Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout

Byen ak mal: Yon kesyon ki konsène nou tout

Si w pral yon kote pou premye fwa, ki sa w ap fè?

  1. 1. Pase nan yon wout ak espwa se bon wout la.

  2. 2. Suiv lòt moun ou panse ki konn wout la.

  3. 3. Chèche yon gid moun ka fè konfyans tankou yon GPS, yon kat jeyografik oswa mande yon zanmi ou fè konfyans ki konn wout la.

Si n chwazi youn nan de premye opsyon yo, n ap rive yon kote, men pa fòseman kote n vle ale a. Men, si n chwazi twazyèm opsyon an, se sèten n ap rive kote n vle ale a.

Lavi nou tankou yon vwayaj nou espere k ap mennen nou nan yon bèl avni. Men pou nou jwenn bèl avni sa a, sa depann de ki kote nou chèche konsèy lè n ap pran desizyon.

Byenke pifò nan desizyon nou pran yo se ti desizyon, men gen lòt k ap gen gwo konsekans sou lavi nou. Desizyon enpòtan sa yo montre nan ki sa nou kwè, sa vle di fason nou wè sa ki byen ak sa ki mal. Desizyon sa yo ap gen efè sou nou menm ak sou moun nou renmen yo pandan anpil tan, swa an byen swa an mal. Desizyon sa yo gen rapò ak bagay tankou:

  • Sèks ak maryaj

  • Onètete, travay ak lajan

  • Fason pou leve timoun

  • Fason pou trete lòt moun

Ki jan w ka sèten desizyon w pran nan domèn sa yo ap fè ou menm ak fanmi w gen yon avni ki bay kè kontan?

Kesyon nou tout dwe poze a se: Ki sa k ka ede m pran bon desizyon anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal?

Peryodik sa a pral esplike rezon ki fè Bib la se yon gid nou ka fè konfyans lè n ap pran desizyon anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal, e ki jan l ka ede w.