Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 23

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

Jewova fè nou yon gwo envitasyon

Jewova fè nou yon gwo envitasyon

“Tant mwen an ap avèk yo, m ap vin Bondye yo.”EZE. 37:27.

PWEN KLE

Pou n ka pi apresye envitasyon Jewova fè nou pou n vin nan tant senbolik li a ak fason li montre li gen sousi pou nou antanke Sila a ki envite nou an.

1-2. Ki envitasyon Jewova fè adoratè fidèl li yo?

 SI YON moun ta mande w ki sa Jewova ye pou ou, ki sa w t ap di? Ou ta ka reponn: ‘Jewova se Papa m, li se Bondye m e li se Zanmi m.’ Gen lòt tit ankò ou ta ka itilize pou w pale de Jewova. Men, èske w janm wè Jewova kòm yon moun ki envite w nan tant li?

2 Wa David te konpare amitye Jewova genyen ak adoratè fidèl li yo ak relasyon ki genyen ant yon moun ak moun li envite. Men sa l te di: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre?” (Sòm 15:1). Pawòl sa yo Jewova te fè David ekri aprann nou Jewova kapab envite nou nan tant li, sa vle di nou kapab zanmi l. Èske se pa yon gwo envitasyon Jewova fè nou?

JEWOVA ENVITE NOU NAN TANT LI

3. Kiyès Jewova te envite nan tant li an premye, e ki jan sa te ye ant li menm ak moun li te envite a?

3 Anvan Jewova te kòmanse kreye, li te poukont li. Men, rive yon lè, li te akeyi premye Pitit Gason l lan nan tant senbolik li a. Se premye fwa Jewova t ap akeyi yon moun nan tant senbolik li a, e li te vrèman kontan fè sa. Bib la fè konnen se Pitit Gason Jewova a “ki te ba l plis kè kontan”. Epitou, Pitit Gason l lan “te toujou kontan ret bò kote l”. — Pwo. 8:30.

4. Ki moun ankò Jewova te vin envite nan tant li an?

4 Annapre, Jewova te kreye zanj yo, e l te envite yo nan tant li an tou. Bib la rele zanj yo “pitit Bondye” e li fè konnen yo kontan ansanm ak Jewova (Jòb 38:7; Dàn. 7:10). Pandan anpil tan, se sèlman sila yo k ap viv nan syèl la ki te zanmi Bondye. Annapre, lè l te vin kreye tè a, li te envite lèzòm vin nan tant senbolik li a tou. Rive yon lè, pami moun li te envite yo, te gen Enòk, Noye, Abraram ak Jòb. Bib la fè konnen vrè adoratè sa yo te zanmi Bondye, yo t ap “mache avèk vrè Dye a”. — Jen. 5:24; 6:9; Jòb 29:4; Eza. 41:8.

5. Ki sa nou ka aprann nan pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:​26, 27 la?

5 Tank ane yo t ap pase, Jewova te kontinye envite zanmi l nan tant li an. (Li Ezekyèl 37:​26, 27.) Pa egzanp, nan pwofesi Ezekyèl la, nou aprann Bondye vrèman vle pou adoratè fidèl li yo gen yon relasyon sere avè l. Li pwomèt l ap fè “yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè”. Pwofesi sa a ap pale konsènan yon epòk kote moun ki gen esperans pou al nan syèl yo ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ap ansanm nan tant senbolik li a antanke “yon sèl twoupo”. (Jan 10:16.) Se nan epòk sa a n ap viv kounye a!

BONDYE PRAN SWEN NOU KÈLKESWA KOTE NOU YE

6. Ki jan yon moun kapab vin yon envite nan tant Jewova a, e ki kote nou ka jwenn tant Li an?

6 Nan epòk yo t ap ekri Bib la, yon moun te kapab repoze anba yon tant e li te kapab jwenn pwoteksyon lè gen lapli ak lè gen solèy. Yon moun yo te envite nan yon tant te konnen yo t ap byen pran swen l. Lè nou vwe Jewova lavi nou, nou vin yon envite nan tant senbolik li a (Sòm 61:4). Nou jwenn tout sa nou bezwen pou n ka kontinye gen yon relasyon solid avè l, e nou vin zanmi moun li envite yo tou. Tant senbolik Jewova a pa yon kote fiks. Petèt ou te vwayaje al nan yon lòt peyi pou w te asiste yon kongrè espesyal e w te rankontre lòt moun ki kontan dèske yo nan tant Bondye a. Nou jwenn tant Jewova a kèlkeswa kote ki gen moun k ap adore l fidèlman. — Rev. 21:3.

7. Sa k fè n ka di Jewova toujou konsidere sèvitè fidèl li yo ki mouri yo kòm envite nan tant li an? (Gade foto a tou.)

7 E sèvitè fidèl Jewova ki mouri yo? Èske nou kapab di Jewova toujou konsidere yo kòm envite nan tant li an? Wi! Sa k fè n ka di sa? Paske moun sa yo nan memwa Jewova. Men sa Jezi te di: “Sou kesyon mò ap leve a, menm Moyiz te fè konn sa nan istwa sou ti pye pikan k ap boule a, lè l te rele Jewova ‘Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’ la. Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan, paske pou li, yo tout vivan.” — Lik 20:​37, 38.

Menm moun ki te fidèl ki mouri yo, Bondye ka toujou konsidere yo kòm envite nan tant li an. (Gade paragraf 7.)


NOU GEN YON SERI PRIVILÈJ KI MACHE AK RESPONSABLITE

8. Ki byenfè nou jwenn dèske nou se envite nan tant Jewova a?

8 Menm jan yon tant kapab yon kote pou moun repoze, e l kapab yon kote moun jwenn pwoteksyon lè gen lapli ak solèy ak lòt bagay ankò, moun Jewova envite nan tant li jwenn pwoteksyon kont tout sa ki kapab kraze relasyon yo gen avè l e li bay moun sa yo bonjan espwa pou lavni. Lè n rete pwòch ak Jewova, pa gen anyen Satan ka fè n ki ka fè nou soufri nètale (Sòm 31:23; 1 Jan 3:8). Nan monn nouvo a, Jewova ap kontinye pwoteje zanmi l ki fidèl yo pou anyen pa kraze relasyon yo gen avè l la. Epitou, l ap pwoteje yo pou yo pa mouri. — Rev. 21:4.

9. Ki jan Jewova vle moun li envite nan tant li an aji?

9 Vrèmanvre, se yon gwo onè pou Jewova envite nou nan tant li. Nou kapab toujou gen bon relasyon avè l. Ki jan n dwe aji si n vle kontinye ret nan tant Jewova a? Si yon moun envite w lakay li, se sèten ou ta renmen konnen sa k fè l plezi. Pa egzanp, li ka atann pou w retire soulye w anvan w antre nan kay la, e w ap dakò fè sa. Menm jan an tou, se sèten ou ta renmen konnen sa Jewova vle moun li ta renmen kontinye ret nan tant li an fè. Lanmou nou gen pou Jewova pouse nou fè tout sa n kapab “pou nou fè l plezi nèt”. (Kol. 1:10.) Se vre Jewova se Zanmi nou, men li se Bondye nou e li se Papa nou tou, li merite pou n respekte l (Sòm 25:14). Toutpandan n ap kenbe sa nan lespri nou, nou bezwen toujou gen lakrentif pou li, e nou pa dwe janm bliye kiyès li ye. Gwo respè nou gen pou li ap ede n pou n pa aji fason k ap fè l lapenn. Pa gen dout, nou vle kontinye “mache avèk Bondye [nou an] toutpandan [nou] rekonèt limit” nou. — Miche 6:8.

JEWOVA PA T NAN PATIPRI AK IZRAYELIT YO NAN DEZÈ A

10-11. Ki sa k montre Jewova te aji san patipri ak Izrayelit yo nan dezè Sinayi a?

10 Jewova aji san patipri ak moun li envite nan tant li (Wom. 2:11). Fason Jewova te aji ak Izrayelit yo nan dezè Sinayi a ede nou wè Jewova pa gen patipri.

11 Apre Jewova te fin delivre pèp li a nan esklavaj nan peyi Ejip, li te met prèt sèvi nan tabènak la. Li te bay Levit yo fè lòt travay nan tant sakre sa a. Èske Jewova te pi byen pran swen moun ki t ap sèvi nan tabènak la oswa moun ki t ap viv toupre tabènak la pase lòt moun yo? Non! Jewova pa gen patipri.

12. Ki jan fason Jewova te aji ak Izrayelit yo nan dezè a montre li pa gen patipri? (Egzòd 40:38). (Gade foto a tou.)

12 Chak Izrayelit ki te nan kan an te kapab zanmi Jewova, kit li t ap sèvi nan tabènak la kit li pa t ap sèvi ladan l, kit tant li te toupre tabènak la kit li pa t toupre l. Pa egzanp, lè Jewova te fè yon mirak kote l te fè nyaj ki te gen fòm poto a ak dife ki te gen fòm poto a parèt anlè tabènak la, li te fè tout nasyon an wè yo. (Li Egzòd 40:38.) Lè nyaj la t ap deplase al yon lòt kote, menm moun ki te gen tant yo pi lwen tabènak la te kapab wè l. Yo te ranmase zafè yo, yo te demonte tant yo, e yo te deplase ansanm ak lòt moun yo (Nonb 9:​15-23). Tout moun te kapab tande son de twonpèt ann ajan yo byen klè ki te fè tout moun konnen yo bezwen deplase (Nonb 10:2). Donk, se pa paske yon moun t ap viv toupre tabènak la ki fè l te plis zanmi Jewova pase moun ki t ap viv pi lwen tabènak la. Okontrè, chak Izrayelit te kapab yon envite nan tant Jewova a e yo te kapab gen garanti Li t ap gide yo e Li t ap pwoteje yo. Menm jan an tou jodi a, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, Jewova renmen nou, l ap pran swen nou e l ap pwoteje nou.

Tabènak la, ki te nan mitan kan an, se te yon prèv ki te montre Bondye pa gen patipri. (Gade paragraf 12.)


KÈK EGZANP NAN EPÒK NOU AN KI MONTRE JEWOVA PA GEN PATIPRI

13. Bay youn nan fason Jewova montre l pa gen patipri jodi a.

13 Jodi a, gen moun pami sèvitè Bondye yo k ap viv toupre syèj mondyal la oswa toupre yon biwo filyal Temwen Jewova yo. Gen lòt menm k ap sèvi nan lokal sa yo. Konsa, moun sa yo kapab gen anpil aktivite y ap fè nan lokal sa yo e yo ka pwòch ak frè ki alatèt yo. Gen lòt k ap sèvi antanke siveyan sikonskripsyon oswa ki nan lòt fòm sèvis aplentan espesyal. Menmsi se pa sitiyasyon pa w menm jan ak pifò frè ak sè, ou mèt gen asirans Jewova renmen tout moun li akeyi kòm moun li envite. Li konnen w trè byen e li ba w sa w bezwen (1 Pyè 5:7). Jewova bay chak sèvitè l sa yo bezwen pou yo ka kontinye gen bon relasyon avè l, li gide yo e li pwoteje yo.

14. Bay yon lòt egzanp ki montre Jewova pa gen patipri antanke Sila a ki akeyi nou nan tant li.

14 Yon lòt egzanp ki montre Jewova pa gen patipri antanke Sila a ki akeyi nou nan tant li se lefètke li fè moun toupatou sou tè a jwenn Bib la. Okòmansman, yo te ekri Bib la nan twa lang: ebre, arameyen ak grèk. Èske moun ki kapab li Bib la nan lang yo te ekri l okòmansman yo gen yon pi bon relasyon ak Jewova pase moun ki pa kapab li l nan lang sa yo? Non, sa pa vle di sa. — Mat. 11:25.

15. Ki sa k montre Jewova pa gen patipri? (Gade foto a tou.)

15 Se pa paske nou fè gwo etid oswa paske nou gen kapasite pou nou konn plizyè lang ki fè Jewova envite n antanke zanmi l. Se pa moun ki fè gwo etid sèlman Jewova bay posiblite jwenn sajès li. Li bay moun toupatou sou tè a posiblite sa a, kit yo fè gwo etid kit yo pa fè gwo etid. Yo tradui Labib, Pawòl li te fè ekri a, nan plizyè milye lang. Konsa, moun toupatou sou tè a kapab pwofite ansèyman ki ladan l lan e yo kapab aprann ki jan pou yo vin zanmi Jewova. — 2 Tim. 3:​16, 17.

Lefètke Bib la disponib jodi a, ki jan sa montre aklè Bondye pa gen patipri? (Gade paragraf 15.)


KONTINYE ‘FÈ JEWOVA PLEZI’

16. Selon Travay 10:​34, 35, ki jan n ka kontinye fè Jewova plezi?

16 Vrèmanvre, se yon gwo onè nou genyen pou Jewova akeyi nou nan tant senbolik li a. Nan kesyon akeyi moun, Jewova pa gen parèy. Pa gen moun ki pi janti e ki gen plis lanmou pase l. Anplis de sa, Jewova pa gen patipri. Li akeyi gason kou fi, kèlkeswa kote yo abite, fason yo te leve, edikasyon yo, ras yo, tribi kote yo soti oswa laj yo. Sepandan, se moun ki suiv prensip Jewova yo sèlman li aksepte kòm envite nan tant li an. — Li Travay 10:​34, 35.

17. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

17 Sòm 15:1 montre David te poze kesyon ki vin annapre yo: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre?” Bondye te sèvi ak David pou l reponn kesyon sa yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kèk nan bagay nou dwe fè pou n ka kontinye fè Jewova plezi e pou n ka toujou zanmi l.

KANTIK 32 Pran pozisyon pou Jewova!