Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa Bib la di sou kapasite Jewova genyen pou l fè konnen sa k pral rive?

Jewova gen kapasite pou l fè konnen sa k pral rive (Eza. 45:21). Bib la klè sou sa. Men, Bib la pa bay tout detay sou fason l fè sa oubyen sou lè l chwazi fè sa. Se sa k fè, nou pa konn tout bagay sou kapasite Jewova genyen pou l fè konnen lavni. Kounye a, annou egzamine kèk nan bagay nou konnen yo.

Jewova pa gen okenn limit, sof limit li bay tèt li. Piske Jewova gen yon kokenn sajès, si l vle, li ka fè konnen nenpòt bagay ki pral rive (Wom. 11:33). Men, piske li gen yon kontwòl total sou tèt li, li ka chwazi pa konnen sa k pral rive. — Konpare ak Ezayi 42:14.

Lè Jewova vle yon bagay fèt, l ap fè l fèt. Ki rapò sa genyen ak kapasite l genyen pou l fè konnen sa k pral rive? Men sa Ezayi 46:10 fè konnen: “Depi nan kòmansman yon bagay, mwen di ki jan l ap fini, e depi byen lontan, mwen anonse bagay ki poko rive yo. Mwen di: ‘Sa m deside, se sa k ap fèt, e m ap fè nenpòt sa ki fè m plezi.’”

Youn nan rezon ki fè Jewova ka fè konnen sa k pral rive se paske l gen pouvwa pou l fè bagay yo rive. Se pa kòmsi Jewova pral gade pou l wè sa k pral rive, menm jan ak yon moun k al gade fen yon fim pou l wè ki jan l ap fini. Okontrè, Jewova ka deside pou yon bagay rive nan yon moman li chwazi, epi li fè l fèt lè moman sa a rive. — Egz. 9:​5, 6; Mat. 24:36; Tra. 17:31.

Pou rezon sa a, Bib la sèvi ak yon seri ekspresyon tankou “planifye”, ‘bay fòm’ ak “objektif” pou montre ki jan Jewova fè yon seri bagay rive (2 Wa 19:25; nòt; Eza. 46:11). Mo lè yo tradui l yo mete ekspresyon sa yo pou li a gen rapò ak yon lòt mo ki vle di “atizan ki konn travay ak ajil la”. (Jer. 18:4.) Menm jan yon atizan ki fò ka pran yon boul ajil epi li ba l fòm pou l fè l tounen yon bèl po, se konsa tou, Jewova ka planifye bagay yo yon fason pou objektif li reyalize. — Efe. 1:11.

Jewova respekte dwa moun genyen pou yo deside. Li pa ekri desten chak moun, ni li pa pouse bon moun fè sa k pa bon pou l ka detwi yo. Li kite chak moun fè sa yo vle. Men, li ankouraje tout moun pou yo chwazi fè sa ki bon.

Ann pran de egzanp. Premye egzanp lan se moun Niniv yo. Jewova te deja fè konnen li t apral detwi vil Niniv paske moun yo te mechan. Men, lè moun Niniv yo te repanti, Jewova “te chanje lide konsènan malè li te di l ap lage sou yo a, e li pa t lage malè a sou yo”. (Jon. 3:​1-10.) Moun Niniv yo te byen sèvi ak dwa yo genyen pou yo deside a e yo te repanti. Se sa k fè, Jewova te chanje lide e li pa t fè moun Niniv yo sa l te di l t ap fè yo a.

Dezyèm egzanp lan se pwofesi ki pale de yon gèrye ki rele Siris ki t apral gen pou l libere Juif yo e ki t apral bay lòd pou yo rebati tanp Jewova a (Eza. 44:26–45:4). Vrèmanvre, se wa Siris, yon moun peyi Pès, ki te fè sa Jewova te di nan pwofesi a (Esd. 1:​1-4). Epoutan, Siris pa t ap adore vrè Dye a. Jewova te sèvi ak Siris pou l reyalize pwofesi a, men, li te kite Siris ak libète pou l chwazi kiyès l ap adore. — Pwo. 21:1.

Natirèlman, sa nou sot site la yo se pa sa sèlman Jewova gen nan tèt li lè l ap sèvi ak kapasite l genyen pou l fè konnen sa k pral rive. An reyalite, pa gen moun ki kapab konprann tout bagay sou fason Jewova panse ak fason li aji (Eza. 55:​8, 9). Men, sa nou konnen sou pèsonalite Jewova fè nou gen plis konfyans li toujou fè sa ki byen menm lè l ap fè konnen sa k gen pou rive.