraf 3.)

3. Ki sa k montre Jewova te vle Adan pran plezi nan sa L kreye yo?

3 Jewova te vle pou premye moun li te fè a pran plezi nan sa l kreye yo. Lè Bondye te fè Adan, li te ba l yon paradi ki byen pwòp pou l aprann konnen sa k ladan l, e l te ba l pran swen paradi sa a pou l te fè l vin pi gwo (Jen. 2:8, 9, 15). Imajine jan Adan dwe te kontan lè l t ap gade grenn yo k ap jèmen ak flè yo k ap ouvri. Se pa ti privilèj Adan te genyen pou l te pran swen Jaden Edenn nan! Epitou, Jewova te mande Adan pou l bay bèt yo non (Jen. 2:19, 20). Jewova te kapab chwazi non pou l bay chak bèt, men, li te pito bay Adan fè travay sa a. Se sèten, anvan Adan te deside bay bèt yo non, li te byen egzamine yo chak, e l te gade fason yo ye ak fason yo aji. Adan dwe te renmen travay sa a. Se sèten sa te ba l okazyon pou l vin gen plis rekonesans pou Papa l, paske li te wè jan Papa l gen sajès, jan l se yon Atis e jan l gen kapasite pou l kreye bèl bagay.

4. a) Bay youn nan rezon ki fè n dwe egzamine kreyasyon an. b) Ki sa w plis renmen nan kreyasyon an?

4 Youn nan rezon ki fè nou dwe egzamine kreyasyon an, se paske Jewova vle n fè sa. Li di nou: “Leve je nou nan syèl la epi gade.” Apre sa, li mande: “Kiyès ki kreye bagay sa yo?” Repons lan klè (Eza. 40:26). Nonsèlman Jewova kreye yon pakèt bagay estrawòdinè nan syèl la, men tou, li plen tè a ak lanmè a ak anpil bagay estrawòdinè, e nou ka aprann nan yo (Sòm 104:24, 25). Jis reflechi ak fason Bondye fè nou. Li kreye nou ak kapasite pou n apresye bèl bagay ki gen nan lanati. Epitou, li ban n posiblite pou n pran plezi nan divès bagay li kreye yo grasa senk sans nou genyen yo. Pa egzanp, nou ka wè, nou ka tande, nou ka manyen, nou ka pran gou e nou ka pran sant.

5. Selon Women 1:20, lè n egzamine sa Jewova kreye yo, ki jan sa ap itil nou?

5 Bib la bay yon lòt rezon enpòtan pou n egzamine kreyasyon an. Sa Jewova kreye yo ede n konn kalite l yo. (Li Women 1:20.) Pa egzanp, gade fason bagay ki nan lanati yo byen fèt. Èske yo pa montre sajès Bondye genyen? Epi, panse ak tout kalite manje nou gen pou n manje. Sa montre aklè lanmou Bondye gen pou lèzòm. Lè n chèche wè pèsonalite Bondye nan sa l fè yo, nou vin konnen l pi byen, e sa fè n vle vin pi pwòch avè l. Kounye a, ann wè kèk fason Jewova sèvi ak kreyasyon an pou l anseye lèzòm yon seri leson enpòtan.

BONDYE SÈVI AK KREYASYON AN POU L APRANN NOU KIYÈS LI YE

6. Lè n ap gade zwazo yo k ap sot nan yon zòn al nan yon lòt, ki leson sa ka aprann nou?

6 Jewova fikse yon tan pou chak bagay. Chak ane, ant fen mwa fevriye ak mitan mwa me, Izrayelit yo te ka wè sigòy yo k ap vole pandan y ap pase nan peyi a pou y al nan zòn nò. Bondye te di Izrayelit yo: “Sigòy yo konnen ki lè pou yo vwayaje.” (Jer. 8:7). Menm jan Jewova fikse yon tan pou zwazo sa yo sot nan yon zòn al nan yon lòt, li fikse yon tan pou l fè jijman l yo. Jodi a, lè n ap gad zwazo yo k ap vole sot nan yon zòn al nan yon lòt, sa fè n sonje nou kapab gen konfyans Jewova gen yon “lè ki fikse” pou l detwi monn mechan sa a. — Aba. 2:3.

7. Lè n wè yon zwazo k ap vole, ki asirans sa ka ban nou? (Ezayi 40:31).

7 Jewova bay sèvitè l yo fòs. Pa mwayen pwofèt Ezayi, Jewova te pwomèt pèp li a, lè yo santi yo about oswa yo dekouraje, li t ap ba yo fòs pou yo “vole byen wo kòmsi yo te gen zèl tankou èg”. (Li Ezayi 40:31.) Izrayelit yo te abitye wè èg k ap plane byen wo nan syèl la ki kite kourandè pote yo ale san yo pa fè gwo efò. Sa fè n sonje, menm jan Jewova bay zwazo sa yo fòs, li kapab bay sèvitè l yo fòs tou. Lè w wè yon gwo zwazo k ap plane byen wo nan syèl la san l pa vrèman bat zèl li, sonje Jewova ka ba w fòs pou w andire pwoblèm ou yo.

8. Ki sa Jòb te aprann lè l te egzamine sa Bondye kreye yo, e ki sa n ka aprann?

8 Jewova merite pou n fè l konfyans. Jewova te ede Jòb pou l vin gen plis konfyans nan Li (Jòb 32:2; 40:6-8). Lè Bondye t ap pale ak Jòb, li te atire atansyon l sou plizyè bagay nan kreyasyon an, pa egzanp zetwal yo, nyaj yo ak zèklè yo. Jewova te pale avè l tou konsènan bèt yo, pa egzanp towo sovaj yo ak cheval yo (Jòb 38:32-35; 39:9, 19, 20). Tout bagay sa yo se prèv ki montre nonsèlman Bondye gen anpil pisans, men tou, li gen lanmou ak anpil sajès. Grasa konvèsasyon sa a Jewova te gen ak Jòb, li te vin fè Jewova plis konfyans toujou (Jòb 42:1-6). Menm jan an tou, lè n egzamine kreyasyon an, sa fè n sonje Jewova gen plis sajès lontan pase n e li gen plis pisans pase n. Epitou, li kapab met yon fen nan tout eprèv nou yo, e l ap fè sa. Lefètke n konn sa, sa kapab ede n pou n fè l plis konfyans.

JEZI TE SÈVI AK KREYASYON AN POU L ANSEYE N ANPIL BAGAY SOU PAPA L

9-10. Ki sa solèy la ak lapli aprann nou sou Jewova?

9 Jezi te konn lanati byen. Antanke “yon moun ki konn travay byen”, li te gen privilèj pou l travay ansanm ak Papa l lè Papa l t ap kreye linivè (Pwo. 8:30). Annapre, lè Jezi te sou tè a, li te sèvi ak kreyasyon an pou l anseye disip li yo yon seri bagay sou Papa l. Ann wè kèk leson li te aprann yo.

10 Jewova montre l renmen tout moun. Nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan, li te atire atansyon disip li yo sou de aspè nan kreyasyon an anpil moun pa bay enpòtans: lè solèy la leve ak lè lapli ap tonbe. Toule de bagay sa yo enpòtan anpil pou gen lavi. Jewova te ka anpeche moun ki pap sèvi l yo benefisye bagay sa yo. Okontrè, li byen kontan fè solèy leve epi fè lapli tonbe pou tout moun (Mat. 5:43-45). Jezi te sèvi ak egzanp sa a pou l anseye disip li yo Jewova vle n demontre lanmou pou tout moun. Nenpòt lè n ap gade yon bèl solèy k ap kouche oswa n wè yon lapli byen fre k ap tonbe, sa ka fè n panse ak lanmou Jewova gen pou tout kalite moun. Egzanp Jewova bay ka pouse n pou n demontre lanmou menm jan an lè n preche tout kalite moun.

11. Lè n ap gade zwazo nan syèl la, ki jan sa ka ankouraje n?

11 Jewova ban n sa n bezwen pou n viv. Nan menm diskou Jezi te bay la, li te di tou: “Gade zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje.” Petèt, moun ki t ap koute Jezi yo te kapab wè zwazo yo ki t ap vole anlè tèt yo lè l te di yo: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?” (Mat. 6:26). Se vrèman yon bèl fason Jezi ban n asirans Jewova ap ban nou sa n bezwen pou n viv (Mat. 6:31, 32)! Leson sa a sèvitè fidèl yo aprann nan kreyasyon an kontinye ankouraje yo. Gen yon jèn sè ki pyonye k ap viv ann Espay ki te santi l dekouraje paske l pa t ka jwenn yon bon kote pou l rete. Men, apre l te fin wè zwazo yo k ap manje ti grenn ak ti fwi, sa te ankouraje l. Men sa l di: “Zwazo sa yo te fè m sonje Jewova pran swen yo e l ap pran swen m tou.” Yon ti tan apre sa, sè a te jwenn yon kote pou l rete.

12. Selon Matye 10:29-31, ki sa tikit yo aprann nou sou Jewova?

12 Jewova ban nou chak anpil valè. Anvan Jezi te voye apot li yo al preche, li te ede yo pou yo pa t pè opozisyon yo t apral jwenn. (Li Matye 10:29-31.) Pou l te fè sa, li te pran egzanp tikit, yon zwazo ki te toupatou ann Izrayèl. Zwazo sa yo pa t gen anpil valè nan epòk Jezi a. Sepandan, li te di disip li yo: “Pa gen youn ladan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konnen.” Apre sa, li di: “Nou gen plis valè pase yon bann tikit.” Konsa, Jezi te bay disip li yo asirans Jewova ba yo chak anpil valè. Donk, yo pa t gen okenn rezon pou yo te pè pèsekisyon. Se sèten, disip yo te sonje sa Jezi te di yo a lè yo te konn wè tikit yo pandan yo t ap preche nan vil yo ak nan bouk yo. Chak fwa w wè yon ti zwazo, sonje Jewova ba w valè pèsonèlman, paske, ou menm tou, ou “gen plis valè pase yon bann tikit”. Grasa èd Jewova, ou kapab fè fas ak opozisyon. — Sòm 118:6.

KI JAN KREYASYON AN KA EDE N KONN BONDYE PI BYEN?

13. Ki sa k ap ede n aprann yon seri bagay sou kreyasyon an?

13 Nou ka aprann anpil lòt bagay sou Jewova nan kreyasyon an. Ki jan? Toudabò, nou bezwen pran tan pou n egzamine kreyasyon an. Apre sa, nou bezwen reflechi sou sa kreyasyon an aprann nou sou Jewova. Li ka pa toujou fasil pou n fè sa. Men sa Géraldine, yon sè nan peyi Kamewoun, di: “Mwen grandi nan yon vil, se sa k fè mwen rann mwen kont mwen bezwen fè anpil efò pou m egzamine lanati.” Men sa yon ansyen ki rele Alfonso esplike: “Mwen vin aprann mwen bezwen pran yon ti tan pou m ret poukont mwen pou m egzamine kreyasyon Jewova a e pou m medite sou sa l aprann mwen sou Li.”

Lè David t ap gade kreyasyon an, li te konn medite sou sa sa aprann li sou Jewova. (Gade paragraf 14.)

14. Ki sa David te aprann lè l t ap medite sou sa Bondye kreye yo?

14 David te konn reflechi anpil sou kreyasyon Bondye a. Li te di Jewova: “Lè m wè syèl ou a, bagay ou fè ak men w yo, lalin nan ak zetwal ou fè yo, mwen di tèt mwen: Ki sa lòm ye pou w ap sonje l?” (Sòm 8:3, 4). Vrèmanvre, pandan David t ap gade syèl la lannuit, li pa t annik gade jan linivè bèl, men tou, li te medite sou sa zetwal yo aprann li sou Bondye. Li te aprann jan Jewova gran. Nan lòt okazyon, David te reflechi sou fason kò l te devlope nan vant manman l. Pandan David t ap medite sou bagay estrawòdinè sa yo li te vin gen plis rekonesans pou sajès Jewova. — Sòm 139:14-17.

15. Bay kèk egzanp ki montre fason n ka wè kalite Jewova yo nan sa l kreye yo. (Sòm 148:7-10).

15 Menm jan ak David, ou pa bezwen al byen lwen pou w jwenn yon bagay nan kreyasyon an pou w medite sou li. Si w gade toutotou w, ou kapab wè jan Jewova gen anpil bèl kalite. Pa egzanp, ou kapab rive wè pisans Jewova lè w santi chalè solèy la sou po w (Jer. 31:35). Reflechi sou sajès Bondye genyen lè w wè yon zwazo k ap fè yon nich. Reflechi sou jan Jewova se yon Dye ki gen kè kontan lè w wè yon ti chen k ap eseye mòde ke l. Epi, di Jewova mèsi pou lanmou li genyen lè w wè yon manman k ap jwe ak tibebe l. Nou gen anpil okazyon pou n aprann anpil bagay sou Jewova, paske tout sa l kreye, kit yo gwo kit yo piti, kit yo pre kit yo lwen, fè louwanj pou li. — Li Sòm 148:7-10.

16. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

16 Bondye nou an gen yon entèlijans ki san parèy, li gen sousi pou nou, tout sa l fè bèl e li gen anpil pisans. N ap rive wè kalite sa yo ak anpil lòt ankò nan lanati si nou chèche wè yo. Annou tout rezève tan regilyèman pou nou admire kreyasyon an e pou n reflechi sou sa l aprann nou sou Jewova. Lè n fè sa, n ap vin pi pwòch ak Kreyatè nou an (Jak 4:8). Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan paran yo ka sèvi ak kreyasyon an pou yo ede pitit yo pwoche bò kote Jewova.

KANTIK 5 Travay Bondye estrawòdinè

a Sa Jewova kreye yo fè n gen lakrentif pou li. Soti nan Solèy la ki chaje ak enèji, rive nan ti flè ki frajil, travay Jewova fè yo fè n ret bouch ouvè. Sa n aprann nan kreyasyon an kapab ede n konprann kèk aspè nan pèsonalite Jewova. Nan atik sa a, nou pral pale sou rezon ki fè n dwe chèche jwenn tan pou n egzamine kreyasyon an, e ki jan lè n fè sa, sa kapab ede n vin pi pwòch ak Bondye nou an.