Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk konsèy sou fason pou n etidye

Kèk konsèy sou fason pou n etidye

Fason pou n ret ajou ak ajisteman ki fèt nan fason n te konprann kèk bagay

Ala yon gwo privilèj nou genyen pou n viv nan yon epòk kote Jewova ap ede n pou n pi byen konprann Bib la tikras pa tikras, plis pase nenpòt lòt lè (Dàn. 12:4). Men, nou ka twouve l difisil pou n ret ajou ak ajisteman ki fèt nan fason n te konprann verite ki nan Bib la. Ki kote nou kapab jwenn ajisteman sa yo ak esplikasyon sa yo?

• Nan Index des publications des Témoins de Jéhovah, anba ribrik “Éclaircissements doctrinaux”, n ap jwenn yon lis konplè sou ajisteman ki fèt yo, e yo mete yo selon ane yo parèt la. Pou w jwenn yon lis sijè, tape “éclaircissements doctrinaux” (ak tout gimè yo) nan kare pou fè rechèch ki nan Watchtower Library oswa nan BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower.

Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la gen yon lis pi kout ki gen yon seri sijè yo mete youn apre lòt. Ale nan ribrik “Temwen Jewova yo”, epi ale nan seksyon “Pwennvi ak kwayans”, apre sa, ale nan “Plis limyè sou kwayans nou yo”.

Lè w ap fè etid pèsonèl, sa w panse si w ta egzamine yon ajisteman ki fèk fèt epi fè rechèch sou fason nou konprann li kounye a ak rezon Bib la bay ki fè yo fè chanjman sa a?