Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 7

KANTIK 51 Nou vwe lavi nou bay Bondye

Leson nou ka aprann nan men Nazireyen yo

Leson nou ka aprann nan men Nazireyen yo

“Pandan tout tan l ap viv antanke Nazireyen an, li sen pou Jewova.”NONB 6:8.

PWEN KLE

Atik sa a pral montre nou ki jan egzanp Nazireyen yo kapab ede nou pou n gen kouraj e pou n dispoze fè sakrifis nan sèvis Jewova.

1. Ki bèl mantalite adoratè Jewova yo te toujou genyen?

 ÈSKE relasyon w gen ak Jewova a gen anpil valè pou ou? Pa gen dout nan sa. E se pa pou ou menm sèlman. Depi nan tan lontan, gen yon pakèt moun ki te santi yo menm jan avè w (Sòm 104:​33, 34). Anpil ladan yo te fè sakrifis pou yo adore Jewova. Nan Izrayèl tan lontan an, gen yon gwoup moun ki te santi yo konsa tou. Yo te rele yo Nazireyen. Kiyès Nazireyen yo te ye? Ki leson nou ka aprann nan egzanp yo?

2. a) Kiyès Nazireyen yo te ye? (Nonb 6:​1, 2). b) Poukisa kèk Izrayelit te chwazi fè ve pou yo vin Nazireyen?

2 Mo “Nazireyen” an soti nan yon ekspresyon ebre ki vle di “yon moun yo chwazi”, “yon moun ki apa” oswa “yon moun ki fè yon ve”. Mo sa a byen tonbe lè y ap pale de Izrayelit ki te chofe nan sèvis yo pou Jewova e ki te fè gwo sakrifis lòt moun pa t fè. Lwa Moyiz la te bay yon gason oswa yon fi posiblite pou l fè yon ve espesyal bay Jewova lè l chwazi viv antanke Nazireyen pandan yon tan a. (Li Nonb 6:​1, 2.) Ve sa a oswa pwomès espesyal sa a li te fè a te mande pou l suiv yon seri règ lòt Izrayelit yo pa t oblije suiv. Nan ka sa a, poukisa yon Izrayelit te chwazi fè ve pou l vin yon Nazireyen? Se gwo lanmou li gen pou Jewova ak bonjan rekonesans li te genyen pou benediksyon Jewova te ba li ki te ka pouse l fè yon ve konsa. — Det. 6:5; 16:17.

3. Nan ki sans pèp Bondye a jodi a sanble ak Nazireyen yo?

3 Lè “lalwa Kris la” te vin ranplase Lwa Moyiz la, pèp Bondye a pa t oblije fè ve pou yo vin Nazireyen ankò (Gal. 6:2; Wom. 10:4). Men, menm jan ak Nazireyen yo, pèp Jewova a jodi a kontinye montre jan li anvi sèvi Jewova ak tout kè l, ak tout nanm li, ak tout lespri l e ak tout fòs li (Mak 12:30). Lè nou te vwe Jewova lavi nou, nou te chwazi fè yon ve pou nou sèvi l. Pou nou viv ann amoni ak ve sa a, sa mande pou nou fè volonte Jewova e pou nou fè sakrifis. Pandan nou pral egzamine fason Nazireyen yo te respekte ve yo te fè a, nou pral aprann yon pakèt bèl leson sou fason nou menm tou nou ka respekte ve nou te fè a b (Mat. 16:24). Annou wè kèk egzanp.

SE POU N DISPOZE FÈ SAKRIFIS

4. Selon Nonb 6:​3, 4, ki sakrifis Nazireyen yo te oblije fè?

4 Li Nonb 6:​3, 4. Nazireyen yo pa t dwe pran okenn bwason ki gen alkòl ni okenn pwodui ki fèt ak rezen. Yo pa t dwe manje rezen, ni rezen sèk. Men, moun bò kote yo te gen dwa manje bagay sa yo e yo te gen dwa bwè bwason ki fèt ak rezen san pwoblèm piske bagay sa yo pa gen anyen mal ladan yo. Bib la pale de “diven ki fè kè lèzòm kontan” kòm yon kado Bondye bay lèzòm (Sòm 104:​14, 15). Poutan, Nazireyen yo te chwazi pase sou dwa yo genyen pou yo pwofite bagay sa yo c.

Èske w dispoze fè sakrifis menm jan ak Nazireyen yo? (Gade paragraf 4-6.)


5. Ki sakrifis Madián ak Marcela te chwazi fè e poukisa?

5 Nou menm tou, menm jan ak Nazireyen yo, nou fè sakrifis pou nou ka fè plis nan sèvis Jewova a. Ann pran egzanp Madián ak Marcela d. Yo te gen bon ti mwayen. Madián te gen yon bon djòb ki te pèmèt li menm ak madanm li rete nan yon bèl apatman. Men, yo te vle fè plis nan sèvis yo pou Jewova. Pou yo rive fè sa, yo te deside fè kèk chanjman. Men sa yo di: “Nou te kòmanse fè mwens depans. Apre sa, nou t al rete nan yon apatman ki pi piti e nou te vann machin nou.” Madián ak Marcela pa t oblije fè sakrifis sa yo. Men, lefètke yo te fè sakrifis sa yo, sa te pèmèt yo fè plis nan travay predikasyon an. Yo pa regrèt yo te pran desizyon sa a e yo gen kè kontan.

6. Poukisa kretyen yo chwazi fè sakrifis nan epòk nou an? (Gade foto a tou.)

6 Jodi a, kretyen yo kontan fè sakrifis pou yo jwenn plis tan pou yo sèvi Jewova (1 Kor. 9:​3-6). Jewova pa mande nou fè sakrifis sa yo. Dayè, bagay nou chwazi kite dèyè yo se pa bagay ki mal yo ye. Pa egzanp, gen kèk moun ki pa aksepte yon travay yo renmen oswa ki kite yon travay yo te renmen, yo chwazi pa gen yon kay oswa yon bèt yo renmen. Anpil moun chwazi pa marye kounye a oswa pa gen pitit pou kounye a. Gen lòt ki chwazi al sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè, menmsi sa mande pou yo viv lwen moun yo renmen. Anpil nan nou chwazi fè sakrifis sa yo paske nou vle bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. Kèlkeswa sakrifis nou chwazi fè pou nou sèvi Jewova, kit li gwo, kit li piti, Jewova bay sa anpil valè. — Ebre 6:10.

PA PÈ MONTRE NOU DIFERAN

7. Ki sa k te ka fè l difisil pou yon Nazireyen respekte ve l te fè a? (Nonb 6:5). (Gade foto a tou.)

7 Li Nonb 6:5. Nazireyen yo te fè ve pou yo pa koupe cheve yo. Se te yon fason pou yo montre jan yo soumèt nèt devan Jewova. Si yon Izrayelit te Nazireyen pandan anpil tan, cheve l t ap kòmanse pouse, lè sa a, lòt moun t ap wè sa. Si lòt moun te soutni ve l te fè pou l Nazireyen an, sa pa t ap yon pwoblèm pou li pou l kontinye ret Nazireyen. Men malerezman, pafwa, nan Izrayèl tan lontan an gen kèk moun ki pa t soutni moun ki Nazireyen yo. Pandan epòk pwofèt Amòs la, Izrayelit ki te vin aposta yo “te kontinye bay moun ki Nazireyen yo diven pou yo bwè” yon fason siman pou yo te fè yo pa respekte ve yo te fè pou yo pa bwè diven an (Amòs 2:12). Gendelè, sa te ka mande anpil kouraj pou yon Nazireyen respekte ve li te fè a e pou l montre l diferan.

Yon Nazireyen ki te respekte ve l te fè a pa t pè montre l diferan. (Gade paragraf 7.)


8. Ki sa w twouve ki ankourajan nan eksperyans Benjamen te fè a?

8 Grasa èd Jewova, nou menm tou, nou kapab mete kouraj sou nou pou nou montre nou diferan, menmsi nou se moun ki timid. Ann pran egzanp Benjamen, yon Temwen Jewova ki gen dizan, k ap viv nan peyi Nòvèj. Lekòl li t ap fè yon seremoni pou yo montre y ap soutni peyi Ikrèn, yon peyi lagè ap ravaje. Yo te mande elèv yo abiye ak rad ki gen koulè drapo Ikrèn nan e pou yo chante yon chante. Benjamen te fè yon jan pou l rete apa yon fason pou l pa patisipe nan seremoni nasyonalis la. Men, gen yon pwofesè ki te wè l e ki rele l byen fò: “Vini non! Nou tout ap tann ou!” Avèk kouraj, Benjamen te pwoche kot pwofesè a e l di l: “Mwen pa patisipe nan seremoni politik. Dayè, anpil Temwen Jewova nan prizon paske yo pa dakò al nan lagè.” Pwofesè a te respekte desizyon l lan e li te dakò pou Benjamen pa patisipe nan evènman an. Lòt elèv yo te mande poukisa l pa vin jwenn yo. Benjamen te tèlman strese li te prèske kriye. Men, avèk kouraj, li te di elèv yo menm sa l te di pwofesè a. Apre sa, Benjamen te di paran l li te santi Jewova te ede l defann lafwa l.

9. Ki jan nou ka fè kè Jewova kontan?

9 Piske nou chwazi obeyi Jewova, nou montre nou diferan ak lòt moun. Nan travay nou oswa nan lekòl nou, nou bezwen kouraj pou nou fè konnen nou se Temwen Jewova. Tank fason monn sa a panse ak fason l aji ap vin pi mal chak jou, se tank li ka vin pi difisil pou nou viv ann amoni ak prensip biblik yo e pou n pataje bon nouvèl la ak lòt moun (2 Tim. 1:8; 3:13). Men, toujou sonje, lè nou met kouraj sou nou pou nou montre nou diferan ak moun ki pap sèvi Jewova, nou “fè kè [Jewova] kontan”. — Pwo. 27:11; Mal. 3:18.

KONTINYE BAY JEWOVA PREMYE PLAS NAN LAVI W

10. Sa k fè l te ka difisil pou yon Nazireyen obeyi kòmandman ki nan Nonb 6:​6, 7 la?

10 Li Nonb 6:​6, 7. Nazireyen yo pa t gen dwa pwoche toupre yon kadav. Sa ka pa sanble yon gwo sakrifis. Men, nan epòk yo t ap ekri Bib la, li te ka vrèman difisil pou yon Nazireyen suiv kòmandman sa a lè yon fanmi pwòch li te mouri. Nan epòk sa a, an jeneral, lè yon moun mouri, akoz koutim ki te genyen yo, lòt moun te oblije rete toupre kadav la (Jan 19:​39, 40; Tra. 9:​36-40). Nazireyen yo pa t gen dwa suiv koutim sa yo. Menm lè Nazireyen yo te nan gwo lapenn akoz yon fanmi yo ki mouri, yo te demontre yon gwo lafwa nan Jewova lè yo te respekte ve yo te fè a. Se sèten, Jewova te bay moun sa yo ki t ap sèvi l fidèlman fòs yo te bezwen nan moman difisil sa yo.

11. Ki sa yon kretyen ta dwe detèmine pou l fè lè gen desizyon li dwe pran nan fanmi l? (Gade foto a tou.)

11 Antanke kretyen, ve nou te fè pou nou bay Jewova lavi nou an gen anpil enpòtans pou nou. Sa gen efè sou desizyon n ap pran ak sa nou chwazi fè lè gen pwoblèm nan fanmi nou. Nou fè anpil efò pou nou pran responsablite Bib la ban nou nan fanmi nou oserye. Men, nou pa ta dwe janm bay sa fanmi nou vle plis enpòtans pase sa Jewova mande nou (Mat. 10:​35-37; 1 Tim. 5:8). Pafwa, pou nou ka fè Jewova plezi, sa ka mande pou nou pran desizyon ki fè nou pa anpè ak fanmi nou.

Èske w dispoze fè volonte Jewova menm nan sitiyasyon ki vrèman difisil? (Gade paragraf 11.) e


12. Lè Alexandru te jwenn gwo pwoblèm nan fanmi l, ki sa l te fè e ki sa l pa t fè?

12 Ann pran egzanp Alexandru ak Dorina, madanm li. Apre yo te fin pase ennan ap etidye Labib, Dorina te deside kanpe etid la e l te vle Alexandru kanpe l tou. Men, yon fason kalm e avèk tak, Alexandru te di l l ap kontinye etid la. Dorina pa t kontan ditou e l te eseye fòse mari l kanpe etid la. Alexandru di li te fè efò pou l konprann madanm li. Men, sa pa t fasil pou li. Pafwa, lè Dorina te konn kritike l oswa reponn li mal, li te konn anvi bay etid la vag. Men, Alexandru te kontinye bay Jewova premye plas nan lavi l e l te kontinye demontre anpil lanmou ak respè pou madanm li. Rive yon lè, bèl egzanp li te bay te ankouraje madanm li rekòmanse etidye Labib e finalman li te vin batize. — Gade videyo Alexandru ak Dorina Vacar: Lanmou gen pasyans ak byenveyans sou jw.org nan seri “Laverite chanje lavi moun”.

13. Ki jan nou ka demontre lanmou pou Jewova e pou fanmi nou?

13 Se Jewova ki fè vin gen fanmi e li vle nou viv ak kè kontan (Efe. 3:​14, 15). Si nou vle gen kè kontan toutbon, nou dwe fè sa Jewova mande nou fè. Toujou sonje, sakrifis nou fè pou n sèvi Jewova toutpandan n ap pran swen fanmi nou e n ap demontre lanmou ak respè pou yo gen valè pou Jewova. — Wom. 12:10.

SE POU YOUN ANKOURAJE LÒT POU NOU MENM JAN AK NAZIREYEN YO

14. Ki moun sitou nou vle ankouraje ak pawòl nou?

14 Jodi a, tout moun ki chwazi adore Jewova dwe dispoze fè sakrifis paske yo renmen l. Men, sa pa toujou fasil. Ki jan youn ka ankouraje lòt fè sakrifis pou Jewova? Nou ka fè sa lè youn nou di lòt pawòl pou ankouraje l (Jòb 16:5). Èske nou konn kèk moun nan kongregasyon an k ap fè efò pou yo senplifye lavi yo yon fason pou yo ka fè plis nan sèvis Jewova a? Èske nou konn kèk jèn ki met kouraj sou yo pou yo montre yo diferan nan lekòl yo menm lè sa difisil pou yo? Èske nou konn kèk etidyan Labib oswa kwayan parèy nou k ap lite pou yo rete fidèl malgre yo jwenn opozisyon nan fanmi yo? Annou pwofite tout okazyon nou jwenn pou n ankouraje kwayan parèy nou yo lè nou fè yo konnen jan nou kontan wè yo dispoze fè sakrifis e yo demontre kouraj. — Flm. 4, 5, 7.

15. Ki jan kèk moun konn soutni moun ki nan sèvis aplentan?

15 Pafwa, nou kapab fè yon seri bagay pou ede kwayan parèy nou ki nan sèvis aplentan (Pwo. 19:17; Ebre 13:16). Se sa yon sè fidèl ki granmoun k ap viv nan peyi Sri Lanka te vle fè ak tout kè l. Kòm yo te ogmante kantite kòb yo te konn ba li kòm pansyon, li te vle ede de jèn sè ki te gen pwoblèm ekonomik pou yo kontinye nan sèvis yo kòm pyonye. Se sa k fè, li te deside ba yo yon kantite kòb chak mwa pou yo peye telefòn yo. Ala yon bèl mantalite sè nou an te demontre!

16. Ki sa nou ka aprann nan ve Nazireyen yo te fè nan tan lontan an?

16 Li klè, nou kapab aprann anpil bagay nan bèl egzanp moun ki te chwazi vin Nazireyen nan tan lontan yo. Men, ve Nazireyen yo te fè a aprann nou yon lòt bagay sou Jewova, Papa nou ki nan syèl la. Li konnen nou vle fè l plezi ak tout kè nou e nou vle fè sakrifis pou n kontinye respekte ve nou te fè lè n te vwe l lavi nou an. Se yon onè li fè nou lè l kite nou chwazi ki fason nou menm nou vle montre l nou renmen l (Pwo. 23:​15, 16; Mak 10:​28-30; 1 Jan 4:19). Ve Nazireyen yo te fè a montre Jewova wè sakrifis nou fè pou n sèvi l e l bay sa anpil valè. Se sa k fè, ann pran detèminasyon pou n kontinye sèvi Jewova e pou n ba li sa nou genyen ki pi bon an ak tout kè nou.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Nan ki sans moun ki te chwazi vin Nazireyen yo te montre yo dispoze fè sakrifis e yo gen kouraj?

  • Jodi a, ki jan youn ka ankouraje lòt fè sakrifis menm jan ak Nazireyen yo?

  • Ki jan ve Nazireyen yo te konn fè nan tan lontan montre Jewova gen konfyans nan sèvitè l yo?

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

a Byenke gen kèk Izrayelit se Bondye ki te chwazi yo pou yo vin Nazireyen, pifò Izrayelit ki te Nazireyen yo, se chwazi yo te chwazi sèvi Jewova konsa. Gade kare “ Moun Jewova te chwazi kòm Nazireyen yo”.

b Pafwa nan piblikasyon nou yo, yo konn konpare moun ki nan sèvis aplentan espesyal yo ak Nazireyen yo. Men, nan atik sa a, n ap plis pale sou fason tout sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li kapab dispoze fè sakrifis menm jan ak Nazireyen yo.

c An jeneral, ta sanble yon Nazireyen pa t gen okenn travay espesyal li te dwe fè pou l te ka respekte ve l te fè a.

d Gade atik “Nou te deside senplifye lavi n” sou jw.org nan seri atik “Eksperyans kèk Temwen Jewova fè”.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon Nazireyen ki kanpe sou tèt yon kay k ap gade moun k ap pase ki pral antere yon fanmi l. Ve l te fè a pa pèmèt li patisipe nan antèman an.