Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 19

KANTIK 22 Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?

Ki sa nou konnen sou jijman Jewova pral fè alavni yo?

“Jewova [...] pa ta renmen pèsonn moun detwi.”2 PYÈ 3:9.

PWEN KLE

Nou mèt gen asirans jijman Jewova pral fè alavni yo ap dwat e y ap jis.

1. Poukisa nou kapab di n ap viv nan yon epòk estrawòdinè?

 N AP viv nan yon epòk estrawòdinè! Chak jou, gen pwofesi nan Bib la k ap akonpli devan je nou. Pa egzanp, nou wè “wa nò a” ak “wa sid la” ki nan chirepit paske yo chak vle domine monn nan (Dàn. 11:​40, nòt). Nou wè bon nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche nan yon nivo ki potko janm fèt anvan sa, konsa gen plizyè milyon moun ki vin sèvi Jewova (Eza. 60:22; Mat. 24:14). E nou jwenn anpil enfòmasyon “nan bon moman” ki ede n ret pwòch ak Jewova. — Mat. 24:​45-47.

2. Ki asirans nou kapab genyen, men, ki sa nou dwe rekonèt?

2 Jewova kontinye ede n pi byen konprann yon seri gwo evènman ki pral rive talè konsa (Pwo. 4:18; Dàn. 2:28). Nou kapab gen asirans, anvan gwo tribilasyon an kòmanse, n ap konn tout sa n bezwen konnen pou n kontinye andire e pou n kontinye gen tèt ansanm nan moman difisil sa a. Men, nou dwe rekonèt gen bagay nou pa konnen anrapò ak sa k pral rive talè konsa. Nan atik sa a, nou pral pale toudabò sou rezon ki fè nou fè ajisteman nan sa nou te di anrapò ak evènman sa yo. Epi, nou pral egzamine kèk nan bagay nou konnen anrapò ak lavni e ak fason Papa nou ki nan syèl la pral aji.

SA NOU PA KONNEN

3. Ki sa nou te di konsènan moman kote moun pap gen posiblite ankò pou yo vin sèvi Jewova, e poukisa nou te panse sa?

3 Sa gen kèk ane, nou te di kou gwo tribilasyon an kòmanse pa gen okenn moun k ap gen posiblite ankò pou yo vin sèvi Jewova e pou yo pa detwi nan Amagedon. Nou te panse sa paske nou te konprann sa k te rive nan epòk delij la te gen rapò ak sa ki t ap gen pou rive nan epòk nou an. Pa egzanp, nou te di menm jan Jewova te fèmen pòt lach la anvan delij la kòmanse, se menm jan an tou, lè gwo tribilasyon an kòmanse, nan yon sans l ap fèmen pòt sou sistèm Satan an, konsa, okenn lòt moun pap sove. — Mat. 24:​37-39.

4. Poukisa nou sispann di sa k te pase nan epòk delij la gen yon pi gwo akonplisman jodi a?

4 Èske n ka di chak bagay ki te pase nan epòk delij la gen rapò ak yon bagay ki gen pou rive alavni? Repons lan se non! Poukisa? Paske Bib la pa di sa a. Se vre Jezi te konpare “epòk Noye a” ak moman prezans li, men li pa t di tout sa k te rive nan epòk Noye a, pa egzanp lè Jewova te fèmen pòt lach la, t ap gen yon pi gwo akonplisman alavni. Sepandan, sa pa vle di nou pa ka aprann yon leson nan istwa Noye a ak delij la.

5. a) Ki sa Noye te fè anvan delij la? (Ebre 11:7; 1 Pyè 3:20). b) Ki jan travay predikasyon n ap fè a sanble ak travay predikasyon Noye te fè a?

5 Lè Noye te tande mesaj avètisman Jewova te bay la, li te montre l gen lafwa lefètke l te konstwi lach la. (Li Ebre 11:7; 1 Pyè 3:20.) Menm jan an tou, moun ki tande bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a dwe montre yo gen lafwa lè yo aplike sa yo aprann yo (Tra. 3:​17-20). Pyè te di Noye te “yon moun ki t ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Sepandan, jan n te wè sa nan atik anvan an, nou pa konnen si Noye te fè yon kanpay pou l te preche chak moun ki t ap viv sou tè a anvan delij la. Jodi a, n ap patisipe nan travay predikasyon an k ap fèt toupatou sou tè a, e nou fè efò pou n met tout fòs nou nan travay sa a. Men, kèlkeswa efò nou fè, nou pap rive preche tout moun sou tè a bon nouvèl la anvan lafen an vini. Sa k fè sa?

6-7. Sa k fè nou ka di nou pap ka fè chak moun sou tè a konnen bon nouvèl la anvan lafen an vini? Esplike.

6 Ann egzamine sa Jezi te di anrapò ak gwo travay predikasyon nou t ap gen pou n fè a. Li te anonse yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la “sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14.) Pwofesi sa a ap akonpli jodi a yon fason moun pa t janm wè anvan sa. N ap preche mesaj Wayòm nan nan plis pase 1000 lang. E pa mwayen sit Entènèt jw.org la, pifò moun sou tè a kapab jwenn li.

7 Sepandan, Jezi te fè disip li yo konnen tou yo pa t ap gentan “fin pase nan tout vil” yo, oswa preche tout moun anvan l vini (Mat. 10:23; 25:​31-33). Pawòl Jezi te di yo gen pou yo reyalize nan epòk pa nou an. Jodi a, plizyè milyon moun ap viv nan yon seri zòn kote travay predikasyon an anba gwo restriksyon. Epitou, gen plizyè santèn tibebe ki fèt chak minit. Nou fè tout sa n kapab pou n pote bon nouvèl la bay “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang”. (Rev. 14:6.) Men, sa ki sèten, nou pap ka fè chak moun sou tè a konnen bon nouvèl la anvan lafen an vini.

8. Ki kesyon nou ta ka poze konsènan jijman Jewova pral fè alavni yo? (Gade foto yo tou.)

8 Men, gen yon kesyon nou ka poze: Ki jan Jewova ak Pitit Gason l lan, li bay responsablite pou fè jijman an, pral jije moun petèt ki pa t jwenn posiblite tande bon nouvèl la anvan gwo tribilasyon an (Jan 5:​19, 22, 27; Tra. 17:31)? Vèsè atik sa a baze sou li a fè konnen Jewova “pa ta renmen pèsonn moun detwi”. Okontrè, li vle “pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9; 1 Tim. 2:4.) Aktout Bib la fè nou konn sa, nou dwe rekonèt Jewova poko fè n konnen ki jan l pral reponn kesyon sa a. Nòmalman, Jewova pa oblije di nou sa l te fè oswa sa l pral fè.

Ki sa Jewova pral fè ak moun ki ka pa jwenn posiblite tande bon nouvèl la anvan gwo tribilasyon an kòmanse? (Gade paragraf 8.) c


9. Ki sa Jewova fè nou konnen nan Bib la?

9 Jewova sèvi ak Pawòl li a pou l fè nou konnen kèk nan bagay li pral fè. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen Jewova pral resisite “moun ki enjis” yo, sa vle di moun ki pa t gen posiblite pou yo tande bon nouvèl la e pou yo chanje fason yo aji (Tra. 24:15; Lik 23:​42, 43). Sa fè gen lòt kesyon enpòtan nou ta ka poze.

10. Ki lòt kesyon nou ta ka poze?

10 Èske tout moun ki mouri pandan gwo tribilasyon an ap mouri nèt e pap gen espwa pou yo resisite? Labib fè konnen aklè Jewova ak lame l yo ap detwi moun ki opoze avè l yo nan Amagedon, e moun sa yo pap resisite (2 Tes. 1:​6-10). Men, e moun pa egzanp ki ka mouri akoz maladi oswa vyeyès oubyen nan aksidan oswa lòt moun touye yo (Ekl. 9:11; Zak. 14:13)? Èske gen nan moun sa yo ki ka pami “moun ki enjis” k ap resisite nan monn nouvo a? Nou pa konnen.

SA NOU KONNEN

11. Sou ki baz Jezi pral jije moun yo?

11 Nou konn plizyè bagay konsènan sa k pral rive alavni. Pa egzanp, nou konnen Jezi pral jije moun yo selon fason yo te aji ak frè Kris yo (Mat. 25:40). Moun y ap konsidere kòm mouton se moun ki te ede Kris ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Mete sou sa, nou konnen kèk nan frè Kris yo ap sou tè a toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse e se yon ti tan anvan Amagedon yo pral nan syèl. Toutotan frè Kris yo sou tè a, li posib pou moun ki gen kè sensè yo jwenn posiblite pou yo ede yo e pou yo bay koutmen nan travay y ap fè a (Mat. 25:​31, 32; Rev. 12:17). Poukisa detay sa yo enpòtan?

12-13. Ki jan kèk moun ka reyaji lè yo wè “Gran Babilòn nan” detwi? (Gade foto yo tou.)

12 Menm apre gwo tribilasyon an kòmanse, petèt gen moun k ap wè lè “Gran Babilòn nan” detwi k ap sonje Temwen Jewova yo te fè anpil ane ap pale sou sa. Èske gen nan moun ki wè evènman sa yo k ap vin gen lafwa nan Jewova? — Rev. 17:5; Eze. 33:33.

13 Si sa ta rive, sa t ap sanble ak sa k te rive nan peyi Ejip nan epòk Moyiz la. N ap sonje te gen “yon pakèt lòt moun” ki t ale ansanm ak Izrayelit yo lè yo t ap kite peyi Ejip. Petèt kèk nan moun sa yo te vin gen lafwa nan Jewova lè yo te wè sa Moyiz te di anrapò ak dis flewo yo te reyalize (Egz. 12:38). Si yon bagay konsa ta rive apre Gran Babilòn nan fin detwi, èske nou t ap kontrarye poutèt gen moun ki vin sèvi Jewova ansanm avè n yon ti tan anvan lafen an rive? Non! Nou vle gen menm pèsonalite ak Papa nou ki nan syèl la, “yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite” b. — Egz. 34:6.

Lè “Gran Babilòn nan” detwi, gen moun k ap wè sa e k ap sonje Temwen Jewova yo te fè anpil ane ap pale sou sa. (Gade paragraf 12-13.) d


14-15. Èske yon moun ap gen lavi ki pap janm fini an selon lè l mouri oswa selon kote l ap viv? Esplike. (Sòm 33:​4, 5).

14 Pafwa, gen frè oswa sè ki gen moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ki mouri. Men sa yo konn di: “Erezman li gentan mouri anvan gwo tribilasyon an, konsa gen espwa pou l resisite.” Yo ka gen bonjan rezon pou yo di sa. Men, yon moun pap jwenn lavi ki pa janm fini an selon l mouri a. Jewova se Jij ki pafè a, l ap toujou jije avèk jistis. (Li Sòm 33:​4, 5.) Nou ka gen asirans “Jij tout tè a” ap fè sa ki dwat. — Jen. 18:25.

15 Li rezonab tou pou n kwè se pa kote yon moun ap viv k ap fè l gen lavi ki pap janm fini an. Jewova pa t ap janm konsidere plizyè milyon moun kòm “kabrit” paske y ap viv nan peyi kote yo pa t janm jwenn posiblite pou yo tande mesaj Wayòm nan (Mat. 25:46). Jij tout tè a ki gen jistis lakay li gen plis sousi lontan pou moun sa yo pase nou menm. Nou pa konnen ki jan Jewova pral dirije evènman yo pandan gwo tribilasyon an. Petèt kèk nan moun sa yo pral gen posiblite pou yo aprann konn Jewova, pou yo vin gen lafwa nan li e pou yo pran pozisyon pou li lè l pral fè non l vin sen devan tout nasyon yo. — Eze. 38:16.

Apre gwo tribilasyon an kòmanse, [...] èske gen nan moun ki wè evènman sa yo k ap vin gen lafwa nan Jewova?

16. Ki sa nou aprann sou Jewova? (Gade foto a tou.)

16 Grasa etid nou fè nan Bib la, nou vin wè jan lavi lèzòm gen anpil valè pou Jewova. Li bay lavi Pitit Gason l lan yon fason pou nou tout ka gen posiblite pou nou viv pou toutan (Jan 3:16). Nou tout ka wè jan Jewova gen konpasyon (Eza. 49:15). Li konn non nou chak. Anfèt, li tèlman konnen nou byen, si nou ta mouri, li kapab refè nou egzakteman jan nou ye a e li ka fè n sonje tout sa ki fè n moun nou ye a (Mat. 10:​29-31)! Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n kwè Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou pral jije chak moun yon fason ki san fay paske li gen sajès, li gen jistis, e li gen mizèrikòd. — Jak 2:13.

Nou mèt gen konfyans Jewova pral jije chak moun yon fason ki san fay paske li gen sajès, li gen jistis, e li gen mizèrikòd. (Gade paragraf 16.)


17. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Ajisteman sa yo fè li vin pi ijan toujou pou nou preche. Sa k fè n ka di sa? E ki sa k ankouraje n kontinye preche bon nouvèl la san rete? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

KANTIK 76 Di mwen ki jan w santi w

a Pou n ka konprann poukisa yo te fè chanjman sa a, gade atik ki gen tit “Fason sa fèt la ann akò ak volonte w” ki parèt nan Toudegad 15 mas 2015, paj 7-11.

b Apre Gran Babilòn nan fin detwi, tout sèvitè Jewova yo pral pase anba eprèv pandan atak Gòg ki soti nan peyi Magòg la. Nenpòt moun ki pran pozisyon pou pèp Bondye a apre Gran Babilòn nan fin detwi ap jwenn eprèv tou.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Twa foto ki montre rezon ki fè kèk moun gendwa pa jwenn mesaj n ap preche sou tout tè a: 1) Yon dam k ap viv nan yon zòn kote relijyon pifò moun ap pratike fè l pa pridan pou nou preche, 2) yon mari ak madanm k ap viv nan yon peyi kote sistèm politik ki gen nan peyi a fè l pa legal pou nou preche e li fè l vin yon danje pou n fè sa, e 3) yon mesye k ap viv nan yon zòn ki tèlman lwen, moun pa menm ka al la.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn dam ki te kite laverite ki sonje sa l te aprann konsènan destriksyon “Gran Babilòn nan”, li deside rekòmanse sèvi Jewova e li retounen lakay paran l ki kretyen. Si yon bagay konsa ta rive, nou vle imite pèsonalite Papa n ki nan syèl la, lè nou demontre mizèrikòd ak konpasyon e lè nou kontan dèske moun ki peche a retounen.