Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 6

KANTIK 10 Louwe Jewova, Bondye nou an!

“Fè louwanj pou non Jewova”

“Fè louwanj pou non Jewova”

“Nou menm k ap sèvi Jewova, fè louwanj pou li, fè louwanj pou non Jewova.”SÒM 113:1.

PWEN KLE

Atik sa a pale sou sa ki pouse nou fè louwanj pou non Jewova ki sen nan tout okazyon.

1-2. Ki sa k ka ede n konprann ki jan Jewova santi l poutèt yo sal non l?

 IMAJINE yon moun ou renmen anpil di yon move bagay sou ou. Ou konnen se manti li bay, malgre sa, gen moun ki kwè l. Sa k pi mal la, yo kòmanse gaye manti sa a e anpil lòt moun vin kwè tou. Ki jan w t ap santi w? Si w se yon moun ki renmen moun e w vle pwoteje repitasyon w, manti sa a t ap fè w mal anpil, pa vre? — Pwo. 22:1.

2 Egzanp sa a ede n konprann fason Jewova te santi l lè yo te sal repitasyon l. Youn nan zanj li te kreye yo te bay Èv, premye fi ki te egziste a, manti sou li. Èv te pran nan manti sa a. Manti sa a te lakòz premye paran nou yo vin dezobeyi Jewova. Kòm konsekans, moun te vin peche e yo mouri (Jen. 3:​1-6; Wom. 5:12). Se akoz manti Satan te fè nan Jaden Edenn nan ki fè nou gen tout pwoblèm nou wè nan monn nan tankou lagè, soufrans ak lanmò. Èske sa fè Jewova mal lè l wè manti yo gaye sou li ak dega sa lakòz? Pa gen dout nan sa. Malgre sa, li pa pèdi jwa l. Okontrè, li toujou “Bondye ki gen kè kontan an”. — 1 Tim. 1:11.

3. Ki privilèj nou genyen?

3 Nou gen privilèj patisipe nan defann non Jewova lè nou obeyi kòmandman ki vin apre a ki tou senp: “Fè louwanj pou non Jewova.” (Sòm 113:1). Nou fè sa lè nou pale an byen de Sila a ki pote non sen sa a. E ou menm, èske w ap fè sa? Ann egzamine twa gwo rezon nou genyen ki ankouraje n fè louwanj pou non Bondye nou an ak tout kè nou.

JEWOVA KONTAN LÈ NOU FÈ LOUWANJ POU NON L

4. Poukisa Jewova kontan lè nou fè louwanj pou li? Bay yon egzanp. (Gade foto a tou.)

4 Nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan lè nou fè louwanj pou non l (Sòm 119:108). Èske sa vle di Bondye Toupisan an tankou moun ki enpafè ki bezwen lòt moun fè louwanj pou yo paske yo pa twò kwè nan tèt yo? Non. Ann pran yon egzanp. Yon pitit fi pase men nan kou papa l ak anpil tandrès e li di l: “Ou se pi bon papa ki genyen nan monn nan!” Papa a kontan e sa pitit li a fè a touche kè l. Sa k fè sa? Èske n ta dwe panse se paske papa a bezwen pou pitit la fè lwanj pou li oubyen li depann de sa tèlman l pa twò kwè nan tèt li? Non. Okontrè, nou gen konfyans li se yon papa ki renmen pitit li e ki konnen lè pitit li demontre lanmou e li gen rekonesans, sa ap bon pou timoun nan. Li konnen kalite sa yo ap fè pitit li a gen kè kontan tank l ap grandi. Pou menm rezon sa yo, Jewova, pi bon Papa ki egziste a, kontan lè nou fè louwanj pou li.

Menm jan yon papa kontan lè pitit li demontre lanmou ak rekonesans pou li, se konsa tou, Jewova kontan lè nou fè louwanj pou non l. (Gade paragraf 4.)


5. Lè nou fè louwanj pou non Bondye, ki sa nou montre ki se yon manti?

5 Lè nou fè louwanj pou Papa nou ki nan syèl la, nou patisipe nan montre gen yon bagay Satan di sou nou chak la se yon manti li ye. Satan fè konnen pèsonn pap defann non Bondye fidèlman. Selon li menm, pa gen yon moun k ap ret fidèl ak Bondye. Li fè konnen nou tout ap vire do bay Bondye depi sa nan enterè nou (Jòb 1:​9-11; 2:4). Men, Jòb, yon moun ki te fidèl, te montre Satan se yon mantè. E ou menm? Nou chak gen privilèj pou nou defann non Papa nou e pou nou fè kè l kontan lè nou sèvi l fidèlman (Pwo. 27:11). Se yon gwo onè pou nou fè sa.

6. Ki jan nou kapab imite wa David ak Levit yo? (Neyemi 9:5).

6 Se lanmou pou Bondye ki fè moun ki fidèl yo fè louwanj pou non l ak tout kè yo. Wa David te ekri: “M ap louwe Jewova, m ap fè louwanj pou non l ki sen ak tout mwen menm.” (Sòm 103:1). David te byen konprann fè louwanj pou non Jewova vle di fè louwanj pou Jewova li menm. Non Jewova makònen ak repitasyon l, sa fè n panse ak tout bèl kalite li genyen yo e ak tout aksyon estrawòdinè li fè yo. Pou David, non Papa l se yon non ki sen, ki merite louwanj. Li te vle fè louwanj pou li ak ‘tout li menm’, sa vle di ak tout kè l. Menm jan an tou, Levit yo te pran latèt nan fè louwanj pou Jewova. Avèk imilite, yo te rekonèt kèlkeswa sa yo ta di pou yo fè louwanj pou non Jewova ki sakre, yo pa t ap janm ka rive bay non l tout louwanj li merite. (Li Neyemi 9:5.) Pa gen okenn dout, imilite yo te genyen ak louwanj yo te fè ak tout kè yo te fè kè Jewova kontan.

7. Ki jan nou ka fè louwanj pou Jewova nan travay predikasyon an ak nan lavi n ap mennen chak jou?

7 Jodi a, nou fè kè Jewova kontan lè nou pale de li yon fason ki montre nou gen rekonesans ak lanmou. Lè nou nan travay predikasyon an, nou sonje premye objektif nou se atire moun yo vin jwenn Jewova epi ede yo vin renmen Papa nou menm jan avèk nou (Jak 4:8). Nou kontan montre moun yo sa Bib la di sou Jewova, sa li di sou lanmou li genyen, sou jistis li, sajès li, pisans li ak lòt bèl kalite li genyen. Epitou, nou fè louwanj pou Jewova e nou fè kè l kontan lè nou fè tout sa n kapab pou n imite l (Efe. 5:1). Lè nou fè sa, sa fè nou diferan ak moun yo nan monn mechan sa a. Moun yo kapab wè jan nou diferan e sa ka fè yo mande sa k fè nou diferan konsa (Mat. 5:​14-16). Nan aktivite n ap mennen bò kote yo chak jou, nou kapab esplike yo sa k fè nou diferan. Sa ka fè moun ki sensè yo anvi aprann konnen Bondye nou an. Lè nou fè louwanj pou Jewova nan fason sa yo, nou fè kè l kontan. — 1 Tim. 2:​3, 4.

JEZI KONTAN LÈ NOU FÈ LOUWANJ POU NON JEWOVA

8. Sa k fè nou ka di Jezi se pi bèl egzanp moun ki te fè louwanj pou non Jewova?

8 Pa gen okenn moun, ni nan syèl la, ni sou tè a, ki pi byen konn Papa a pase Jezi (Mat. 11:27). Jezi renmen Papa l, e li se pi bèl egzanp moun ki fè louwanj pou non Jewova (Jan 14:31). Nan nuit li t apral mouri a, pandan l t ap priye Papa l, men sa l te di anpalan de sèvis li sou tè a: “Mwen fè yo konnen non w.” (Jan 17:26). Ki sa Jezi te vle di?

9. Ki egzanp Jezi te bay ki pi byen esplike kiyès Papa l ye?

9 Jezi te fè plis pase annik di moun yo non Bondye se Jewova. Dayè, Juif Jezi t ap anseye yo te deja konn non Bondye. Men, Jezi se pi bèl egzanp moun ki te “esplike kiyès Bondye ye”. (Jan 1:​17, 18.) Pa egzanp, Liv ki te ekri ann ebre yo fè konnen Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon (Egz. 34:​5-7). Jezi te fè verite sa a vin pi klè toujou lè l te bay egzanp tigason gaspiyè a ak papa l. Lè nou li fason papa a te reyaji lè l te wè pitit gason l lan ki repanti k ap vini “pandan misye nan yon bèl distans”, fason l te kouri al rankontre l, li anbrase l, li bo l, li padone l ak tout kè l, sa ede n pi byen konprann mizèrikòd ak konpasyon Jewova (Lik 15:​11-32). Sa klè, Jezi ede lòt moun wè Papa l, jan Li ye toutbon an.

10. a) Ki jan nou fè konnen Jezi te itilize non Papa l e li vle lòt moun fè menm bagay la? (Mak 5:19). (Gade foto a tou.) b) Ki sa Jezi vle nou fè jodi a?

10 Èske Jezi te vle pou lòt moun sèvi ak non Papa l tou? Pa gen dout nan sa. Gen kèk chèf relijye nan epòk la ki te fanatik, ki te panse yo pa t dwe site non Bondye paske li twò sakre. Men, Jezi pa t janm kite tradisyon sa yo, ki pa baze sou Bib la, anpeche l onore non Papa l. Sonje lè Jezi te geri yon mesye ki te gen yon demon sou li nan zòn Jerazényen yo. Moun yo te vin pè anpil e yo te sipliye Jezi pou l kite zòn nan, se sa k fè Jezi pa t rete (Mak 5:​16, 17). Epoutan, Jezi te vle pou lòt moun konnen non Jewova nan zòn sa a. Se sa k fè, lè Jezi te voye mesye li te geri a ale, li pa t voye l fè lòt moun yo konnen sa li menm li te fè pou li, men, sa Jewova te fè pou li. (Li Mak 5:19.) a Se menm bagay la Jezi vle jodi a tou. Li vle nou fè lòt moun konn non Papa l toupatou sou tè a (Mat. 24:14; 28:​19, 20). Lè nou patisipe nan travay sa a, nou fè kè Jezi, Wa nou an, kontan.

Jezi te di mesye ki te gen demon sou li a pou l fè moun konnen Jewova te geri l. (Gade paragraf 10.)


11. Poukisa Jezi te anseye disip li yo pou yo priye, e sa k fè sa enpòtan? (Ezekyèl 36:23).

11 Jezi te konnen objektif Jewova se pou non l vin sen, pou yo retire tout vèni yo te lage sou li. Se sa k fè, Mèt nou an te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” (Mat. 6:9). Jezi te byen konprann kesyon pou fè non Papa l vin sen an konsène tout kreyasyon an. (Li Ezekyèl 36:23.) Pa gen okenn moun nan tout linivè ki fè plis efò pase Jezi pou fè non Jewova vin sen. Epoutan, lè yo te arete Jezi, pou ki peche ènmi l yo te akize l? Pou blasfèm! Pa gen okenn dout, pou Jezi, pi gwo peche yon moun ta kapab fè se sal non Papa l ki sen. Jezi te tris anpil lè yo te akize l e yo te kondane l pou krim sa a. Se petèt pou rezon sa a Jezi te ‘vin boulvèse’ kèk èdtan anvan yo te arete l. — Lik 22:​41-44.

12. Sa k fè n ka di Jezi se moun ki bay pi bèl egzanp nan fè non Papa l vin sen?

12 Pou Jezi te ka fè non Papa l vin sen, li te andire anba tout kalite soufrans, jouman ak manti. Li te konnen li te obeyi Papa l nan tout bagay e l pa t gen okenn rezon pou l wont (Ebre 12:2). Epitou, li te konnen se li menm menm Satan t ap atake nan moman difisil sa yo (Lik 22:​2-4; 23:​33, 34). Satan te vle fè Jezi sispann ret fidèl, men, li pa t reyisi. Alafen, Jezi te pwouve Satan se yon mantè e Jewova gen anpil sèvitè ki rete fidèl avè l malgre yo jwenn gwo gwo eprèv.

13. Ki jan nou ka fè kè Wa nou an kontan?

13 Èske w ta renmen fè kè Wa w la, ki deja ap dirije, kontan? Kontinye fè louwanj pou non Jewova, kontinye ede lòt moun konnen kiyès Bondye nou an ye toutbon. Lè w fè sa, w ap suiv tras Jezi (1 Pyè 2:21). Menm jan ak Jezi, w ap fè kè Jewova kontan e w ap montre, Satan, advèsè Li a, se yon gwo mantè!

LÈ NOU FÈ LOUWANJ POU NON JEWOVA, NOU EDE LÒT MOUN SOVE LAVI YO

14-15. Ki bon rezilta sa bay lè nou aprann moun yo kiyès Jewova ye?

14 Lè nou fè louwanj pou non Jewova, nou ede lòt moun sove lavi yo. Sa k fè nou di sa? Se paske Satan “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”. (2 Kor. 4:4.) Kòm rezilta, yo vin kwè nan manti Satan bay yo, manti tankou Bondye pa egziste, Bondye lwen nou e li pa enterese nan moun, Bondye mechan e li toumante moun ki fè sa ki mal yo pou toutan. Satan bay manti sa yo pou l sal non ak repitasyon Jewova, yon fason pou moun pa anvi pwoche bò kote Jewova. Men, travay n ap fè a kraze objektif Satan genyen. Nou anseye moun yo laverite sou Papa nou, nou fè louwanj pou non Bondye nou an ki sen. Ki rezilta sa bay?

15 Verite ki nan Pawòl Bondye a gen anpil pouvwa. Lè nou pale ak moun yo de Jewova e nou ede yo konprann kiyès li ye toutbon, sa bay bon rezilta. Manti Satan bay yo tankou yon vwal ki bouche je moun yo e vwal sa a ap soti tikras pa tikras lè yo kòmanse wè Papa nou nou renmen anpil la jan nou wè l la. Yo ret bouch ouvè devan pouvwa li genyen ki pa gen limit (Eza. 40:26). Jistis Bondye ki san fay ba yo asirans (Det. 32:4). Yo vin konprann yon pakèt bagay grasa kokenn sajès Bondye genyen an (Eza. 55:9; Wom. 11:33). Yo jwenn bonjan konsolasyon lè yo vin konnen Bondye se lanmou (1 Jan 4:8). Tank y ap pwoche bò kot Jewova, se tank espwa yo genyen pou yo viv pou toutan kòm pitit li vin pi fèm! Se yon kokenn privilèj nou genyen pou n ede moun yo pwoche bò kot Papa yo. Lè nou fè sa, Jewova wè nou kòm “konpayon travay” li. — 1 Kor. 3:​5, 9.

16. Ki efè sa gen sou kèk moun lè yo vin konnen non Bondye? Bay kèk egzanp.

16 Okòmansman, nou ka sèlman anseye moun yo non Bondye se Jewova. Sa sèlman ka gen yon gwo efè sou moun ki gen kè sensè yo. Pa egzanp, gen yon jèn dam ki rele Aaliyah b ki te grandi nan yon fanmi ki pa kretyen. Men, li pa t santi l twò atache ak relijyon l lan, ni ak Bondye. Sa te vin chanje lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo. Li te kòmanse wè Bondye tankou yon Zanmi. Li te sezi aprann yo retire non Bondye nan anpil tradiksyon Labib e yo ranplase l ak yon seri tit tankou Seyè. Lè l te aprann non Bondye se Jewova, sa te chanje lavi l. Men sa l te di: “Pi bon Zanmi m nan gen yon non!” Ki rezilta sa te bay? Li di: “Mwen santi m anpè kounye a. Se yon gwo onè pou mwen!” Gen yon mesye ki rele Steve, ki se yon mizisyen, ki te grandi nan yon fanmi juif ki te atache ak tradisyon yo. Li te rete lwen tout relijyon paske li te wè gen anpil ipokrizi ladan yo. Men, nan yon epòk kote l te nan gwo lapenn, li te dakò asiste yon etid yon Temwen Jewova t ap kondui. Lè l te vin konn non Bondye, sa te touche kè l anpil. Li di: “Mwen pa t janm konnen non Bondye. Se pou premye fwa, mwen te vin wè Bondye reyèl! Mwen te vin wè li se yon Moun toutbon. Depi lè sa a, mwen te konnen mwen jwenn yon Zanmi.”

17. Poukisa w pran detèminasyon pou w kontinye fè louwanj pou non Jewova? (Gade foto a tou.)

17 Lè w ap preche e w ap anseye, èske w fè lòt moun konnen non Bondye se Jewova? Èske w ede yo wè Bondye jan li ye toutbon an? Lè w fè sa, ou fè louwanj pou non Bondye. Nou swete pou w kontinye fè louwanj pou non Jewova ki sen lè w ede lòt moun aprann konnen ki kalite Moun li ye toutbon. Lè w fè sa, w ap ede lòt moun sove lavi yo. W ap suiv Wa w la, Kris Jezi, e sa k pi enpòtan an, w ap fè Jewova, Papa ou renmen anpil la, kontan. Nou swete pou w kontinye “louwe non [l] pou tout tan gen tan”. — Sòm 145:2.

Nou fè louwanj pou non Jewova lè nou fè moun yo konnen non sa a e nou fè yo konnen kiyès Jewova ye toutbon. (Gade paragraf 17.)

LÈ W FÈ LOUWANJ POU NON BONDYE, KI JAN SA...

  • fè Jewova kontan?

  • fè Jezi Kris kontan?

  • sove lavi moun?

KANTIK 2 Non ou se Jewova

a Gen bonjan rezon pou n kwè Mak te sèvi ak non Bondye lè l t ap site pawòl Jezi yo. Se sa k fè nou jwenn non Bondye nan vèsè sa a nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

b Yo chanje non moun yo.