Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

Lè laperèz anvayi w, met konfyans ou nan Jewova

Lè laperèz anvayi w, met konfyans ou nan Jewova

MEN TÈKS POU ANE 2024 LA: “Lè laperèz anvayi m, se nan ou mwen met konfyans mwen.”SÒM 56:3.

PWEN KLE

Aprann fason nou ka vin gen plis konfyans nan Jewova ak fason pou n rete kalm lè n pè.

1. Sa k fè nou ka pè pafwa?

 TOUT moun konn pè pafwa. Nòmalman, piske nou konn sa Bib la di, nou pa pè lanmò, nou pa pè demon ak sa k pral rive alavni. Men, nou toujou ap viv nan yon epòk kote moun ap wè “bagay k ap fè yo pè”, tankou lagè, krim ak maladi (Lik 21:11). Epitou, nou ka pè moun, san wete gouvènman k ap toupizi nou yo, oswa nou ka menm pè moun nan fanmi nou k ap ban nou pwoblèm poutèt n ap sèvi Jewova. Gen moun ki ka ap mande tèt yo si y ap ka andire yon eprèv yo jwenn kounye a oswa yo ka jwenn alavni.

2. Fè yon ti pale sou sitiyasyon David lè l te nan vil Gat.

2 David te konn pè. Pa egzanp, lè wa Sayil te dèyè touye l, li te kouri al nan vil Gat, yon vil nan peyi Filisti. Byen vit, Akich, wa Gat la, te aprann David se sòlda vanyan yo te fè lwanj pou li lè yo t ap chante e yo t ap di David touye “plizyè dizèn milye” sòlda Filisti. David “te vin pè [...] anpil”. (1 Sam. 21:​10-12.) Li te pè pou sa Akich te ka fè l. Ki sa k te ede l sispann pè?

3. Selon Sòm 56:​1-3, 11, ki sa k te ede David sispann pè?

3 Nan Sòm 56, David te fè konnen jan l te santi l lè l te nan vil Gat. Nan sòm sa a, David esplike byen klè sa k te fè l pè, men tou, li te fè konnen sa k te ede l pou l pa t pè ankò. Lè David te santi l pè, li te met konfyans li nan Jewova. (Li Sòm 56:​1-3, 11.) Li te gen bonjan rezon pou l te met konfyans li nan Jewova. Grasa èd Jewova, David te itilize yon taktik moun pa t abitye itilize, men ki te mache: Li te pran pòz moun fou l. Lè sa a, Akich te plis wè l deranje l olye l te wè l kòm yon menas. Se konsa David te rive chape. — 1 Sam. 21:13–22:1.

4. Ki jan n ka vin gen plis konfyans nan Jewova? Bay yon egzanp.

4 Nou menm tou, nou ka konbat laperèz nou genyen lè n met konfyans nou nan Jewova. Men, ki jan n ap fè vin gen plis konfyans nan Jewova, sitou lè nou pè? Ann pran yon egzanp. Si w aprann ou fè yon maladi, ou ka santi w pè okòmansman. Sepandan, ou ka vin santi w kalm si w fè doktè w konfyans. Petèt, li deja ede anpil moun geri anba maladi sa a. Li ka pran tan pou l koute w e li ka fè w santi li vrèman konprann ou. Li ka pwopoze w yon tretman ki deja mache pou lòt moun. Menm jan an tou, nou vin gen plis konfyans nan Jewova lè n reflechi sou sa li deja fè, sa l ap fè kounye a, ak sa li pral fè pou nou alavni. Se sa David te fè. Pandan n ap egzamine pawòl Bondye te fè l ekri nou jwenn nan Sòm 56 yo, reflechi pou w wè ki jan ou menm tou ou ka vin gen plis konfyans nan Jewova e pou w konbat laperèz ou genyen.

KI SA JEWOVA DEJA FÈ?

5. Sou ki sa David te medite ki te ede l pou l sispann pè? (Sòm 56:​12, 13).

5 Byenke lavi David te toujou an danje, li pa t sispann panse ak sa Jewova te deja fè. (Li Sòm 56:​12, 13.) David te konn fè sa pandan tout vi l. Pa egzanp, pafwa li te konn medite sou sa Jewova kreye, sa ki te ede l sonje Jewova toupisan e li renmen lèzòm anpil (Sòm 65:​6-9). Li te medite tou sou sa Jewova te fè pou lòt moun (Sòm 31:19; 37:​25, 26). Li te sitou medite sou sa Jewova te deja fè pou li pèsonèlman. Jewova te ede David e li te pwoteje l depi lè l te toupiti (Sòm 22:​9, 10). Imajine jan meditasyon konsa dwe te fè David vin gen plis konfyans nan Jewova!

David te vin gen plis konfyans nan Jewova lè l te konsantre sou sa Jewova te fè, sa L t ap fè, ak sa L t ap gen pou l fè alavni. (Gade paragraf 5, 8, 12.) d


6. Lè n santi n pè, ki sa k ap ede n met konfyans nou nan Jewova?

6 Lè w santi w pè, mande tèt ou: ‘Ki sa Jewova deja fè?’ Reflechi sou sa li kreye. Pa egzanp, lè n ‘byen gade’ fason Jewova pran swen zwazo yo ak flè yo, alòske yo pa fèt pòtre ak li e yo pa kapab adore l, sa ap fè n gen plis konfyans l ap pran swen n tou (Mat. 6:​25-32). Reflechi tou sou sa Jewova fè pou moun k ap adore l yo. Ou ka egzamine istwa yon moun yo pale de li nan Bib la ki te gen yon lafwa estrawòdinè, oubyen ou ka li istwa yon moun nan epòk pa nou an k ap sèvi Jewova a. Anplis de sa, medite sou fason Jewova te deja ede w. Ki jan l te rale w vin nan laverite (Jan 6:44)? Ki jan l te reponn priyè w (1 Jan 5:14)? Lefètke Jewova te bay Pitit Gason l lan li renmen anpil la pou nou kòm sakrifis, ki jan sa ede w chak jou? — Efe. 1:7; Ebre 4:​14-16.

Nou vin gen plis konfyans nan Jewova lè n konsantre sou sa Jewova fè, sa l ap fè, ak sa l pral fè alavni. (Gade paragraf 6, 9-10, 13-14.) e


7. Ki jan eksperyans pwofèt Dànyèl te fè a te ede Vanessa sispann pè?

7 Vanessa b, yon sè k ap viv ann Ayiti, te viv yon sitiyasyon ki te fè l pè anpil. Gen yon mesye nan zòn bò lakay li ki te konn rele l nan telefòn e ki te konn voye mesaj ba li chak jou pou ba l presyon pou l kouche avè l. Vanessa te fè l konnen byen klè li pap janm fè yon bagay konsa. Men, se atò mesye a t ap ba l presyon, e li te menm fè l menas. Men sa Vanessa di: “Mwen te pè.” Ki sa k te ede l pou l pa t pè ankò? Li te fè yon jan pou l te ka pwoteje tèt li. Yon ansyen te ede l pran kontak ak otorite yo. Men tou, Vanessa te kontinye panse ak jan Jewova te pwoteje sèvitè l nan tan lontan yo. Men sa l di: “Premye moun ki te vin nan tèt mwen se te pwofèt Dànyèl. Yo te lage l nan yon twou ki te chaje ak lyon ki te grangou, aktout li te inosan. Men, Jewova te ede l. Donk, mwen te kite tout bagay nan men Jewova. Apre sa, mwen pa t pè ankò.” — Dàn. 6:​12-22.

KI SA JEWOVA AP FÈ KOUNYE A?

8. Ki konviksyon David te genyen? (Sòm 56:8).

8 Byenke David te ka mouri lè l te nan vil Gat, li te refize kite laperèz anvayi l. Okontrè, li te chwazi konsantre sou sa Jewova t ap fè pou ede l nan moman an. David te ka santi Jewova t ap gide l, Li t ap pwoteje l e Li te konprann jan l santi l. (Li Sòm 56:8.) David te gen zanmi, tankou Jonatan ak gran prèt Ayimelèk, ki te toujou la pou li e ki te konn ba l èd li te bezwen (1 Sam. 20:​41, 42; 21:​6, 8, 9). E malgre wa Sayil te dèyè touye l, li te rive chape. Li te gen konviksyon Jewova te byen konnen sa l t ap andire e jan sa te boulvèse l.

9. Ki sa Jewova wè konsènan nou chak?

9 Lè w jwenn yon eprèv ki fè w pè, sonje Jewova wè sa e li konnen jan sa fè w santi w. Pa egzanp, nonsèlman Jewova te wè jan yo t ap maltrete Izrayelit yo nan peyi Ejip, men tou, li te wè “jan [yo t] ap soufri”. (Egz. 3:7.) David te di nan yon chante, Jewova te wè “soufrans” li ak jan l te nan “gwo pwoblèm”. (Sòm 31:7.) E lè pèp Bondye a t ap soufri, menm lè se te akoz move desizyon yo menm yo te pran, “sa te fè l soufri”. (Eza. 63:9.) Lè w pè, Jewova konprann jan w santi w e li pare pou l ede w konbat laperèz ou genyen.

10. Sa k fè w gen konviksyon Jewova gen sousi pou ou e l ap ede w fè fas ak kèlkeswa eprèv ou jwenn?

10 Sepandan, ou ka ap mande tèt ou ki jan Jewova ap ede w lè w ap fè fas ak yon eprèv ki fè w pè. Nan ka sa a, mande l pou l ede w wè jan l ap fè sa (2 Wa 6:​15-17). Epi, reflechi sou kesyon ki vin annapre yo: Èske yo te fè yon diskou oswa yon kòmantè nan yon reyinyon nan kongregasyon an ki te ba w fòs? Èske gen yon piblikasyon, yon videyo oswa yon chante ki te ankouraje w? Èske gen yon moun ki te di w yon bagay oswa ki te li yon vèsè ansanm avè w ki te ankouraje w? Li ka fasil pou n bliye jan lanmou frè n ak sè n yo ak bonjan ankourajman nou jwenn nan Pawòl Bondye a te ede nou. Sepandan, yo se bonjan kado Jewova ban nou (Eza. 65:13; Mak 10:​29, 30). Yo se prèv ki montre li gen sousi pou ou (Eza. 49:​14-16). E yo montre tou, li merite pou w fè l konfyans.

11. Ki sa k te ede Aida konbat laperèz li te genyen?

11 Aida, k ap viv nan peyi Senegal, te wè jan Jewova te ede l lè l t ap fè fas ak yon eprèv. Piske se li menm ki pi gran, paran l yo te atann li t ap travay pou l fè ase kòb pou l pran swen ni tèt li ni yo menm. Men, apre Aida te fin senplifye lavi l pou l te ka vin pyonye, li te vin gen pwoblèm kòb. Fanmi l te vin fache avè l e yo te kritike l. Men sa Aida di: “Mwen te pè pou m pa t ka ede paran m e pou sa pa t fè tout moun vire do ban mwen. Mwen te menm blame Jewova poutèt li te kite bagay yo vin mal konsa.” Annapre, li te tande yon diskou nan yon reyinyon. Men sa l di: “Frè ki t ap fè diskou a te fè n sonje kèlkeswa sa ki nan kè nou k ap fè n soufri, Jewova konnen yo. Tikras pa tikras, konsèy ansyen yo ak lòt moun te ban mwen te fè m gen konfyans Jewova renmen m. Mwen te kòmanse priye Jewova ak konfyans l ap ede m. Mwen te vin santi m anpè anpil lè m te wè l reponn priyè m.” Rive yon lè, Aida te jwenn yon travay nonsèlman ki te ede l pran swen tèt li toutpandan li pyonye, men tou, ki te pèmèt li ede paran l ak lòt moun. Men sa l di: “Mwen aprann met konfyans mwen nan Jewova nèt. Kounye a, apre m fin priye, m konn pa santi m pè ankò.”

KI SA JEWOVA PRAL FÈ ALAVNI?

12. Selon Sòm 56:​9, ki asirans David te genyen?

12 Li Sòm 56:9. Vèsè sa a montre yon lòt fason David te rive konbat laperèz li te genyen: Menm lè lavi l te toujou an danje, li te medite sou sa Jewova t ap gen pou l fè pou li alavni. David te konnen Jewova t ap delivre l nan bon moman. Dayè, Jewova te fè konnen David t ap gen pou l vin wa peyi Izrayèl (1 Sam. 16:​1, 13). Pou David, depi Jewova fè yon pwomès, l ap reyalize kanmenm.

13. Ki sa nou kapab gen konfyans Jewova pral fè?

13 Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou ou? Nou pa atann l ap pwoteje n pou n pa jwenn okenn pwoblèm c. Sepandan, kèlkeswa eprèv ou ta jwenn nan monn sa a, Jewova ap elimine yo nan monn nouvo ki gen pou vini an (Eza. 25:​7-9). Pa gen dout, Kreyatè nou an gen pouvwa pou l fè moun ki mouri yo reviv ankò, pou l geri nou, e pou l elimine tout opozan. — 1 Jan 4:4.

14. Sou ki sa nou ka medite?

14 Lè w santi w pè, medite sou sa Jewova pral fè alavni. Imajine jan w pral santi w lè Satan pa la ankò, lè mechan yo detwi e se moun ki jis sèlman k ap la, e lè enpèfeksyon pral disparèt tikras pa tikras chak jou. Yo te fè yon demonstrasyon nan kongrè rejyonal 2014 la ki te montre ki jan nou ka medite sou esperans nou genyen an. Gen yon papa ki t ap pale ak fanmi l sou fason yo te ka chanje pawòl ki nan 2 Timote 3:​1-5 yo pou yo ka imajine ki jan lavi a pral ye nan Paradi a. Men sa l te di: “Se nan monn nouvo a nou pral viv moman ki bay plis kè kontan yo. Paske, moun yo ap renmen youn lòt, y ap renmen trezò espirityèl yo, y ap konn limit yo, yo pap pran tèt yo pou yon pakèt afè, y ap louwe Bondye, y ap obeyi paran yo, y ap gen rekonesans, y ap fidèl, y ap gen anpil afeksyon pou fanmi yo, y ap dispoze antann yo, y ap toujou pale an byen de lòt moun, y ap gen metriz, y ap dou, y ap renmen sa ki byen, y ap ka fè yo konfyans, yo pap gen tèt di, y ap gen imilite, y ap renmen Bondye olye yo renmen plezi, y ap gen bonjan atachman pou Bondye; e w dwe gen yon relasyon sere sere ak moun sa yo.” Èske w konn pale ak fanmi w oswa ak kwayan parèy ou sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a?

15. Ki sa k te ede Tanya sispann pè?

15 Gen yon sè ki rele Tanya k ap viv Masedwàn dinò ki te vin sispann pè lè l te medite sou benediksyon l ap gen pou l jwenn alavni. Paran l pa t dakò ditou pou l etidye Labib. Men sa l di: “Gen bagay mwen te pè pou yo pa t rive ki te rive. Manman m te konn bat mwen apre chak reyinyon. Paran m yo te di m y ap touye m si m vin Temwen Jewova.” Finalman, yo te met Tanya deyò lakay li. Ki sa l te fè? Men sa l di: “Mwen te reflechi sou jan m pral gen kè kontan pou toutan lefètke m chwazi ret fidèl ak Jewova. Epitou, mwen te panse ak jan Jewova ap rekonpanse m nan monn nouvo a pou kèlkeswa sa m ta pèdi nan monn sa a e m te panse ak jan m pral bliye tout bagay ki mal.” Tanya te ret fidèl ak Jewova. Grasa èd Jewova, li te jwenn yon kote pou l rete. Jodi a, Tanya marye ak yon frè ki fidèl. Yo toule de nan sèvis aplentan e yo kontan sèvi Jewova ansanm.

CHÈCHE VIN GEN PLIS KONFYANS NAN JEWOVA JODI A

16. Ki sa k ap ede n kontinye gen kouraj lè n wè evènman yo te anonse nan Lik 21:​26-28 yo?

16 Pandan gwo tribilasyon an, moun yo “pral faya paske y ap pè”. Men, pèp Bondye a ap rete tenn fas e y ap gen kouraj. (Li Lik 21:​26-28.) Poukisa nou pap pè? Paske n ap deja aprann met konfyans nou nan Jewova. Tanya, nou te pale de li pi wo a, di eksperyans li te fè anvan sa te ede l fè fas ak lòt sitiyasyon difisil. Men sa l remake: “Mwen aprann pa gen okenn sitiyasyon Jewova pa ka fè vin nan avantaj nou. Pafwa, sa ka parèt se lòt moun ki gen kontwòl bagay yo. Men, an reyalite, se sèlman sa Jewova pèmèt yo fè yo kapab fè. E menmsi yon eprèv ta rèd, l ap fini yon lè.”

17. Ki jan tèks pou ane 2024 la ap ede nou? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

17 Li nòmal pou n pè jodi a. Men, menm jan ak David, nou ka refize kite laperèz gen kontwòl nou. Tèks pou ane 2024 la se yon priyè David te fè. Men sa l te di Jewova: “Lè laperèz anvayi m, se nan ou mwen met konfyans mwen.” (Sòm 56:3). Selon yon kòmantè yon biblis te fè sou vèsè sa a, David “pa t ret ap panse ak sa ki t ap fè l pè yo ni li pa t plede ap reflechi sou pwoblèm li te genyen, okontrè, li te konte sou Sila a ki t apral delivre l la”. Reflechi sou tèks pou ane a nan mwa ki gen pou vini yo, sitou lè w ap fè fas ak sitiyasyon ki fè w pè anpil. Rezève tan pou w medite sou sa Jewova deja fè, sa l ap fè ak sa l pral fè. Konsa, menm jan ak David, w ap kapab di: “Mwen met konfyans mwen nan Bondye, mwen pa pè.” — Sòm 56:4.

Yon sè k ap medite sou tèks pou ane a apre yon katastwòf. (Gade paragraf 17.)

KI JAN W KA KONBAT LAPERÈZ OU GENYEN LÈ W REFLECHI SOU...

  • sa Jewova deja fè?

  • sa Jewova ap fè kounye a?

  • sa Jewova pral fè alavni?

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

a Ou ka jwenn enfòmasyon ki ka fè lafwa w vin pi djanm sou sit jw.org la lè w tape “annou imite lafwa yo” oswa “eksperyans” nan kare pou fè rechèch la. Nan aplikasyon JW Library® a, gade anba seri atik “Annou imite lafwa yo” oswa “Byografi Temwen Jewova”.

b Gen kèk non yo chanje.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: David te reflechi sou jan Jewova te ba l fòs pou l touye yon lous, jan l te ba l èd li te bezwen pa mwayen Ayimelèk ak jan l t apral fè l vin wa.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki nan prizon akoz lafwa l k ap reflechi sou jan Jewova te ede l kite fimen, jan l ap ankouraje l pa mwayen lèt moun pa l voye ba li, ak jan l pral ba l lavi ki pap janm fini an nan Paradi a.