Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

KANTIK 19 Soupe Seyè a

Prepare w depi kounye a pou jou ki pi enpòtan nan ane a

Prepare w depi kounye a pou jou ki pi enpòtan nan ane a

“Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.”LIK 22:19.

PWEN KLE

Reflechi sou rezon ki fè Memoryal la enpòtan anpil konsa, fason w ka prepare w, ak fason w ka ede lòt moun pou yo asiste l.

1. Sa k fè jou Memoryal la se jou ki pi enpòtan nan ane a? (Lik 22:​19, 20).

 POU pèp Jewova a, Memoryal lanmò Kris la se jou ki pi enpòtan nan ane a. Se sèl evènman Jezi te bay disip li yo lòd klè pou yo selebre. (Li Lik 22:​19, 20). N ap tann Memoryal la pou anpil rezon. Ann wè kèk nan yo.

2. Bay kèk rezon ki fè nou vrèman anvi asiste Memoryal la.

2 Memoryal la ede n reflechi sou enpòtans ranson an genyen. Li fè n sonje fason nou ka montre n gen rekonesans pou sakrifis Jezi te fè a (2 Kor. 5:​14, 15). Antanke frè ak sè, li ban nou okazyon tou “pou youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:12.) Chak ane, gen yon pakèt inaktif ki asiste Memoryal la. Gen nan yo ki menm vle retounen vin jwenn Jewova paske yo te byen akeyi yo. Epitou, sa anpil moun ki enterese yo wè ak sa yo tande fè yo anvi kòmanse mache nan wout lavi a. Se tout rezon sa yo ki fè Memoryal la gen anpil enpòtans pou nou!

3. Ki jan Memoryal la fè n fè yon sèl ak frè n ak sè n yo nan lemonnantye? (Gade foto a tou.)

3 Epitou, reflechi sou jan Memoryal la fè n fè yon sèl ak frè n ak sè n yo nan lemonnantye. Pandan solèy la ap kouche, Temwen Jewova yo reyini yon kote apre lòt toupatou sou tè a. Nou tout tande yon diskou ki montre enpòtans ranson an genyen. Nou chante de kantik, yo pase pen an ak diven an, e nou di “amèn” ak tout kè nou apre kat priyè yo fè yo. Nan anviwon 24 èdtan, tout kongregasyon yo ap fè menm bagay la. Èske w ka imajine jan Jewova ak Jezi dwe kontan lè yo wè nou fè yon sèl pou nou onore yo fason sa a?

Memoryal la fè n fè yon sèl ak frè n ak sè n yo nan lemonnantye. (Gade paragraf 3.) f


4. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

4 Nan atik sa a, nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki jan n ka prepare kè n pou Memoryal la? Ki jan n ka ede lòt moun pou yo asiste l? Ki jan n ka ede inaktif yo? Repons kesyon sa yo ap ede n pou n prepare n pou okazyon sa a ki enpòtan anpil.

KI JAN NOU KA PREPARE KÈ N POU MEMORYAL LA?

5. a) Poukisa nou bezwen reflechi sou enpòtans ranson an genyen? (Sòm 49:​7, 8). b) Ki sa w te aprann nan videyo ki gen tit Poukisa Jezi te mouri?

5 Youn nan pi bon fason nou ka prepare kè n pou Memoryal la se lè nou reflechi sou valè sakrifis ranson Jezi Kris la genyen. Pa gen anyen nou ta kapab fè pou n libere tèt nou poukont nou anba peche ak lanmò. (Li Sòm 49:​7, 8; epitou gade videyo ki gen tit Poukisa Jezi te mouri? a) Donk, Jewova te pran dispozisyon pou Jezi, Pitit Gason l lan li renmen anpil la, te bay lavi l pou nou, e yo te fè gwo sakrifis pou sa (Wom. 6:23). Plis nou medite sou sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou nou, se plis n ap gen rekonesans pou ranson an. Nou pral wè kèk nan bagay Jewova ak Jezi te dispoze fè pou bay ranson an. Men, toudabò, ki sa ranson an ye?

6. Ki sa ranson an ye, e poukisa Jezi te bay ranson an?

6 Yon ranson se yon pri yon moun peye pou l ka rejwenn yon bagay li te genyen. Adan, premye gason an, te pafè lè Bondye te kreye l. Lè l te peche, li te pèdi posiblite pou l viv pou toutan an, nonsèlman pou li menm, men tou, pou tout pitit li t apral genyen yo. Pou rejwenn sa Adan te pèdi a, Jezi te bay lavi pafè li te genyen an kòm sakrifis. Pandan tout tan Jezi te fè ap viv sou tè a, “li pa t fè peche, e yo pa t jwenn twonpri nan bouch li”. (1 Pyè 2:22.) Lè Jezi te mouri, lavi pafè li te genyen an te egal ak lavi Adan te pèdi a. — 1 Kor. 15:45; 1 Tim. 2:6.

7. Bay kèk eprèv Jezi te jwenn lè l te sou tè a.

7 Jezi te toujou obeyi Papa l ki nan syèl la yon fason ki san fay, malgre pakèt eprèv li te jwenn lè l te sou tè a. Lè Jezi te timoun, li te soumèt anba otorite paran l yo ki pa t pafè, byenke li menm li te pafè (Lik 2:51). Lè l te nan adolesans li, li te bezwen reziste anba nenpòt presyon l te ka jwenn pou fè l dezobeyi oswa pou l pa t ret fidèl. E lè l te vin gran, li te bezwen reziste anba tantasyon Satan Ledyab te met devan l, san wete lè Satan t ap chèche fè l sispann ret fidèl ak Bondye (Mat. 4:​1-11). Satan te detèmine pou l fè Jezi peche, pou l pa t ka peye ranson an.

8. Ki lòt eprèv ankò Jezi te andire?

8 Pandan sèvis Jezi sou tè a, li te andire lòt eprèv ankò. Yo te pèsekite l e lavi l te an danje (Lik 4:​28, 29; 13:31). Li te oblije sipòte mankman disip li yo te genyen (Mak 9:​33, 34). Lè yo t ap jije l pou yo te touye l, yo te matirize l e yo te pase l nan rizib. Apre sa, yo te touye l tankou yon kriminèl e yo te fè l soufri anpil (Ebre 12:​1-3). Li te oblije andire dènye moman li te fè ap soufri yo poukont li, san l pa t jwenn pwoteksyon Jewova. bMat. 27:46.

9. Ki jan nou santi n lè n panse ak sakrifis Jezi te fè a? (1 Pyè 1:8).

9 Pa gen dout, Jezi te soufri anpil pou l te ka bay ranson an. Lè n panse ak tout sakrifis Jezi te dispoze fè pou nou, èske sa pa fè nou renmen l anpil? — Li 1 Pyè 1:8.

10. Ki sakrifis ranson an te mande pou Jewova fè?

10 E Jewova li menm? Ki sakrifis li te dakò fè pou Jezi te ka peye ranson an? Jewova ak Jezi gen relasyon ki pi sere ki ka egziste ant yon papa ak yon pitit gason l (Pwo. 8:30). Donk, jis imajine efè sa dwe te gen sou Jewova lè l t ap gade Jezi k ap andire tout eprèv sa yo pandan l sou tè a. Pa gen dout, sa te fè Jewova mal anpil lè l te wè jan yo t ap maltrete Pitit Gason l lan, jan yo te meprize l ak jan yo te fè l soufri.

11. Bay yon egzanp ki montre jan Jewova dwe te santi l lè yo t ap touye Jezi.

11 Nenpòt paran ki gen yon pitit ki mouri byen konnen gwo soufrans sa lakòz. Se vre nou gen yon lafwa solid nan rezirèksyon an, men, sa pa anpeche nou soufri lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Egzanp sa a ede n konprann jan Jewova dwe te santi l lè l t ap gade Pitit Gason l lan li renmen anpil ki t ap soufri e ki t ap mouri jou sa a, nan prentan ane 33 epòk nou an. cMat. 3:17.

12. Ki sa nou kapab fè nan peryòd anvan Memoryal la?

12 Soti jodi a rive jou Memoryal la, sa w panse si w ta fè plis rechèch sou ranson an lè w ap fè etid pèsonèl ou oswa nan adorasyon an fanmi? Sèvi ak Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la oswa lòt piblikasyon ki baze sou Bib la pou w fè sa pi byen d. Epitou, sonje suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la ki parèt nan Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen. E jou Memoryal la, pa bliye gade pwogram espesyal adorasyon nan maten an. Lè n prepare kè n pou Memoryal la, n ap kapab ede lòt moun pwofite l tou. — Esd. 7:10.

EDE LÒT MOUN PWOFITE MEMORYAL LA

13. Ki premye bagay nou kapab fè pou n ede lòt moun pwofite Memoryal la?

13 Ki jan n ka ede lòt moun pwofite Memoryal la? Nòmalman, yon premye bagay nou ka fè se envite yo. Nonsèlman nou kapab envite moun nou rankontre lè n al preche, men tou, nou kapab fè yon lis moun pou n envite. Nan lis sa a, nou ka met moun nan fanmi nou, kòlèg travay nou, kondisip nou ak lòt moun ankò. Menmsi nou pa gen ase fich envitasyon, nou kapab voye yon lyen pou yo kote yo ka jwenn li. Nou ka sezi wè kantite moun ki vin asiste Memoryal la! — Ekl. 11:6.

14. Bay yon egzanp ki montre efè sa ka genyen lè n envite yon moun pèsonèlman.

14 Ou pa janm konn ki efè sa ka genyen lè w envite yon moun pèsonèlman. Yon jou, yon sè mari l pa Temwen Jewova te sezi lè mari l te di l avèk fyète li pral nan Memoryal avè l. Sa k fè sè a te sezi? Paske, plizyè fwa anvan sa, li te konn ankouraje l pou l asiste, men li pa t janm ale. Ki sa k fè l te vle ale fwa sa a? Men sa l te di: “Mwen te resevwa yon fich envitasyon pèsonèlman.” Li te di gen yon ansyen li konnen ki te envite l. Mari a te asiste fwa sa a e plizyè ane apre sa.

15. Ki sa nou bezwen sonje lè n ap envite moun nan Memoryal la?

15 Sonje moun nou envite yo ka gen kesyon pou yo poze, sitou si yo potko janm asiste youn nan reyinyon nou yo. L ap bon pou n reflechi sou kesyon yo ta ka poze n, epi prepare n pou n reponn yo (Kol. 4:6). Pa egzanp, kèk nan yo ka ta renmen konnen: ‘Ki jan y ap fè Memoryal la?’ ‘Konbyen tan l ap dire?’ ‘Ki jan pou m abiye?’ ‘Èske m ap bezwen peye pou m antre?’ ‘Èske y ap fè lakòlèt?’ Lè n envite yon moun nan Memoryal, nou ta ka annik mande l: “Èske w gen kesyon?” Epi, reponn kesyon li ta ka poze yo. Epitou, nou ka sèvi ak videyo Sonje lanmò Jezi ak videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? pou n ede moun nan konprann fason reyinyon nou yo fèt. E nan leson 28 liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, gen anpil bon pwen nou ka pataje avè l.

16. Ki lòt kesyon moun ki vin asiste Memoryal la ka genyen?

16 Apre Memoryal la, moun ki asiste pou premye fwa yo ka gen lòt kesyon yo ta renmen poze. Yo ka ta renmen konnen poukisa se sèlman kèk moun (oswa pa gen okenn moun) ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an. Yo ka ta renmen konnen tou chak ki lè nou fè Memoryal la. E yo ka ta vle konnen si se konsa tout reyinyon Temwen Jewova yo fèt. Menmsi yo te pale sou anpil nan pwen sa yo pandan Memoryal la, moun ki fèk vin asiste yo ka bezwen plis esplikasyon. Atik sou jw.org ki gen tit “Poukisa fason Temwen Jewova yo selebre Soupe Seyè a pa menm ak fason lòt relijyon fè l?” kapab ede n pou n reponn kèk nan kesyon yo genyen yo. Nou vle fè tout sa n kapab anvan Memoryal la, pandan Memoryal la e apre Memoryal la pou n ede moun ki “nan bon dispozisyon” yo pwofite evènman sa a. — Tra. 13:48.

EDE INAKTIF YO

17. Ki jan ansyen yo ka ede inaktif yo? (Ezekyèl 34:​12, 16).

17 Nan epòk Memoryal la, ki jan ansyen yo kapab ede inaktif yo? Montre yo nou gen sousi pou yo. (Li Ezekyèl 34:​12, 16.) Anvan Memoryal la, chèche kontakte kantite inaktif nou kapab. Fè yo konnen nou gen sousi pou yo e nou ta renmen fè tout sa n kapab pou n ede yo. Envite yo vin asiste Memoryal la. Si yo vini, byen akeyi yo. Apre Memoryal la, kontinye kenbe kontak ak frè ak sè sa yo nou renmen anpil, epi fè tout sa n kapab pou n ede yo retounen vin jwenn Jewova. — 1 Pyè 2:25.

18. Ki jan nou tout ka ede inaktif yo? (Women 12:10).

18 Tout moun nan kongregasyon an ka ede inaktif ki vin nan Memoryal la. Ki jan yo ka fè sa? Lè yo aji ak yo avèk lanmou, avèk bonte e avèk respè. (Li Women 12:10.) Sonje, mouton sa yo ki gen anpil valè ka renka pou yo retounen nan reyinyon. Petèt yo ka pè pou yo pa byen akeyi yo e. Donk, evite poze yo kesyon k ap fè yo jennen, oswa pa fè kòmantè ki ka blese yo (1 Tes. 5:11). Frè ak sè sa yo se kwayan parèy nou. Nou kontan adore Jewova ansanm avèk yo ankò! — Sòm 119:176; Tra. 20:35.

19. Ki byenfè n jwenn lè n sonje lanmò Jezi?

19 Jezi gen bonjan rezon mande pou n selebre Memoryal lanmò l chak ane. Lè n fè sa, sa bon ni pou nou menm ni pou lòt moun nan plizyè sans (Eza. 48:​17, 18). Nou vin renmen Jewova ak Jezi pi plis. Nou montre jan nou gen anpil rekonesans pou sa yo fè pou nou. Nou vin pi pwòch frè n ak sè n yo. E nou ka ede lòt moun konnen ki jan yo menm tou yo ka jwi benediksyon ranson an fè n jwenn yo. Kidonk, ann fè tout sa n kapab pou n prepare n pou Memoryal ane sa a, jou ki pi enpòtan nan ane a!

KI JAN NOU KA...

  • prepare kè n pou Memoryal la?

  • ede lòt moun pwofite l?

  • ede inaktif yo?

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

a Sèvi ak kare pou fè rechèch ki sou sit jw.org la pou w jwenn atik ak videyo yo site nan atik sa a.

b Gade atik “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad avril 2021.

e Gade foto yo ak kare ki gen tit “ Ki jan kongregasyon an te reyaji?” Yon frè ki inaktif ki yon jan renka pou l antre nan Sal Wayòm nan, men ki met kouraj sou li pou l fè sa. Yo byen akeyi l e y ap pale avè l.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan sèvitè Jewova yo ap selebre Memoryal la yon kote sou tè a, frè n ak sè n yo lòt kote sou tè a ap prepare yo pou evènman espesyal sa a.