Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou ka gen kè kontan pandan w ap ret tann Jewova avèk pasyans

Ou ka gen kè kontan pandan w ap ret tann Jewova avèk pasyans

ÈSKE w ap tann pou Jewova retire tout mechanste e pou l fè tout bagay vin tounèf (Rev. 21:​1-5)? Pa gen dout, nou tout ap tann sa. Men, li pa toujou fasil pou nou kontinye tann Jewova avèk pasyans, sitou lè bagay yo difisil pou nou. ‘Lè n ap tann yon bagay e sa pa rive lè n t ap tann li an, sa fè n pèdi espwa.’ — Pwo. 13:12.

Epoutan, Jewova vle nou ret tann li avèk pasyans pou l ka delivre nou nan lè li fikse a. Poukisa li vle nou fè sa? Ki sa ki ka ede nou gen kè kontan pandan n ap ret tann Jewova?

SA K FÈ JEWOVA VLE NOU RET TANN LI?

Bib la di: “Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè, l ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Dye ki gen jistis lakay li. Byennere tout moun ki kontinye ret tann li.” (Eza. 30:18). Ezayi te ekri pawòl sa yo pou Juif ki te rebèl yo (Eza. 30:1). Men, pawòl sa yo te bay Juif ki te fidèl yo bonjan espwa. Jodi a tou, pawòl sa yo bay sèvitè fidèl Jewova yo bonjan espwa.

Se sa k fè, nou dwe ret tann avèk pasyans paske Jewova ap tann avèk pasyans. Li fikse yon lè pou l mete fen nan sistèm sa a e l ap tann jou sa a ak lè sa a rive (Mat. 24:36). Lè moman sa a rive, sa ap parèt byen klè akizasyon Dyab la lage sou Jewova yo e sou moun k ap sèvi l yo se manti yo ye. Jewova pral elimine Satan ak patizan l yo. Men nou menm, l ap “fè nou mizèrikòd”.

Annatandan, Jewova ka pa retire pwoblèm nou yo, men li ban nou asirans nou kapab gen kè kontan pandan n ap tann li an. Jan pwofèt Ezayi te di sa, nou kapab gen kè kontan pandan n ap tann oubyen pandan n ap espere yon bon bagay rive (Eza. 30:18) a. Ki jan nou ka gen kè kontan sa a? Ann wè kat bagay ki kapab ede nou.

FASON NOU KA GEN KÈ KONTAN PANDAN N AP TANN

Fikse lespri nou sou bagay ki pozitif. Wa David te wè anpil mechanste pandan tout lavi l (Sòm 37:35). Epoutan, li te ekri: “Ret an silans devan Jewova, ret tann li ak espwa l ap ede w. Pinga w fache lè yon moun reyalize move plan li gen nan tèt li.” (Sòm 37:7). David te suiv konsèy sa a lè l te fikse lespri l sou pwomès Jewova te fè l pou l sove l. Li te gen Jewova rekonesans pou chak benediksyon li ba li (Sòm 40:5). Nou menm tou, si nou fikse lespri nou sou bagay ki pozitif nan nenpòt sitiyasyon nou ye olye nou fikse lespri n sou bagay ki negatif, l ap pi fasil pou nou ret tann Jewova.

Pwofite tout okazyon pou w fè louwanj pou Jewova. Siman se David ki te ekri Sòm 71 lan. Men sa l te di Jewova: “M ap kontinye ret tann ou, m ap louwe w plis toujou.” (Sòm 71:14). Ki jan David te kapab louwe Jewova? Li te kapab pale ak lòt moun de Jewova e chante louwanj pou li (Sòm 71:​16, 23). Menm jan ak David, nou kapab gen kè kontan pandan n ap tann Jewova. Nou fè louwanj pou li lè nou preche, nan konvèsasyon nou genyen chak jou e lè nou chante pou li. Pwochèn fwa w ap chante yon kantik, sa w panse si w pran tan pou w reflechi sou mesaj ankourajan ki ladan l lan?

Chèche jwenn ankourajman nan men frè ak sè yo. Lè David te jwenn gwo pwoblèm, li te di Jewova: “Devan moun ki fidèl avè w yo, m ap montre m met konfyans mwen nan non w.” (Sòm 52:9). Nou menm tou, se pa sèlman lè nou nan reyinyon ak lè n ap preche nou jwenn ankourajman nan men frè ak sè nou yo, nou jwenn ankourajman tou lè n ap pase bon ti moman ansanm. — Wom. 1:​11, 12.

Kenbe esperans ou fèm. Sòm 62:5 di: “Mwen ret ap tann Bondye an silans, paske, se li menm ki ban m espwa.” Bonjan espwa gen ladan l ret tann avèk konfyans. Sa se yon bagay ki enpòtan si nou oblije andire nan sistèm sa a pi lontan pase sa n te espere. Nou dwe gen konviksyon pwomès Jewova yo ap reyalize kèlkeswa valè tan nou ta dwe ret tann anvan yo reyalize. Esperans nou ap vin pi fèm lè nou etidye Pawòl Bondye a. Pa egzanp, nou ka reflechi sou pwofesi yo, amoni ki gen nan Bib la ak tout detay Jewova fè nou konnen sou li (Sòm 1:​2, 3). Epitou, nou bezwen kontinye “priye avèk lespri sen” pou nou ka toujou gen bon relasyon avèk Jewova pandan n ap tann li reyalize pwomès pou l ban nou lavi ki pap janm fini an. — Jid 20, 21.

Menm jan ak David, nou gen konfyans Jewova ap voye je sou tout moun k ap tann li e li demontre yon lanmou ki fidèl pou yo (Sòm 33:​18, 22). Ann kontinye tann Jewova avèk pasyans lè nou fikse lespri nou sou bagay ki pozitif nan lavi nou, lè nou fè louwanj pou Jewova, lè nou chèche ankourajman nan men frè ak sè n yo e lè nou kontinye fè efò pou n kenbe esperans nou fèm.

a Mo lè yo tradui l yo mete “kontinye ret tann” pou li a ka vle di “swaf oswa espere pou yon bagay rive”, sa ki montre li nòmal pou nou swaf pou Bondye sove nou.