Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 26

KANTIK 8 Jewova se refij nou

Chèche fè Jewova vin Mas Wòch pa w

Chèche fè Jewova vin Mas Wòch pa w

“Pa gen yon wòch ki djanm tankou Bondye nou an.”1 SAM. 2:2.

PWEN KLE

Chèche konnen ki kalite Jewova genyen ki fè yo konpare l ak yon mas wòch e ki jan nou ka imite kalite sa yo.

1. Ak ki sa David konpare Jewova, jan sa parèt nan Sòm 18:46?

 N AP viv nan yon monn kote difikilte nou jwenn sanzatann ka chanje lavi nou nèt. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou kapab konte sou Jewova Dye pou l ede nou! Nan atik ki vin anvan an, yo te fè n sonje Jewova se Bondye vivan an e li toujou pare pou l ede nou. Lè Jewova ede n, sa ban n asirans “Jewova vivan”! (Li Sòm 18:46.) Sepandan, tousuit apre David te fin fè deklarasyon sa a, li te rele Bondye “Mas Wòch mwen an”. Poukisa l te ka konpare Jewova, Bondye vivan an, ak yon mas wòch, yon bagay ki pa gen vi?

2. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral wè poukisa yo konpare Jewova ak yon mas wòch e ki sa sa aprann nou sou li. Nou pral wè tou ki jan nou kapab wè Jewova kòm Mas Wòch pa nou. Finalman, nou pral wè ki jan nou ka imite kalite Jewova yo.

REZON KI FÈ JEWOVA SE YON MAS WÒCH

3. Ki jan Bib la konn itilize ekspresyon “mas wòch” la? (Gade foto a.)

3 Bib la itilize ekspresyon “mas wòch” la pou ede n konprann kèk nan kalite Jewova genyen. Byen souvan, mo sa a parèt nan yon seri pasaj k ap fè louwanj pou Jewova antanke yon Dye ki san parèy. Premye kote yo pale de Jewova antanke “Mas Wòch la” se nan Detewonòm 32:4. Epitou, nan yon priyè Ana te fè, li te di “pa gen yon wòch ki djanm tankou Bondye nou an”. (1 Sam. 2:2.) Abakouk te rele Jewova “Mas Wòch mwen”. (Aba. 1:12.) Moun ki te ekri Sòm 73 la te rele Bondye “mas wòch mwen”. (Sòm 73:26.) Menm Jewova konpare tèt li ak yon mas wòch (Eza. 44:8). Ann wè twa kalite ki fè yo konpare Jewova ak yon mas wòch e ann aprann ki jan nou ka fè l vin “Mas Wòch pa nou”.Det. 32:31.

Pèp Bondye a wè Jewova tankou yon mas wòch ki djanm. (Gade paragraf 3.)


4. Nan ki sans Jewova se yon refij? (Sòm 94:22).

4 Jewova se yon refij. Menm jan yon gwo mas wòch ka sèvi kòm refij lè gen yon tanpèt, se konsa tou, Jewova pwoteje nou lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil nan lavi nou. (Li Sòm 94:22.) Li ede n pou n kontinye gen bon relasyon avè l e li ban nou asirans pa gen okenn soufrans n ap andire kounye a k ap la pou toutan. Epitou, li pwomèt l ap fè plis bagay toujou: L ap elimine kèlkeswa bagay ki ta ka anpeche nou gen lapè ak sekirite. — Eze. 34:​25, 26.

5. Ki jan Jewova kapab vin yon Refij pou nou menm jan ak yon mas wòch?

5 Youn nan fason nou fè Jewova vin yon Refij pou nou menm jan ak yon mas wòch se lè nou priye l. Lè nou priye, Jewova ban nou “lapè Bondye” ki pwoteje kè nou ak lespri nou (Flp. 4:​6, 7). Ann pran egzanp yon frè ki rele Artem yo te mete nan prizon pou lafwa l. Pandan plizyè fwa, te gen yon anketè ki mechan ki t ap poze l kesyon, ki te fè presyon sou li e ki te imilye l. Men sa Artem di: “Mwen te strese anpil lè anketè a t ap plede poze m kesyon. [...] M te toujou priye Jewova. Mwen te mande l pou l fè m santi m anpè e pou l ban m sajès. Taktik anketè a te itilize yo pa t mache sou mwen. [...] Grasa èd Jewova, se tankou m te kanpe dèyè yon miray ki fèt ak wòch.”

6. Poukisa nou kapab toujou konte sou Jewova? (Ezayi 26:​3, 4).

6 Jewova fidèl e li pap janm kite nou. Menm jan ak yon mas wòch ki pa ka deplase, Jewova toujou la pou nou. Nou kapab fè l konfyans paske li se “Mas Wòch ki la pou toutan an”. (Li Ezayi 26:​3, 4.) L ap toujou vivan pou l kenbe pwomès li, pou l tande priyè nou e pou l ban nou èd nou bezwen. Nou ka konte tou sou Jewova paske li fidèl ak moun k ap sèvi l (2 Sam. 22:26). Li pap janm bliye sa nou fè e l ap toujou rekonpanse nou. — Ebre 6:10; 11:6.

7. Ki jan sa ap ye pou nou lè n konte sou Jewova? (Gade foto a tou.)

7 Nou fè Jewova vin Mas Wòch pa nou lè n konte sou li nèt. Nou gen konfyans lè n obeyi l menm nan moman difisil yo, sa bon pou nou (Eza. 48:​17, 18). Lè n wè jan Jewova ede n, nou vin gen plis konfyans nan li. Lè sa a, n ap pi byen prepare pou n fè fas ak yon seri eprèv se Jewova sèlman ki ka ede nou reziste anba yo. Souvan, lè nou nan sitiyasyon kote nou pa gen pèsonn pou ede n, nou vin rann nou kont jan nou kapab konte sou Jewova. Men sa Vladimir di: “Lè m te nan prizon an, se lè sa a mwen te santi m pi pwòch ak Bondye. Mwen te aprann fè Jewova plis konfyans paske mwen te poukò m e m pa t gen kontwòl sitiyasyon an.”

Nou fè Jewova vin Mas Wòch pa nou lè nou konte sou li nèt. (Gade paragraf 7.)


8. a) Poukisa nou kapab di Jewova pa chanje? b) Ki byenfè nou jwenn lefètke Bondye se Mas Wòch nou? (Sòm 62:​6, 7).

8 Jewova pa chanje. Jewova tankou yon gwo mas wòch, Li toujou ret menm jan an. Pèsonalite l ak objektif li pa janm chanje (Mal. 3:6). Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Jewova nan jaden Edenn nan, li pa t chanje objektif li gen pou lèzòm nan. Jan apot Pòl te ekri, Jewova “pa ka demanti tèt li”. (2 Tim. 2:13.) Sa vle di, kèlkeswa sa k rive oswa kèlkeswa sa lòt moun fè, Jewova pap janm chanje fason l ye, objektif li, oswa prensip li yo. Lefètke nou gen konfyans Bondye nou an pa chanje, nou kapab konte sou li pou l sove nou e pou l ede n nan moman difisil yo. — Li Sòm 62:​6, 7.

9. Ki sa w aprann nan eksperyans Tatyana te fè a?

9 Nou fè Jewova vin Mas Wòch nou lè n medite sou kalite Moun li ye e lè n kenbe objektif li byen fèm nan lespri n. Lè n fè sa, sa kapab ede n rete kalm pandan n ap andire eprèv yo (Sòm 16:8). Sa te rive yon sè ki rele Tatyana yo te mete nan prizon pou lafwa l. Men sa l di: “Mwen te poukont mwen nèt. Okòmansman sa pa t fasil. Mwen te konn dekouraje souvan.” Sepandan, lè l te wè jan eprèv li t ap sibi a te gen rapò ak Jewova ak objektif li, sa te ede l rete kalm e sa te ba l fòs pou l ret fidèl. Men sa l di: “Lefètke m te konprann rezon ki fè sa te rive, sa te ede m sonje se pou Jewova mwen nan sitiyasyon sa yo, sa te ede m sispann panse ak tèt mwen.”

10. Ki jan n kapab fè Jewova vin Mas Wòch pa nou depi kounye a?

10 Nan jou k ap vini yo, nou pral jwenn yon seri eprèv k ap mande pou n konte sou Jewova plis pase nenpòt lòt lè. Kounye a, se moman pou n chèche gen plis konviksyon Jewova ap fè n jwenn kèlkeswa sa n bezwen pou n andire fidèlman. Ki jan nou ka fè sa? Li yon seri istwa nan Bib la ak eksperyans Temwen Jewova nan epòk nou an. Chèche wè fason Bondye te ede sèvitè l yo. Byen reflechi sou istwa sa yo. Lè w fè sa, sa kapab ede w fè Jewova vin Mas Wòch pa w.

IMITE KALITE JEWOVA YO

11. Poukisa w vle imite kalite Jewova yo? (Gade kare ki gen tit “ Yon objektif pou jèn frè yo”.)

11 Nou sot wè fason Jewova montre li tankou yon mas wòch. Kounye a, ann egzamine fason nou kapab imite kalite l yo. Plis nou fè sa byen, se plis n ap kapab fòtifye frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Pa egzanp, Jezi te bay Simon non Sefas (lè yo tradui l yo mete “Pyè” pou li), ki vle di “Wòch”. (Jan 1:42.) Sa te montre Pyè t ap gen pou l konsole lòt moun nan kongregasyon an e li t ap gen pou l fòtifye lafwa yo. Labib fè konnen ansyen yo nan kongregasyon an tankou “lonbray yon gwo mas wòch”. Sa vle di yo pwoteje moun nan kongregasyon an (Eza. 32:2). Nòmalman, gen yon bèl anbyans nan kongregasyon an lè tout frè ak sè yo imite kalite Jewova yo. — Efe. 5:1.

12. Ki jan nou ka vin yon refij pou lòt moun?

12 Se pou n vin yon refij pou frè n ak sè n yo. Pafwa nou ka oblije akeyi frè n ak sè n yo lè gen katastwòf natirèl, lè gen dezòd oswa lagè. Tank sitiyasyon an ap vin pi mal nan “dènye jou yo”, se sèten n ap jwenn plis okazyon pou n ede youn lòt (2 Tim. 3:1). Epitou, nou ka bay frè n ak sè n yo konsolasyon ak lanmou yo bezwen. Youn nan fason nou kapab fè sa se lè nou fè yo santi yo alèz nan Sal Wayòm nan, sa k ap fè gen yon bèl anbyans nan kongregasyon an. Anpil moun jodi a pale rèd ak lòt moun. Sa ka fè frè n ak sè n yo gen anpil strès, e yo ka menm santi moun pa renmen yo. Donk, lè frè n ak sè n yo vin nan reyinyon, nou vle fè tout sa n kapab pou n fè yo santi nou renmen yo, pou n ankouraje yo e pou n fè yo santi yo byen.

13. Ki jan ansyen yo sitou kapab vin yon refij pou lòt moun? (Gade foto a tou.)

13 Ansyen yo ka vin yon refij pou moun nan kongregasyon an ki viktim katastwòf oswa k ap pase anba eprèv. Lè gen katastwòf ak ijans medikal, ansyen yo aji san pèdi tan pou ede frè ak sè yo jwenn èd yo bezwen. Yo sèvi ak Bib la tou pou yo ede yo. Frè ak sè yo ap anvi pale ak yon ansyen, si yo konnen li janti, li konn pran ka moun e li dispoze koute. Kalite sa yo fè frè n ak sè n yo santi yo renmen yo, konsa, li pi fasil pou yo suiv konsèy yon ansyen ta ba yo ki baze sou Bib la. — 1 Tes. 2:​7, 8, 11.

Lè moun nan kongregasyon an viktim katastwòf oswa y ap pase anba eprèv, ansyen yo se yon refij pou yo. (Gade paragraf 13.) a


14. Ki jan nou ka montre nou se moun yo ka konte sou nou?

14 Moun dwe kapab konte sou nou. Nou ta renmen pou lòt moun kapab konte sou nou, sitou nan moman difisil yo (Pwo. 17:17). Ki sa n ka fè pou lòt moun ka konte sou nou? Nou kapab fè anpil efò pou n toujou demontre yon seri kalite ki soti nan Bondye, pa egzanp lè nou kenbe pwomès nou e lè n fè tout sa n kapab pou n toujou respekte lè yo ban nou (Mat. 5:37). Epitou, nou kapab ede yon moun lè l bezwen sa. Anplis de sa, nou fè efò pou n fin fè yon travay yo ban nou fè toutpandan n ap suiv enstriksyon yo ban nou.

15. Ki jan sa bon pou kongregasyon an lè ansyen yo se moun yo ka konte sou yo?

15 Ansyen yo ka konte sou yo vrèman itil kongregasyon an. Ki jan? Pwoklamatè yo santi yo byen lè yo kapab kontakte ansyen yo byen fasil, pa egzanp frè ki responsab gwoup predikasyon yo ladan l lan. Epitou, lè pwoklamatè yo konnen ansyen yo dispoze ede yo, sa fè yo santi yo byen. E lè ansyen yo baze konsèy y ap bay yo sou Bib la ak sou piblikasyon esklav fidèl la bay olye yo baze yo sou pwòp opinyon yo, frè ak sè yo fè yo plis konfyans. Frè ak sè yo ap fè yon ansyen ki pa rakonte lòt moun sa yo di l e ki kenbe pwomès li plis konfyans.

16. Lè nou fè sa ki dwat nan je Jewova, ki jan sa bon ni pou nou ni pou lòt moun?

16 Toujou fè sa ki dwat nan je Jewova. Nou kapab vin yon bon egzanp pou lòt moun si n toujou fè sa ki dwat e si nou pran desizyon ki toujou baze sou prensip ki nan Bib la. Tank n ap vin gen lafwa ak konesans egzak, se tank n ap vin pi djanm nan laverite. N ap rekonèt fo ansèyman ak ide ki pa ann amoni ak panse Jewova e nou pap kite yo enfliyanse nou (Efe. 4:14; Jak 1:​6-8). Lafwa nou gen nan Jewova ak nan pwomès li yo, ede n rete kalm lè n resevwa move nouvèl (Sòm 112:​7, 8). Epitou, n ap kapab ede moun k ap fè fas ak eprèv. — 1 Tes. 3:​2, 3.

17. Ki jan ansyen yo kapab ede frè ak sè yo pou yo pa panike e pou yo gen yon lafwa solid nan Jewova?

17 Ansyen yo dwe modere nan tout bagay, yo dwe gen bonsans, yo dwe gen lòd e yo dwe rezonab. Mesye sa yo ede lòt moun pou yo pa panike e pou yo gen yon lafwa solid nan Jewova. Epitou, yo fòtifye kongregasyon an paske yo “rete kole sou pawòl ki fidèl la”. (Tit 1:9; 1 Tim. 3:​1-3.) Grasa egzanp ansyen yo bay e grasa vizit pastoral yo fè, yo ede pwoklamatè yo pou yo toujou la nan reyinyon, pou yo toujou patisipe nan travay predikasyon an e pou yo fè etid pèsonèl regilyèman. Lè frè ak sè yo gen tètchaje, ansyen yo fè yo sonje pou yo konte sou Jewova e pou yo reflechi sou pwomès li fè yo.

18. Poukisa nou vle fè louwanj pou Jewova epi vin pi pwòch avè l toujou? (Gade kare ki gen tit “ Yon fason pou w vin pi pwòch ak Jewova”.)

18 Apre nou fin egzamine yon seri bèl kalite Jewova genyen, nou kapab di menm jan ak wa David: “Louwanj pou Jewova, Mas Wòch mwen an.” (Sòm 144:1). Nou kapab toujou konte sou Jewova, Bondye nou an. Pandan tout vi nou, menm lè nou vin granmoun anpil, nou gen bonjan rezon pou n di: “Se li menm ki mas wòch mwen”, paske nou gen konfyans l ap toujou ede n ret pwòch avè l. — Sòm 92:​14, 15.

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè nan Sal Wayòm nan ki santi l alèz pou l pale ak de ansyen.