Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 44

Chèche pi byen konprann Pawòl Bondye a

Chèche pi byen konprann Pawòl Bondye a

“[Chèche] konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt.” — EFE. 3:18.

KANTIK 95 Limyè a vin pi klere

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Ki pi bon fason pou w li Bib la e pou w etidye l? Bay yon egzanp.

 IMAJINE w ap reflechi pou w wè si w dwe achte yon kay. Ki sa w t ap renmen wè anvan w pran yon desizyon? Èske w t ap jis kontante w gade foto fasad kay la? Se sèten w t ap renmen al gade kay la pou w ka mache toutotou l, antre anndan l, egzamine tout chanm yo epi gade tout sa ki fè pati kay la. Ou ta ka menm vle wè plan kay la pou w wè fason yo te konstwi l. An reyalite, ou ta renmen wè tout ti detay nan kay ou vle achte a.

2 Nou kapab fè menm bagay la lè n ap li Labib e lè n ap etidye l. Gen yon moun ki fè kòmantè sou Bib la ki konpare mesaj ki ladan l lan ak “yon gwo bilding byen wo, e fondasyon l fon anpil”. Donk, ki jan nou kapab vin byen konnen tout sa ki nan Bib la? Si w annik li l byen vit, ou ka aprann enfòmasyon de baz yo sèlman, anpalan de “bagay de baz ki gen nan deklarasyon sakre Bondye yo”. (Ebre 5:12.) Okontrè, menm jan ak kay la, ou bezwen egzamine l afon pou w kapab wè tout ti detay ki ladan l. Yon bon fason ou kapab etidye Bib la, se lè w chèche konprann ki jan divès aspè ki gen nan mesaj ki ladan l lan konekte youn ak lòt. Fè efò nonsèlman pou w konprann verite ou kwè yo, men tou, pou ki rezon ou kwè yo.

3. Ki sa apot Pòl te ankouraje kretyen parèy li yo fè, e poukisa? (Efezyen 3:​14-19).

3 Pou n pi byen konprann tout ti detay ki nan Pawòl Bondye a, nou dwe aprann verite pwofon ki ladan l yo. Apot Pòl te ankouraje frè l ak sè l yo pou yo byen etidye Pawòl Bondye a pou yo te ka “konprann lajè, longè, wotè ak pwofondè laverite nèt”. Konsa, yo t ap “vin anrasinen” pi plis nan lafwa yo genyen an e yo t ap “vin [pi] byen chita” ladan l. (Li Efezyen 3:​14-19.) Nou bezwen fè menm jan an. Ann wè ki jan n ka egzamine Pawòl Bondye a pou n pi byen konprann sans li.

EGZAMINE VERITE PWOFON KI NAN BIB LA

4. Ki sa nou kapab fè pou n vin pi pwòch ak Jewova? Bay kèk egzanp.

4 Antanke kretyen, nou pa jis kontante n ak ansèyman de baz ki nan Bib la. Grasa èd lespri sen, nou anvi aprann “menm nan bagay pwofon Bondye yo”. (1 Kor. 2:​9, 10.) Sa w panse si w ta kòmanse fè etid pèsonèl ou sou yon seri sijè k ap fè w vin pi pwòch ak Jewova? Pa egzanp, ou ta kapab chèche wè fason li te montre li renmen sèvitè l yo nan tan lontan ak fason sa montre li renmen w tou. Epitou, ou ta ka egzamine fason Jewova te vle pou Izrayelit yo adore l epi konpare l ak fason li vle pou kretyen yo adore l jodi a. Oubyen, petèt ou ta kapab fè bonjan rechèch sou pwofesi ki te reyalize pandan Jezi t ap viv sou tè a e pandan sèvis li.

5. Èske gen yon sijè w ta renmen fè rechèch sou li lè w ap fè etid pèsonèl ou?

5 Yo te mande kèk moun ki renmen etidye Bib la ki sijè yo ta renmen fè plis rechèch sou yo nan Pawòl Bondye a lè y ap fè etid pèsonèl yo. Gade kare ki gen tit “ Sijè pou etid pèsonèl” pou w wè kèk nan repons yo te bay. W ap vrèman kontan etidye sijè sa yo lè w sèvi ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la. Lè w pran san w pou w byen fouye nan Bib la, sa kapab fè lafwa w vin pi solid e sa kapab ede w pou w vin gen “konesans sou Bondye”. (Pwo. 2:​4, 5.) Kounye a, nou pral wè kèk verite pwofon ki nan Bib la nou kapab egzamine.

MEDITE SOU OBJEKTIF BONDYE

6. a) Ki diferans ki genyen ant yon plan ak yon objektif? b) Sa k fè n kapab di objektif Jewova gen pou lèzòm ak pou tè a se yon objektif “etènèl”?

6 Pa egzanp, ann wè sa Bib la di konsènan objektif Bondye. Gen yon gwo diferans ant yon plan ak yon objektif. Nou kapab konpare yon plan ak yon wout fiks ki kapab mennen w kote w vle ale a. Sepandan, plan an kapab echwe si wout la ta bloke. Yon lòt bò, nou kapab konpare yon objektif ak kote nou prale a. Nou konnen egzakteman ki kote nou vle ale, men nou pa gen yon wout fiks. Nou kapab pase nan yon lòt wout si sa ta nesesè. Erezman Jewova fè n konnen “objektif etènèl” li genyen an tikras pa tikras nan Bib la (Efe. 3:11). Kèlkeswa jan sa ye, Jewova toujou reyisi nan sa l ap fè, paske li “fè tout bagay mache pou l reyalize objektif li”. (Pwo. 16:4.) E rezilta sa l fè yo ap la pou toutan. Ki objektif Jewova genyen, e ki ajisteman li te fè pou l te ka reyalize objektif sa a?

7. Lè premye moun Jewova te kreye yo te fè rebèl, ki ajisteman Jewova te fè pou l te kapab reyalize objektif li? (Matye 25:34).

7 Bondye te fè premye moun li te kreye yo konnen objektif li te genyen pou yo. Yo te gen pou yo ‘fè pitit, fè anpil pitit, plen tè a ak moun, gen pouvwa sou tè a e sou tout bèt’ ki sou tè a (Jen. 1:28). Lè Adan ak Èv te fè rebèl, sa ki te lakòz tout moun peche, sa pa t ka anpeche Jewova reyalize objektif li. Jewova te fè ajisteman nan fason li t ap gen pou l reyalize objektif sa a. Menm kote a, li te pran detèminasyon pou l tabli yon Wayòm nan syèl la ki t ap reyalize objektif li te genyen okòmansman an pou lèzòm ak pou tè a. (Li Matye 25:34.) Nan moman Jewova te fikse a, li te kontan voye premye Pitit Gason l lan sou tè a pou l te anseye moun konsènan Wayòm nan e pou l te bay lavi l kòm ranson pou libere nou anba peche ak lanmò. Annapre, Jewova te resisite Jezi, li te fè l retounen nan syèl la pou l dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Men, gen plis bagay toujou pou n aprann konsènan objektif Bondye genyen an.

Imajine moman kote tout zanj nan syèl la ak tout moun sou tè a pral sèvi Jewova fidèlman nan tèt ansanm! (Gade paragraf 8. )

8. a) Ki tèm Bib la? b) Selon esplikasyon nou jwenn nan Efezyen 1:​8-11, ki objektif Jewova gen pou l reyalize alafen? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

8 Men tèm jeneral Bib la: Jewova ap defann non l pandan l ap reyalize objektif li gen pou tè a pa mwayen Wayòm li an ki gen Kris kòm Wa. Objektif Jewova pa ka chanje. Li bay garanti l ap reyalize objektif li kanmenm (Eza. 46:​10, 11, nòt; Ebre 6:​17, 18). Yon lè, tè a ap vin yon paradi kote moun ki pafè e ki jis ki soti nan Adan ak Èv pral “viv pou toutan”. (Sòm 22:26.) Epitou, se pa sa sèlman Jewova pral reyalize. Objektif Jewova gen pou l reyalize alafen, se fè tout sèvitè l ki nan syèl la e ki sou tè a gen tèt ansanm. Lè sa a, tout sèvitè Jewova ki nan syèl la e ki sou tè a pral obeyi l fidèlman antanke Chèf yo. (Li Efezyen 1:​8-11.) Èske sa pa fè w kontan anpil lè w wè jan Jewova ap reyalize objektif li yon fason ki estrawòdinè?

REFLECHI SOU AVNI W

9. Lè nou li Bib la, ki jan nou kapab rive wè sa ki gen pou rive alavni?

9 Reflechi sou pwofesi Jewova te bay nan jaden Edenn nan, jan sa parèt nan Jenèz 3:15 b. Li te pale konsènan yon seri evènman ki t ap gen pou reyalize objektif Jewova genyen, men, sa t ap pran plizyè milye ane pou sa fèt. Pa egzanp, Bondye te fè Abraram konnen youn nan desandan l yo t ap vin Kris la apre plizyè jenerasyon (Jen. 22:​15-18). Epi, nan ane 33 epòk nou an, yo te blese Jezi nan talon, jan pwofesi a te anonse sa (Tra. 3:​13-15). Dènye pati nan pwofesi sa a, sa vle di kraze yo pral kraze tèt Satan an, gen pou l pran plis pase 1000 an anvan l reyalize (Rev. 20:​7-10). Epi, Bib la fè konnen plis bagay toujou konsènan sa k pral rive lè rayisman ki genyen ant monn Satan an ak òganizasyon Jewova a pral rive nan bout li.

10. a) Ki evènman ki gen pou rive talè konsa? b) Ki jan nou kapab prepare lespri nou ak kè nou? (Gade nòt la.)

10 Reflechi ak evènman sa yo Bib la anonse ki pral boulvèse tè a. Toudabò, nasyon yo pral pwoklame: “Lapè! Sekirite!” (1 Tes. 5:​2, 3). Gwo tribilasyon an pral kòmanse “sanzatann” lè nasyon yo atake tout fo relijyon yo (Rev. 17:16). Apre sa, nou ka wè yon siy nou pa abitye wè, kote “Pitit lòm nan [pral] vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa”. (Mat. 24:30.) Jezi pral jije lèzòm, li pral separe mouton yo ak kabrit yo (Mat. 25:​31-33, 46). Sepandan, Satan pap bay legen. Li tèlman rayi pèp Jewova a, li pral fè yon gwoup nasyon, Bib la rele Gòg ki soti nan peyi Magòg, atake yo (Eze. 38:​2, 10, 11). Rive yon lè, yo pral rasanble rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki sou tè a, yo pral ansanm ak Kris ansanm ak zanj li yo nan syèl la pou yo patisipe nan lagè Amagedon ki se dènye pati gwo tribilasyon an c (Mat. 24:31; Rev. 16:​14, 16). Apre sa, Kris pral kòmanse dirije tè a e l ap fè sa pandan 1000 an. — Rev. 20:6.

Jis nan ki pwen w pral santi w pwòch ak Jewova apre w fin fè plizyè milya ane ap aprann konnen l? (Gade paragraf 11.)

11. Lefètke w gen posiblite viv pou toutan, ki enpòtans sa gen pou ou? (Gade foto a tou.)

11 Kounye a, reflechi sou sa k pral pase apre Rèy mil an an. Bib la di Kreyatè nou an “menm met lide pou [n] viv pou toutan nan kè” nou (Ekl. 3:11). Imajine jan lavi w pral ye e ki jan relasyon w ak Jewova pral ye. Liv Annou pwoche bò kote Jewova a, paj 382, fè yon bèl deklarasyon, men sa l di: “Apre nou fin gen plizyè santèn ane depi n ap viv, oswa plizyè milye ane, oswa plizyè milyon ane oubyen menm plizyè milya ane depi n ap viv, n ap rive konnen plis bagay toujou sou Jewova pase sa nou konnen kounye a. Epoutan, n ap toujou santi gen yon pil ak yon pakèt bèl bagay nou poko aprann sou Jewova. [...] Lè nou gen lavi ki pap janm fini an, nou pral jwenn byenfè nou pa t ap janm imajine, e y ap anpil. Pi gwo byenfè nou pral jwenn se pwoche nou pral kontinye pwoche pi pre bò kote Jewova.” Annatandan, toutpandan n ap kontinye etidye Pawòl Bondye a, ki bagay ankò nou kapab egzamine?

LEVE JE N GADE SYÈL LA

12. Nan ki sans nou kapab leve je n gade syèl la? Bay yon egzanp.

12 Pawòl Bondye a ban nou yon apèsi sou sa k ap pase nan prezans Jewova “anwo nan syèl la”. (Eza. 33:5.) Bib la fè konnen yon seri bagay estrawòdinè konsènan Jewova e konsènan pati òganizasyon l lan ki nan syèl la (Eza. 6:​1-4; Dàn. 7:​9, 10; Rev. 4:​1-6). Pa egzanp, nou kapab egzamine yon seri bagay ki bay lakrentif Ezekyèl te wè lè “syèl la te ouvri e Bondye te kòmanse fè [l] wè yon seri vizyon”. — Eze. 1:1.

13. Ki jan w santi w anrapò ak wòl Jezi nan syèl la, selon esplikasyon nou jwenn nan Ebre 4:​14-16?

13 Reflechi tou sou sa Jezi ap fè pou nou detan l nan syèl la antanke Wa nou e antanke Gran Prèt ki konn mete l nan plas lòt moun. Pa mwayen Jezi, nou kapab “pwoche bò kote twòn favè san parèy” Bondye a nan lapriyè e nou kapab mande l pou l fè n mizèrikòd e pou l ede n “nan bon moman”. (Li Ebre 4:​14-16.) Nou pa ta dwe janm kite yon jou pase san nou pa medite sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou e sou sa y ap kontinye fè pou nou detan yo nan syèl la. Lanmou yo gen pou nou ta dwe touche kè nou anpil e sa ta dwe pouse nou pou n chofe nan sèvis n ap bay Jewova a ak nan adorasyon n ap ba li a. — 2 Kor. 5:​14, 15.

Imajine jan w pral gen kè kontan nan monn nouvo a lefètke w konnen ou te ede lòt moun vin Temwen Jewova epi vin disip Jezi! (Gade paragraf 14.)

14. Bay youn nan pi bon bagay nou kapab fè pou n montre Jewova ak Jezi jis nan ki pwen nou genyen yo rekonesans. (Gade foto yo tou.)

14 Youn nan pi bon fason pou n montre Bondye nou an ak Pitit Gason l lan jis nan ki pwen nou genyen yo rekonesans se lè n fè tout sa n kapab pou n ede lòt moun vin Temwen Jewova epi vin disip Jezi (Mat. 28:​19, 20). Se sa apot Pòl te fè paske l te gen Bondye ak Kris rekonesans. Li te konnen Jewova vle pou “tout kalite moun sove e [li] vle yo gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:​3, 4.) Li te vrèman travay di nan sèvis li pou l te ka ede plis moun posib, e pou l te ka “fè tout sa k posib pou l sove kèk nan yo”. — 1 Kor. 9:​22, 23.

PRAN PLEZI EGZAMINE PAWÒL BONDYE A

15. Selon Sòm 1:​2, ki sa k ap fè n gen kè kontan?

15 Youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te gen rezon di yon moun ki gen kè kontan e ki reyisi nan sa l ap fè se yon moun ki “pran plezi nan lwa Jewova a e [ki] medite sou lwa sa a lajounen kou lannuit”. (Sòm 1:​1-3, nòt.) Gen yon tradiktè Labib ki te rele Joseph Rotherham ki te fè kòmantè sou pasaj sa a nan yon liv li te ekri (Studies in the Psalms). Li te fè konnen yon moun ta dwe “tèlman renmen konsèy Bondye bay, li ta dwe chèche l, aprann li, epi pase anpil tan ap reflechi sou li”. Apre sa li di: “Si yon moun ta kite yon jou pase san l pa li Labib, li gaspiye jou sa a.” Ou kapab pran plezi etidye Bib la lè w chèche konprann tout ti detay ki ladan l e lè w chèche wè rapò yo genyen youn ak lòt. Se pa ti kè kontan sa bay lè n chèche pi byen konprann Pawòl Bondye a!

16. Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

16 Bèl verite Jewova anseye nou nan Pawòl li a pa twò difisil pou n konprann. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine youn nan verite pwofon ki genyen, anpalan de gran tanp espirityèl Jewova a, apot Pòl te pale de li nan lèt li te ekri kretyen ebre yo. Nou swete w jwenn anpil kè kontan pandan w ap egzamine sijè sa a.

KANTIK 94 Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

a Lè nou etidye Bib la sa kapab fè nou gen kè kontan pandan tout vi nou, sa kapab bon pou nou e sa kapab fè nou vin pi pwòch ak Papa nou ki nan syèl la. Nan atik sa a, nou pral wè fason nou ka egzamine “lajè, longè, wotè ak pwofondè” Pawòl Bondye a.

b Gade atik ki gen tit “Yon pwofesi ki la depi byen lontan ki gen anpil valè pou ou” ki parèt nan Toudegad jiyè 2022.

c Pou w ka konnen ki jan pou w prepare w pou evènman ki gen pou rive talè konsa ki pral boulvèse tè a gade liv Wayòm Bondye a ap dirije!, paj 230.