Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Feblès mwen yo fè fòs Bondye parèt aklè

Feblès mwen yo fè fòs Bondye parèt aklè

LÈ MWEN menm ak madanm mwen te rive Kolonbi an 1985, te gen anpil vyolans nan peyi a. Gouvènman an t ap goumen ak katèl dwòg ki te gen anpil pisans ki te nan vil yo e l t ap goumen ak geriya ki te nan mòn yo. Nan zòn Medelin, kote nou te vin ap sèvi annapre a, te gen jèn gason ki nan gang ki te gen zam nan men yo nan tout lari a. Yo te konn vann dwòg, yo te konn fè moun peye pou yo pa atake yo, e yo te konn touye moun pou lajan. Pa gen youn ki te viv lontan. Nou te santi se kòmsi nou te nan yon lòt monn.

Kòman de moun byen senp ki soti Fenlann, youn nan peyi ki plis nan nò sou tè a, te fè vin ap viv ann Amerik disid? E ki leson mwen te vin aprann tank ane yo t ap pase?

JENÈS MWEN NAN PEYI FENLANN

Mwen fèt an 1955, se mwen ki dènye nan twa pitit gason paran m te genyen yo. Mwen te grandi toupre kot sid peyi Fenlann, nan yon zòn yo rele Vantaa jodi a.

Manman m te batize antanke Temwen Jewova kèk ane anvan m te fèt. Men, papa m te opoze ak laverite, e l pa t kite manman m etidye Labib avè n ni mennen n nan reyinyon. Donk, manman m te konn anseye nou verite de baz ki nan Bib la lè papa m pa t la.

Mwen te pran pozisyon pou Jewova lè m te gen setan.

Depi m piti m te pran pozisyon pou Jewova. Pa egzanp, yon lè, lè sa a m te gen setan, pwofesè lekòl mwen te fache anpil paske m pa t vle manje verilättyjä (verilatiya), (yon manje nan peyi Fenlann ki fèt ak san). Li t ap eseye peze figi m ak yon men pou m te ka ouvri bouch mwen e li te kenbe yon fouchèt ki te gen yon ti moso manje a ladan l ak lòt men an. Mwen te fè yon jan pou m te retire fouchèt la nan men l.

Mwen te gen 12 an lè papa m mouri. Apre sa, mwen te vin kapab asiste reyinyon yo. Frè nan kongregasyon an te montre yo renmen m e sa te ankouraje m pou m fè efò pou m vin pi pwòch ak Jewova. M te kòmanse li Bib la chak jou e m te etidye piblikasyon nou yo regilyèman. Se bon abitid sa yo ki te pèmèt mwen batize lè m te gen 14 an nan dat 8 out 1969.

Yon ti tan apre m te fini lekòl, mwen te vin pyonye pèmanan. Apre kèk semèn, mwen te deplase al viv Pyelavesi, prèske nan mitan peyi Fenlann, pou m ka sèvi kote ki gen plis bezwen.

Pandan m Pyelavesi, mwen te rankontre Sirkka, jèn fi ki t ap vin madanm mwen an, mwen renmen anpil. M te vin renmen l paske li gen imilite e l renmen Jewova anpil. Li pa t chèche parèt e l pa t chèche gen byen materyèl. Nou toule de te vle fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova, e nou te dispoze fè kèlkeswa sa yo mande n fè nan sèvis la. Nou te marye 23 mas 1974. Olye n t al nan lindemyèl, nou t al Katoula, kote yo te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan.

Kay nou te lwe nan Katoula, Fenlann.

JEWOVA TE PRAN SWEN NOU

Machin frè m nan te fè n kado a.

Depi lè nou fèk marye, Jewova te montre nou l ap pran swen nou si nou chèche Wayòm nan an premye (Mat. 6:33). Pa egzanp, lè n te Katoula nou pa t gen machin. Okòmansman nou te konn sèvi ak bekàn. Men, nan mwa fredi yo, tanperati a te konn desann ba anpil. Pou n te rive preche nan tèritwa kongregasyon an ki gwo anpil, nou te bezwen yon machin. Men, nou pa t gen kòb pou n te achte youn.

Sanzatann, yon gran frè m te vin vizite nou. Li te byen kontan fè n kado machin li an. Asirans lan te deja peye, nou te sèlman bezwen achte gaz. Apre sa, nou te gen machin nou te bezwen an.

Jewova te montre nou li pran responsablite pou l ban nou sa n bezwen pou n viv. Sèl sa n te bezwen fè se mete Wayòm nan an premye.

LEKÒL GALAAD

Lè n te nan Lekòl pyonye an 1978.

Pandan nou te nan Lekòl pyonye an 1978, Raimo Kuokkanen a, youn nan enstriktè yo, te ankouraje nou pou nou aplike pou Lekòl Galaad. Donk, nou te kòmanse aprann anglè nan objektif pou n te asiste lekòl la. Men, an 1980, anvan n te gentan aplike, yo te envite nou vin sèvi nan filyal peyi Fenlann. Nan epòk sa a, Betelit yo pa t ka aplike pou Lekòl Galaad. Sepandan, nou te vle sèvi kote Jewova te wè ki pi bon an, pa kote nou menm nou te wè ki pi bon an. Donk, nou te aksepte envitasyon an. Men, nou te kontinye aprann anglè pou sizoka nou te jwenn okazyon pou n aplike pou n al Galaad.

Kèk ane annapre, Kolèj santral la te bay posiblite pou Betelit al Galaad. Nou te ranpli aplikasyon nou san pèdi tan, men se pa paske nou pa t gen kè kontan nan Betèl. Okontrè, nou te gen kè kontan. Nou te vle jis mete nou disponib pou nou sèvi kote ki gen plis bezwen si nou kalifye pou sa. Yo te aksepte nou Galaad e nou te diplome nan 79yèm klas la an septanm 1985. Yo te voye nou nan peyi Kolonbi.

PREMYE TÈRITWA NOU KÒM MISYONÈ

Lè nou te rive Kolonbi, premye kote nou te sèvi se te nan biwo filyal la. M te fè tout sa m kapab pou m te fè travay mwen byen. Men, apre yon ane nan filyal la, m te santi nou te bezwen yon chanjman. Pou premye fwa, e se sèl fwa nan lavi m, mwen te mande pou yo voye n al sèvi yon lòt kote. Annapre, yo te voye n al sèvi kòm misyonè nan vil Neyva, nan zòn Huila.

M te toujou renmen tèritwa a. Lè m te pyonye nan peyi Fenlann e m te selibatè, pafwa m te konn kòmanse preche depi granmmaten rive byen ta nan aswè. Lè mwen menm ak Sirkka te fèk marye, nou te konn fè tout jounen an ap preche. Lè nou te konn al preche nan tèritwa ki lwen, pafwa nou te konn dòmi nan machin nou. Sa te konn fè nou fè mwens tan ap kouri machin e sa te pèmèt nou kòmanse jounen an pi bonè nan demen.

Lè n te vin misyonè, nou te vin renmen preche menm jan an ankò. Te vin gen akwasman nan kongregasyon nou an, e frè ak sè nan peyi Kolonbi yo se moun ki gen respè e ki gen lanmou ak rekonesans.

POUVWA LAPRIYÈ GENYEN

Pa twò lwen Neyva, tèritwa kote yo te voye nou an, te gen kèk vil ki pa t gen Temwen. M t ap mande tèt mwen ki jan bon nouvèl la t ap fè rive nan zòn sa yo. Men, akoz geriya ki te genyen yo, zòn sa yo te danjere pou moun ki pa t moun zòn nan. Donk, m te priye pou gen yon moun nan youn nan vil sa yo ki vin Temwen. M te di tèt mwen moun sa a ta dwe abite Neyva pou l ka aprann laverite. Se sa k fè m te priye pou moun sa a ta kontinye fè pwogrè apre l fin batize, epi pou l ta tounen al preche nan zòn kote l moun nan. M te dwe konnen Jewova t ap gen yon solisyon ki pi bon lontan pase pa m nan.

Yon ti tan annapre, m te kòmanse etidye Labib ak yon jèn gason ki rele Fernando González. Li t ap viv Algeciras, youn nan vil ki pa t gen Temwen ladan l. Fernando te konn fè plis pase 50 kilomèt ap vwayaje pou l te vin travay Neyva. Li te toujou byen prepare chak etid e li te kòmanse asiste tout reyinyon yo san pèdi tan. Depi premye semèn Fernando te kòmanse etidye a, li te konn rasanble lòt moun nan vil kote l t ap viv la, e li te konn anseye yo sa l te aprann nan etid li a.

Nou menm ak Fernando an 1993.

Fernando te batize an janvye 1990, sis mwa apre l te kòmanse etidye. Annapre, li te vin pyonye pèmanan. Kòm te vin gen yon Temwen nan Algeciras ki moun zòn nan, biwo filyal la te twouve pa t gen twòp danje kounye a pou yo te voye pyonye espesyal nan zòn nan. An fevriye 1992, te vin gen yon kongregasyon nan vil sa a.

Èske Fernando te konn preche sèlman nan vil kote l moun nan? Non! Apre l te fin marye, li menm ak madanm li te deplase al viv San Vicente del Caguán, yon lòt vil ki pa t gen Temwen. Yo te ede pou vin gen yon kongregasyon nan vil sa a. An 2002, Fernando te vin siveyan sikonskripsyon, e li menm ak Olga, madanm li, kontinye nan travay sikonskripsyon an jis jodi a.

Eksperyans sa a montre m jan l enpòtan pou n dirèk lè n ap priye Jewova pou bagay ki gen rapò ak sèvis nou. Jewova fè sa nou pa kapab fè. Dayè, se rekòt pa l, se pa rekòt pa nou. — Mat. 9:38.

JEWOVA “BAN NOU VOLONTE E LI BAN NOU FÒS POU NOU AJI”

An 1990, yo te voye nou nan travay sikonskripsyon an. Premye sikonskripsyon nou te nan Bogota, kapital peyi a. Nou te pè pou n pa t ka fè travay sa a. Mwen menm ak madanm mwen, nou se moun tou senp, nou pa gen gwo kapasite. Epitou, nou pa t abitye viv nan gwo vil ki gen anpil aktivite. Sepandan, Jewova te reyalize pwomès li fè nou jwenn nan Filipyen 2:13 la ki di: “Se Bondye ki fòtifye nou ann amoni ak sa ki fè l plezi, li ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.”

Annapre, yo te voye nou nan yon sikonskripsyon nan zòn Medelin, vil mwen te pale de li okòmansman an. Moun nan zòn sa a tèlman abitye ak vyolans nan lari, sa pa ba yo pwoblèm ankò. Pa egzanp, yon jou, pandan m t ap kondui yon etid, te gen yon tire ki te kòmanse pa deyò kay kote m te ye a. M t apral lage kòm atè, men etidyan an te kontinye li paragraf la san kè sote. Lè l te fin li, li te di eskize epi li te soti deyò. Apre yon ti tan, li te retounen ak de timoun piti, epi l te di byen kalm: “Eskize m, mwen te oblije al chèche tipitit mwen yo.”

Te gen lòt okazyon kote n te an danje. Yon jou, pandan nou te nan travay predikasyon an, madanm mwen te kouri vin jwenn mwen, m te ka wè li sot fè yon sezisman. Li te di gen moun ki te tire sou li. Sa te fè m panike. Men, annapre nou te rann nou kont, moun ki t ap tire a pa t ap chèche tire sou Sirkka, li t ap tire sou yon mesye ki t ap pase toupre a.

Rive yon lè, nou pa t tèlman pè vyolans ki te genyen yo ankò. Egzanp Temwen nan zòn nan te ankouraje n lè n te wè jan yo te fè fas ak sitiyasyon konsa e ak sitiyasyon ki pi mal toujou. Nou te vin konprann si Jewova te ede yo, l ap ede nou tou. Nou te toujou koute konsèy ansyen ki nan zòn nan te bay, nou te pran prekosyon e nou te kite rès la nan men Jewova.

Natirèlman, se pa t tout sitiyasyon yo ki te gen danje jan n te ka panse sa. Yon jou, pandan m te nan yon kay, se kòmsi m te tande de medam ki t ap joure deyò a. Sa pa t enterese m pou m al gad moun k ap joure. Men, mèt kay la te di m vin sou galri a. Finalman, swadizan joure m te tande a se te de jako ki t ap imite moun nan vwazinaj la.

LÒT PRIVILÈJ AK LÒT DIFIKILTE MWEN TE JWENN

An 1997, yo te nome m enstriktè nan Lekòl fòmasyon ministeryèl b. Mwen te toujou renmen asiste lekòl teyokratik yo, men, mwen pa t janm imajine m t ap gen bèl privilèj pou m vin enstriktè nan youn nan yo.

Annapre, m te vin siveyan distri. Lè dispozisyon sa a pa t la ankò, mwen te retounen nan sèvis sikonskripsyon an. Donk, pandan plis pase 30 an, mwen te kontan sèvi kòm enstriktè e kòm siveyan sikonskripsyon ak siveyan distri. Asiyasyon sa yo te fè m jwenn anpil benediksyon. Men, tout bagay pa t toujou fasil. Kite m esplike poukisa.

Mwen se yon moun ki yon jan dirèk. Sa te ede m fè fas ak kèk sitiyasyon difisil. Men, pafwa m te konn egzajere lè m t ap eseye rezoud kèk bagay nan kèk kongregasyon. Kèk fwa mwen te konn mande kèk moun pou yo demontre lanmou e pou yo rezonab ak lòt moun, e m te konn pale di lè m t ap fè sa. Men, sa k dwòl la sèke nan moman sa yo m pa t demontre kalite m t ap mande frè yo pou yo demontre yo. — Wom. 7:​21-23.

Akoz feblès mwen yo, pafwa m te santi m dekouraje anpil (Wom. 7:24). Te gen yon lè m te priye Jewova e m te di l petèt li t ap pi bon pou m kite sèvis misyonè e pou m retounen Fenlann. Jou swa sa a, m te asiste reyinyon kongregasyon an. Ankourajman m te jwenn te fè m wè pito m rete nan asiyasyon m epi m kontinye fè efò pou m lite ak enpèfeksyon m yo. Jis jodi a sa touche m pou m wè jan Jewova te reponn priyè sa a aklè. Mete sou sa, mwen vrèman apresye fason Jewova ede m avèk bonte pou m rive konbat feblès mwen yo.

M AP GADE LAVNI AVÈK KONFYANS

Mwen menm ak Sirkka gen Jewova anpil rekonesans paske l ban nou privilèj pou nou pase pifò nan lavi nou nan sèvis aplentan. Mwen gen Jewova anpil rekonesans tou paske li ban m yon madanm ki gen lanmou e ki fidèl pandan tout ane sa yo.

Talè konsa, mwen pral gen 70 an e mwen pap gen privilèj pou m sèvi kòm enstriktè ak siveyan sikonskripsyon ankò. Men, sa pa fè m tris. Sa k fè sa? Paske mwen sèten sa k plis onore Jewova se lè nou sèvi l toutpandan nou rekonèt limit nou, e lè nou fè louwanj pou li avèk yon kè ki chaje ak lanmou ak rekonesans (Miche 6:8; Mak 12:​32-34). Nou pa oblije gen asiyasyon ki enpòtan pou n onore Jewova.

Lè m ap gade tout asiyasyon m te resevwa yo, mwen rann mwen kont se pa paske m te pi bon pase lòt moun ki fè m te resevwa yo, ni paske m te gen yon kapasite espesyal. Okontrè! Jewova te fè m jwenn asiyasyon sa yo paske li fè m favè ki san parèy. Li te pèmèt mwen gen privilèj sa yo malgre feblès mwen yo. Mwen konnen si m rive reyisi nan asiyasyon sa yo se grasa èd Jewova. Konsa, feblès mwen yo fè fòs Bondye parèt aklè. — 2 Kor. 12:9.

a Byografi Raimo Kuokkanen ki gen tit “Déterminés à servir Jéhovah” te parèt nan Toudegad 1ye avril 2006 (fransè).

b Se Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ki ranplase lekòl sa a.