Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun Bondye fè favè san parèy yo gen rekonesans

Moun Bondye fè favè san parèy yo gen rekonesans

“Li te fè nou tout [...] favè san parèy.” — JAN 1:16.

KANTIK: 95, 13

1, 2. a) Rakonte istwa Jezi te bay konsènan mèt jaden rezen an. b) Ki jan istwa sa a montre ki sa renmen bay ak favè san parèy ye?

YON maten byen bonè, gen yon mèt jaden rezen k al nan yon mache pou l chèche gason pou travay pou li. Li te fè pri ak mesye yo e yo te dakò ak kòb li ofri yo a. Men, piske mèt jaden an te bezwen plis travayè, li retounen nan mache a plizyè fwa pandan jounen an pou l al chèche travayè. Li ba yo tout yon bon pri. Nan fen jounen an, mèt jaden an reyini travayè yo pou l peye yo. Kit yon moun te travay pandan tout jounen an, kit li te travay pou inèdtan sèlman, mèt jaden an te peye yo menm kantite lajan. Men, lè mesye ki te pase tout jounen ap travay yo te kòmanse plenyen, mèt jaden an te di yo: ‘Èske n pa t aksepte pri m te ofri nou an? Èske m pa gen dwa peye tout moun ki travay pou mwen yo sa m vle? Èske n jalou paske m renmen bay?’ — Matye 20:1-15, nòt.

2 Istwa sa a Jezi te bay la anseye nou yon leson enpòtan sou “favè san parèy” Jewova a. [1] (Gade nòt la.) (Li 2 Korentyen 6:1.) Ki jan? Gen kèk moun ki ka panse mesye ki te travay pandan tout jounen yo merite plis lajan pase lòt yo. Men, mèt jaden an te demontre favè san parèy anvè mesye ki te travay sèlman pandan yon pati nan jounen an. Men sa yon biblis di konsènan mo lè yo tradui l yo mete “favè san parèy” pou li nan Bib la: “Premye ide mo sa a bay se yon bagay yon moun bay gratis, yon bagay moun ki resevwa l la pa merite, oubyen yon bagay yo bay yon moun san l pa t travay pou sa e san l pa t merite l.”

PI GWO KADO JEWOVA BAY LA

3, 4. Poukisa Jewova montre favè san parèy pou lèzòm, e ki jan l te fè sa?

3 Bib la esplike nou favè san parèy Bondye a se yon kado (Efezyen 3:7). Piske nou pa kapab obeyi Jewova yon fason ki pafè, nou pa merite okenn favè nan men l. An reyalite, se lanmò nou merite. Men sa wa Salomon te di: “Pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche.” ​(Eklezyas 7:20). Annapre, men sa apot Pòl te di: “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” Epi li di: “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò.” — Women 3:23; 6:23a.

4 Piske Jewova renmen lèzòm anpil, li te voye “sèl Pitit Gason li fè a” vin mouri pou nou. Se te pi gwo aksyon li te kapab fè pou l montre favè san parèy li (Jan 3:16). Pòl te fè konnen Jezi “resevwa kouwòn glwa ak onè kounye a poutèt li te soufri jis li mouri, yon fason pou l te ka goute lanmò pou tout moun grasa favè san parèy Bondye a”. (Ebre 2:9.) Li klè, “kado Bondye bay [la] se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an”. — Women 6:23b.

5, 6. Ki rezilta sa bay lè n kite a) peche domine sou nou? b) favè san parèy la domine sou nou?

5 Poukisa nou peche e nou mouri? Bib la di “akoz fot yon sèl moun, lanmò vin domine antanke wa”. Se sa k fè, piske nou se desandan Adan, nou enpafè e nou mouri (Women 5:12, 14, 17). Sepandan, nou toujou kapab chwazi pa kite peche domine sou nou oubyen kontwole nou. Ki jan n ap rive fè sa? Lè n demontre lafwa nan sakrifis ranson Kris la, nou benefisye favè san parèy Jewova a. Men sa Bib la di: “Kote peche a te vin anpil, favè san parèy la te vin plis toujou. Nan ki objektif? Se dekwa pou menm jan peche ansanm ak lanmò te domine antanke wa, konsa tou, favè san parèy la ka domine antanke wa pa mwayen jistis, pou moun ka jwenn lavi ki pap janm fini an grasa Jezi Kris.” — Women 5:20, 21.

6 Menmsi nou toujou pechè, nou pa oblije kite peche domine sou nou. Se sa k fè, lè n fè yon bagay ki mal, nou mande Jewova padon. Men ki avètisman Pòl te ban nou: “Peche pa dwe domine sou nou, piske nou pa anba lalwa, men nou anba favè san parèy la.” ​(Women 6:14). Kounye a, ki jan nou ka rive jwi favè san parèy Bondye a? Men repons Pòl te bay: “Favè san parèy Bondye a [...] montre nou pou nou rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a.” — Tit 2:11, 12.

BONDYE ‘DEMONTRE FAVÈ SAN PARÈY DIVÈS FASON’

7, 8. Ki sa sa vle di Jewova “demontre [favè san parèy] divès fason”? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

7 Men sa apot Pyè te ekri: “Se pou chak moun itilize don l resevwa a pou l sèvi lòt moun. Konsa, l ap sanble ak moun k ap byen jere favè san parèy Bondye a, yon favè li demontre divès fason.” ​(1 Pyè 4:10). Ki sa sa vle di Jewova “demontre [favè san parèy] divès fason”? Sa vle di, kèlkeswa eprèv oswa pwoblèm nou jwenn nan lavi a, Jewova ap ban nou sa nou bezwen pou n andire (1 Pyè 1:6). L ap toujou ban nou egzakteman sa nou bezwen pou n ka sipòte chak eprèv.

Kèlkeswa eprèv oswa pwoblèm nou jwenn nan lavi a, Jewova ap toujou ban nou egzakteman sa n bezwen pou n sipòte yo.

8 Men sa apot Jan te ekri: “Li te fè nou tout anpil favè san parèy, paske li plen favè san parèy.” ​(Jan 1:16). Piske Jewova demontre favè san parèy divès fason, nou jwenn anpil benediksyon. Ann egzamine kèk nan benediksyon sa yo.

9. Ki byenfè nou jwenn grasa favè san parèy Jewova, e ki jan n ka montre nou gen rekonesans pou sa?

9 Jewova padone peche nou. Grasa favè san parèy Jewova genyen, li padone peche nou. Men, l ap fè sa si nou repanti e nou kontinye goumen kont tandans peche ki lakay nou. (Li 1 Jan 1:8, 9.) Pòl te esplike kretyen nan epòk li a ki te gen esperans pou y al nan syèl fason Jewova padone peche. Men sa l te di: “[Bondye] delivre nou anba pouvwa fènwa a epi li transfere nou nan wayòm Pitit Gason l li renmen an, e grasa Pitit sa a, nou jwenn liberasyon nou grasa ranson an, wi, nou jwenn padon pou peche nou.” ​(Kolosyen 1:13, 14). Nou tèlman gen Bondye rekonesans pou mizèrikòd li fè nou, nou vle fè louwanj pou li. E piske Jewova padone peche nou, nou vin ka resevwa anpil lòt gwo benediksyon.

10. Ki benediksyon nou jwenn grasa favè san parèy Bondye a?

10 Nou kapab vin anpè ak Bondye. Piske nou enpafè, depi lè nou fèt, nou ènmi Bondye. Malgre sa, men sa Pòl te di: “Lè nou te ènmi Bondye, nou te vin rekonsilye avè l grasa lanmò Pitit li a.” ​(Women 5:10). Grasa ranson an, nou kapab vin rekonsilye ak Bondye, sa vle di, nou kapab vin anpè avè l epi vin zanmi l. Pòl te esplike sa e l te montre rapò sa genyen ak favè san parèy Jewova a lè l te di frè Bondye chwazi pou al nan syèl menm jan avè l yo: “Lefètke Bondye deklare nou jis paske nou gen lafwa, annou rete nan lapè ak Bondye grasa Jezi Kris, Seyè nou an, li menm ki te ban nou posiblite pou nou jwenn favè san parèy sa a nou ladan l kounye a, grasa lafwa nou.” ​(Women 5:1, 2). Se pa ti kontan nou kontan dèske nou anpè ak Jewova e nou zanmi l!

Fason Bondye demontre favè san parèy: Li ban nou privilèj tande bon nouvèl la. (Gade paragraf 11.)

11. Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ede “lòt mouton” yo fè sa ki dwat?

11 Nou kapab fè sa ki dwat devan Bondye. Dapre sa pwofèt Dànyèl te ekri, nan tan lafen an “moun ki gen bon konprann yo”, anpalan de moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, t ap ede “anpil moun vin fè sa ki dwat”. (Li Dànyèl 12:3.) Ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo fè sa? Yo preche bon nouvèl la e yo anseye plizyè milyon “lòt mouton” lwa Jewova yo (Jan 10:16). Se sèlman grasa favè san parèy Jewova a yo rive ede moun sa yo fè sa ki dwat devan Jewova. Men sa Pòl te esplike: “Bondye fè yo yon kado lè li deklare yo jis grasa favè san parèy li a e grasa liberasyon ki fèt sou baz ranson Kris Jezi te peye a.” — Women 3:23, 24.

Li pèmèt nou priye l, e se yon benediksyon! (Gade paragraf 12.)

12. Ki relasyon lapriyè genyen ak favè san parèy Bondye a?

12 Nou kapab vin pi pwòch ak Bondye grasa lapriyè. Grasa favè san parèy Jewova a, nou kapab priye l. Pòl rele twòn Jewova a “twòn favè san parèy la” e l envite nou pou n santi n “alèz pou n priye Bondye”. (Ebre 4:16a.) Nou kapab priye Jewova nan non Jezi nenpòt ki lè. Vrèmanvre, se yon gwo onè sa ye! Men sa Pòl te di: “Nou alèz pou n pale, e nou ka pwoche alèz bò kote Bondye avèk konfyans, grasa lafwa nou nan Kris.” — Efezyen 3:12.

Li ban nou èd nan bon moman. (Gade paragraf 13.)

13. Ki jan favè san parèy la kapab “ede nou nan bon moman”?

13 Nou kapab jwenn èd nan bon moman. Pòl te ankouraje nou priye Jewova nenpòt lè n bezwen fè sa “pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:16b.) Nenpòt lè nou jwenn eprèv ak difikilte nan lavi nou, nou kapab sipliye Jewova pou l ede nou. Mete sou sa, li reponn priyè nou, byenke l pa oblije fè sa. Byen souvan, li sèvi ak frè ak sè nou yo pou ede nou. Jewova reponn priyè nou yon fason pou n “kapab gen anpil kouraj e [pou n] kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” — Ebre 13:6.

14. Ki byenfè favè san parèy Jewova a pote pou kè nou?

14 Nou kapab jwenn konsolasyon pou kè nou. Se yon kokennchenn benediksyon sa ye lefètke Jewova konsole nou nenpòt lè nou anba strès (Sòm 51:17). Men sa Pòl te ekri kretyen nan vil Tesalonik yo lè yo te anba pèsekisyon: “Se pou Jezi Kris li menm, wi, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki ban nou yon konsolasyon etènèl ak yon bèl esperans grasa favè san parèy la, konsole kè nou, e se pou yo fè nou vin fèm.” ​(2 Tesalonisyen 2:16, 17, nòt). Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou lefètke n konnen, grasa favè san parèy Jewova fè nou, li renmen nou e l gen sousi pou nou!

15. Ki espwa nou genyen grasa favè san parèy Bondye a?

15 Nou gen espwa gen lavi ki pap janm fini an. Piske nou se pechè, san èd Jewova, nou pa gen okenn espwa. (Li Sòm 49:7, 8.) Men, Jewova ban nou yon bèl espwa. Ki espwa sa a? Men sa Jezi te di: “Volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 6:40). Donk, nou gen espwa viv pou toutan grasa favè san parèy Jewova a. Men sa Pòl te di: “Favè san parèy Bondye a, ki pote delivrans pou tout kalite moun, vin parèt aklè.” — Tit 2:11.

PA FÈ FAVÈ SAN PARÈY BONDYE A SÈVI ESKIZ POU N FÈ PECHE

16. Ki jan kèk kretyen nan premye syèk la te minimize favè san parèy Bondye a?

16 Nou jwenn anpil benediksyon grasa favè san parèy Jewova a. Men, nou pa dwe minimize favè san parèy Bondye a, sa vle di fè l sèvi eskiz pou n fè peche. Gen kèk kretyen nan premye syèk la ki te eseye “pran favè san parèy Bondye nou an fè l sèvi eskiz pou yo lage kò yo nan konduit derespektan”. (Jid 4.) Sanble kretyen sa yo ki pa t fidèl te panse yo te ka lage kò yo nan peche e Jewova t ap toujou padone yo. Yo te menm eseye fè lòt kretyen patisipe nan peche yo t ap fè yo. Jodi a tou, nenpòt moun ki aji konsa “derespekte lespri Bondye ki bay favè san parèy la”. — Ebre 10:29.

17. Ki konsèy fèm Pyè te bay?

17 Satan twonpe kèk kretyen jodi a lè l fè yo panse yo mèt peche e Jewova ap padone yo otomatikman. Se vre, Jewova dispoze padone moun ki peche e ki repanti, men l vle n goumen kont dezi ki ka fè n peche yo. Men sa Jewova te enspire Pyè pou l ekri: “Kidonk, nou menm byenneme, piske nou konn sa davans, veye pou nou pa kite erè moun sa yo ki pa respekte lalwa pote nou ale ansanm avèk yo epi fè nou pa rete fèm nan bon chemen an. Non, men kontinye grandi nan favè san parèy la ak nan konesans Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris.” — 2 Pyè 3:17, 18.

FAVÈ SAN PARÈY LA MACHE AK RESPONSABLITE

18. Piske Jewova fè nou favè san parèy, ki responsablite nou genyen?

18 Nou gen Jewova anpil rekonesans pou favè san parèy li a. Se sa k fè, nou dwe itilize kado Jewova ban nou yo pou nou onore l e pou n ede lòt moun. Nou dwe yo sa. Ki jan nou ka sèvi ak kado sa yo? Men sa Pòl di: “Etandone, selon favè san parèy Bondye fè nou an, nou pa gen menm don, [...] si se yon sèvis n ap fè, annou kontinye nan sèvis sa a; si se anseye yon moun ap anseye, se pou l kontinye ladan l; si se ankourajman yon moun ap bay, se pou l kontinye fè sa; [...] si se mizèrikòd l ap fè, se pou l fè sa ak kè kontan.” ​(Women 12:6-8). Kidonk, piske Jewova fè nou favè san parèy, nou gen responsablite pou n travay di nan travay predikasyon an, pou n anseye lòt moun Labib, pou n ankouraje frè ak sè nou yo e pou n padone nenpòt moun ki ta peche kont nou.

19. Ki responsablite nou genyen nou pral egzamine nan atik ki vin apre a?

19 Antanke moun ki jwenn benediksyon grasa favè san parèy Jewova a, nou dwe fè tout sa n kapab “pou [n] bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a”. (Travay 20:24.) Nou pral egzamine responsablite sa a nan atik ki vin apre a.

^ [1] (paragraf 2) Gade ekspresyon “Favè san parèy” la ki nan “Lis mo yo esplike yo” nan Tradiksyon monn nouvo a.