Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w aji ak medam yo menm jan Jewova aji avè yo?

Èske w aji ak medam yo menm jan Jewova aji avè yo?

NOU gen privilèj sèvi Jewova ansanm ak anpil sè ki fidèl. Nou renmen chak sè fidèl sa yo k ap travay di e nou apresye yo a! Donk, frè nou yo, fè efò pou n aji ak yo avèk jantiyès, yon fason ki jis, e avèk respè. Men, piske nou pa pafè, pafwa nou ka twouve l difisil pou n fè sa. Gen kèk frè yo menm ki gen yon lòt pwoblèm ankò.

Gen gason ki leve nan anviwònman ki ankouraje yo aji tankou matcho. Pa egzanp, Hans, yon siveyan sikonskripsyon k ap viv nan peyi Bolivi, di: “Gen gason ki leve nan anviwònman kote tout sa gason di se sa, e sa fè yo aji yon fason ki fè yo vrèman kwè yo siperyè fi. b” Men sa Shengxian, yon ansyen nan peyi Taywann, di: “Kote m ap viv la anpil gason panse fi pa dwe bay gason opinyon yo. Si yon gason di yon bagay e se yon fi ki te di l, lòt gason ka gade l mal.” Gen gason menm ki montre yo gen prejije kont fi lòt fason. Pa egzanp, yo ka bay yon seri blag sou fi pou rabese yo.

Erezman okenn gason pa oblije esklav kilti li te leve ladan l lan. Li ka fè efò pou l pa soutni ide ki fè kwè gason siperyè fi (Efe. 4:​22-24). Li kapab fè sa lè l suiv egzanp Jewova. Nan atik sa a, nou pral pale konsènan fason Jewova aji ak fi, fason frè yo ka aprann aji ak fi menm jan ak Jewova, ak fason ansyen yo ka bay egzanp nan demontre respè pou sè yo.

KI FASON JEWOVA AJI AK FI?

Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan fason pou gason aji ak fi. Antanke yon Papa ki gen konpasyon, li renmen tout pitit li yo (Jan 3:16). E sè ki fidèl yo se pitit fi l li renmen anpil. Ann wè kèk fason Jewova onore medam yo.

Li aji ak yo san patipri. Jewova kreye gason ak fi pòtre ak li (Jen. 1:27). Li pa t fè gason pi entèlijan oswa ak plis kapasite pase fi, ni li pa pi renmen gason pase fi (2 Kwo. 19:7). Li te kreye gason ak fi ak menm kapasite pou yo konprann verite ki nan Bib la e pou yo imite bèl kalite li genyen yo. Epitou, Jewova bay lafwa gason ak fi menm valè, kit yo gen esperans pou yo viv sou tè a nan yon paradi oswa pou y al sèvi kòm wa ak prèt nan syèl la (2 Pyè 1:​1, nòt). Li klè, Jewova pa gen prejije kont fi.

Li koute yo. Jewova bay santiman medam yo ak sa k ap trakase yo anpil enpòtans. Pa egzanp, li te koute priyè Rachèl ak Ana te fè e li te reponn yo (Jen. 30:22; 1 Sam. 1:​10, 11, 19, 20). Epitou, Jewova te fè ekri yon seri istwa nan Bib la kote gason te koute fi. Pa egzanp, lè Jewova te mande Abraram pou l koute Sara, madanm li, Abraram te fè sa (Jen. 21:​12-14). Wa David te koute Abigayil. Anfèt, li te santi se Jewova ki te voye Abigayil vin pale avè l (1 Sam. 25:​32-35). Jezi, ki te demontre kalite Papa l yo yon fason ki pafè, te koute manman l, anpalan de Mari (Jan 2:​3-10). Egzanp sa yo montre, youn nan fason Jewova montre li gen respè pou fi, se lefètke l koute yo.

Li fè yo konfyans. Pa egzanp, Jewova te fè Èv konfyans pou l ede Adan pran swen tout tè a (Jen. 1:28). Konsa, li te montre li pa t panse Adan, antanke mari Èv, te gen plis valè pase Èv, okontrè, li te wè Èv kòm yon èd pou Adan. Epitou, Jewova te bay Debora ak Oulda, de medam ki te pwofèt, responsablite pou yo bay pèp li a konsèy, san wete yon jij ak yon wa (Jij 4:​4-9; 2 Wa 22:​14-20). Jodi a, Jewova montre li fè sè yo konfyans lefètke li ba yo fè travay li a. Sè fidèl sa yo ap sèvi antanke pwoklamatè, pyonye ak misyonè. Yo bay koutmen nan fè plan Sal Wayòm ak biwo filyal, e yo patisipe nan konstriksyon ak antretyen lokal sa yo. Gen ladan yo k ap sèvi nan Betèl, e gen lòt k ap sèvi nan biwo tradiksyon ki pa nan Betèl. Sè sa yo tankou yon gwo lame Jewova mobilize pou fè volonte l (Sòm 68:11). Li klè, Jewova pa konsidere fi kòm moun ki fèb oswa ki pa gen kapasite.

KI JAN FRÈ YO KA APRANN AJI AK FI MENM JAN AK JEWOVA?

Nou menm frè yo, pou n ka konnen si n aji ak sè yo menm jan ak Jewova, nou bezwen egzamine fason nou panse ak fason nou aji, e nou bezwen fè sa avèk senserite. Pou n fè sa, nou bezwen èd. Menm jan yon aparèy radyografi kapab montre nan ki eta kè yon moun ye, se konsa tou, yon bon zanmi ansanm ak Pawòl Bondye a ka ede n wè si fason nou konsidere fi fè Jewova plezi. Ki sa n ka fè pou n jwenn èd sa a?

Poze yon bon zanmi kesyon (Pwo. 18:17). Nou ka pale ak yon zanmi nou fè konfyans, ki janti e ki rezonab e nou ka poze l kesyon tankou: “Ki jan w wè m aji ak sè yo? Èske yo ka di m respekte yo? Èske gen yon bagay m ka fè pou m aji pi byen ak yo?” Si zanmi w lan ta fè w konnen gen kèk bagay pou w amelyore, pa kouri defann tèt ou. Okontrè, fè efò pou w fè chanjman ki nesesè yo.

Etidye Pawòl Bondye a. Pi bon fason pou n konnen si nou byen aji ak sè nou yo se lè n sèvi ak Pawòl Bondye a pou n egzamine panse nou ak aksyon nou (Ebre 4:12). Pandan n ap etidye Bib la, nou ka aprann nan egzanp mesye ki te konn aji byen ak medam yo ak egzanp mesye ki pa t konn fè sa. Nou ka konpare fason yo te konn aji ak yo ak fason nou menm nou aji ak yo. Epitou, lè n konpare plizyè vèsè nan Bib la, sa ka ede n pou n pa mal sèvi ak vèsè yo pou n kore move fason nou wè fi. Pa egzanp, selon 1 Pyè 3:7 yon mari dwe “onore [madanm li] tankou yon veso ki pi fèb” c. Èske sa vle di yon fi gen mwens enpòtans pase yon gason, li mwens entèlijan e li gen mwens kapasite pase l? Se pa sa ditou! Lè n konpare pawòl Pyè yo ak pawòl ki nan Galat 3:​26-29 yo, nou wè aklè Jewova chwazi fi kou gason pou dirije ansanm ak Jezi nan syèl la. Lè n etidye Pawòl Bondye a e lè nou mande yon bon zanmi n ki jan l wè nou aji ak fi, nou kapab aprann demontre bonjan respè pou sè nou yo.

KI JAN ANSYEN YO MONTRE YO GEN RESPÈ POU SÈ YO?

Frè yo nan kongregasyon an ka aprann fason pou yo demontre respè pou sè yo tou lè yo suiv egzanp ansyen yo ki gen lanmou. Ki jan ansyen yo bay egzanp nan demontre respè pou sè yo? Ann wè kèk fason.

Yo felisite sè yo. Apot Pòl kite yon bèl egzanp pou ansyen yo imite. Nan yon lèt li te ekri kongregasyon ki te nan vil Wòm nan, li te voye felisite plizyè sè (Wom. 16:12). Èske w ka imajine jan sè sa yo dwe te kontan lè yo te li lèt Pòl la nan kongregasyon an? Menm jan an tou, nou menm ansyen, pa neglije felisite sè yo pou bèl kalite yo genyen e pou travay y ap fè pou Jewova. Sa ap fè yo wè jis nan ki pwen frè ak sè yo nan kongregasyon an respekte yo ak jan yo renmen yo. Pawòl ankourajan yon ansyen di se kapab egzakteman sa sè sa yo bezwen pou yo ka kontinye sèvi Jewova fidèlman. — Pwo. 15:23.

Felisite

Lè ansyen yo ap felisite sè yo yo fè sa avèk senserite e yo di yo poukisa egzakteman yo felisite yo. Pou ki rezon? Men sa yon sè ki rele Jessica di: “Sa bèl lè frè yo di yon sè ‘ou te fè yon bon travay’. Men, sa ankouraje n plis toujou lè yo di egzakteman poukisa yo felisite nou, pa egzanp lè n aprann pitit nou yo pou yo chita trankil nan reyinyon yo oswa lè n pase chèche yon etidyan pou l vin nan reyinyon.” Lè ansyen yo felisite sè yo pou yon bagay, yo fè sè yo santi yo bezwen yo nan kongregasyon an e yo gen anpil valè pou frè ak sè yo.

Yo koute sè yo. Ansyen ki gen imilite yo rekonèt se pa yo menm sèlman ki konn gen bèl ide. Yo konn mande sè yo opinyon yo sou yon bagay, e yo byen koute yo lè y ap pale. Lè ansyen yo fè sa, yo ankouraje sè yo e sa ede ansyen yo. Ki jan? Men sa yon ansyen ki rele Gerardo k ap sèvi nan Betèl di: “Mwen rann mwen kont lè m mande sè yo pou yo ban m kèk ide sou yon travay m ap fè, sa ede m fè travay la pi byen. Byen souvan, yo gen plis tan depi y ap fè travay sa a pase pifò nan frè yo.” Gen anpil sè nan kongregasyon an k ap sèvi antanke pyonye, donk, yo konn moun nan zòn nan byen. Men sa yon ansyen ki rele Bryan di: “Sè nou yo gen anpil bèl kalite ak kapasite ki ka itil òganizasyon an. Donk, pwofite eksperyans yo.”

Koute

Ansyen ki gen sajès yo pa annik vag sou ide sè yo ba yo. Poukisa? Gen yon ansyen ki rele Edward ki di: “Opinyon yon sè ak eksperyans li genyen ka ede yon frè pi byen konprann yon sitiyasyon, e sa ka ede frè a aprann mete l nan plas lòt moun.” (Pwo. 1:5). Menmsi yon ansyen pa ka itilize ide yon sè ba li, li ka toujou di l mèsi pou remak li fè yo e pou ide l ba li yo.

Yo bay sè yo fòmasyon. Ansyen ki gen bon jijman yo chèche okazyon pou yo bay sè yo fòmasyon. Pa egzanp, yo ka aprann sè yo fason pou yo kondui reyinyon predikasyon sizoka pa ta gen yon frè batize ki disponib. Yo ka montre yo fason pou yo sèvi ak zouti oswa lòt aparèy ankò pou yo ka patisipe nan konstriksyon ak nan travay antretyen òganizasyon an ap fè. Nan Betèl, frè ki siveyan yo bay sè yo fòmasyon pou yo ka fè divès kalite travay, pa egzanp, antretyen, acha, kontablite, enfòmatik, elatriye. Lè ansyen yo bay sè yo fòmasyon, yo montre yo rekonèt kapasite sè yo genyen e yo ka fè yo konfyans.

Bay fòmasyon

Anpil sè sèvi ak fòmasyon ansyen yo ba yo pou yo ede lòt moun. Pa egzanp, gen nan yo ki sèvi ak fòmasyon yo te jwenn nan konstriksyon pou yo ede lòt moun rebati kay yo apre yon katastwòf natirèl fin pase. Gen sè yo menm ki te jwenn fòmasyon pou yo bay temwayaj an piblik ki aprann lòt sè fè sa tou. Ki jan sè yo wè ansyen ki te ba yo fòmasyon yo? Men sa yon sè ki rele Jennifer di: “Lè m t ap travay nan konstriksyon yon Sal Wayòm, gen yon siveyan nan travay la ki te pran tan pou l ban m fòmasyon. Li te wè travay mwen te fè a, e li te felisite m. Mwen te renmen travay avè l paske mwen te santi frè yo ban m valè e yo fè m konfyans.”

BYENFÈ N JWENN LÈ N AJI AK SÈ YO TANKOU SE TE FANMI NOU

Nou renmen sè nou yo ki fidèl menm jan Jewova renmen yo! Donk, nou aji ak yo tankou se te fanmi nou (1 Tim. 5:​1, 2). Se yon onè pou n sèvi Jewova ansanm ak yo e nou fyè de yo. Nou kontan anpil lè yo santi nou renmen yo e nou toujou la pou yo. Men sa yon sè ki rele Vanessa di: “Mwen gen Jewova anpil rekonesans dèske mwen fè pati òganizasyon l lan ki chaje ak frè ki ankouraje m anpil.” Men sa yon sè nan peyi Taywann di: “Mwen gen Jewova anpil rekonesans dèske li menm ak òganizasyon l lan bay fi ak santiman yo genyen anpil valè. Sa ranfòse lafwa m e sa fè m plis apresye privilèj mwen genyen pou m fè pati òganizasyon l lan.”

Se pa ti fyè Jewova dwe fyè lè l wè frè ki fidèl yo k ap fè tout sa yo kapab pou yo wè fi menm jan avè l e pou yo aji ak yo menm jan avè l (Pwo. 27:11)! Men sa yon ansyen nan peyi Ekòs ki rele Benjamin di: “Jodi a, anpil gason nan monn nan pa gen respè ditou pou fi. Donk, lè sè nou yo vin nan Sal Wayòm nan, nou vle yo santi diferans lan.” Annou tout fè anpil efò pou nou imite Jewova lè nou bay sè nou yo lanmou ak respè yo merite. — Wom. 12:10.

a Nan atik sa a, mo “sè” a gen rapò ak sè nou yo nan kongregasyon an, se pa sè menm manman menm papa avè n.

b Mo “matcho” a gen rapò ak yon seri mesye ki panse gason pa kanmarad fi. Byen souvan, gason konsa fè lwanj pou fason yo panse ak fason yo aji, e yo rabese fi.

c Pou n jwenn plis esplikasyon sou ekspresyon “veso ki pi fèb” la, gade atik ki gen tit “Valè ‘yon veso ki pi fèb’ genyen” ki parèt nan Toudegad 15 me 2006, ak atik ki gen tit “Konsèy saj pou moun ki marye” ki parèt nan Toudegad 1ye mas 2005.