Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk konsèy sou fason pou n etidye

Kèk konsèy sou fason pou n etidye

Ann aprann “chante espirityèl” yo pa kè

Men sa Lorraine k ap viv nan peyi Etazini di: “Lè m ap goumen ak santiman ki fè m panse m pa vo anyen, Jewova ankouraje m pa mwayen chante ki sou Tele JW yo.”

“Chante espirityèl” yo te toujou fè pati adorasyon n ap bay Jewova antanke kretyen (Kol. 3:16). Si w aprann chante sa yo pa kè, yo kapab ede w, menm lè w pa ta gen yon kantik oswa yon aparèy elektwonik. Eseye suiv konsèy ki vin annapre yo pou w aprann kèk chante pa kè.

  • Byen li pawòl yo pou w ka konprann sans yo. L ap pi fasil pou w sonje yon bagay si w konprann sans li. N ap jwenn pawòl ki nan tout kantik nou yo, san wete chante yo ak chante pou timoun yo, sou jw.org. Klike sou bibliyotèk, apre sa, klike sou mizik.

  • Ekri pawòl yo sou yon papye. Si w fè sa, sandout sa ap ede w pi byen sonje pawòl yo. — Det. 17:18.

  • Chante awotvwa. Li pawòl yo oswa chante yo. Fè sa souvan.

  • Chèche wè sa w sonje. Eseye di pawòl yo san w pa gade. Epi, gade pou w wè si w te byen di yo.