Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 24

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

Ann fè efò pou Jewova toujou konsidere n kòm envite l!

Ann fè efò pou Jewova toujou konsidere n kòm envite l!

“O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou?”SÒM 15:1.

PWEN KLE

Pou nou konprann sa n bezwen fè pou n toujou zanmi Jewova e pou nou wè ki jan Jewova vle n aji ak moun ki zanmi l.

1. Ki jan Sòm 15:​1-5 kapab ede n?

 NAN atik ki vin anvan an, nou te aprann yon sèvitè Jewova ki vwe l lavi l kapab yon envite nan tant senbolik Li a lè l chèche gen yon relasyon sere avè L. Men, ki sa nou bezwen fè pou n vin gen kalite relasyon sa a avè l? Sòm 15 pale sou sa. (Li Sòm 15:​1-5.) Nan Sòm sa a, n ap jwenn bonjan leson ki kapab ede n vin pi pwòch ak Bondye.

2. Ki sa k dwe te pouse David pale konsènan tant Jewova a?

2 Sòm 15 kòmanse ak kesyon ki vin annapre yo: “O Jewova, kiyès ki ka yon envite nan tant ou? Kiyès ki ka abite nan mòn ou an ki sakre?” (Sòm 15:1). Lè David, youn nan moun ki te ekri sòm yo, t ap pale de “tant” Jewova a, li te ka ap panse ak tabènak la ki te nan Gabawon pandan yon tan. David pale tou konsènan “mòn [Bondye a] ki sakre”. Petèt li t ap panse ak mòn Siyon ki nan Jerizalèm. Nan zòn sa a, ki nan yon distans plizyè kilomèt nan sid Gabawon, David te monte yon tant pou mete lach alyans lan jiskaske yo te konstwi tanp lan. — 2 Sam. 6:17.

3. Poukisa nou bezwen chèche konprann Sòm 15? (Gade foto a tou.)

3 Nòmalman, pifò Izrayelit pa t janm gen otorizasyon pou yo sèvi nan tabènak la, alewè pou yo ta antre nan tant lan kote lach alyans lan te ye a. Men, tout sèvitè fidèl Jewova t ap ka yon envite nan tant senbolik li a lè yo vin zanmi l e yo ret zanmi l. Se yon bagay nou tout ta renmen. Sòm 15 pale konsènan kèk kalite nou bezwen genyen pou n ret zanmi Jewova.

Li te fasil pou Izrayelit ki t ap viv nan epòk David la te byen konprann sa sa vle di pou Jewova envite yo nan tant li. (Gade paragraf 3.)


TOUJOU AJI BYEN, EPI FÈ SA KI DWAT

4. Ki jan n fè konnen Jewova pa jis vle nou batize? (Ezayi 48:1).

4 Sòm 15:2 montre yon zanmi Bondye se yon “moun ki toujou aji byen, ki fè sa ki dwat”. Ekspresyon “toujou aji” ak mo “fè” a montre se yon aksyon ki pa janm sispann e ki dwe kontinye fèt. Men, èske n ka vrèman “toujou aji byen”? Wi. Byenke pa gen moun ki pafè, Jewova ap wè nou “toujou aji byen” si nou fè anpil efò pou n obeyi l. Lè nou vwe Bondye lavi nou epi nou batize, nou apèn kòmanse vwayaj n ap fè ak Bondye a. Remake nan epòk yo t ap ekri Bib la, lefètke yon moun te fè pati nasyon Izrayèl la, sa pa t vle di li tou kalifye pou l yon envite nan tant Jewova a. Gen moun ki te konn priye Jewova, men yo pa t “fè sa ak laverite e ann amoni ak sa ki dwat”. (Li Ezayi 48:1.) Izrayelit ki te sensè yo te oblije aprann konnen sa Jewova mande, epi suiv yo. Menm jan an tou, pou n ka gen yon relasyon sere ak Bondye jodi a, nou pa dwe annik batize epi fè pati kongregasyon an. Nou dwe kontinye “fè sa ki dwat”. Ki jan n ka fè sa?

5. Ki sa obeyi Jewova nan tout bagay vle di?

5 Pou Jewova, “toujou aji byen” epi “fè sa ki dwat” vle di plis pase patisipe regilyèman nan kèk aktivite k ap fèt yon kote y ap adore l (1 Sam. 15:22). Nou dwe fè anpil efò pou n obeyi Bondye nan tout aspè nan lavi nou, menm lè n poukont nou (Pwo. 3:6; Ekl. 12:​13, 14). Li enpòtan pou n fè efò pou n obeyi Jewova menm nan bagay ki toupiti. Lè n fè sa, nou montre nou vrèman renmen l, e sa fè l renmen nou plis. — Jan 14:23; 1 Jan 5:3.

6. Selon Ebre 6:​10-12, ki sa k pi enpòtan pase nenpòt bon aksyon nou te fè?

6 Jewova vrèman apresye sa nou te fè pou li. Men, se pa jis paske nou te konn fè bon aksyon k ap fè Jewova kite n ret nan tant li an kòm envite. Se sa nou wè nan Ebre 6:​10-12. (Li vèsè yo.) Jewova pa bliye bon aksyon nou te fè. Men, li vle nou kontinye adore l ak tout nanm nou “jiska lafen”. L ap ret Zanmi n pou toutan “si nou pa kite fatig pote n ale”. — Gal. 6:9.

PALE LAVERITE NAN KÈ W

7. Ki sa pale laverite nan kè n vle di?

7 Si yon moun vle Jewova envite l nan tant li, li dwe “pale laverite nan kè l”. (Sòm 15:2.) Se pa annik pa bay manti. Jewova vle nou sensè nan tout sa n ap di ak nan tout sa n ap fè (Ebre 13:18). Sa enpòtan, “paske Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat”. — Pwo. 3:32.

8. Ki jan nou pa dwe aji?

8 Moun ki “pale laverite nan kè” yo pa pran pòz yo obeyi lè gen moun la, e annapre, yo dezobeyi lwa Bondye yo an kachèt (Eza. 29:13). Yo pa aji yon fason ki pa dwat. Lè yon moun ap aji yon fason ki pa dwat, li ka kòmanse panse lwa Jewova yo pa toujou pi bon (Jak 1:​5-8). Li ka dezobeyi yon seri lwa Jewova bay ki parèt pa gen twòp enpòtans pou li. Epi, si l wè pa gen anyen mal ki rive lè l dezobeyi, li ka vin ap fè yon seri bagay ki pi mal toujou. Byenke li ka met nan tèt li l ap sèvi Bondye, Jewova pap aksepte adorasyon l ap ba li a (Ekl. 8:11). Men, nou menm, nou vle aji yon fason ki dwat nan tout bagay.

9. Ki sa nou ka aprann lè n sonje sa Jezi te di premye fwa l te rankontre Natanayèl? (Gade foto a tou.)

9 Nou ka aprann jan l enpòtan pou n gen yon kè ki sensè lè n sonje sa Jezi te di premye fwa l te rankontre Natanayèl. Lè Filip te mennen Natanayèl, zanmi l, kot Jezi, gen yon bagay estrawòdinè ki te rive. Byenke Jezi potko janm rankontre Natanayèl, Jezi te di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li.” (Jan 1:47). Se sèten Jezi te wè lòt disip li yo te sensè, men li te wè Natanayèl gen yon senserite estrawòdinè lakay li. Byenke Natanayèl te yon moun enpafè menm jan avè n, pa t gen okenn ipokrizi nan li. Jezi te apresye Natanayèl pou sa, e l te felisite l. Nou t ap kontan anpil si Jezi ta di menm bagay la pou nou tou!

Lè Filip te mennen Natanayèl kot Jezi, Jezi te di Natanayèl se yon nonm ki pa gen riz nan li. Èske l ta ka di menm bagay la pou nou tou? (Gade paragraf 9.)


10. Poukisa nou bezwen veye pou n pa mal sèvi ak lang nou? (Jak 1:26).

10 Pifò nan sa Sòm 15 lan mande yo gen rapò ak fason n aji ak lòt moun. Sòm 15:3 di yon moun Jewova envite nan tant li se yon moun “ki pa bay moun kout lang, ki pa fè pwochen l anyen ki mal, ki pa pale zanmi l mal”. Si n mal sèvi ak lang nou, sa ka fè lòt moun soufri anpil e Jewova ka pa aksepte nou ankò kòm envite nan tant li an. — Li Jak 1:26.

11. Ki lè yon moun bay lòt moun kout lang, e ki sa y ap fè yon moun k ap bay moun kout lang e ki pa repanti?

11 Moun ki te ekri sòm nan pale byen klè sou kesyon bay moun kout lang nan. Ki lè yon moun bay moun kout lang? An jeneral, se yon manti yon moun bay ki ka sal repitasyon yon lòt moun. Si yon moun ap bay lòt moun kout lang e li pa repanti, y ap retire l nan kongregasyon an. — Jer. 17:10.

12-13. Ki sitiyasyon konsa ki ta ka fè nou tonbe nan pale zanmi n mal san n pa rann nou kont? (Gade foto a tou.)

12 Sòm 15:3 fè nou sonje tou yon moun Jewova envite nan tant li pa fè pwochen l anyen ki mal e li pa pale zanmi l mal. Ki sa sa ka vle di?

13 Nou ka ap pale yon moun mal san nou pa rann nou kont nan mache di yon seri move pawòl sou moun nan. Pa egzanp: 1) yon sè kanpe sèvis li antanke pyonye pèmanan, 2) yon mari ak madanm pap sèvi nan Betèl ankò, oubyen 3) yon frè pa ansyen oswa sèvitè ministeryèl ankò. Èske li t ap bon pou n ap mache di lòt moun genlè se paske frè a oswa sè a fè yon bagay ki mal ki fè sa rive l? Petèt, gen anpil rezon nou pa konnen ki fè yo fè chanjman sa yo. An reyalite, yon moun Jewova envite nan tant li “pa fè pwochen l anyen ki mal [e li] pa pale zanmi l mal”.

Li fasil pou n ap mache di yon seri move pawòl sou lòt moun, e sa ka fè nou tonbe nan bay moun kout lang. (Gade paragraf 12-13.)


ANN ONORE MOUN KI GEN LAKRENTIF POU JEWOVA

14. Ki jan n ap fè konnen si yon moun se yon move moun?

14 Sòm 15:4 di yon moun ki zanmi Jewova “pa mele ak move moun”. Ki jan n ap fè konnen si yon moun se yon move moun? Piske nou enpafè, se pa nou ki pou deside si yon moun se yon move moun. Sa k fè nou kapab di sa? Sa ka rive san nou ale ak yon moun paske nou renmen pèsonalite l, e nou ka pa renmen yon lòt moun paske pèsonalite l deranje nou. Se sa k fè se sèlman ak moun Jewova konsidere kòm “move moun” nou pa dwe annafè (1 Kor. 5:11). Sa gen ladan l, moun k ap pratike bagay ki mal e ki pa repanti, moun ki pa respekte kwayans nou oswa k ap eseye kraze relasyon nou ak Jewova. — Pwo. 13:20.

15. Bay youn nan fason nou kapab onore “moun ki gen lakrentif pou Jewova”.

15 Yon lòt bò, Sòm 15:4 mande nou pou n onore “moun ki gen lakrentif pou Jewova”. Donk, nou chèche okazyon pou n demontre jantiyès ak respè pou moun ki zanmi Jewova (Wom. 12:10). Ki jan nou kapab fè sa? Selon Sòm 15:​4, youn nan fason yon moun Jewova envite nan tant li kapab fè sa, se lè “li kenbe pwomès li, menm lè sa koute l chè”. Lè n pa kenbe pwomès nou fè, se sèten sa ka fè lòt moun soufri (Mat. 5:37). Pa egzanp, Jewova atann pou moun li envite yo respekte ve yo te fè lè yo t ap marye. Sa fè Jewova plezi tou lè paran yo fè tout sa yo kapab pou yo kenbe pwomès yo te fè pitit yo. Piske nou renmen Bondye e nou renmen pwochen nou, n ap fè tout sa n kapab pou n kenbe pwomès nou fè.

16. Bay yon lòt fason nou kapab onore zanmi Jewova yo.

16 Yon lòt fason nou ka onore zanmi Bondye yo se lè n renmen akeyi moun ak lè n renmen bay (Wom. 12:13). Lè n pase bon ti moman ak frè n ak sè n yo, sa fè n vin pi pwòch ak yo e ak Jewova. Anplis de sa, lè n renmen akeyi moun, nou imite Jewova.

VEYE POU N PA GEN LANMOU POU LAJAN

17. Poukisa yo pale de lajan nan Sòm 15?

17 Selon sa nou li, yon moun Jewova envite “prete [moun] kòb li san li pa mande enterè e li pa pran lajan pa anba pou l akize moun ki inosan”. (Sòm 15:5.) Poukisa yo pale de lajan nan sòm tou kout sa a? Si nou renmen lajan, li ka vin pi enpòtan pou nou pase moun, e menm pase Bondye (1 Tim. 6:10). Nan epòk yo t ap ekri Bib la, gen moun ki te konn eksplwate frè yo ki te pòv lè yo te konn prete yo lajan ak enterè. Epitou, te gen jij ki te konn aksepte lajan pa anba e ki pa t fè moun ki inosan yo jwenn jistis. Jewova rayi lè moun aji konsa. — Eze. 22:12.

18. Ki kesyon nou ka poze tèt nou k ap ede n wè ki jan n konsidere lajan? (Ebre 13:5).

18 Li bon pou n reflechi sou fason nou konsidere lajan. Mande tèt ou: ‘Èske m toujou ap panse ak lajan e ak sa m ka achte avè l? Si m prete kòb nan men yon moun, èske m pran tan anvan m remèt li paske m panse moun ki prete m kòb la pa bezwen l? Èske paske m gen lajan sa fè m santi m enpòtan e l difisil pou m pran ka lòt moun? Èske m panse si yon frè oswa yon sè gen anpil lajan se paske l materyalis? Èske m fè zanmi ak moun ki rich e m pa vrèman fè zanmi ak moun ki pòv?’ Se pa ti privilèj Jewova fè nou lefètke li envite nou nan tant li! Nou ka kontinye gen privilèj sa a lè n veye pou n pa renmen lajan. Si n fè sa, Jewova pap janm kite nou! — Li Ebre 13:5.

JEWOVA RENMEN ZANMI L YO

19. Poukisa Jewova vle nou fè tout sa ki nan Sòm 15 lan?

19 Sòm 15 lan fini ak pwomès ki di: “Moun ki aji konsa pap janm brannen.” (Sòm 15:5). Moun ki te ekri pawòl ki nan vèsè sa a esplike rezon ki fè Bondye vle nou fè tout sa ki ekri nan sòm sa a. Jewova vle nou gen kè kontan. Se sa k fè li ban nou direksyon k ap fè n jwenn benediksyon l ak pwoteksyon l. — Eza. 48:17.

20. Ki sa moun Jewova envite yo kapab espere?

20 Moun Jewova envite yo kapab espere y ap gen yon bèl avni. Moun li chwazi pou al nan syèl yo pral viv kote ki “gen anpil plas” Jezi prepare pou yo nan syèl la (Jan 14:2). Moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a swaf pou yo wè pwomès ki nan Revelasyon 21:3 a reyalize. Vrèmanvre, nou santi se yon gwo onè Jewova fè nou tout pou l envite nou vin zanmi l, pou l akeyi nou nan tant li an pou toutan!

KANTIK 39 Ann chèche gen yon bèl repitasyon devan Bondye