Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 43

“L ap fè nou vin djanm”

“L ap fè nou vin djanm”

“[Jewova] ap fè nou vin fèm, l ap fè nou vin djanm, l ap mete nou sou yon fondasyon ki solid.” — 1 PYÈ 5:10.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki jan Bondye te bay sèvitè fidèl li yo fòs nan tan lontan?

 BYEN SOUVAN, Pawòl Bondye a pale konsènan yon seri mesye ki te fidèl ki te gen anpil kouraj. Men, menm moun ki te gen plis kouraj pami moun sa yo pa t toujou santi yo djanm. Pa egzanp, nan kèk okazyon, wa David te santi l “djanm tankou yon mòn”, men, nan lòt okazyon, li te “pè anpil”. (Sòm 30:7.) Aktout Samson te gen yon fòs estrawòdinè lè lespri Bondye te sou li, li te rekonèt si Bondye pa t ba l fòs, li t ap “pèdi fòs [li] e [li t ap] vin fèb tankou nenpòt gason”. (Jij 14:​5, 6; 16:17.) Se paske Jewova te bay mesye fidèl sa yo pisans ki fè yo te djanm.

2. Sa k fè apot Pòl te di li te fèb e anmenmtan li te gen pisans? (2 Korentyen 12:​9, 10).

2 Apot Pòl te rekonèt li menm tou li te bezwen Jewova ba l pisans. (Li 2 Korentyen 12:​9, 10.) Menm jan ak anpil nan nou, Pòl te konn gen pwoblèm sante (Gal. 4:​13, 14). Pafwa, li te oblije fè anpil efò pou l fè sa ki byen (Wom. 7:​18, 19). E gende lè, li te santi l pè paske l pa t konn sa k te ka rive l (2 Kor. 1:​8, 9). Aktout sa, lè Pòl te fèb, li te vin gen pisans. Ki jan? Jewova te bay Pòl pisans li te bezwen. Li te fè Pòl vin djanm.

3. Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Jewova pwomèt l ap fè nou vin djanm tou (1 Pyè 5:10). Men, nou pa kapab atann n ap jwenn pisans sa a san n pa fè okenn efò. Ann pran yon egzanp: se motè yon machin ki fè machin nan mache. Sepandan, yon chofè dwe peze akseleratè machin nan pou l ka al kèlkeswa kote l vle ale a. Menm jan an tou, Jewova dispoze ban nou pisans nou bezwen an, men, nou dwe fè efò pou n kapab jwenn li. Ki sa Jewova ban nou pou fè nou vin djanm? E ki sa nou bezwen fè pou n ka jwenn pisans sa a? N ap jwenn repons kesyon sa yo lè n egzamine fason Jewova te bay twa moun yo pale de yo nan Bib la fòs, anpalan de pwofèt Jonas, Mari, manman Jezi, ak apot Pòl. Epitou, nou pral wè fason Jewova kontinye bay sèvitè l yo fòs menm jan an jodi a.

OU KAPAB JWENN FÒS LÈ W PRIYE AK LÈ W ETIDYE

4. Ki jan Jewova kapab ban nou fòs?

4 Youn nan fason Jewova ban nou pisans se lè nou priye l. Pou Jewova reponn priyè nou, li kapab ban nou “yon pisans ki depase yon pisans nòmal”. (2 Kor. 4:7.) Epitou, nou kapab jwenn fòs lè n li Pawòl li a e lè n medite sou sa n li yo (Sòm 86:11). Mesaj Jewova ban nou nan Bib la gen ‘pisans’. (Ebre 4:12.) Lè w priye Jewova e lè w li Pawòl li a, w ap jwenn fòs ou bezwen pou w andire, pou w kontinye gen kè kontan, oswa pou w fè yon travay yo ba w fè nan sèvis Jewova a, menmsi l difisil. Ann wè fason Jewova te bay pwofèt Jonas fòs.

5. Poukisa pwofèt Jonas te bezwen gen kouraj?

5 Pwofèt Jonas te bezwen gen kouraj. Li te kouri pou yon travay Jewova te voye l fè ki te difisil. Sa te fè l manke pèdi lavi l nan yon gwo van tanpèt e li te met lavi lòt moun ki te nan bato ansanm avè l yo an danje. Lè yo te lage Jonas nan lanmè, gen yon gwo pwason ki te vale l. Jonas te vin twouve l anndan vant pwason an, yon kote ki fè nwa. Ki jan w panse Jonas te santi l? Èske l te panse li t ap mouri? Èske li t ap mande tèt li si Jewova te abandone l? Jonas dwe te pè anpil.

Menm jan ak pwofèt Jonas, ki jan n ka vin gen fòs lè n ap fè fas ak yon eprèv? (Gade paragraf 6-9.)

6. Selon Jonas 2:​1, 2, 7, ki sa k te bay Jonas fòs pandan l te nan vant pwason an?

6 Ki sa Jonas te fè pou l te kapab jwenn kouraj lè l te poukont li nan vant pwason an? Yon bagay ki sèten, li te priye. (Li Jonas 2:​1, 2, 7.) Malgre Jonas te dezobeyi Jewova, li te gen konfyans Jewova t ap koute priyè l te fè avèk imilite ki te montre li regrèt sa l te fè a. Jonas te medite sou Ekriti yo tou. Sa k fè n kapab di sa? Priyè Jonas te fè ki nan Jonas chapit 2 a gen anpil mo ak ekspresyon nou jwenn nan liv Sòm nan. (Pa egzanp, konpare Jonas 2:​2, 5 ak Sòm 69:1; 86:7.) Sa klè, Jonas te byen konnen vèsè sa yo. E lefètke l te medite sou yo pandan l te nan pwoblèm, li te gen konfyans Jewova t ap ede l. Apre sa, Jewova te sove Jonas, e Jonas te pare pou l fè travay Jewova te voye l fè a. — Jon. 2:10–3:4.

7-8. Ki jan yon frè nan peyi Taywann te jwenn fòs pandan l t ap fè fas ak eprèv?

7 Egzanp Jonas kapab ede n lè n ap fè fas ak divès kalite eprèv. Pa egzanp, Zhiming b, yon frè nan peyi Taywann, gen gwo pwoblèm sante. Mete sou sa, moun nan fanmi l maltrete l anpil poutèt lafwa li gen nan Jewova. Lè l priye Jewova e lè l etidye, Jewova ba l fòs. Men sa l admèt: “Pafwa, lè pwoblèm yo rive, mwen tèlman ap enkyete m, mwen pa vrèman santi m kalm pou m fè etid pèsonèl mwen.” Men, li pa bay vag. Men sa l di: “Toudabò, mwen priye Jewova, apre sa mwen mete kas mwen nan zòrèy mwen, epi m koute kantik Wayòm yo. Pafwa, mwen menm konn chante yo tou ba jiskaske m santi m kalm. Apre sa, mwen kòmanse etidye.”

8 Etid pèsonèl Zhiming te fè te ba l fòs fason li pa t atann. Pa egzanp, apre l te fin fè yon gwo operasyon, pandan l t ap reprann li, gen yon enfimyè ki te di l li t ap bezwen pran san paske li pa t gen anpil san. Nan nuit anvan operasyon an, Zhiming te li istwa yon sè ki te fè menm operasyon an, li te wè kantite san sè a te genyen an te pi ba lontan pase pa l la. Aktout sa, sè a pa t aksepte pran san e li te refè. Egzanp sa a te bay Zhiming fòs pou l ret fidèl.

9. Si w ap enkyete akoz w ap fè fas ak yon eprèv, ki sa w kapab fè? (Gade foto yo tou.)

9 Pandan w ap fè fas ak yon eprèv, èske w konn santi w twò enkyè pou w priye Jewova? Oswa èske w konn santi w twò fatige pou w etidye? Sonje Jewova byen konprann sitiyasyon w. Donk, menm lè w fè yon priyè tou senp, ou mèt gen asirans l ap ba w egzakteman sa w bezwen (Efe. 3:20). Si w malad, ou fatige oswa w gen anpil tètchaje, e sa fè l difisil pou w li e pou w etidye, eseye fè efò pou w koute anrejistreman odyo Bib la oswa piblikasyon ki baze sou Bib la. Epitou, ou ka koute youn nan chante nou yo oswa gade yon videyo sou jw.org. Lè w priye Jewova e lè w chèche jwenn repons priyè w nan Bib la ak nan tout lòt bagay Li bay yo, se mande ou mande l pou l fè w vin djanm.

OU KAPAB JWENN FÒS NAN MEN FRÈ W AK SÈ W YO

10. Ki jan frè n ak sè n yo ban nou fòs?

10 Jewova kapab itilize frè n ak sè n yo pou ban nou fòs. Yo kapab “vin tounen yon gwo rekonfò” pou nou lè n ap fè fas ak yon eprèv oswa lè n ap fè anpil efò pou n fè yon travay yo ban nou fè ki difisil (Kol. 4:​10, 11). Nou sitou bezwen zanmi “lè gen malè”. (Pwo. 17:17.) Lè n santi n dekouraje, frè n ak sè n yo kapab ede n jwenn sa n bezwen, yo kapab konsole nou, e yo kapab ankouraje n pou n kontinye sèvi Jewova fidèlman. Ann wè ki jan lòt moun te bay Mari, manman Jezi, fòs.

11. Poukisa Mari te bezwen fòs?

11 Mari te bezwen fòs. Imajine tout tètchaje Mari dwe te genyen lè zanj Gabriyèl te di l li t ap vin ansent, alòske li pa t marye. Aktout li pa t gen eksperyans nan leve timoun, li t ap gen pou l pran swen tigason ki t ap vin Mesi a. E kòm Mari pa t janm gen relasyon seksyèl, ki jan l t apral fè pou l esplike Jozèf, fiyanse l la, li ansent? — Lik 1:​26-33.

12. Selon Lik 1:​39-45, ki kote Mari te jwenn fòs li te bezwen?

12 Ki kote Mari te jwenn fòs li te bezwen pou l te aksepte pran kalite gwo responsablite sa a? Li te chèche èd nan men lòt moun. Pa egzanp, li te mande zanj Gabriyèl pou l ba l plis enfòmasyon konsènan responsablite sa a (Lik 1:34). Yon ti tan annapre, li te fè yon vwayaj byen long nan “zòn ki gen mòn nan peyi” Jida pou l t al vizite Elizabèt, yon fanmi l. Vizit sa a pa t pou granmesi. Elizabèt te felisite Mari e Jewova te fè Elizabèt anonse yon pwofesi ki te ankourajan konsènan pitit gason Mari t apral fè a. (Li Lik 1:​39-45.) Mari te di Jewova te “aji ak fòs ponyèt li”. (Lik 1:​46-51.) Jewova te itilize zanj Gabriyèl ak Elizabèt pou l te bay Mari fòs.

13. Ki sa k te rive lè yon sè nan peyi Bolivi te mande frè ak sè yo pou yo ede l?

13 Menm jan ak Mari, ou ka jwenn fòs nan men kwayan parèy ou yo tou. Dasouri, yon sè nan peyi Bolivi, te bezwen sa. Lè doktè te dekouvri papa l te fè yon maladi ki te rive nan dènye faz li e li te entène lopital, Dasouri te vle fè tout sa l kapab pou l pran swen papa l (1 Tim. 5:4). Sa pa t toujou fasil. Men sa l di: “Pandan plizyè fwa, mwen te santi m about.” Èske l te mande èd? Li pa t fè sa okòmansman. Men sa l esplike: “M pa t vle deranje frè ak sè yo. Mwen te di tèt mwen: ‘Se Jewova k ap ban m èd mwen bezwen.’ Men, annapre m te vin rann mwen kont, lefètke m te pran distans mwen ak lòt moun, se eseye m t ap eseye rezoud pwoblèm mwen yo poukont mwen.” (Pwo. 18:1). Dasouri te deside ekri kèk nan zanmi l yo pou l te esplike yo sitiyasyon l. Men sa l di: “Mwen pa ka jwenn mo pou m esplike jis nan ki pwen frè m ak sè m yo mwen renmen anpil te ban m fòs. Yo te pot manje nan lopital la e yo te li kèk vèsè avè m ki te ankouraje m. Se pa ti efè sa gen sou nou lè n konnen nou pa poukò n! Nou fè pati yon gwo fanmi, anpalan de fanmi Jewova a, yon fanmi ki dispoze ede w, k ap kriye ansanm avè w, e k ap ede w lite.”

14. Poukisa nou dwe aksepte èd ansyen yo ban nou?

14 Youn nan fason Jewova ban nou fòs se pa mwayen ansyen yo. Yo se kado Jewova ban nou e l itilize kado sa yo pou ban nou fòs e pou ankouraje n (Eza. 32:​1, 2). Donk, lè w gen tètchaje, ou ka fè ansyen yo konnen sa k ap enkyete w. Lè yo vle ede w, pa refize èd yo vle ba ou a. Jewova kapab sèvi avè yo pou ba w fòs.

OU KAPAB JWENN FÒS NAN ESPERANS OU GENYEN POU LAVNI AN

15. Ki esperans tout kretyen bay anpil valè?

15 Esperans nou genyen ki baze sou Bib la kapab ban nou fòs (Wom. 4:​3, 18-20). Antanke kretyen, nou gen yon bèl esperans pou nou viv pou toutan, swa sou tè a k ap vin yon paradi oswa pou n al fè pati Wayòm nan ki nan syèl la. Esperans nou an ban nou fòs pou n andire eprèv, pou n preche bon nouvèl la e pou n fè divès kalite travay yo ban nou fè nan kongregasyon an (1 Tes. 1:3). Se menm esperans sa a ki te bay apot Pòl fòs.

16. Ki sa k fè apot Pòl te bezwen fòs?

16 Pòl te bezwen fòs. Nan lèt li te ekri kretyen Korent yo, li te konpare tèt li ak yon veso frajil ki fèt ak tè. Li te “nan eto”, li ‘pa t konn sa pou l fè’, yo te “pèsekite” l e yo te ‘lage l atè’. Lavi l te menm an danje (2 Kor. 4:​8-10). Pòl te ekri pawòl sa yo pandan l t ap fè twazyèm vwayaj li antanke misyonè. Petèt, lè sa a li potko konnen se atò l t apral jwenn pwoblèm. Foul moun ki vyolan t ap gen pou yo atake l, yo t ap gen pou yo arete l, bato t ap gen pou fè nofraj avè l, e yo t ap mete l nan prizon.

17. Ann amoni ak 2 Korentyen 4:​16-18, ki sa k te bay Pòl fòs pou l andire eprèv li te jwenn yo?

17 Pòl te jwenn fòs pou l andire lè l te konsantre sou esperans li te genyen an. (Li 2 Korentyen 4:​16-18.) Li te di kretyen Korent yo, menmsi kò l t ap “depafini”, li pa t ap kite sa fè l dekouraje. Pòl te konsantre sou avni ki te rezève pou li a. Esperans Pòl te genyen pou l viv nan syèl la pou toutan an t ap “ogmante chak jou”, e l te dispoze andire kèlkeswa difikilte a pou l jwenn rekonpans ki rezève pou li a. Pòl te medite sou esperans sa a, e sa te fè l santi l “pi fre de jou an jou”.

18. Ki jan esperans Tihomir ak fanmi l genyen te ba yo fòs?

18 Tihomir, yon frè nan peyi Bilgari, te jwenn fòs nan esperans li genyen an. Sa gen kèk ane, Zdravko, ti frè l, te mouri nan yon aksidan. Pandan kèk tan, Tihomir te santi l tris anpil. Pou l te fè fas ak lapenn li te genyen an, li menm ak madanm li ak pitit gason l lan konn imajine ki jan rezirèksyon an pral ye. Men sa l esplike: “Pa egzanp, nou konn pale sou ki kote n ap rankontre Zdravko, ki manje n ap prepare pou li, kiyès n ap envite nan premye fèt n ap fè pou li lè l retounen, e ki sa n pral di l konsènan dènye jou yo.” Tihomir di lefètke fanmi l konsantre sou esperans yo genyen an, sa ba yo fòs pou yo kontinye andire, pou yo kontinye ret tann moman kote Jewova pral resisite frè l la.

Ki jan w imajine lavi w pral ye nan monn nouvo a? (Gade paragraf 19.) c

19. Ki sa w kapab fè pou esperans ou genyen an vin pi solid? (Gade foto a tou.)

19 Ki jan w ka fè esperans ou genyen an vin pi solid? Pa egzanp, si w gen esperans pou w viv sou tè a pou toutan, li sa Bib la di konsènan Paradi a, epi medite sou sa w li yo (Eza. 25:8; 32:​16-18). Reflechi sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a. Imajine ou menm ki nan Paradi a. Kiyès ou wè? Ki sa w tande? Ki jan w santi w? Pou w kapab pi byen imajine jan Paradi a pral ye, gade imaj nan piblikasyon nou yo ki montre Paradi a, oswa gade yon videyo mizik tankou: Monn nouvo n ap tann nan, Li toupre pou li rive, oubyen Imajine jou sa a! Si nou kenbe esperans nou genyen anrapò ak monn nouvo a byen klè nan lespri n, pwoblèm nou yo ap ‘la pou yon ti tan e y ap lejè’. (2 Kor. 4:17.) Jewova ap fè w vin djanm grasa esperans li ba w la.

20. Menm lè n santi n faya, ki jan n kapab vin gen fòs?

20 Menm lè n santi n faya, “Bondye ap ban nou fòs”. (Sòm 108:13.) Jewova deja ba w sa w bezwen pou w jwenn fòs. Donk, lè w bezwen èd pou w fè yon travay yo ba w fè, pou w andire yon eprèv, oswa pou w kontinye gen kè kontan, priye Jewova ak tout kè w epi fè etid pèsonèl pou w ka jwenn èd nan men l. Aksepte ankourajman frè w ak sè w yo ap ba ou. Kontinye kenbe esperans ou genyen an byen klè nan lespri w. Si w fè sa, w ap “vin pisan” e w ap vin “gen tout fòs [ou] bezwen grasa pisans [Bondye] genyen ki gen glwa, yon fason pou [w] andire nèt e pou [w] pran pasyans ak kè kontan”. — Kol. 1:11.

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

a Atik sa a ap ede moun ki santi yo about paske y ap fè fas ak yon eprèv oswa yo ba yo yon responsablite yo santi ki twòp pou yo. Nou pral aprann fason Jewova kapab ban nou fòs e ki sa nou kapab fè pou n jwenn èd nan men l.

b Gen kèk non yo chanje.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki soud k ap medite sou pwomès Bib la fè e k ap jwe yon videyo mizik pou l ka imajine fason lavi l pral ye nan monn nouvo a.