Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 36

Pote sa w dwe pote, epi voye rès la jete

Pote sa w dwe pote, epi voye rès la jete

“Nou menm tou, annou voye tout pwa lou jete [...]. Epi annou kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans.” — EBRE 12:1.

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

SA NOU PRAL WÈ a

1. Selon Ebre 12:1, ki sa n bezwen fè pou n ka fini kous pou lavi a?

 LABIB konpare lavi nou antanke kretyen ak yon kous. Moun ki fini kous la ap gen lavi ki pap janm fini an kòm rekonpans (2 Tim. 4:7, 8). Nou bezwen fè tout sa n kapab pou n kontinye kouri nan kous la, sitou nou prèske fini l. Apot Pòl ki te rive fini kous pou lavi a te fè konnen sa k ap ede n genyen kous la. Li te ankouraje n pou n “voye tout pwa lou jete [...]. Epi [pou n] kouri nan kous nou gen pou nou kouri a avèk andirans”. — Li Ebre 12:1.

2. Ki sa sa vle di pou n “voye tout pwa lou jete”?

2 Lè Pòl te ekri nou dwe “voye tout pwa lou jete” a, èske l te vle di yon kretyen pa bezwen pote okenn chay? Non, se pa t sa l te vle di. Okontrè, li te vle di nou bezwen voye kèlkeswa pwa lou ki pa nesesè jete. Pwa lou konsa ka ralanti nou e yo ka lakòz nou vin fatige. Pou n rive andire, nou dwe idantifye san pèdi tan nenpòt pwa lou ki pa nesesè ki ka ralanti nou epi voye yo jete. Men, anmenmtan, nou pa ta renmen voye chay nou dwe pote yo jete. Okontrè, si n ta sispann pote chay sa yo, nou ka vin pa kalifye pou n ret nan kous la (2 Tim. 2:5). Ki chay nou dwe pote?

3. a) Selon Galat 6:5, ki sa n dwe pote? b) Ki sa n pral wè nan atik sa a, e poukisa?

3 Li Galat 6:5. Pòl te montre gen yon bagay nou dwe pote. Li te fè konnen “chak moun ap pote pwòp chay pa l”. Nan vèsè sa a, Pòl t ap pale konsènan chay nou chak genyen, anpalan de responsablite nou genyen devan Bondye, yon bagay se nou chak ki dwe pote l poukò n. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa “chay pa” nou an gen ladan l e ki jan n ka pote l. Epitou, nou pral chèche wè ki pwa lou nou ka ap pote ki pa nesesè epi chèche wè ki jan nou ka voye yo jete. Lè n pote pwòp chay pa nou e nou voye pwa lou ki pa nesesè yo jete, sa ap ede n pou n fini kous pou lavi a.

CHAY NOU DWE POTE

Kontinye pote pwòp chay pa nou gen ladan l, viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova a, respekte obligasyon nou gen nan fanmi nou, epi aksepte konsekans desizyon nou pran. (Gade paragraf 4-9.)

4. Poukisa ve nou te fè Jewova a pa yon pwa lou? (Gade foto a tou.)

4 Ve nou fè Jewova a. Lè n te vwe Jewova lavi n, nou te pwomèt pou n adore l e pou n fè volonte l. Nou dwe kenbe ve sa a. Se yon gwo responsablite pou n viv ann amoni ak ve nou te fè a, men, se pa yon pwa lou. Dayè, Jewova te kreye n pou n fè volonte l (Rev. 4:11). Li fè nou yon fason pou n anvi konnen l e pou n adore l, e li fè nou pòtre ak li. Se sa k fè nou kapab pwoche bò kote l e nou kapab gen kè kontan lè n fè volonte l (Sòm 40:8). Sa k pi enpòtan an, lè n fè volonte Bondye e n suiv egzanp Pitit Gason l lan, nou “jwenn fòs”. — Mat. 11:28-30.

(Gade paragraf 4-5.)

5. Ki sa ki kapab ede w kenbe ve ou te fè a? (1 Jan 5:3).

5 Ki jan w ka pote chay la? Gen de bagay ki kapab ede w. Premyèman, kontinye fè efò pou w renmen Jewova pi plis. Yon bagay k ap ede w, se lè w medite sou tout bon bagay li fè pou ou ak sou benediksyon li rezève pou ou. Plis ou renmen Bondye, se plis l ap fasil pou w obeyi l. (Li 1 Jan 5:3.) Dezyèmman, imite Jezi. Li te rive fè volonte Bondye paske l te priye Jewova pou l ede l e l te kontinye panse ak rekonpans li t apral jwenn nan (Ebre 5:7; 12:2). Menm jan ak Jezi, priye Jewova pou l ba w fòs, epi kenbe esperans lavi ki pap janm fini an klè nan lespri w. Tank w ap vin renmen Bondye e w ap imite Pitit Gason l lan, w ap rive kenbe ve ou te fè a.

6. Poukisa nou dwe respekte obligasyon nou gen nan fanmi nou? (Gade foto a tou.)

6 Obligasyon nou gen nan fanmi nou. Nan kous pou lavi a, nou dwe renmen Jewova ak Jezi plis pase moun nan fanmi nou (Mat. 10:37). Men, èske sa vle di nou kapab neglije obligasyon nou gen nan fanmi nou, kòmkwa responsablite sa yo ap anpeche n fè Bondye ak Kris plezi? Okontrè, pou Bondye ak Kris fè nou favè, nou bezwen pran responsablite nou gen nan fanmi nou oserye (1 Tim. 5:4, 8). Lè n fè sa, n ap gen plis kè kontan. Epitou, Jewova konnen fanmi yo ap gen kè kontan lè mari ak madanm renmen youn lòt e lè youn respekte lòt, lè paran yo renmen pitit yo epi yo ba yo fòmasyon, e lè timoun yo obeyi paran yo. — Efe. 5:33; 6:1, 4.

(Gade paragraf 6-7.)

7. Ki jan w ka jwe wòl pa w nan fanmi an?

7 Ki jan w ka pote chay la? Kit ou se yon mari, yon madanm, oswa yon timoun, fè konsèy ki gen anpil sajès ki nan Bib la konfyans. Pa annik fè sa w santi ki bon oswa sa moun kote w ap viv la abitye fè oubyen sa yon seri moun k ap bay konsèy pou fanmi di (Pwo. 24:3, 4). Byen sèvi ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. Nan piblikasyon sa yo w ap jwenn bonjan konsèy sou fason pou w aplike prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, nan seri atik “Èd pou fanmi”, w ap jwenn bonjan enfòmasyon sou yon seri difikilte mari ak madanm, paran ak adolesan jwenn jodi a b. Pran detèminasyon pou w aplike sa Bib la di, menmsi lòt moun nan fanmi an pa fè sa. Lè w fè sa, sa ap bon pou fanmi w e Jewova ap beni w. — 1 Pyè 3:1, 2.

8. Ki efè desizyon nou pran kapab gen sou nou?

8 Nou responsab desizyon nou pran. Jewova ban nou libète pou n deside e li vle nou gen kè kontan poutèt nou pran bon desizyon. Men tou, Jewova pa anpeche n peye konsekans move desizyon nou pran (Gal. 6:7, 8). Pou rezon sa a, nou aksepte konsekans move desizyon nou pran, san wete konsekans sa pote lè n pale san reflechi ak lè n kouri aji. Konsyans nou ka ap kale nou akoz yon bagay nou te fè. Sepandan, lè n konnen nou responsab desizyon nou pran, sa kapab ankouraje n pou n konfese peche nou, korije erè nou fè, epi fè efò pou n pa refè menm erè yo ankò. Lè n aji konsa, sa kapab ede n rete nan kous pou lavi a.

(Gade paragraf 8-9.)

9. Ki sa k ka ede w si w te pran yon move desizyon? (Gade foto a tou.)

9 Ki jan w ka pote chay la? Si w te pran yon move desizyon e w pa ka chanje desizyon w te pran an, aksepte sitiyasyon w ladan l kounye a. Ou bezwen admèt ou pa ka chanje sa k te pase a. Pa gaspiye tan w ak fòs ou nan chèche montre w te gen rezon oswa pa akize tèt ou oubyen lòt moun pou move desizyon w te pran yo. Okontrè, ou bezwen rekonèt tò w, epi fè tout sa w kapab nan sitiyasyon w ye kounye a. Si w santi w koupab pou yon bagay ou te fè ki pa t bon, priye Jewova sou sa avèk imilite, aksepte erè w te fè a, epi mande l padon (Sòm 25:11; 51:3, 4). Mande moun petèt ou te mal aji ak yo padon, e si sa nesesè, chèche èd ansyen yo (Jak 5:14, 15). Aprann nan erè w fè yo, epi fè efò pou w pa refè menm erè yo ankò. Tank w ap fè efò, ou mèt gen asirans Jewova ap fè w mizèrikòd e l ap ba w èd ou bezwen. — Sòm 103:8-13.

PWA LOU NOU DWE “VOYE JETE”

10. Poukisa lè n vle fè yon seri bagay nou pap ka reyalize sa kapab vin yon pwa lou pou nou? (Galat 6:4).

10 Lè n vle fè yon seri bagay nou pap ka reyalize. Nou ka met yon pwa lou sou do nou lè n vle fè yon seri bagay nou pap ka reyalize paske n ap konpare tèt nou ak lòt moun. (Li Galat 6:4.) Si n toujou ap konpare tèt nou ak lòt moun, nou ka kòmanse rayi sò yo e nou ka vin nan konpetisyon ak yo (Gal. 5:26). Si n ap chèche reyalize sa lòt moun reyalize, nou ka ap chèche fè yon seri bagay ki twòp pou nou ak yon seri bagay sitiyasyon nou gendwa pa pèmèt nou fè. Epi, si n ap “tann yon bagay e sa pa rive lè [n] t ap tann li an, sa fè [n] pèdi espwa”, alewè pou lè n vle fè yon seri bagay nou pap janm ka reyalize (Pwo. 13:12)! Sitiyasyon konsa ka fè n vin tèlman fatige, nou ralanti nan kous pou lavi a. — Pwo. 24:10.

11. Ki sa k ka ede w evite fè yon seri bagay ou pap ka reyalize?

11 Ki jan w ka voye pwa lou sa a jete? Pa atann pou w fè plis pase sa Jewova mande. Jewova pa janm atann pou w ba l sa w pa genyen (2 Kor. 8:12). Ou mèt gen asirans Jewova pa konpare sa w fè ak sa lòt moun fè (Mat. 25:20-23). Li bay sèvis w ap ba li ak tout kè w ansanm ak fidelite w ak andirans ou anpil valè. Ou bezwen rekonèt akoz laj ou, sante w ak sitiyasyon w gen yon seri bagay ou ka pa kapab fè kounye a. Menm jan ak Bazilayi, ou bezwen dispoze refize yon seri privilèj lè fòs ou pa pèmèt ou fè yon seri bagay (2 Sam. 19:35, 36). Menm jan ak Moyiz, aksepte yo ede w e bay lòt moun kèk responsablite lè sa nesesè (Egz. 18:21, 22). Lè w rekonèt limit ou, sa ap ede w pou w pa chèche fè yon seri bagay ou pap kapab reyalize, sa ki ta ka fè w santi w faya nan kous pou lavi a.

12. Èske nou responsab move desizyon lòt moun pran? Esplike.

12 Lè w santi w responsab move desizyon lòt moun pran. Nou pa ka pran desizyon pou lòt moun, ni nou pa ka toujou anpeche yo sibi konsekans move desizyon yo te pran. Pa egzanp, rive yon lè, yon pitit gason oswa yon pitit fi ka deside sispann sèvi Jewova. Desizyon sa a ka fè paran yo mal anpil. Sepandan, paran k ap blame tèt yo pou move desizyon pitit yo pran met yon pwa lou sou do yo. Jewova pa mande pou yo pote yon chay konsa. — Wom. 14:12.

13. Ki jan yon paran ka reyaji lè pitit li pran yon move desizyon?

13 Ki jan w ka voye pwa lou sa a jete? Nou bezwen rekonèt Jewova bay nou tout libète pou nou deside. Li kite chak moun pran desizyon pa l. Sa gen ladan l si yo vle sèvi l oswa si yo pa vle sèvi l. Ou menm paran, Jewova konnen w pa pafè. Li jis vle w fè tout sa w kapab. Ou pa responsab desizyon pitit ou pran, se responsablite pa l (Pwo. 20:11). Sepandan, ou ka ap bay tèt ou pwoblèm pou erè w te fè antanke paran. Si se ka pa w, fè Jewova konn jan w santi w, epi mande l padon. Li konnen ou pa ka efase oswa chanje sa k te pase. Anmenmtan, li pa atann pou w anpeche pitit ou rekòlte sa l simen. Sonje, si pitit ou fè efò pou l retounen vin jwenn Jewova, L ap byen kontan akeyi l ankò. — Lik 15:18-20.

14. Poukisa lè n pa sispann santi n koupab se yon pwa lou, e n dwe voye l jete?

14 Lè n pa sispann santi nou koupab. Lè n peche, li nòmal pou n santi n koupab. Men, Jewova pa vle nou santi n koupab depase limit. Sa a se yon pwa lou nou dwe voye jete. Ki jan n ap fè konnen si n santi n koupab depase limit? Si nou konfese peche nou, nou repanti e n fè tout sa n kapab pou n pa refè menm peche yo ankò, nou kapab gen konfyans Jewova padone nou (Tra. 3:19). Apre nou fin fè tout sa, Jewova pa vle nou kontinye santi n koupab. Li konnen jis nan ki pwen sa ka fè n soufri (Sòm 31:10). Si n kite tristès anvayi n, nou ka abandone kous pou lavi a. — 2 Kor. 2:7.

Apre w fin repanti ak tout kè w, Jewova pa kontinye panse ak peche w te fè yo, e w pa dwe fè sa nonplis. (Gade paragraf 15.)

15. Ki sa k ka ede w lè w pa sispann santi w koupab? (1 Jan 3:19, 20). (Gade foto a tou.)

15 Ki jan w ka voye pwa lou sa a jete? Si w pa sispann santi w koupab, sonje Bondye “padone moun toutbon”. (Sòm 130:4.) Men sa Jewova pwomèt lè l padone moun ki repanti toutbon yo: “Mwen pap sonje peche yo ankò.” ​(Jer. 31:34). Sa vle di, apre Jewova fin padone w pou peche w te fè, li pap janm panse ak sa ankò. Donk, ou pa dwe panse lefètke w sibi konsekans peche w te fè, se prèv ki montre Jewova pa padone w. Epitou, ou pa bezwen ap bay tèt ou pwoblèm poutèt gen bagay ou pa kapab fè nan sèvis Jewova kounye a akoz erè w te fè. Jewova pa kontinye panse ak peche w te fè yo, e w pa dwe fè sa nonplis. — Li 1 Jan 3:19, 20.

KOURI YON FASON POU W GENYEN KOUS LA

16. Antanke moun k ap patisipe nan yon kous, ki sa nou dwe rekonèt?

16 Pandan n ap kouri nan kous pou lavi a, nou dwe “kouri yon fason pou nou ka genyen l”. (1 Kor. 9:24.) N ap kapab fè sa si n konprann diferans ki genyen ant chay nou dwe pote ak pwa lou nou dwe voye jete. Nan atik sa a, nou te pale sou kèk egzanp konsènan sa nou dwe pote ak sa nou dwe voye jete. Men, nou te ka pale konsènan kèk lòt egzanp ankò. Jezi te di nou ka “vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a”. (Lik 21:34.) Vèsè sa yo ak lòt vèsè ankò ka ede w rive wè ki chanjman ou ka bezwen fè pandan w ap kouri nan kous pou lavi a.

17. Poukisa nou kapab gen asirans n ap genyen kous pou lavi a?

17 Nou kapab gen asirans n ap genyen kous pou lavi a paske Jewova ap ban nou fòs nou bezwen (Eza. 40:29-31). Kidonk, pa ralanti nan kous la! Imite egzanp apot Pòl ki te met tout fòs li nan kous la pou l te ka jwenn rekonpans lan (Flp. 3:13, 14). Pèsonn pa ka kouri nan kous la pou ou, men, grasa èd Jewova, ou kapab fè sa. Jewova kapab ede w pou w pote chay ou yo e pou w voye tout pwa lou ki pa nesesè jete (Sòm 68:19). E piske Jewova avè w, w ap kapab kouri nan kous la avèk andirans e w ap genyen!

KANTIK 65 Kontinye pwogrese!

a Atik sa a ap ede n pou n kouri nan kous pou lavi a. Antanke moun k ap kouri nan yon kous, nou dwe pote yon seri chay. Sa gen ladan l ve nou te fè Jewova a, obligasyon nou gen nan fanmi nou ak responsablite nou genyen anrapò ak desizyon n ap pran. Men, nou dwe voye nenpòt pwa lou ki pa nesesè e ki ka ralanti nou jete. Ki pwa lou konsa? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik sa a.

b Ou ka jwenn seri atik ki gen tit “Èd pou fanmi” an sou jw.org. Pa egzanp, men kèk atik ki disponib pou moun ki marye: “Comment témoigner du respect” ak “Fason nou ka montre nou konn apresye”. Pou paran, “Fason w ka ede pitit ou pwoteje tèt yo lè y ap sèvi ak telefòn entèlijan” ak “Comment communiquer avec mon adolescent?”. Pou adolesan, “Comment résister à la pression du groupe” ak “Comment surmonter le sentiment de solitude”.