Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou dwe “kontinye veye”?

Poukisa nou dwe “kontinye veye”?

“Nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini.” — MATYE 24:42.

KANTIK: 136, 129

1. Bay yon egzanp ki montre rezon ki fè n dwe chèche konn ki lè l ye e ki sa k ap pase toutotou nou. (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

KONGRÈ A prèske kòmanse. Prezidan sesyon an monte sou estrad la epi l swete tout moun byenveni. Yo pral pase mizik la. Moun yo nan asistans lan konnen li lè pou yo chita. Yo vle koute bèl mizik yo pral pase a e kè yo cho pou yo tande diskou yo pral bay yo. Men, sanble gen kèk moun ki pa tande pawòl prezidan sesyon an te di yo oubyen yo pa tande mizik k ap jwe a. Se sa k fè yo pa wè si kongrè a kòmanse, yo kontinye ap mache nan Sal asanble a oubyen y ap pale ak zanmi yo. Sitiyasyon nou sot esplike la a montre sa k ka rive si n pa chèche konnen ki lè l ye oubyen ki sa k ap pase toutotou nou. Sa a se yon leson enpòtan pou nou, paske talè konsa gen yon pi gwo evènman ki pral rive e nou dwe pare pou li. Ki evènman sa a?

2. Poukisa Jezi te di disip li yo pou yo “kontinye veye”?

2 Jezi Kris te avèti disip li yo pou l montre yo enpòtans pou yo kontinye veye e pou yo prepare yo pou “fen sistèm nan”. Men sa l te di yo: “Kontinye veye, rete je klè, paske nou pa konnen ki lè tan ki fikse a ap rive.” Apre sa, li te di yo plizyè fwa: “Kontinye veye.” ​(Matye 24:3; li Mak 13:32-37.) Liv Matye a montre Jezi te bay disip li yo menm avètisman an tou. Li te di yo: “Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini.” Epi, li te ba yo menm avètisman an ankò, li te di yo: “Se pou nou pare, paske Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse.” Apre sa, li redi yo menm bagay la: “Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — Matye 24:42-44; 25:13.

3. Poukisa nou pran avètisman Jezi bay la oserye?

3 Temwen Jewova yo pran avètisman Jezi te bay la oserye. Nou konnen n ap viv nan “tan lafen an” e “gwo tribilasyon” an pral kòmanse talè konsa (Dànyèl 12:4; Matye 24:21)! Jan Jezi te anonse sa, pèp Jewova a ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan sou tout tè a. Anmenmtan an tou, nou wè gen lagè, maladi, tranblemanntè ak grangou plizyè kote sou tè a. Relijyon yo nan gwo konfizyon e gen plis krim ak vyolans pase tout lòt epòk (Matye 24:7, 11, 12, 14; Lik 21:11). Kounye a, n ap tann avèk enpasyans moman kote Jezi pral vin reyalize objektif Papa l. — Mak 13:26, 27.

SE PWOCHE JOU A AP PWOCHE!

4. a) Poukisa nou mèt kwè kounye a Jezi konn ki lè Amagedon ap fèt? b) Byenke nou pa konn ki lè gwo tribilasyon an ap kòmanse, ki asirans nou mèt genyen?

4 Lè n al nan kongrè, nou konn ki lè chak sesyon ap kòmanse. Sepandan, li enposib pou n konn ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse. Men sa Jezi te di pandan l te sou tè a: “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo.” ​(Matye 24:36). Nòmalman, piske se Jezi ki pral pran latèt nan lagè Amagedon an, siman kounye a li konn ki lè gè sa a ap fèt (Revelasyon 19:11-16). Men, nou toujou pa konn dat oswa lè lafen an ap rive. Se sa k fè l enpòtan anpil pou n kontinye veye. Jewova deja deside ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse, e chak jou ki pase se pwoche jou a ap pwoche. “Li pap anreta!” ​(Li Abakouk 2:1-3.) Sa k fè nou gen tout asirans sa a?

Jewova deja deside ki lè egzakteman gwo tribilasyon an ap kòmanse.

5. Bay yon egzanp ki montre pwofesi Jewova yo toujou reyalize lè yo dwe reyalize.

5 Pwofesi Jewova yo toujou reyalize lè yo dwe reyalize! Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak jou Jewova te fè pèp li a soti nan peyi Ejip. Sa te fèt jou ki te 14 Nizan 1513 anvan Jezi Kris. Men ki sa Moyiz te vin ekri annapre konsènan jou sa a: “Nan jou ki te fè 430 an an, tout foul moun Jewova yo te soti nan peyi Ejip.” ​(Egzòd 12:40-42). Jou ki te 14 Nizan 1943 anvan Jezi Kris, egzakteman 430 an anvan Jewova te fè Izrayelit yo soti nan peyi Ejip, pwomès Jewova te fè Abraram lè l te di l l ap beni desandan l yo te kòmanse reyalize (Galat 3:17, 18). Kèk tan annapre, men sa Jewova te di Abraram: “Konn sa byen: Desandan w yo pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a ap fè yo vin esklav e y ap maltrete yo pandan 400 an.” ​(Jenèz 15:13; Travay 7:6). Peryòd 400 an an te kòmanse nan ane 1913 anvan Jezi Kris lè Izmayèl te kòmanse mal boule ak Izarak. Peryòd sa a te bout jou Jewova te fè Izrayelit yo soti nan peyi Ejip la (Jenèz 21:8-10; Galat 4:22-29). Li klè, plizyè santèn ane alavans, Jewova te di ki jou egzakteman li t ap libere pèp li a!

6. Poukisa nou mèt gen asirans Jewova ap delivre pèp li a?

6 Jozye se te youn nan Izrayelit ki te esklav nan peyi Ejip. Plizyè ane annapre, men sa l te fè pèp la sonje: “Nou konnen byen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bèl pwomès Jewova, Bondye nou an, te di nou ki pa reyalize. Yo tout nèt reyalize pou nou. Pa gen yon pawòl ladan yo ki pa reyalize.” ​(Jozye 23:2, 14). Jewova pwomèt l ap delivre pèp li a nan gwo tribilasyon an e l ap ba yo lavi ki pap janm fini an nan monn nouvo a. Nou mèt gen asirans pwomès sa a ap reyalize. Se sa k fè, si n vle la nan monn nouvo a, nou dwe kontinye veye.

KONTINYE VEYE POU W KA SOVE

7, 8. a) Ki wòl yon gad te genyen nan tan lontan, e ki leson nou aprann nan sa? b) Bay yon egzanp ki montre sa k ka rive lè dòmi pran yon gad nan travay li.

7 Nou ka aprann yon bèl leson nan egzanp gad ki te konn ap veye vil nan tan lontan yo. Anpil nan vil sa yo, san wete Jerizalèm, te gen miray byen wo toutotou yo yon fason pou ènmi pa t ka antre. Te gen gad sou tèt miray sa yo, e kote yo te kanpe a, yo te ka wè tout espas ki toutotou vil la. Gen lòt gad ki te kanpe nan pòtay vil la. Mesye sa yo te dwe ret ap veye lajounen kou lannuit, e si yo te wè ènmi k ap pwoche, yo te dwe avèti moun nan vil la (Ezayi 62:6). Yo te konn enpòtans sa genyen pou yo ret je klè e pou yo byen gade tout sa k ap pase. Si yo pa t fè sa, anpil moun te ka pèdi lavi yo. — Ezekyèl 33:6.

8 Jozèf, yon istoryen juif, te esplike ki jan Women yo te rive antre nan vil Jerizalèm nan ane 70 apre Jezi Kris. Dòmi te pran gad yo ki t ap veye yon pati nan vil la. Se sa k fè sòlda women yo te kapab antre nan vil la. Yo t al nan tanp lan, yo met dife ladan l, epi yo detwi rès vil Jerizalèm nan. Se te dènye pati nan pi gwo tribilasyon nasyon juif la te ka jwenn.

9. Ki sa pifò moun jodi a pa rann yo kont?

9 Jodi a, pifò gouvènman yo met sòlda veye fwontyè peyi yo e yo gen sistèm sekirite dènye modèl sou fwontyè yo. Gouvènman sa yo ap veye tout moun oswa tout bagay ki ka yon menas pou sekirite peyi yo. Men, yo pa rann yo kont gen yon gouvènman nan syèl la Jezi Kris ap dirije ki gen plis pouvwa lontan pase yo. Talè konsa, gouvènman sa a pral fè lagè ak tout gouvènman ki sou tè a (Ezayi 9:6, 7, nòt; 56:10; Dànyèl 2:44). Nou pa ka tann ki lè pou jou sa a rive e nou vle pare pou li. Se sa k fè nou bay pwofesi ki nan Bib la anpil enpòtans e nou kontinye sèvi Jewova fidèlman. — Sòm 130:6.

PA KITE ANYEN DISTRÈ W

10, 11. a) Ki prekosyon nou dwe pran e poukisa? b) Ki sa k konvenk ou Dyab la gen enfliyans sou moun ki pa bay pwofesi ki nan Bib la enpòtans?

10 Imajine yon gad ki fin pase tout yon nuit je klè. Pandan dènye lè l ap pase ap veye yo, li pi difisil pou l ret je klè paske l fatige anpil. Menm jan an tou, n ap viv nan dènye jou monn sa a. Tank nou vin pi pre lafen an, se tank li vin pi difisil pou n ret je klè. Ala tris sa t ap tris si n pa ta kontinye veye! Ann egzamine twa bagay ki ka anpeche n ret je klè.

11 Dyab la ap twonpe moun. Se li ki “chèf monn nan”. Yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te fè disip li yo sonje verite sa a twa fwa (Jan 12:31; 14:30; 16:11). Dyab la sèvi ak fo relijyon pou l twonpe moun. Se sa k fè jodi a anpil moun pa bay pwofesi ki nan Bib la enpòtans, yon seri pwofesi ki montre byen klè fen monn sa a toupre (Sofoni 1:14). Li klè, Satan “bouche lespri moun ki pa kwayan yo”. (2 Korentyen 4:3-6.) Se sa k fè, lè n eseye di moun yo fen monn sa a toupre e Kris ap dirije kounye a, anpil nan yo pa vle koute. Byen souvan yo di: “Sa pa enterese m.”

12. Poukisa n pa dwe kite Dyab la twonpe nou?

12 Byenke anpil moun pa enterese nan pwofesi ki nan Bib la, nou pa dwe kite fason yo reyaji dekouraje nou. Nou konn rezon ki fè l enpòtan pou n kontinye veye. Men sa apot Pòl te di frè l yo: “Nou menm, nou konn sa byen: jou Jewova a ap vini.” Epi, li te ajoute: “Egzakteman tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit.” ​(Li 1 Tesalonisyen 5:1-6.) Men avètisman Jezi te ban nou: “Montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” ​(Lik 12:39, 40). Talè konsa, Satan pral twonpe moun lè l pral fè yo panse gen “lapè” ak “sekirite” nan monn nan. Apre sa, jou Jewova a ap vini bridsoukou, e y ap sezi wè sa. E nou menm? Si nou vle pare pou jou sa a e nou pa vle pou Satan twonpe nou menm jan l twonpe lòt moun yo, nou dwe ‘rete je klè epi rete nan bonsans nou’. Se sa k fè nou dwe li Pawòl Bondye a chak jou epi medite sou sa Jewova di nou.

13. Ki enfliyans lespri monn nan genyen sou lèzòm, e ki jan nou ka evite enfliyans sa a ki se yon danje?

13 Lespri monn nan enfliyanse fason moun panse. Gen anpil moun jounen jodi a ki panse yo pa bezwen konnen Bondye (Matye 5:3). Okontrè, yo itilize pifò tan yo ak fòs yo ap chèche gen anpil nan bagay monn nan ofri yo (1 Jan 2:16). Epitou, plis pase nenpòt lòt epòk, gen yon pakèt divètisman ki atire moun e ki ankouraje yo renmen plezi e pou yo satisfè kèlkeswa dezi yo genyen (2 Timote 3:4). Bagay sa yo fè moun pa konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo e yo fè yo pa reflechi sou relasyon yo ak Bondye. Se pou rezon sa a, Pòl te fè kretyen yo sonje yo dwe “leve nan dòmi” lè yo sispann santre lavi yo sou chèche satisfè dezi yo genyen. — Women 13:11-14.

Se lespri Bondye nou vle ki pou enfliyanse fason n panse, se pa lespri monn nan.

14. Ki avètisman nou jwenn nan Lik 21:34, 35?

14 Se lespri Bondye nou vle ki pou enfliyanse fason n panse, se pa lespri monn nan. Jewova sèvi ak lespri l pou l ede n byen konprann sa k pral rive (1 Korentyen 2:12). [1] (Gade nòt la.) Men, nou bezwen pran prekosyon. Menm bagay ki pa twò enpòtan nan lavi a ka fè n pa konsantre sou sèvis n ap bay Jewova a. (Li Lik 21:34, 35.) Lòt moun kapab di nou se bagay moun sòt pou yon moun kwè n ap viv nan dènye jou monn sa a (2 Pyè 3:3-7). Men, nou pa dwe kite yo dekouraje nou. Nou gen bonjan prèv ki montre lafen an ap rive talè konsa. Si n vle lespri Bondye enfliyanse nou, nou dwe asiste reyinyon ansanm ak frè ak sè nou yo regilyèman.

Èske w deja ap fè tout sa w kapab pou w “kontinye veye”? (Gade paragraf 11-16.)

15. Ki sa k te rive Pyè, Jak ak Jan, e ki jan sa te ka rive nou tou?

15 Feblès nou yo fè l difisil pou n ret veyatif. Jezi te konnen lèzòm enpafè e yo gen feblès. Fè yon ti reflechi sou sa k te pase jou swa anvan l te mouri a. Byenke Jezi te pafè, li te konnen pou l ret fidèl li te bezwen priye Papa l pou l mande l èd. Jezi te mande apot Pyè, Jak ak Jan pou yo rete je klè pandan li menm li t ap priye. Men, apot yo pa t wè enpòtans pou yo rete je klè. Yo te fatige e yo t al dòmi. Jezi te fatige tou, men l te rete je klè e l te priye Papa l. Apot yo te dwe ap priye nan moman sa a tou. — Mak 14:32-41.

16. Selon Lik 21:36, ki jan Jezi te anseye nou “rete je klè”?

16 Ki sa k ap ede nou “rete je klè” e pou n pare pou jou Jewova a? Nou bezwen gen anpil volonte pou n kontinye fè sa ki byen. Men, sa pa sifi. Kèk jou anvan Jezi te mouri, li te di disip li yo yo te bezwen kontinye priye Jewova pou yo mande l èd. (Li Lik 21:36.) Pou n ka ret veyatif nan tan lafen sa a, nou menm tou nou dwe priye Jewova toutan. — 1 Pyè 4:7.

KONTINYE VEYE

17. Ki jan n ka asire n nou pare pou sa k pral rive talè konsa?

17 Jezi te di lafen an ap vini “nan yon lè nou pa panse”. (Matye 24:44.) Kidonk, se pou n toujou pare. Kounye a, se pa moman pou n ap chèche viv fason monn Satan an di k ap ban nou kè kontan an. Se jis yon rèv sa ye. Okontrè, grasa Bib la, Jewova ak Jezi fè n konn ki jan pou n kontinye veye. Ebyen, ann bay pwofesi ki nan Bib la ak fason y ap reyalize anpil enpòtans. Epi, se pou nou kontinye pwoche pi pre Jewova e se pou n met Wayòm li an an premye nan lavi nou! Lè sa a, n ap pare lè lafen an rive (Revelasyon 22:20). Lavi nou depann de sa.

^ [1] (paragraf 14) Gade chapit 21 liv Wayòm Bondye a ap dirije! a.