Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè

Ann bay privilèj pou n adore Jewova nan tanp espirityèl li a anpil valè

“Adore Sila a ki fè syèl la [ak] tè a.” — REV. 14:7.

KANTIK 93 Tanpri, beni reyinyon nou yo

SA NOU PRAL WÈ a

1. Ki sa yon zanj ap di, e ki sa sa vle di pou nou?

 SI YON zanj ta vin pale avè w, èske w t ap koute sa l gen pou l di w? Ebyen, jodi a, gen yon zanj k ap pale ak “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. Ki sa l ap di? “Krenn Bondye epi ba li glwa [...], adore Sila a ki fè syèl la [ak] tè a.” (Rev. 14:​6, 7). Jewova se sèl vrè Dye a e tout moun dwe adore l. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske li ban nou bèl posiblite pou nou adore l nan gran tanp espirityèl li a!

2. Ki sa tanp espirityèl Jewova a ye? (Gade kare ki gen tit “ Sa l pa ye”.)

2 Ki sa tanp espirityèl la ye menm, e ki kote nou kapab jwenn bonjan esplikasyon sou li? Tanp espirityèl la se pa yon kay. Se dispozisyon Jewova pran pou n adore l fason ki fè l plezi a sou baz sakrifis ranson Jezi a. Apot Pòl te bay esplikasyon sou dispozisyon sa a nan lèt li te ekri kretyen ebre ki t ap viv nan Jide nan premye syèk la. b

3-4. Poukisa Pòl te ekri kretyen ebre ki te nan Jide yo, e ki jan li te ede yo?

3 Poukisa Pòl te ekri kretyen ebre ki t ap viv nan Jide yo? Sanble li te fè sa pou de rezon enpòtan. Premyèman, se pou l te ka ankouraje yo. Pifò nan yo te leve nan relijyon juif la. Ansyen chèf relijye yo te genyen yo te ka ap pase yo nan rizib poutèt yo te vin kretyen. Poukisa? Paske kretyen yo pa t gen yon bèl tanp kote yo te ka ale pou yo adore, yo pa t gen yon lotèl pou yo te fè sakrifis pou Bondye, e yo pa t gen prèt pou fè sèvis pou yo. Sa te kapab fè disip Kris yo dekouraje, e sa te ka fè lafwa yo febli (Ebre 2:1; 3:​12, 14). Kèk nan yo te ka menm panse retounen nan relijyon juif la.

4 Dezyèmman, Pòl te fè kretyen ebre sa yo konnen yo pa t fè efò pou yo konprann nouvo ansèyman yo oswa ansèyman ki pwofon yo, anpalan de “gwo manje” nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Ebre 5:​11-14). Se sèten, kèk nan yo te toujou ret atache ak Lwa Moyiz la. Sepandan, Pòl te esplike sakrifis Lalwa te mande pou moun bay yo pa t ka elimine peche nèt. Se pou rezon sa a Lalwa te “vin anile”. Se sa k fè Pòl te anseye yo kèk verite ki pi pwofon. Li te fè kretyen parèy li yo sonje gen “yon pi bèl espwa” ki baze sou sakrifis Jezi a ki t ap vrèman ede yo pwoche “bò kot Bondye”. — Ebre 7:​18, 19.

5. Ki sa nou bezwen konprann nan liv Ebre a, e poukisa?

5 Pòl te esplike kretyen ebre yo rezon ki fè adorasyon y ap bay Jewova a pi bon lontan pase adorasyon yo te konn ba l anvan yo te vin kretyen. Fason yo te konn adore nan relijyon juif la se te sèlman “lonbray bagay ki [te] gen pou vini yo, men reyalite a se nan Kris li ye”. (Kol. 2:17.) Lonbray yon bagay ban nou yon ide sou bagay la, men se pa bagay la n ap gade vre. Menm jan an tou, fason Juif yo te konn adore Bondye se te yon lonbray, paske, yo t ap gen pou yo adore l yon pi bon fason toujou. Nou bezwen konprann dispozisyon Jewova pran pou peche nou jwenn padon pou n ka adore l fason ki fè l plezi a. Ann konpare “lonbray” la (fason Juif yo te konn adore Bondye) ak “reyalite a” (fason kretyen yo ap adore Bondye), jan liv Ebre a esplike sa. Lè n fè sa, n ap kapab pi byen konprann tanp espirityèl la ak rapò li gen avè n.

TABÈNAK LA

6. Ki sa yo te konn fè nan tabènak la?

6 Fason Juif yo te konn adore Bondye. Pòl te baze esplikasyon l t ap bay la sou tabènak Moyiz te fè nan ane 1512 anvan epòk nou an. (Gade tablo ki gen tit “Fason Juif yo te konn adore Bondye — Fason kretyen yo adore Bondye”.) Tabènak la te tankou yon tant, e Izrayelit yo te konn pote l lè yo t ap deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt. Yo te fè prèske 500 an ap itilize l jiskaske yo te vin konstwi yon tanp nan Jerizalèm (Egz. 25:​8, 9; Nonb 9:22). “Tant reyinyon” sa a se te prensipal kote Izrayelit yo te konn al priye Bondye, ofri l sakrifis epi adore l (Egz. 29:​43-46). Sepandan, tabènak la te reprezante yon bagay ki pi bon lontan ki te gen pou vini pou kretyen yo.

7. Ki lè tanp espirityèl la te vin egziste?

7 Fason kretyen yo adore Bondye. Tabènak nan tan lontan an se te ‘lonbray bagay ki nan syèl la’ e li te reprezante gran tanp espirityèl Jewova a. Pòl di: “Tant sa a [oswa tabènak sa a] se yon senbòl ki gen rapò ak [...] tan nou ye kounye la a.” (Ebre 8:5; 9:9). Donk, lè Pòl te ekri kretyen ebre yo, tanp espirityèl la te deja vin yon reyalite pou kretyen yo. Li te vin egziste nan ane 29 epòk nou an. Se nan ane sa a Jezi te batize, li te resevwa lespri sen, e li te kòmanse sèvi antanke “gran prèt” Jewova nan tanp espirityèl la. c — Ebre 4:14; Tra. 10:​37, 38.

GRAN PRÈT LA

8-9. Selon Ebre 7:​23-27, ki gwo diferans ki genyen ant gran prèt ki te konn sèvi ann Izrayèl yo ak Jezi Kris, Gran Prèt ki gen plis enpòtans lan?

8 Fason Juif yo te konn adore Bondye. Gran prèt la te reprezante pèp la devan Bondye. Se Arawon Jewova te chwazi kòm premye gran prèt pou pèp Izrayèl la lè yo t ap inogire tabènak la. Sepandan, selon esplikasyon Pòl te bay, “anpil moun te oblije vin prèt youn apre lòt, paske lanmò te anpeche yo kontinye sèvi antanke prèt” d. (Li Ebre 7:​23-27.) E lefètke gran prèt sa yo te enpafè, yo te oblije ofri sakrifis pou pwòp peche yo. Sa fè nou wè gen yon gwo diferans ant gran prèt pèp Izrayèl la te genyen yo ak Jezi Kris, Gran Prèt ki gen plis enpòtans lan.

9 Fason kretyen yo adore Bondye. Antanke Gran Prèt nou, Jezi Kris se “yon sèvitè [...] nan vrè tant lan, tant se pa lòm ki bati l la, men se Jewova ki bati l”. (Ebre 8:​1, 2.) Pòl te fè konnen “kòm [Jezi] kontinye viv pou toutan, li gen fonksyon prèt li a san l pa gen okenn moun pou ranplase l”. Pòl te fè konnen tou Jezi se yon Gran Prèt “ki san tach, ki pa tankou pechè yo”, e kontrèman ak gran prèt ann Izrayèl yo, “li pa bezwen ofri sakrifis chak jou” pou peche pa l. Kounye a, nou pral pale konsènan lotèl yo ak sakrifis yo, e nou pral wè diferans ki genyen ant fason Juif yo te konn adore Bondye ak fason kretyen yo adore Bondye.

LOTÈL YO AK SAKRIFIS YO

10. Ki sa sakrifis yo te konn fè sou lotèl an kuiv la reprezante?

10 Fason Juif yo te konn adore Bondye. Nan antre tabènak la te gen yon lotèl an kuiv e yo te konn ofri Jewova sakrifis bèt sou li (Egz. 27:​1, 2; 40:29). Sepandan, sakrifis sa yo pa t ka fè pèp la jwenn padon pou peche yo nèt (Ebre 10:​1-4). Bèt yo te konn ofri kòm sakrifis nan tabènak la te reprezante sèl sakrifis ki t ap gen pou libere lèzòm nèt anba peche.

11. Sou ki lotèl Jezi te bay lavi l kòm sakrifis? (Ebre 10:​5-7, 10).

11 Fason kretyen yo adore Bondye. Jezi te konnen Jewova te voye l sou tè a pou l te bay lavi l kòm ranson pou lèzòm (Mat. 20:28). Donk, lè Jezi te batize, li te prezante tèt li pou l fè volonte Jewova (Jan 6:38; Gal. 1:4). Jezi te ofri tèt li sou yon lotèl senbolik ki te reprezante “volonte” Bondye pou Pitit li a te bay lavi pafè li te genyen an kòm sakrifis. Jezi te bay lavi l “yon fwa pou tout”, pou tout moun ki demontre lafwa nan Kris jwenn padon pou peche yo, oswa pou peche yo kouvri nèt. (Li Ebre 10:​5-7, 10.) Kounye a, ann wè ki sa bagay ki te gen anndan tabènak la te reprezante.

KOTE KI SEN AN AK KOTE KI PI SEN AN

12. Kiyès ki te kapab antre nan chak pyès nan tabènak la?

12 Fason Juif yo te konn adore Bondye. Anndan tabènak la ak anndan tanp yo te vin konstwi annapre nan Jerizalèm yo te sanble anpil. Anndan yo te gen de pati ki te gen yon rido bwode ki te separe yo, anpalan de “Kote ki sen an” ak “Kote ki pi sen an”. (Ebre 9:​2-5; Egz. 26:​31-33.) Anndan Kote ki sen an te gen yon pòtlanp annò, yon lotèl pou yo boule lansan ak yon tab yo te konn met pen yo te konn prezante yo. Se sèlman “prèt Bondye te chwazi” yo ki te gen dwa antre Kote ki sen an pou yo te fè sèvis yo antanke prèt (Nonb 3:​3, 7, 10). Anndan Kote ki pi sen an te gen lach alyans lan ki te fèt annò e ki te reprezante prezans Jewova (Egz. 25:​21, 22). Se te sèlman gran prèt la ki te gen dwa pase dèyè rido a pou l antre Kote ki pi sen an yon jou chak ane, nan jou Pirifikasyon an (Lev. 16:​2, 17). Chak ane, li te antre ak san bèt pou l te ka jwenn padon pou peche pa l e pou peche tout pèp la. Rive yon lè, Jewova te sèvi ak lespri sen pou l te fè konprann byen klè ki sa bagay sa yo ki te anndan tabènak la reprezante toutbon. — Ebre 9:​6-8. e

13. Ki sa Kote ki sen ak Kote ki pi sen nan tabènak la reprezante nan fason kretyen yo adore Bondye?

13 Fason kretyen yo adore Bondye. Jewova chwazi yon ti kantite disip Kris pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl, e yo gen yon relasyon espesyal avè l. Moun sa yo, anpalan de 144000 moun ki pral nan syèl la, gen pou yo sèvi antanke prèt nan syèl la ansanm ak Jezi (Rev. 1:6; 14:1). Kote ki sen nan tabènak la se yon senbòl ki montre Bondye adopte yo kòm pitit li pa mwayen lespri sen pandan yo sou tè a (Wom. 8:​15-17). Kote ki pi sen nan tabènak la reprezante syèl la, kote Jewova abite a. “Rido” ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an reprezante kò lachè Jezi te genyen an ki te anpeche l antre nan syèl la antanke Gran Prèt nan tanp espirityèl la. Lè Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou lèzòm, li te ouvri wout pou tout kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo al viv nan syèl. Yo menm tou, yo dwe abandone kò lachè yo genyen an pou yo ka resevwa rekonpans yo nan syèl la (Ebre 10:​19, 20, 1 Kor. 15:50). Apre Jezi fin resisite, li te antre Kote ki pi sen nan tanp espirityèl la, kote tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral jwenn li finalman.

14. Selon Ebre 9:​12, 24-26, sa k fè fason Jewova vle pou moun adore l nan tanp espirityèl la pi bon lontan pase fason Izrayelit yo te konn adore l anvan sa?

14 Nou kapab wè aklè dispozisyon Jewova pran pou vrè adorasyon an ki baze sou sakrifis ranson an e ki gen Jezi Kris kòm Gran Prèt pi bon lontan. Ann Izrayèl, gran prèt la te konn antre Kote ki pi sen an, yon kote ki te fèt ak men, ansanm ak san bèt li te konn ofri kòm sakrifis. Men, se “nan syèl la menm” Jezi te antre, kote ki pi sen ki egziste a, pou l te parèt devan Jewova. Lè l te antre nan syèl la, li te prezante valè lavi pafè li te genyen an bay Jewova, “pou l elimine peche grasa pwòp tèt pa l li bay kòm sakrifis” pou nou. (Li Ebre 9:​12, 24-26.) Sakrifis Jezi a se sakrifis ki gen plis valè a, li efase peche nèt. Jan nou pral wè, kit nou gen esperans pou n al nan syèl, kit nou gen esperans pou n viv sou tè a, nou tout kapab adore Jewova nan tanp espirityèl li a.

LAKOU YO

15. Kiyès ki te konn sèvi nan lakou tabènak la?

15 Fason Juif yo te konn adore Bondye. Te gen yon lakou nan tabènak la, se te yon espas ki te gen yon lantouray toutotou l kote prèt yo te konn fè sèvis yo. Se nan lakou sa a yo te mete gwo lotèl an kuiv yo te konn ofri sakrifis yo boule nèt yo ansanm ak basen an kuiv ki te gen dlo prèt yo te konn itilize pou pwòpte kò yo anvan yo te fè sèvis yo, yon sèvis ki te sakre (Egz. 30:​17-20, 40:​6-8). Sepandan, tanp yo te vin konstwi annapre yo te gen yon lakou pa deyò tou kote moun ki pa t prèt yo te konn vin adore Bondye.

16. Kiyès k ap sèvi nan chak lakou tanp espirityèl la?

16 Fason kretyen yo adore Bondye. Anvan rès moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo al sèvi antanke prèt ansanm ak Jezi nan syèl la, yo kontinye sèvi Jewova fidèlman sou tè a nan lakou pa anndan tanp espirityèl la. Lefètke te gen yon gwo basen ki te gen dlo nan tabènak la ak nan tanp yo, sa fè ni yo menm ni tout kretyen sonje pou yo rete pwòp nan domèn moral e pou yo kontinye fè efò pou yo gen bon relasyon ak Jewova. Donk, ki kote “gwo foul moun” k ap soutni frè Kris yo fidèlman ap adore Jewova? Apot Jan te wè yo “kanpe devan twòn nan” ki reprezante lakou pa deyò a sou tè a, kote “y ap [bay Bondye] yon sèvis sakre lajounen kou lannuit nan tanp li an”. (Rev. 7:​9, 13-15.) Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou bèl posiblite pou n adore l nan gran tanp espirityèl li a!

SE YON PRIVILÈJ NOU GENYEN POU N ADORE JEWOVA

17. Ki sakrifis nou gen privilèj ofri Jewova?

17 Jodi a, tout kretyen gen privilèj pou yo ofri Jewova sakrifis lè yo sèvi ak tan yo, fòs yo ak sa yo genyen pou yo soutni Wayòm li an. Jan apot Pòl te di kretyen ebre yo, nou kapab “toujou bay Bondye louwanj kòm sakrifis, sa vle di, [nou kapab] fè deklarasyon piblik pou non l ak pawòl k ap sot nan bouch nou”. (Ebre 13:15.) Nou kapab montre nou bay privilèj Jewova ban nou pou n adore l la anpil valè lè n ba l sa nou genyen ki pi bon an.

18. Selon Ebre 10:​22-25, ki sa nou pa ta dwe janm neglije, e ki sa nou pa ta dwe janm bliye?

18 Li Ebre 10:​22-25. Nan fen lèt apot Pòl t ap ekri kretyen ebre yo, li te pale konsènan yon seri bagay nou pa ta dwe janm neglije nan adorasyon n ap bay Jewova a. Sa gen ladan l, pwoche bò kote Jewova pa mwayen lapriyè, preche lòt moun konsènan esperans nou genyen an, asiste reyinyon ansanm ak frè n ak sè n yo, epi ankouraje youn lòt “plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou [Jewova] a ap pwoche”. Nan fen liv Revelasyon an, pou zanj Jewova a montre jan sa l ap di a enpòtan, li di pandan de fwa: “Se Bondye pou w adore.” (Rev. 19:​10, 22:9). Ann pa janm bliye verite espirityèl pwofon sa a ki gen rapò ak gran tanp espirityèl Jewova a, e ann pa janm bliye privilèj nou genyen pou nou adore gran Dye nou an, yon privilèj ki enpòtan anpil!

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

a Youn nan ansèyman ki pi pwofon ki nan Pawòl Bondye a gen rapò ak gran tanp espirityèl Jewova a. Ki sa tanp sa a ye? Nan atik sa a, n ap jwenn bonjan enfòmasyon anrapò ak tanp sa a nan liv Ebre a ki nan Bib la. Nou swete pou etid sa a fè w vin gen plis rekonesans pou privilèj ou genyen pou w adore Jewova.

b Pou n ka gen yon apèsi sou liv Ebre a ki nan Bib la, gade videyo ki gen tit Kèk bagay nou ka aprann sou liv Ebre a ki sou jw.org.

c Liv Ebre a se sèl liv nan Liv ki te ekri an grèk yo ki pale de Jezi antanke Gran Prèt.

d Selon yon referans, lè yo te detwi tanp Jerizalèm nan, nan ane 70 epòk nou an, te ka gen antou 84 gran prèt ki te pase ann Izrayèl.

e Pou n ka konnen sans sa gran prèt la te konn fè nan jou Pirifikasyon an genyen, gade videyo ki gen tit La tente sou jw.org.

g Gade kare ki gen tit “Fason lespri a te fè konprann sa tanp espirityèl la ye”, nan Toudegad 15 jiyè 2010, paj 22.