Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Poukisa yo repete yon seri bagay plizyè fwa nan Bib la?

PAFWA, moun yo ki te ekri Bib la te repete menm pawòl yo plizyè fwa mo pou mo. Annou wè twa rezon ki te ka pouse yo fè sa.

Epòk yo te ekri Bib la. Nan Izrayèl tan lontan an, pifò moun pa t gen yon kopi Lalwa. Yo te konn tande Lalwa lè nasyon an te reyini nan tabènak la (Det. 31:​10-12). Gen anpil bagay ki te ka distrè foul moun ki te ret kanpe pandan plizyè èdtan ap koute yo (Ney. 8:​2, 3, 7). Nan moman sa yo, lè yo te repete fraz ki enpòtan yo plizyè fwa, sa te ka fè l pi fasil pou moun yo sonje vèsè yo e pou yo aplike yo. Lè yo repete yon seri mo plizyè fwa, sa te fè l pi fasil pou yo sonje yon seri bagay nan tout ti detay, tankou lwa Bondye bay yo ak desizyon li pran. — Lev. 18:​4-22; Det. 5:1.

Sa yo t ap ekri a. Anviwon 10 pousan Bib la se chante, tankou liv Sòm nan, Chante Salomon an ak liv Lamantasyon an. Pafwa, chante sa yo te konn gen refren, sa ki te mete aksan sou tèm chante a e ki te ede moun k ap koute yo sonje pawòl ki nan chante a. Pou n jwenn yon egzanp, ann gade pawòl ki nan Sòm 115:​9-11 yo: “O Izrayèl, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova. — Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou. O nou menm desandan Arawon yo, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova. — Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou. Nou menm ki gen lakrentif pou Jewova, se pou nou mete konfyans nou nan Jewova. — Se li menm k ap ede nou e se li ki boukliye nou.” Lefètke moun ki t ap chante yo te repete pawòl sa yo, èske w wè ki jan sa te ka pèmèt pawòl sa yo rete nan lespri yo ak nan kè yo?

Pou mete aksan sou bagay ki enpòtan. Pafwa, moun yo ki t ap ekri Bib la te repete yon seri fraz ki enpòtan. Pa egzanp, lè Jewova t ap bay Izrayelit yo lòd pou yo pa manje san, li te fè Moyiz repete rezon an plizyè fwa. Bondye te vle ede yo konprann lavi se nan san an li ye, sa vle di san reprezante lavi (Lev. 17:​11, 14). Pi devan, lè apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm t ap site diferan bagay moun dwe evite pou fè Bondye plezi, yon lòt fwa ankò, yo te montre jan l enpòtan pou nou evite san. — Tra. 15:​20, 29.

Menm lè moun yo ki t ap ekri Bib la te repete yon seri fraz plizyè fwa, Jewova pa atann pou moun ap plede resite vèsè ki nan Bib la pakè. Pa egzanp, Jezi te di: “Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” (Mat. 6:7). Apre sa, li te bay diferan bagay moun kapab priye pou yo ki ann amoni ak volonte Bondye (Mat. 6:​9-13). Kidonk, nou kapab priye pou menm bagay yo plizyè fwa san nou pa plede repete menm pawòl yo nan priyè nou. — Mat. 7:​7-11.

Bondye te gen rezon fè repete yon seri mo ak fraz nan Bib la. Paske se youn nan fason Gran Pwofesè nou an anseye nou pou byen nou. — Eza. 48:​17, 18.