Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 35

Kontinye demontre pasyans

Kontinye demontre pasyans

“Se pou nou abiye nou ak [...] pasyans.” — KOL. 3:12.

KANTIK 114 “Montre nou gen pasyans”

SA NOU PRAL WÈ a

1. Poukisa w renmen moun ki gen pasyans?

 NOU tout renmen moun ki gen pasyans. Sa k fè sa? Nou apresye moun ki kapab ret tann yon bagay san yo pa kontrarye. Nou kontan lè lòt moun pran pasyans avè n lè n fè erè. E nou gen rekonesans dèske moun ki t ap etidye Labib avè n nan te pran pasyans avè n pandan nou t ap fè efò pou n aprann yon ansèyman nan Bib la, pou n aksepte l oswa pou n aplike l. Anplis de sa, nou vrèman gen rekonesans dèske Jewova Dye pran pasyans ak nou! — Wom. 2:4.

2. Ki sitiyasyon ki ka fè l difisil pou n gen pasyans?

2 Byenke nou kapab renmen lè lòt moun gen pasyans, li ka pa toujou fasil pou n montre nou gen pasyans. Pa egzanp, nou ka twouve l difisil pou n rete kalm lè n nan blokis, sitou si n anreta. Nou ka fache anpil lè lòt moun kontrarye n. E pafwa, nou ka twouve l difisil pou n kontinye ret tann monn nouvo Jewova pwomèt la. Èske w ta renmen gen plis pasyans? Nan atik sa a, nou pral wè ki sa sa vle di pou yon moun gen pasyans e poukisa kalite sa a enpòtan anpil. Nou pral wè tou ki sa k ka ede n vin gen plis pasyans.

KI SA GEN PASYANS VLE DI?

3. Ki jan yon moun ki gen pasyans reyaji lè yo fè l fache?

3 Ann wè kat fason nou kapab montre nou gen pasyans. Premyèman, yon moun ki gen pasyans pa fè kòlè fasil. Li fè efò pou l rete kalm e pou l pa rann mal pou mal lè yo fè l fache oswa lè l anba strès. Premye fwa nou jwenn ekspresyon “pa fè kòlè fasil” la nan Bib la, se lè l di Jewova se “yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite”. — Egz. 34:6.

4. Ki jan yon moun ki gen pasyans reyaji lè l oblije tann?

4 Dezyèmman, yon moun ki gen pasyans kapab ret kalm pandan l ap tann. Si yon bagay pran plis tan pase sa moun nan te panse, li fè efò pou l pa kite sa boulvèse l oswa kontrarye l (Mat. 18:26, 27). Gen anpil sitiyasyon ki mande pou n rete kalm. Pa egzanp, nou bezwen koute avèk pasyans lè yon lòt moun ap pale, nou pa dwe entèwonp li (Jòb 36:2). Nou ka bezwen gen pasyans tou lè n ap ede yon etidyan konprann yon ansèyman ki nan Bib la oswa pou l konbat yon move abitid li genyen.

5. Bay yon lòt fason nou kapab montre nou gen pasyans.

5 Twazyèmman, yon moun ki gen pasyans pa aji san reflechi. Se vre gen kèk sitiyasyon ki mande pou n aji vit. Sepandan, lè yon moun ki gen pasyans gen yon travay enpòtan pou l fè, li pa fè l nan kouri, ni li pa rabache l. Okontrè, li rezève yon kantite tan ki rezonab pou l planifye sa l pral fè a. Apre sa, li pran tan pou l byen fè l.

6. Ki jan yon moun ki gen pasyans reyaji lè l ap fè fas ak eprèv oswa lè l gen pwoblèm?

6 Katriyèmman, yon moun ki gen pasyans fè efò pou l andire eprèv san l pa plenyen. Nan sans sa a, pasyans sanble anpil ak andirans. Nòmalman, pa gen anyen ki mal pou n fè yon bon zanmi n konn sa k nan kè n e pou n di l sa k ap trakase n. Sepandan, yon moun ki gen pasyans ap fè tout sa l kapab pou l kontinye andire toutpandan l ap sèvi Jewova ak kè kontan (Kol. 1:11). Antanke kretyen, nou bezwen montre nou gen pasyans nan tout aspè sa yo. Poukisa? Ann wè kèk rezon.

REZON KI FÈ PASYANS ENPÒTAN ANPIL

Menm jan yon kiltivatè ap tann avèk pasyans, toutpandan li gen konfyans rive yon lè l ap rekòlte sa l te simen, n ap tann avèk pasyans, toutpandan n gen konfyans Jewova ap reyalize tout pwomès li fè yo nan lè li fikse a. (Gade paragraf 7.)

7. Selon Jak 5:7, 8, poukisa l enpòtan anpil pou n gen pasyans? (Gade foto a tou.)

7 Pou n gen lavi ki pap janm fini an, li enpòtan anpil pou n gen pasyans. Menm jan ak sèvitè fidèl nan tan lontan yo, nou bezwen tann avèk pasyans pou Bondye reyalize pwomès li fè yo (Ebre 6:11, 12). Labib konpare sitiyasyon nou ak sitiyasyon yon kiltivatè. (Li Jak 5:7, 8.) Yon kiltivatè travay di pou l plante e pou l wouze sa l plante yo, men, li pa konnen ki lè egzakteman sa l plante yo ap pouse. Donk, kiltivatè a tann avèk pasyans, toutpandan li gen konfyans yon jou l ap rekòlte sa l te simen yo. Menm jan an tou, nou ret okipe nan aktivite n ap fè nan sèvis Bondye, menm lè “nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini”. (Mat. 24:42.) N ap tann avèk pasyans toutpandan nou gen konfyans Jewova ap reyalize tout pwomès li fè yo nan lè li fikse a. Si n ta vin pèdi pasyans, nou ka bouke tann, e nou ka kòmanse kite laverite. Epitou, nou ka kòmanse fè yon seri aktivite nou panse k ap fè n gen kè kontan kounye a menm. Men, si n gen pasyans, n ap kapab andire jiska lafen e n ap sove. — Miche 7:7; Mat. 24:13.

8. Ki jan lè n gen pasyans sa ede n nan relasyon nou gen ak lòt moun? (Kolosyen 3:12, 13).

8 Pasyans ede n pou n gen bon relasyon ak lòt moun. Li ede n pou n byen koute lòt moun lè y ap pale (Jak 1:19). Epitou, pasyans ede n pou n viv anpè ak yo. Li ede n tou pou n pa kouri aji e pou n pa pale di ak yo lè n anba strès. E si nou gen pasyans, nou pap kouri fè kòlè lè yon moun di oswa fè yon bagay ki fè n mal. Nou pap rann mal pou mal. Okontrè, ‘youn ap kontinye sipòte lòt e youn ap kontinye padone lòt ak tout kè l’. — Li Kolosyen 3:12, 13.

9. Ki jan pasyans kapab ede n lè n bezwen pran desizyon? (Pwovèb 21:5).

9 Pasyans kapab ede n tou pou n pran pi bon desizyon. Olye n kouri aji san reflechi, n ap pran tan pou n chèche konn tout chwa n genyen epi gade pou n wè kiyès ki pi bon. (Li Pwovèb 21:5.) Pa egzanp, si n ap chèche travay, nou ka gen tandans kouri aksepte premye òf nou jwenn nan, menmsi travay sa a ap fè n rate kèk reyinyon oswa l ap fè n patisipe mwens nan travay predikasyon an. Men, si n gen pasyans, n ap pran tan pou n reflechi sou kèk pwen enpòtan, pa egzanp, kote travay la ye, kantite lè n ap gen pou n fè, ak efè li ka gen sou fanmi nou ak sou relasyon n ak Jewova. Lè n se moun ki gen pasyans, sa ka ede n pou n pa pran yon move desizyon.

FASON POU N VIN GEN PLIS PASYANS

10. Ki jan yon kretyen ka vin gen pasyans e pou l kontinye demontre kalite sa a?

10 Priye pou n ka gen plis pasyans. Pasyans se yon kalite nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Donk, nou ka priye Jewova pou n mande l lespri sen e pou l ede n gen fwi lespri a. Si n ap fè fas ak yon sitiyasyon ki mande pou n gen pasyans, nou kapab “kontinye mande” Jewova lespri sen pou ede n gen pasyans (Lik 11:9, 13). Epitou, nou kapab mande Jewova pou l ede n wè bagay yo menm jan avè l. Apre nou fin priye l, nou bezwen fè tout sa n kapab pou n demontre pasyans chak jou. Plis nou priye Jewova pou l ede n gen pasyans e n fè efò pou n gen pasyans, se plis kalite sa a ap anrasinen nan kè nou, e l ap vin fè pati pèsonalite nou.

11-12. Ki jan Jewova montre li gen pasyans?

11 Medite sou egzanp nou jwenn nan Bib la. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te gen pasyans. Lè n medite sou egzanp moun sa yo, nou ka aprann fason pou n demontre pasyans. Anvan n pale sou kèk nan egzanp sa yo, ann fè yon ti pale sou pi bèl egzanp ki genyen nan kesyon demontre pasyans, anpalan de Jewova.

12 Nan jaden Edenn nan, Satan te lage vèni sou non Jewova e li te chèche sal repitasyon L antanke yon Dirijan ki jis e ki gen lanmou. Jewova pa t detwi medizan sa a lapoula. Okontrè, li te montre li gen pasyans e li gen metriz paske li konnen sa t ap mande tan pou l pwouve se fason li dirije a ki pi bon. Toutpandan l ap tann, li andire tout manti yo fè sou li pou sal non l. Epitou, Jewova ap tann avèk pasyans yon fason pou plis moun kapab jwenn posiblite pou yo gen lavi ki pap janm fini an (2 Pyè 3:9, 15). Konsa, gen plizyè milyon moun ki vin aprann konnen l. Si n ret konsantre sou byenfè sa pote lefètke Jewova demontre pasyans, sandout l ap pi fasil pou n ret tann moman li fikse pou lafen an rive.

Pasyans ap ede n pou n pa kouri fè kòlè lè yo fè n fache. (Gade paragraf 13.)

13. Ki jan Jezi te imite pasyans Papa l genyen yon fason ki san fay? (Gade foto a tou.)

13 Nan kesyon demontre pasyans, Jezi imite Papa l yon fason ki san fay, e li te montre li te gen kalite sa a lè l te sou tè a. Petèt sa pa t toujou fasil pou li pou l te demontre pasyans, sitou ak espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ki te ipokrit (Jan 8:25-27). Aktout sa, menm jan ak Papa l, li pa t konn kouri fache. Li pa t rann mal pou mal lè yo t ap joure l oswa lè yo t ap pwovoke l (1 Pyè 2:23). Jezi te andire eprèv avèk pasyans, san l pa t plenyen. Nou ka konprann rezon ki fè Bib la di nou pou n “reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl sa yo pechè yo t ap di kont li”. (Ebre 12:2, 3.) Grasa èd Jewova, nou menm tou nou kapab andire kèlkeswa eprèv nou jwenn, e n ap fè sa avèk pasyans.

Si nou montre n gen pasyans menm jan ak Abraram, nou mèt gen konfyans Jewova ap rekonpanse n depi kounye a, e l ap fè sa pi plis toujou nan monn nouvo Li pwomèt la. (Gade paragraf 14.)

14. Lefètke Abraram te gen pasyans, ki sa sa aprann nou? (Ebre 6:15). (Gade foto a tou.)

14 E si n ap tann lafen an rive e nou wè l poko ka vini? Petèt nou te panse lafen an t ap gentan vini depi byen lontan. Nou ka pè pou n pa gentan mouri anvan lafen an rive. Ki sa k ka ede n kontinye tann avèk pasyans? Ann pran egzanp Abraram. Abraram te gen 75 an e li potko gen pitit. Men sa Jewova te pwomèt li: “M ap fè w vin yon gwo nasyon.” ​(Jen. 12:1-4). Èske Abraram te wè pwomès sa a reyalize? Li pa t gentan wè tout pwomès sa a reyalize. Apre Abraram te fin travèse Rivyè Efrat e li te fè 25 an ap tann, Jewova te fè yon mirak, e Abraram te vin gen Izarak, pitit gason l. E apre 60 an ankò, Ezaou ak Jakòb, de pitit pitit li, te vin fèt. (Li Ebre 6:15.) Men, Abraram pa t janm wè desandan l yo vin yon gwo nasyon e li pa t wè yo eritye Peyi Bondye te pwomèt la. Sepandan, mesye fidèl sa a te gen yon relasyon sere ak Kreyatè l la (Jak 2:23). E lè Abraram resisite, se pa ti kontan l ap kontan aprann grasa lafwa ak pasyans li te genyen, tout nasyon jwenn benediksyon (Jen. 22:18)! Ki leson nou aprann? Nou ka pa wè tout pwomès Jewova fè yo reyalize depi kounye a. Sepandan, si nou montre nou gen pasyans menm jan ak Abraram, nou kapab gen asirans Jewova ap rekonpanse n depi kounye a, e l ap fè sa pi plis toujou nan monn nouvo Li pwomèt la. — Mak 10:29, 30.

15. Ki sa n ka etidye lè n ap fè etid pèsonèl nou?

15 Nan Bib la, nou jwenn anpil lòt egzanp moun ki te gen pasyans (Jak 5:10). Sa w panse si w ta etidye egzanp moun sa yo b? Pa egzanp, byenke David te timoun lè Jewova te chwazi l pou l vin wa peyi Izrayèl, li te oblije tann plizyè ane anvan l vin wa. Simeyon ak Àn t ap adore Jewova fidèlman toutpandan yo t ap tann Mesi Bondye te pwomèt la (Lik 2:25, 36-38). Pandan w ap etidye istwa sa yo, chèche jwenn repons kesyon ki vin annapre yo: Ki sa k dwe te ede moun sa a gen pasyans? Ki jan sa te ede l lefètke l te gen pasyans? Ki jan m ka suiv egzanp li? Yon bagay ki kapab ede w tou, se lè w aprann nan egzanp moun ki pa t gen pasyans (1 Sam. 13:8-14). Ou kapab mande tèt ou: ‘Ki sa k te fè yo pa t gen pasyans? Ki sa k te rive yo poutèt sa?’

16. Bay kèk byenfè nou jwenn lè n gen pasyans.

16 Reflechi sou byenfè sa pote lè yon moun gen pasyans. Lè n gen pasyans, kè n pi kontan e nou santi n pi kalm. Donk, lè n gen pasyans, sa kapab bon anpil pou lespri nou ak sante nou. Lè n pran pasyans ak lòt moun, nou gen pi bon relasyon ak yo. Vin gen plis tèt ansanm nan kongregasyon yo. Si yon moun fè n fache e nou pa kouri fè kòlè, sa kapab anpeche sitiyasyon an vin pi mal (Sòm 37:8, nòt; Pwo. 14:29). Men, sa k pi enpòtan an, lè n gen pasyans, nou imite Papa nou ki nan syèl la e nou vin pi pwòch avè l toujou.

17. Ki detèminasyon nou bezwen pran?

17 Vrèmanvre, pasyans se yon bèl kalite ki bon pou nou tout. Byenke li ka pa toujou fasil pou n demontre kalite sa a, grasa èd Jewova, nou ka kontinye fè efò pou n vin genyen l. E toutpandan n ap tann avèk pasyans pou monn nouvo a rive, nou kapab gen konfyans “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. (Sòm 33:18.) Annou tout pran detèminasyon pou n kontinye abiye nou ak pasyans.

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

a Nan monn Satan an, pifò moun pa gen pasyans. Sepandan Bib la di nou pou nou abiye nou ak pasyans. Atik sa a pral montre nou rezon ki fè kalite sa a enpòtan anpil e ki jan nou ka vin gen plis pasyans.

b Pou w jwenn enfòmasyon nan Bib la konsènan pasyans, ou ka al nan ribrik “Pasyans” nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch.