Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

KANTIK 27 Pitit Bondye yo pral parèt nan laglwa

“Mwen pap janm abandone w”!

“Mwen pap janm abandone w”!

“[Bondye] di: ‘Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.’”EBRE 13:5b.

PWEN KLE

Atik sa a bay sèvitè Bondye yo ki sou tè a asirans Bondye pap abandone yo lè tout rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ale nan syèl.

1. Ki lè tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap monte nan syèl?

 SA GEN anpil ane, sèvitè Jewova yo te konn mande tèt yo ki lè dènye kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap monte nan syèl? Te gen yon lè, nou te panse apre Amagedon, kèk nan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap rete sou tè a, nan paradi a, pandan yon tan. Men, nan Toudegad 15 jiyè 2013 la, nou te aprann tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki sou tè a toujou ap monte nan syèl anvan lagè Amagedon an kòmanse. — Mat. 24:31.

2. Ki kesyon kèk moun ka ap poze tèt yo e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Men, kèk moun ka ap mande tèt yo sa k pral rive “lòt mouton” Kris yo ki toujou ap sèvi Jewova fidèlman sou tè a pandan “gwo tribilasyon” an (Jan 10:16; Mat. 24:21)? Jodi a, kèk moun kapab pè pou yo pa jwenn èd ak enstriksyon yo bezwen lè frè ak sè Bondye chwazi pou al nan syèl yo monte nan syèl. Nou pral egzamine de istwa nan Bib la ki ta ka fè yo panse konsa. Apre sa, nou pral pale sou rezon ki fè yo pa bezwen pè.

KI SA KI PAP RIVE LÒT MOUTON YO?

3-4. Ki sa kèk moun ka ap mande tèt yo, e poukisa?

3 Kèk moun ka ap mande tèt yo si lòt mouton yo pap kite laverite lè frè Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki fè pati Kolèj santral la pa la pou gide yo ankò. Gen kèk istwa nan Bib la ki ta ka fè yo panse sa. Annou egzamine de ladan yo. Premye istwa a ap pale sou gran prèt Jewoyada. Li te yon bon sèvitè Bondye. Li menm ak madanm li, Jewochabat, te pwoteje yon tigason ki te rele Jewowas e yo te ede l vin yon bon wa, yon wa ki fidèl. Pandan tout tan Jewoyada ki te granmoun te vivan, Jewowas te fidèl ak Jewova. Men, apre lanmò Jewoyada, Jewowas te tonbe nan fè sa ki mal. Li te koute konsèy prens ki te mechan yo e li te abandone Jewova. — 2 Kwo. 24:​2, 15-19.

4 Dezyèm egzanp lan se egzanp kretyen yo pandan dezyèm syèk epòk nou an. Apot Jan, dènye apot ki t ap viv sou tè a, te gen bon enfliyans sou anpil kretyen. Li te ede yo rete fidèl ak Jewova (3 Jan 4). Li menm ak lòt apot Jezi ki te fidèl yo te fè anpil efò pou anpeche apostazi gaye nan kongregasyon an (1 Jan 2:18; 2 Tes. 2:7). Apre lanmò Jan, apostazi te gaye nèt nan kongregasyon yo. Kèk dizèn ane apre sa, akoz move ansèyman aposta yo, kongregasyon yo te tonbe nan apostazi.

5. Ki sa de istwa sa yo pa ta dwe fè nou panse?

5 Èske de istwa biblik sa yo montre menm bagay la pral rive lòt mouton Kris yo lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo monte nan syèl? Lè sa a, èske kretyen ki fidèl ki sou tè a pral bliye fòmasyon yo te resevwa a menm jan ak Jewowas, oswa y ap tonbe nan apostazi menm jan ak kretyen ki t ap viv nan dezyèm syèk epòk nou an? Repons lan se non! Nou mèt gen asirans lè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo kite tè a, lòt mouton yo ap kontinye adore Jewova jan yo dwe fè sa e y ap kontinye jwenn bonjan direksyon. Sa k fè nou kapab kwè sa?

VRÈ ADORASYON AN PAP KONTAMINE

6. Nou pral fè yon ti pale de twa epòk. Ki epòk sa yo?

6 Sa k fè nou mèt gen konfyans vrè adorasyon an pap kontamine menm nan epòk malouk k ap vini yo? Se sa nou aprann nan Bib la sou epòk n ap viv la ki fè nou di sa. Epòk nou an diferan nèt ak epòk Izrayèl tan lontan an e ak epòk kretyen yo nan dezyèm syèk la. Ann fè yon ti pale sou twa peryòd sa yo plis an detay: 1) epòk Izrayèl tan lontan an, 2) epòk apre lanmò apot yo e 3) epòk nou an, “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”. — Tra. 3:21.

7. Nan Izrayèl tan lontan an, poukisa moun ki te fidèl yo pa t dekouraje lè nasyon an ak wa li yo te chwazi fè sa ki mal?

7 Epòk Izrayèl tan lontan an. Yon ti tan anvan Moyiz mouri, li te di Izrayelit yo: “Mwen byen konnen apre m fin mouri, nou pap manke pa aji avèk mechanste e n ap sispann suiv chemen mwen te ban nou lòd pou nou suiv la.” (Det. 31:29). Epitou, Moyiz te avèti yo, li te di yo si pèp Izrayèl la vin rebèl, nasyon an prale ann egzil (Det. 28:​35, 36). Èske pawòl sa yo te reyalize? Wi. Nan syèk ki te vin apre yo, anpil wa te chwazi fè sa ki mal e sa te lakòz pèp Bondye a tonbe nan fo adorasyon. Se sa k fè, Jewova te rejte pèp li a, ki te vin mechan, e li pa t kite moun reprezante l sou tè a ankò antanke wa (Eze. 21:​25-27). Men, Izrayelit ki te fidèl yo te pran kouraj lè yo te wè pawòl Bondye a reyalize. — Eza. 55:​10, 11.

8. Èske n ta dwe sezi tande kongregasyon kretyen yo nan dezyèm syèk la te tonbe nan apostazi? Esplike.

8 Epòk apre lanmò apot yo. Èske n ta dwe sezi aprann kongregasyon kretyen an te tonbe nan apostazi nan dezyèm syèk epòk nou an? Non. Jezi te anonse t apral gen yon gwo apostazi (Mat. 7:​21-23; 13:​24-30, 36-43). Apot Pòl, apot Pyè ak apot Jan, toule twa te konfime pwofesi Jezi a te deja kòmanse reyalize nan premye syèk epòk nou an (2 Tes. 2:​3, 7; 2 Pyè 2:1; 1 Jan 2:18). Nan dezyèm syèk epòk nou an, kongregasyon kretyen an te tonbe nan apostazi. Kretyen ki aposta yo te vin fè pati Gran Babilòn nan, sa vle di tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Yon lòt fwa ankò, pwofesi yo te reyalize.

9. Ki jan epòk n ap viv kounye a diferan nèt ak epòk Izrayèl tan lontan an e ak epòk kongregasyon kretyen yo nan dezyèm syèk la?

9 “Epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an.” Epòk nou an diferan nèt ak epòk Izrayèl tan lontan an e ak epòk kote te gen gwo apostazi pandan dezyèm syèk epòk nou an. Ki jan yo rele epòk nou an? Premye sa n te ka di se “dènye jou” sistèm mechan sa a (2 Tim. 3:1). Men, Bib la montre gen yon epòk ki pi enpòtan e ki pi long ki te kòmanse menm lè a. Epòk sa a ap kontinye jiskaske Wayòm Mesi a fè lèzòm vin pafè ankò e li fè tè a vin tounen yon paradi. Bib la rele epòk sa a “epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an”. (Tra. 3:21.) Epòk sa a te kòmanse an 1914. Ki sa ki te vin retabli? Ebyen, Jezi te vin Wa nan syèl la. Konsa, yon lòt fwa ankò, Jewova te gen yon dirijan ki reprezante l, yon eritye twòn wa David la, yon wa ki te fidèl. Men, se pa sèl Wayòm nan Jewova te retabli. Yon ti tan annapre, Jewova te retabli vrè adorasyon an (Eza. 2:​2-4; Eze. 11:​17-20). Èske vrè adorasyon an ap vin kontamine ankò?

10. a) Ki sa Bib la te anonse konsènan vrè adorasyon an pou epòk nou an? (Ezayi 54:17). b) Sa k fè pwofesi sa yo ankouraje nou?

10 Li Ezayi 54:17. Fè yon ti reflechi sou pwofesi sa a: “Nenpòt zam yo fè kont ou pap itil anyen.” Pawòl sa yo Bondye te fè pwofèt la ekri yo ap reyalize jodi a. Pawòl ankourajan ki vin apre yo ap reyalize jodi a tou: “Se Jewova k ap anseye tout pitit ou yo, e pitit ou yo ap viv nan lapè. W ap tabli byen djanm paske w fè sa ki dwat. [...] Ou pap pè anyen e pa gen anyen k ap fè w pè, paske, bagay sa yo pap vin pre w.” (Eza. 54:​13, 14). Menm Satan, “dye sistèm sa a”, pa gen pouvwa pou l kanpe travay fòmasyon pèp Jewova a ap fè jodi a (2 Kor. 4:4). Vrè adorasyon an retabli e li pap janm kontamine ankò! L ap rete la pou toutan. Wi, nenpòt zam yo fè kont nou pap itil anyen!

KI SA K PRAL RIVE LÒT MOUTON YO?

11. Ki sa k konvenk nou gwo foul moun nan pap lage poukò yo lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo monte nan syèl?

11 Ki sa k pral rive lòt mouton yo lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo monte nan syèl? Sonje Jezi se Bèje nou. Li se Chèf kongregasyon an. Jezi te di byen klè: “Sèl Gid nou genyen se Kris.” (Mat. 23:10). Wa nou an, ki deja ap dirije, pap janm pa fè travay li. Piske se Kris k ap dirije, disip li yo sou tè a pap gen pou yo pè anyen. An reyalite, nou pa konn tout detay sou fason Jezi pral dirije pèp li a nan moman sa a. Se sa k fè, ann egzamine kèk egzanp nan Bib la ki kapab ban nou plis konfyans.

12. Ki jan Jewova te pran swen pèp li a: a) apre lanmò Moyiz? b) apre Eli te resevwa yon lòt asiyasyon? (Gade foto a tou.)

12 Moyiz te mouri anvan pèp Izrayèl la te antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a. Ki sa k te rive pèp Bondye a? Piske gason fidèl sa a pa t la ankò, èske moun yo te lage poukò yo? Non. Toutotan pèp la te ret fidèl, Jewova te kontinye pran swen yo. Anvan Moyiz mouri, Jewova te di l pou l mete Jozye chèf sou pèp la. Moyiz te fè plizyè dizèn ane ap bay Jozye fòmasyon (Egz. 33:11; Det. 34:9). Mete sou sa, gen anpil lòt gason ki te gen kapasite pou dirije pèp la. Yo te mete yo chèf sou 1000 moun, sou 100 moun, sou 50 moun e menm sou 10 moun (Det. 1:15). Yo te byen pran swen pèp Bondye a. Se menm sa ki te rive nan epòk Eli a. Pandan plizyè dizèn ane, Eli te fè anpil efò pou l ede pèp Izrayèl la adore Bondye. Men, rive yon lè, Jewova te ba l yon lòt asiyasyon nan sid Jida (2 Wa 2:1; 2 Kwo. 21:12). Èske moun ki te fidèl nan wayòm dis tribi Izrayèl la te lage poukont yo? Non. Eli te fè plizyè ane ap bay Elize fòmasyon. Epitou, te gen “pwofèt yo”, sanble ki te fòme yon gwoup pou yo pran fòmasyon (2 Wa 2:7). Konsa, anpil gason fidèl te met tèt yo disponib pou yo patisipe nan bay pèp Bondye a direksyon. Jewova te kontinye reyalize objektif li e li te kontinye pran swen sèvitè fidèl li yo.

Moyiz (foto agoch) ak Eli (foto adwat) te bay yon moun fòmasyon pou ranplase yo lè yo pa la ankò. (Gade paragraf 12.)


13. Ki asirans Ebre 13:5b ban nou? (Gade foto a tou.)

13 Ak egzanp sa yo nan lespri nou, ki sa nou panse ki pral rive lè tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo monte nan syèl? Nou deja konn repons lan. Bib la bay yon verite ki senp e ki ban nou anpil konfyans: Jewova pap janm abandone pèp li a ki sou tè a. (Li Ebre 13:5b.) Menm jan ak Moyiz e ak Eli, ti gwoup kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki pran latèt jodi a byen konprann enpòtans pou yo bay lòt moun fòmasyon. Depi plizyè dizèn ane, frè ki nan Kolèj santral yo ap bay yon seri mesye pami lòt mouton yo fòmasyon pou yo pran latèt. Pa egzanp, yo òganize lekòl pou fòme ansyen yo, siveyan sikonskripsyon yo, manm komite filyal yo, siveyan nan Betèl yo, ak lòt frè ankò. Manm Kolèj santral yo ap bay frè k ap ede nan diferan Komite Kolèj santral la fòmasyon pèsonèlman. Jodi a, frè sa yo deja gen anpil responsablite nan òganizasyon an. Yo byen prepare pou yo kontinye pran swen ti mouton Kris yo.

Frè ki nan Kolèj santral yo fè anpil efò pou yo bay frè k ap ede nan diferan Komite Kolèj santral fòmasyon e yo òganize lekòl pou fòme ansyen yo, siveyan sikonskripsyon yo, manm komite filyal yo, siveyan nan Betèl yo ak misyonè toupatou sou tè a. (Gade paragraf 13.)


14. Ki leson enpòtan nou aprann nan atik sa a?

14 Men leson enpòtan nou aprann nan atik sa a: Lè tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fin monte nan syèl yon ti tan anvan fen gwo tribilasyon an, vrè adorasyon an ap kontinye egziste sou tè a. Grasa bonjan direksyon Jezi Kris bay, adoratè Bondye yo ap kontinye sèvi l san kanpe. Se vre, lè sa a, Gòg ki sot nan peyi Magòg la, yon gwoup nasyon k ap met tèt yo ansanm e k ap byen move, pral atake nou (Eze. 38:​18-20). Men, atak tou kout sa a ap echwe. Li pap fè sèvitè Jewova yo sispann adore l. Wè pa wè, Jewova ap delivre pèp li a. Nan yon vizyon, apot Jan te wè lòt mouton Kris yo ki fòme yon “gwo foul moun”. Zanj lan te fè Jan konnen “gwo foul moun” nan soti nan “gwo tribilasyon an”. (Rev. 7:​9, 14.) Wi, nou mèt gen asirans, Jewova ap delivre yo!

15-16. Selon Revelasyon 17:​14, ki sa kretyen Bondye chwazi yo pral fè pandan gè Amagedon an e sa k fè sa ankouraje nou?

15 Malgre sa, ou ka ap mande tèt ou: ‘E moun Bondye chwazi yo, ki sa yo pral fè lè yo rive nan syèl la?’ Bib la reponn kesyon sa a byen klè. Li fè konnen gouvènman yo nan monn nan pral “goumen ak Ti Mouton an”. Men kòm nou konn sa, y ap pèdi batay la. Men sa nou li: “Ti Mouton an [...] ap pote laviktwa sou yo.” Kiyès k ap ede Ti mouton an? N ap jwenn repons lan nan vèsè a. Li di se moun yo “rele yo”, moun yo “chwazi yo”, “moun ki fidèl yo”. (Li Revelasyon 17:14.) Kiyès moun sa yo ye? Se kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl ki resisite yo. Sa vle di, lè tout kretyen Bondye chwazi pou al viv nan syèl yo monte nan syèl la yon ti tan anvan gwo tribilasyon an fini, youn nan travay yo pral gen pou yo fè se goumen. Ala yon gwo travay yo pral genyen! Gen nan kretyen sa yo ki te konn goumen anvan yo te vin Temwen Jewova. Gen ladan yo ki te menm sèvi nan lame nan monn sa a. Men, lè yo te vin kretyen, yo te aprann fè lapè (Gal. 5:22; 2 Tes. 3:16). Yo te depoze tout zam. Men, lè yo fin monte nan syèl, yo pral travay bò kote Jezi ak zanj li yo ki sen pou yo goumen yon dènye fwa kont ènmi Bondye yo.

16 Fè yon ti reflechi: Lè kretyen sa yo te sou tè a, genyen ki te granmoun e yo te menm san fòs. Men, yonfwa yo resisite pou yo viv nan syèl la, y ap vin tounen espri ki pisan e ki pa ka mouri ki gen asiyasyon pou yo goumen bò kote Jezi Kris ki se yon Wa ki konn fè lagè. Apre lagè Amagedon, yo pral patisipe nan ede lèzòm vin pafè. Pa gen dout, yo pral plis itil frè ak sè yo ki sou tè a yo renmen anpil pandan yo nan syèl la pase lè yo te sou tè a antanke moun ki enpafè.

17. Ki jan nou fè konnen Bondye pral pwoteje tout sèvitè l yo pandan gè Amagedon an?

17 Èske w fè pati lòt mouton yo? Ebyen, ki sa ou menm w ap bezwen fè lè gè Amagedon an kòmanse? W ap bezwen fè yon senp bagay: Fè Jewova konfyans epi suiv enstriksyon li bay. Ki sa sa kapab gen ladan l? Men ankourajman Bib la ban nou: “Antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Eza. 26:20). Lè sa a, Bondye ap pwoteje tout sèvitè fidèl li yo, kit yo nan syèl la, kit yo sou tè a. Menm jan ak apot Pòl, nou gen konviksyon “ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini […] pap kapab separe nou ak lanmou Bondye”. (Wom. 8:​38, 39.) Toujou sonje sa: Jewova renmen w e li pap janm abandone w!

LÈ TOUT KRETYEN BONDYE CHWAZI POU AL NAN SYÈL YO MONTE NAN SYÈL,

  • ki sa ki pap rive lòt mouton yo?

  • sa k fè nou ka gen asirans vrè adorasyon an pap vin kontamine?

  • sa k fè nou gen konfyans Jewova ap pran swen pèp li a?

KANTIK 8 Jewova se refij nou