Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KÈK KONSÈY SOU FASON POU N ETIDYE

Fason w ka jwenn trezò k ap itil ou

Fason w ka jwenn trezò k ap itil ou

Lè n ap li Bib la, nou ka jwenn trezò espirityèl lè nou fè rechèch. Men, ki jan nou ka rive fè sa?

Fouye plis pou n jwenn plis detay nan istwa biblik yo. Pa egzanp, chèche konnen kiyès ki ekri pati n ap li a, pou kiyès li te ekri l e ki lè li te ekri l. Chèche konnen nan ki sitiyasyon l te ye, chèche konprann sa k te pase anvan ak sa k te pase apre.

Reflechi sou leson nou ka aprann lè n poze kesyon tankou: ‘Ki jan moun ki te nan istwa a te santi yo? Ki kalite oswa ki defo yo te genyen? Poukisa n ta dwe chèche gen kalite sa yo oswa evite defo sa yo?’

Aplike leson nou aprann yo nan travay predikasyon an oswa nan fason n ap boule ak lòt moun. Lè n fè sa, n ap montre nou gen sajès Bondye bay la jan Bib la di sa a: “Tout moun ki obeyi lwa l yo montre yo gen bon konprann.” — Sòm 111:10.

  • Yon ti konsèy: Gade ki jan enfòmasyon ki nan Trezò ki nan Pawòl Bondye a nan Pwogram reyinyon lasemèn nan ede n reflechi sou leson nou jwenn nan Bib la. Byen souvan, nou jwenn kesyon nan seksyon sa a nou ka poze tèt nou, nou jwenn pwen pou n medite ak foto pou n egzamine.